Lè se pou dwa travayè, anpil ap fonksyone nan fènwa. Tan ou genyen anpil valè. Kidonk, lè w ap travay, ou dwe touche pou tout tan ou pase nan djòb la. Li lè pou konnen tout enfòmasyon sou dwa ou genyen nan djòb la, paske sa ou pa konnen yo kapab di pou ou. Isit la, w ap jwenn enfòmasyon sou lwa travay nan Massachusetts ak fason pou pwoteje dwa travay ou.