![]() | Nou swete anplwaye lapolis yo ak manm kominote a pral itilize enfòmasyon ki nan sit sa a pou travay ansanm pou ogmante respè, koperasyon ak sekirite piblik pou tout moun. - Mary Elizabeth Heffernan Nap Bati Konfyans - Pou Jwenn Rezilta |
Chè Sitwayen Massachusetts,
Biwo Egzekitif Pwoteksyon ak Sekirite Piblik la kontan pou prezante sitwèb sa a ki chaje ak enfòmasyon sou fason pou gen travay Polis ki Jis ak San Patipri.
Pwofilaj etnik se yon bagay k ap bay pwoblèm depi yon bon tan epi kèk evènman ki sot pase vin fè moun ap pale sou bagay sa a ki lakòz anpil divizyon yon lòt fwa ankò.
Rezon sit wèb sa a se pou nou kapab tounen yon resous ak yon zouti edikasyon ak fòmasyon pou lapolis ansanm ak manm kominote a. Sit sa a bay lide enpòtan sou fason lapolis antre an kontak ak sitwayen yo. Epi tou li bay kominote a lide sou plizyè faktè ak enkyetid yon polisye dwe konsidere lè li enplike nan yon sitiyasyon ki kapab gen danje.
Nou swete ni lapolis ak manm kominote a pral itilize enfòmasyon ki nan sit sa a pou travay ansanm pou kreye yon atmosfè ki respè, koperasyon ak sekirite piblik pou tout moun.
Salitasyon,
Mary Elizabeth Heffernan
Sekretè
Biwo Egzekitif Pwoteksyon ak Sekirite Piblik
Massachusetts

