Objektif pou lè patisipan yo fini ak modil sa a:

  • Patisipan yo pral kapab eksplike pwogram koleksyon enfòmasyon lè yo kanpe moun nan trafik, enfòmasyon lè yo kanpe moun nan travay, enfòmasyon sou pwen referans, ak sondaj sou pwen referans.
  • Patisipan yo pral kapab fè yon lis omwen kat eleman enpòtan nan yon pwogram koleksyon enfòmasyon ki konplè.
  • Patisipan yo pral kapab idantifye avantaj ak dezavantaj ki genyen lè yo itilize plizyè diferan enfòmasyon nan pwen referans ekstèn yo.
  • Patisipan yo pral kapab fè lis eleman enpòtan pou itilize lè y ap fè analiz ofisye nan prèske menm sitiyasyon yo ak pwen referans ekstèn.
Nan ka Commonwealth kont Lora a, Tribinal Jidisye Kou Siprèm Massachusetts la te deside (1) "prèv pwofilaj etnik enpòtan pou detèmine si yo kanpe yon moun nan trafik yon fason ki vyole garanti pwoteksyon egal ego Deklarasyon Dwa Moun Massachusetts la" epi (2) "yo kapab ofri prèv estatistik ki demontre yo pa trete moun yon fason ki jis akòz ras li pou ede moun yo akize a prezante ase prèv diskriminasyon ki akseptab pou transfere responsabilite a sou do Massachusetts pou bay yon eksplikasyon san patipri kote yo kanpe yon moun". An plis, tribinal la te montre kijan yo dwe kolekte ak analize enfòmasyon sa a. Nou pral itilize jijman sa a pou diskite zafè koleksyon ak analiz enfòmasyon.

I. Enfòmasyon Ki Sipoze Kolekte

Tribinal la te montre byen klè kijan ka New Jersey kont Soto a se yon modèl pou itilize pou koleksyon enfòmasyon nan yon ka yo akize te gen pwofilaj etnik. Nan ka sa a yon depatman polis sipoze kolekte enfòmasyon nan tout ka yo kanpe yon moun. Se pa sèlman nan ka kote yo bay moun nan kontravansyon. Modèl yo kolekte enfòmasyon nan tout ka yo kanpe moun nan pi bon pou swiv pase lè yo itilize sèlman sa yo bay kontravansyon yo paske li bay yon vizyon global sou aktivite lapolis epi li pa kite okenn bagay ki pa klè parapò ak ras/gwoup etnik chofè yo te kanpe men pa te bay kontravansyon yo. Lè yo kanpe moun nan trafik enfòmasyon yo dwe kolekte yo se : (1) dat, lè, ak kote yo kanpe moun nan egzakteman; (2) bagay moun nan te fè mal la ki fè polis la te kanpe li a; (3) ras/gwoup etnik, sèks, laj chofè a; (4) sa ki pase apre yo fin kanpe moun nan, ki sipoze di si yo mande moun nan pou soti nan machin nan, si yo fouye li, otorite legal ak rezon yo fouye li a, ak rezilta rechèch la; epi (5) si yo te bay moun nan yon kontravansyon lè yo te kanpe li a

A. Avantaj ki genyen lè yo kolekte enfòmasyon chak fwa yo kanpe moun..

  1. Enfòmasyon yo kolekte chak fwa yo kanpe yon moun asire tout aktivite lapolis kote yo kanpe yon moun ap disponib pou analize. Lè yo kolekte tout ka yo, kit yo twouve depatman an dèyè youn oswa plis gwoup minorite ou pa, lapolis ak sitwayen yo konnen yo te mete tout ka yo kanpe moun nan analiz yo.
  2. Li pi fasil pou lapolis kolekte sèlman enfòmasyon sou kontravansyon, sitou nan depatman ki pa egzije yo bay chofè yo avètisman sou papye si yon polisye deside pa bay li yon kontravansyon. Sepandan, rechèch ki te fèt avan te twouve nenpòt de tyè fwa yo kanpe moun yo, yo pa bay kontravansyon.

A. Dezavantaj ki genyen lè yo kolekte enfòmasyon lè yo kanpe moun oswa bay kontravansyon.

  1. Lè yo kolekte enfòmasyon chak fwa yo kanpe yon moun li pran plis tan epi gen plis travay ak posiblite pou gen plis danje pou polis la. Lè yo mete yon regleman pou kolekte enfòmasyon chak fwa yo kanpe yon moun kantite fwa polisye yo te kanpe moun te vin bese tanporèman.
  2. Lè se sèlman kontravansyon yo kolekte, si dat la montre aktivite a pat baze sou ras, gen posiblite analiz la detèmine moun yo te kanpe men pa te anrejistre yo kapab te pifò sitwayen minorite.

II. Koleksyon Enfòmasyon Dwe Fèt Ak Anpil Atansyon Epi  Li Dwe Egzat.

Yo kapab anrejistre enfòmasyon sou papye, tankou yon kontravansyon, oswa pa mwayen elektwonik nan yon tèminal enfòmasyon oswa aparèy nan men. Paske prèske chak fwa yo kanpe yon moun y ap mande li lisans li, yo kapab pran sèks ak laj chofè a sou lisans li. Ras/gwoup etnik moun nan dwe sa ofisye a wè ak je li paske kèk fwa li kapab parèt lèd pou mande chofè yo te kanpe a enfòmasyon sa a. Se konsa tou, nan yon sitiyasyon kote chofè a pa gen lisans li, ofisye a dwe itilize bon sans li pou detèmine laj ak sèks moun nan.

.

III. Enfòmasyon Sou Rechèch Dwe Gen Sèlman Rechèch Gwo Jijman

Nenpòt rechèch depatman an te bay manda pou sa, tankou rechèch ensidan pou arestasyon ak rechèch envantè, pa dwe nan analiz la. Lè yo fouye moun ak konsantman yo, se bagay ki plis depann sou jijman, apre sa se rechèch lè yon tape kò moun nan ak kòz pwobab.

IV. Analiz Enfòmasyon Pou Pwen Referans Ekstèn

A.  Lè yo fin kolekte enfòmasyon sou moun yo te kanpe a (bay kontravansyon an) yo dwe konsidere li daprè ras/gwoup etnik, sèks ak laj chofè yo ki nan trafik (oswa sa yo ki vyole lalwa a). Gen plizyè pwen referans yo itilize deja.

  1. Yo itilize resansman ki pa modifye (oswa modifye tou piti) pi souvan epi yo pa yon bon pwen referans pou mezire lè yo kanpe moun yo. Kèk fwa enfòmasyon nan resansman kapab souzestime epi kèk fwa li gonfle ras, gwoup etnik, laj, ak sèks nan sikilasyon. Kèk fwa diferans la ka piti epi kèk fwa li ka gwo anpil. Nou pa dwe itilize enfòmasyon resansman pou yon pwen referans.
  2. Yo te itilize Estimasyon Popilasyon Chofè a tankou yon pwen referans nan zòn ibèn ak banlye epi Polis Eta Massachusetts la te kolekte enfòmasyon obsèvasyon pou kontravansyon yo te bay sou gran wout la nan yon etid an 2004. Estimasyon Popilasyon Chofè a te devlope kote yo te modifye enfòmasyon resansman ak sèten sipozisyon (pa egzanp "pouse" chofè deyò yon jiridiksyon ak rale chofè nan yon jiridiksyon). Plizyè minisipalite kwè Estimasyon Popilasyon Chofè pou lokalite yo a pa te egzat. Kounye a la li pa klè sou pozisyon tribinal la pou itilize estimasyon sa a tankou yon pwen referans.
  3. Pwen referans ak obsèvasyon sou popilasyon chofè a te devlope ak echantiyon syantifik sou trafik nan wout yo daprè obsèvasyon popilasyon chofè yo. Sa vle di yo obsève trafik yon kote espesifik oswa wout espesifik nan kèk lè ak jou yo chwazi pa aza. Diferan ras/gwoup etnik ki nan sikilasyon an (oswa sa yo ki vyole yon lwa trafik) konpare ak kantite moun yo kanpe sou wout yo oswa nan kote espesifik sa yo. Yo itilize kalite obsèvasyon sa yo nan ka tribinal New Jersey, Maryland, ak Arizona, epi Tribinal Jidisye Kou Siprèm Massachusetts la soutni li tankou yon metòd pwen referans ki rezonab.

B.  Kèlkeswa pwen referans yo itilize, li enpòtan pou yo konpare moun yo kanpe a  (oswa bay kontravansyon an) ak ras, gwoup etnik, sèks, ak laj moun nan polis la wè epi li deside kanpe an. Ak kòmansman sa a, yo kapab fè analiz la.

  1. Yo konpare lè yon ofisye kanpe yon moun ak kote yo kanpe moun nan. Yo pa konpare ofisye yo ki travay nan zòn ki gen anpil chofè ki minorite ansanm ak trafik ki pa gen anpil minorite yo. Se konsa tou, ofisye ki chwazi kanpe chofè nan yon sikilasyon ki gen anpil moun ki pa minorite konpare ak sikilasyon ki gen menm kalite moun yo.
  2. Analiz yo dwe fèt kote espesifik konpare ak enfòmasyon pwen referans kote yo kanpe moun nan (bay li kontravansyon an) pou zòn sa yo. Yo dwe aplike analiz espesifik yo ak anpil atansyon pou asire yo itilize yo kòrèkteman.

Analiz Enfòmasyon Pou Rechèch Pa Fasil Jan Li Kapab Parèt la

Pandan kèk moun te di yo ka itilize yon konparezon senp sou ras/gwoup etnik moun yo te fouye yo pou yon pwen referans pou fason yo fouye moun, eksplikasyon sa a twò fasil. Premyèman, gen konsiderasyon sou ki kalite rechèch pou analize. Nan plizyè depatman gen  rechèch obligatwa. Jeneralman palan, rechèch sa yo se rechèch ensidan pou arestasyon ak rechèch envantè. Paske rechèch sa yo pa dapre jijman, yo dwe swa pa analize yo oswa analize yo nan yon kategori espesyal. Rechèch ki dapre jijman yo pi itil nan detèminasyon si ofisye yo fikse sou yon gwoup an patikilye.  An plis, gen omwen kat konsiderasyon espesyal pou analize rechèch, epi kapab gen plis dapre detay egzat depatman polis an kesyon an.
  1. Ki kote rechèch la te fèt epi kisa ki te demografik trafik kote sa a?
  2. Konbyen polis ki nan zòn yo te fouye moun nan?
  3. Èske ofisye a tap travay nan yon inite espesyal lè rechèch la?
  4. Èske polisye a te konnen si chofè a te sou pwobasyon oswa yo te lage li ak kondisyon?
Li toujou pi bon pou konsidere espesifik sitiyasyon an ak plizyè analiz regresyon tankou sa yo ki anlè a.

VI. Analiz Enfòmasyon pou Pwen Referans Entèn

Yo itilize pwen referans entèn pou konpare lè ofisye yo kanpe moun (oswa bay kontravansyon) ak lòt ofisye nan depatman an nan prèske menm sitiyasyon.

A.   Kalite analiz sa a vrèman itil pou detèmine ki ofisye, si genyen, ki se "aberan" lè yo kanpe plis oswa mwens minorite pase lòt ofisye nan depatman an. REMAK: Aberan yo se moun ki bay anpil manti (swa egzajere oswa bese kantite) sou distribisyon nòmal.  Sa vle di jeneralman nan kontèks nou an moun sa yo swa kanpe twòp minorite oswa twò piti kantite minorite.

  1. Analiz sa a dwe fèt ak anpil atansyon pou rasire ofisye yo nan menm sitiyasyon parapò ak kantite trafik kote yo kanpe chofè yo.
  2. Sa dwe genyen, omwen, patwòl menm kote, travay menm lè, patwòl menm jou, paske tou bagay sa yo kapab enfliyanse ras/gwoup etnik, sèks ak laj chofè yo.
  3. Lè yo detèmine ofisye ki menm kote yo, lè sa yo kapab fè konparezon  ak enfòmasyon depatman an itilize ak ofisye yo pou evalye ofisye sa yo. Li posib pou enfòmasyon sa yo pi itil nan kontèks yon sistèm avètisman avan gen yon pwoblèm.

B.  Pwen referans entèn poukont yo pa ka detèmine si yon depatman ap fiske sou minorite paske konparezon an se ofisye pou ofisye anndan menm depatman an. Sepandan, lè nou konpare ofisye ki nan menm sitiyasyon yo sou fason yo kanpe chofè minorite yo dwe konsidere sa tankou yon sistèm avètisman avan gen yon pwoblèm.