Yon Gid pou Konsomatè Massachusetts:
Lwa sou garanti veyikil dezyèm men
Lwa sou garanti veyikil dezyèm men pwoteje konsomatè ki achte veyikil dezyèm ne nan yon konsesyonè oswa nan men nan Massachusetts. ( M.G.L. c. 90 §7N 1/4) Lwa a mande pou konsesyonè yo bay konsomatè yo yon garanti alekri kont domaj ki afekte itilizasyon oswa sekirite veyikil la, epitou lwa a mande moun k ap vann veyikil an prive pou yo fè achtè a konnen nenpòt domaj ki afekte itilizasyon oswa sekirite veyikil la.
Lalwa sou garanti veyikil dezyèm men ba ou posiblite pou jwenn pwoteksyon ak rekou, posiblite pou reparasyon, pou yo remèt ou lajan ou, oswa pou yo re-achte veyikil la. Lwa a pa garanti tout kalite veyikil oswa tout domaj, epitou se pa tout pwoblèm k ap fè veyikil ou kalifye pou yo re-achte li.
Si w te re-achte yon veyikil depi mwens pase 14 jou, fason ki pi rapid pou jwenn rekou se kapab atravè the " Lemon Aid Law (Lwa pou ede konsomatè pou oto domaje).
Veyikil ki garanti nan lwa a:
Lwa a anvigè pou oto, kamyonèt, kamyon ak veyikil demonstrasyon dezyèm nen ki pa garanti nan New Car Lemon Law (Lwa sou oto nèf ki domaje), epi:
- se yon konsesyonè veyikil oswa yon vandè prive nan Massachusetts ki vann li,
- ki koute omwen $700 (lavant konsesyonè sèlman),
- ki gen mwens pase 125,000 mil sou odomèt la lèt yo t ap vann li (lavant konsesyonè sèlman).
Veyikil demonstrasyon oswa veyikil deliks yo pa garanti anba lwa a nan sèten sikonstans. Ou dwe detèmine dabò si veyikil la satisfè kondisyon New Car Lemon Law. Ou kapab itilize Lwa sou garanti veyikil dezyèm men sèlman si w pa kalifye pou yo aksepte ou pou New Car Lemon Law.
Veyikil ki pa garanti nan lwa a:
Men veyikil ki pa garanti nan lwa sou garanti veyikil dezyèm men:
- motosiklèt, velomotè, moto-touteren;
- veyikil moun lwe pou lontan;
- kay sou woulèt, ak veyikil ki konstwi sitou pou pa itilize nan wout;
- nenpòt veyikil ki itilize sitou pou fè biznis, oswa yon veyikil yon moun achte, posede oswa anrejistre pou yon biznis
Lavant vandè prive:
Lalwa sou garanti veyikil dezyèm men pa anvigè menm jan pou yon veyikil ou achte nan men yon vandè prive ak si w te achte veyikil la nan yon konsesyonè. Dapre lwa a, yon konsesyonè se moun ki vann 4 oswa plis veyikil nan yon peryòd 12 mwa.
Lwa sou garanti veyikil dezyèm men mande pou vandè prive yo fè achtè yo konnen nenpòt ak tout domaj yo konnen ki afekte sekirite oswa ki afekte itilizasyon veyikil la. Lwa a anvigè pou tout lavant prive kèlkeswa pri lavant lan oswa kantite mil ki nan veyikil la. Si w dekouvri yon domaj ki afekte sekirite veyikil la oswa ki afekte itilizasyon veyikil la anpil, epi ou kapab pwouve vandè a te konnen domaj la men li pa t mete w okouran, ou kapab anile lavant lan nan 30 jou ki vini apre dat ou te achte veyikil la. Vandè a dwe remèt ou kantite lajan ou te peye pou veyikil la, mwens 15 santim pou chak mil ou mete sou veyikil la.
Vandè prive yo dwe konfòme yo tou avèk Lemon Aid Law.
LAVANT KONSESYONÈ
Domaj ki garanti nan lwa: Se sèlman domaj ki afekte itilizasyon oswa sekirite veyikil la ki garanti nan lwa a. Domaj yo pa garanti nan lwa a si yo:
- afekte aparans lan sèlman;
- yo fè pati garanti espesyal manifakti a epi konsesyonè a asire te gen reparasyon ki te fèt;
- fèt akòz neglijans, abi, vandalis, oswa aksidan ki pa gen pou wè ak domaj la;
- fèt akòz tantativ yon moun ki pa konsesyonè a, ajan li oswa manifakti a pou fè reparasyon; oswa
- fèt akòz gwo chanjman ou fè nan veyikil la (tankou enstale yon ouvèti pou limyè solèy ki pa t nan veyikil la lè w te achte li).
Garanti Konsesyonè a Nenpòt moun ki vann 4 oswa plis veyikil nan yon peryòd yon ane se yon konsesyonè dapre Lwa sou garanti veyikil dezyèm men. Garanti konsesyonè yo pa kapab anile nan okenn sikonstans. Konsesyonè a dwe ba ou yon kopi kòrèk garanti veyikil dezyèm men an ki gen siyati ak dat nan moman w ap achte veyikil la. Garanti a mande pou konsesyonè a repare nenpòt domaj ki afekte itilizasyon ak sekirite veyikil la.
Dire Garanti: Pwoteksyon depannde kantite mil ki nan veyikil la nan moman w ap achte li jan sa endike anba a:
Si w pa konnen vrè kantite mil ki nan veyikil la nan moman lavant lan, peryòd garanti a kalkile dapre laj veyikil la jan sa endike anba a:
Pwolongasyon garanti: Garanti ou pwolonje pou yon jou chak jou veyikil la anpàn epi ou mennen li nan garaj pou reparasyon, ak pou yon mil pou chak mil ou mete sou veyikil la lè w ap kondui li pou al fè reparasyon. Answit, nenpòt reparasyon ki fèt sou yon domaj ki garanti pandan peryòd garanti a, sa ap bay pwòp garanti 30 jou li. Garanti sa a ap kòmanse jou reparasyon an fini epi li kapab kontinye apre garanti orijinal ki sou oto a kòm yo fini. Al gade
Warranty Extension Reference Chart Lè konsesyonè yo pa bay garanti ki kòk: Si konsesyonè a pa ba ou yon garanti oswa li ba ou youn ki pa konplè oswa ki pa kòrèk, ou toujou gen dwa pou jwenn reparasyon garanti a ofri. Men, garanti ou p ap kòmanse epi pou li ekspire jouk lè konsesyonè a ba ou yon kopi garanti ki konplè ak kòrèk. Reparasyon dapre garanti a: Veyikil la dwe gen domaj yo pandan peryòd garanti a. Ou dwe mennen veyikil la tounen ba konsesyonè a pou reparasyon nan senk (5) jou ouvrab apre dat peryòd garanti a fini. Konsesyonè a kapab fè w peye yon franchiz $100 yon sèl fwa, men sèlman si kantite lajan sa a ekri nan kopi garanti a. Ranbousman konsesyonè a: Garanti limite konsesyonè a ba ou pou veyikil dezyèm men an ba ou dwa pou yon ranbousman lajan ou si veyikil la te swa:
OSWA
REMAK: Jou ouvrab yo se lendi jiska vandredi, sof jou ferye leta ak jou ferye federal. Lè w ap konte kantite jou ouvrab oto ou anpàn, nenpòt pati jou a konte pou yon jou. Ap tann pyès: Si konsesyonè a bezwen fè kòmann pyès pandan tantativ reparasyon veyikil la, jou veyikil la anpàn pandan w ap tann pyès yo pa konte nan kondisyon 11 jou ouvrab lwa a. Men, garanti ou ap pwolonje pou yon jou chak jou w ap tann pyès yo. Yon maksimòm 21 jou almannak pandan peryòd garanti a p ap konte nan limit 11 jou ouvrab yo si konsesyonè a fè kòmann pyès yo. Tout jou ouvrab ki vini apre 21yèm jou a ap konte. Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwolongasyon garanti a, al gade
Warranty Extension Reference Chart Lè Konsesyonè a refize fè reparasyon yo: Konsesyonè a kapab refize fè reparasyon yo sèlman si w refize ofri konsesyonè a pou re-achte oto a pou pri-dacha konplè a. (Al gade pwochen seksyon an, Re-acha Konsesyonè a.) Si konsesyonè a pa ofri pou re-achte veyikil la, li dwe repare tout domaj ki afekte itilizasyon oswa sekirite veyikil la. Si konsesyonè a refize aksepte veyikil la pou li fè reparasyon lè w prezante an pèsòn pou sa, veyikil la ap konsidere kòm yon veyikil "ki anpàn" apati jou sa a. Jou sa a ak jou ouvrab ki vini apre pandan w ap tann yo repare veyikil la ap konte nan kondisyon anpàn 11 jou ouvrab yo pou jwenn ranbousman lajan ou. Menm règ la anvigè si konsesyonè a pa pran veyikil la nan 3 jou ouvrab apre w fin fè demann pou reparasyon an nan telefòn oswa alekri. Re-acha konsesyonè a: Konsesyonè a gen dwa pou ofri w pou re-achte veyikil la pou pri konplè re-acha li olye li fè reparasyon yo. Ou responsab pou ede detèmine kantite lajan ranbousman an. Pou fè sa, ou dwe bay konsesyonè a kopi resi ou yo ak lòt dokiman pou li kapab ranbouse w pou chak depans ou fè. Konsesyonè a dwe fè w òf la alekri pou li re-achte veyikil la. Dapre lalwa, ou gen omwen senk (5) jou ouvrab ki vini apre lè w fin resevwa òf konsesyonè a pou deside si w aksepte òf la. AVÈTISMAN: Si konsesyonè a ofri w ranbousman tout lajan an dapre lalwa, epi ou refize li, OU P AP GEN DWA POU JWENN LÒT REPARASYON SOU GARANTI A DAPRE GARANTI KONSESYONÈ A TE BA OU ALEKRI. Si w pa dakò avèk kalkil konsesyonè pou kantite lajan re-acha a, ou kapab mande Biwo Consumer Affairs ak Business Regulation (OCABR) pou ede fè kalkil la. Si OCABR detèmine kantite lajan konplè re-acha a pi plis pase kantite konsesyonè a ofri ou, konsesyonè a kapab swa ofri kantite lajan OCABR detèmine a oswa anile òf pou re-acha a. Si konsesyonè a anile òf la, w ap toujou gen dwa pou reparasyon sou garanti epitou ou kapab aplike pou abitraj, si w kalifye pou sa. Konsèvasyon dosye: Sere dosye konpè ou apati jou ou achte veyikil la. Sere garanti ekri a; mande yon kopi garanti manifakti a, si genyen; epi sere yon jounal pwoblèm ak tantativ reparasyon ki gen ladan dat sèvis la, pwoblèm ou te fè konnen an ak kantite mil la nan moman reparasyon an. Chèche jwenn yon kopi lòd travay konsesyonè a te ranpli chak jou ou mennen oto a nan konsesyonè a pou sèvis. Règleman Veyikil-a-Motè Pwokirè Jeneral la egzije konsesyonè yo pou yo ba ou yon lòd travay menm si reparasyon fèt pou gratis. (940 CMR 5.00). Lè w retounen veyikil la: Si konsesyonè a pral re-achte veyikil ou, w ap bezwen rankontre ak li pou travay ansanm epi pou chanje veyikil la ak tit li pou jwenn yon ranbousman lajan. Ou dwe re-transfere tit la ba konsesyonè a. Si tit ou nan Rejis Veyikil-a-Motè, kontakte Divizyon Tit nan nimewo (617) 351-9550. Fè konnen ou pote veyikil la tounen dapre Lwa sou garanti veyikil dezyèm men, epi mande pou yo ba ou yon sètifika pou sa a touswit. Si se prè ou fè pou achte veyikil la, w ap bezwen jwenn yon anilasyon dwa retansyon nan konpayi ki prete w lajan an. Anilasyon dwa retansyon an ap pèmèt ou Rejis la ba ou yon tit sou non ou. Epitou, w ap bezwen travay avèk konsesyonè ak konpayi ki prete w lajan an pou fè aranjman pou konsesyonè peye konpayi ki prete w lajan an pòsyon prè ou toujou dwe a. Kalkil lajan pou ranbouse a: Si w satisfè kondisyon pou resevwa yon ranbousman, mande konsesyonè a pou li re-achte veyikil ou. Pou kalkile kantite lajan ou gen dwa pou resevwa dapre lalwa: AJOUTE:
SOUSTRÈ:
Yon "si-valè repriz" oswa yon "rabè" se diferans ant kantite lajan veyikil la vo ak valè venal kantite lajan veyikil la vo. Pa egzanp, konsesyonè a kapab fè lis kantite lajan veyikil la vo kòm $2,000 pou veyikil l ap re-achte a, men re-acha a se pou sèlman $1,500. Nan ka sa a, $500 kantite lajan veyikil la vo se yon "si-valè repriz. Si-valè repriz la ap dedui nan ranbousman ou sèlman si kantite lajan si-valè repriz la nan lis ki klè ak apa sou kopi kontra acha veyikil-a-motè ou, sètifika lavant lan, oswa lòt dokiman ou resevwa nan moman lavant lan. Si konsesyonè a toujou gen veyikil li re-achte a, li gen chwa pou retounen li ba ou olye li remèt ou kantite lajan veyikil la vo. Si konsesyonè a gen veyikil li re-achte a epi li vle konsève li, li kapab konsève li epi li remèt ou kantite lajan veyikil la vo. Itilizasyon kredi sou veyikil ou kapab pi gwo si w mete plizyè mil nan veyikil la depi lè w te achte li. Toujou sonje itilizasyon kredi a ap baze sou kantite mil ou mete nan veyikil la nan moman ou retounen veyikil la ak lè w siyen tit veyikil la pou remèt konsesyonè a. Ranbousman lajan ou p ap genyen ladan frè avoka, salè ou pa t kapab touche, taks endirèk, oswa lòt depans ki pa asosye dirèkteman avèk domaj la. Ou kapab aplike nan vil oswa nan otèl-de-vil zòn ou pou jwenn yon diminisyon sou taks endirèk la. Kontakte Depatman Revni pou mande enfòmasyon konsènan yon diminisyon pou taks sou acha nan nimewo (617) 351-9550. Si konsesyonè a diminye nan pri-dacha a pou kantite mil ki nan veyikil la, ou kapab anmezi pou jwenn ranbousman lajan taks ou te peye sou acha a. Leta ap remèt lajan taks sou acha a si w jwenn ranbousman tout peman an. Depi Lwa sou garanti veyikil dezyèm men pa egzije konsesyonè a pou ranbouse ou lajan taks sou acha a , ou pa kapab jwenn lajan depans sa a. REKLAMASYON DWA OUSi konsesyonè a p ap remèt ou lajan ou, ou genyen plizyè chwa. Ou kapab chèche medyasyon, abitraj oswa ou kapab fè yon pwosè nan tribinal. Medyasyon: Sa pèmèt toulède pati yo rive jwenn ansanm yon antant ki akseptab avèk èd yon fasilitatè. Medyasyon an se yon chwa ki volontè, epi li egzije konsantman toulède pati yo. Consumer Affairsofri yon pwogram medyasyon fasafas pou konfli anba Lwa sou Oto domaje; ou kapab aplike tou pou medyasyon atravè
Warranty Extension Reference Chart Abitraj: Se yon fason ki pa ni chè ni ofisyèl pou rezoud plent ou. Nan abitraj la, konsomatè a ak konsesyonè a ap prezante prèv osijè kondisyon veyikil la bay yon moun oswa plizyè moun ki san patipri. Pou kalifye pou abitraj, veyikil ou dwe satisfè kritè ki prezante nan tiliv sa a. Objektif odisyon abitraj la se pou detèmine si veyikil ou kalifye oswa si li pa kalifye pou ranbousman anba Lwa sou oto domaje. Abitraj sa a se "tout oswa anyen." Si medyatè a detèmine veyikil ou satisfè estanda lalwa, l ap mande pou konsesyonè a ranbouse w tout lajan ou. Si medyatè a deside veyikil la pa yon "veyikil domaje", p ap gen domaj-enterè, menm si ou kapab gen dwa pou rekou diferan anba lòt lwa yo. Consumer Affairs dwe resevwa demann ou fè pou abitraj la nan 6 mwa ki vini apre dat ou te resevwa veyikil ou. Demann lan dwe fèt sou yon fòmilè aplikasyon ki ofisyèl. Ou dwe jwenn aplikasyon sa a nan biwo Konsumer Affairs. Tribinal: Ou gen dwa pou ale lajistis si w satisfè kondisyon Lwa sou garanti veyikil dezyèm men epi si konsesyonè a refize remèt ou lajan ou, oswa si w pa satisfè avèk desizyon abitraj la. Si manifakti a pa konfòme li avèk Lwa sou garanti veyikil dezyèm men li komèt yon zak malonèt ak mansonjè anba Massachusetts Consumer Protection Act, c. 93A, (Lwa Massachusetts pou pwoteksyon Konsomatè, c. 93A), epi sa kapab fè w vin gen dwa pou resevwa 2 fwa oswa 3 fwa lajan pou domaj-enterè, plis frè tribinal ak frè rezonab avoka. Si w anvizaje pou gen yon pwosè nan tribinal, ou ta dwe konsilte yon avoka si w te achte veyikil ou pou plis pase $2000. Oumenm oswa avoka ou dwe kòmanse voye yon Lèt demann sou 30 jou ba konsesyonè a. LÒT REKOU REMAK: Garanti enplisit kalite machann pa aplike sou lavant vandè prive yo fè. Yon konsesyonè pa kapab refize pwoteksyon ou anba garanti sa a. Dapre garanti enplisit kalite machann lan, komèsan yo pa kapab vann pwodui yo: "SAN GARANTI" oswa "AVÈK TOUT DOMAJ." oswa avèk yon "GARANTI 50/50" ki egzije w pou pataje frè nenpòt reparasyon avèk konsesyonè a. Lemon Aid Law: Lwa sa a pèmèt ou evite oswa anile yon kontra acha oswa lavant yon veyikil-a-motè si veyikil ou pa pase tès enspeksyon an nan sèt (7) jou ki vini apre dat lavant lan EPI si estimasyon depans reparasyon pwoblèm lafimen oswa sekirite ki gen pou wè ak domaj yo depase 10% pri-dacha a. Lwa sa a anvigè sou lavant oto konsesyonè ak vandè prive fè ak motosiklèt ki vann pou itilizasyon pèsonèl oswa fanmi. Ou dwe retounen veyikil la bay konsesyonè a nan 14 jou ki vini apre dat lavant lan. Lwa sou odomèt: Lwa sa a entèdi konsesyonè ak vandè prive pou yo tounen odomèt la dèyè oswa ajiste li oswa pou yo diminye oswa ajiste kantite mil ki sou nenpòt otomobil yo ofri pou vann. Si w kapab pwouve vandè a fè odomèt la pati a zewo, ou kapab rele li lajistis pou $1,500 oswa pou 3 fwa lajan domaj-enterè ou, kèlkeswa sa ki pi gwo a, ansanm avèk frè tribinal ak frè avoka. Trikaj odomèt se yon zak kriminèl tou. Kondisyon pou tit: Tout veyikil dwe gen yon sètifika tit Rejis Veyikil-a-Motè bay pou sa, epi sètifika tit la dwe apwouve nan moman lavant lan. Konsesyonè yo dwe fè w konnen, sou demann, non ak adrès ansyen pwopriyetè veyikil la. KOTE POU JWENN ÈD Pou jwenn enfòmasyon sou dwa ou dapre Lwa sou oto domaje, oswa enfòmasyon sou odisyon pwosè: Pou pote yon plent fòmèl (pa pou abitraj) kont yon kont yon konsesyonè: Pou tcheke si yo konn pote plent pou yon konsesyonè: Attorney General's Office Biwo pwoteksyon konsomatè Pou jwenn enfòmasyon sou pwoblèm ak rapèl sekirite oto: |
Consumer Arbitration Manual
*
Application for Arbitration
*
Warranty Extension Reference Chart
*
Lwa enpòtan:
MGL c. 90 §7N1/4: Garanti espesyal konsesyonè ki vann veyikil dezyèm men; desizyon; dwa ak rekou konsomatè
Règleman enpòtan:
201 CMR 11.00: Abitraj pou Veyikil-a-motè ki nèf oswa ki lwe pou lontan
* Dokiman sa yo an fòma Adobe Acrobat. Si w pa genyen Acrobat Reader, ou kapab transfere li nan òdinatè ou pou gratis nan Adobe.
Biwo nou pa genyen anpil posiblite pou reponn nan lang ki diferan ak lang Angle. Si w genyen lòt kesyon, tanpri mande yon zanmi ki pale Angle pou rele Liy Dirèk 24 sou 24 Konsomatè nan 1-888-283-3757 oswa voye yon imèl nan consumer@state.ma.us.
