Gen yon eksepsyon $2,000 maksimòm ki fèt pou domaj sou pwopriyete yon veyikil-a-motè lakòz. Si genyen yon pwosè kote lalwa akòde 2 fwa oswa 3 fwa lajan pou domaj yo, limit lan kapab ogmante a $4,000 pou 2 fwa lajan domaj la ak $6,000 pou 3 fwa lajan domaj la. Lalwa akòde tou pou 2 fwa oswa 3 fwa lajan domaj plis depans ak frè avoka nan sèten sitiyasyon mèt kay oswa lokatè ak pwosè ki prezante devan tribinal anba Chapit 93A.
Si reklamasyon ou apèn depase $2,000, ou toujou kapab deside pou ale lajistis pou $2,000 nan Tribinal Enstans pou evite pwosè nan tribinal ki chè epi ki pran tan nan yon pi gwo tribinal. Si reklamasyon ou depase $2,000 avèk yon gwo diferans, ou kapab vle pran sèvis yon avoka epi ale lajistis nan yon lòt tribinal.
Remak: Si w ta deside itilize Tribinal Enstans, ou p ap kapab prezante menm reklamasyon an nan nenpòt lòt tribinal.
Fonksyònman Tribinal Enstans yo
Atmosfè Tribinal Enstans yo se yon atmosfè ki pa fòmèl, epi règ Tribinal la se règ ki senp. Ou kapab ale lajistis oswa yon moun kapab rele w lajistis nan Tribinal sa a san w pa genyen yon avoka ki reprezante, paske karakteristik pwosedi lòt tribinal ki pi fòmèl yo pa obligatwa. Olye sa, ou gen pèmisyon pou prezante pwòp prèv ou epi pale avèk mo pwofàn.
Depi w chwazi yon Tribinal Enstans, sa vle di ou anile tout dwa pou genyen yon pwosè avèk jiri. Answit, se sèlman nan ka ki trè espesifik ou gen dwa pou fè apèl nan yon tribinal siperyè si Grefye a pa pran desizyon ki anfavè ou. Men, akize a toujou gen dwa pou li fè apèl kont yon desizyon.
Si lòt pati a genyen yon avoka, pa gen anyen ki nesesèman nan dezavantaj ou paske ou reprezante tèt ou. Patisipasyon avoka ki reprezante pati o kapab limite yon fason ki konsistan avèk desizyon senp ak fòmèl diskisyon an. Se travay Grefye a se pou asire tout pati yo jwenn yon odisyon san patipri.
Chwa Tribinal ki apwopriye
Sesyon Tribinal Enstans yo fèt nan chak Tribinal Federal Massachusetts, Tribinal Minisipal Boston, ak Tribinal Lojman Boston. Chak Tribinal Federal idantifye yon fason enfòmèl dapre non vil oswa vilaj kote li ye a. (Al gade Lis Tribinal Enstans ki nan fen piblikasyon sa a).
Pleyan an (moun ki mande pwosè a) gen chwa pou mande pwosè nan tribinal federal swa kote pleyan oswa akize ap viv la oswa kote li gen lokal biznis li oswa djòb li. Nan konfli ant mèt kay ak lokatè, pleyan an kapab ale lajistis nan distri kote kay la ye a.
Kouman pou fè reklamasyon ou
Pou mande pou gen yon pwosè, ou dwe jwenn fòmilè ki apwopriye pou sa. Fòmilè sa a rele Deklarasyon Reklamasyon ak Avi. Epi ou dwe al pran fòmilè a nan biwo Grefye Tribinal Enstans ki nan distri kote w ap viv la. Ranpli fòmilè a okonplè epi avèk presizyon.
Ou dwe founi non legal ak adrès egzat pati ou rele lajistis la. Pa egzanp, S & J Construction, Inc. Ou kapab ale lajistis avèk nenpòt moun, nenpòt biznis, nenpòt asosyasyon oswa nenpòt sosyete. Non legal yon biznis ki pa sosyete kapab detèmine lè w kontakte grefye ki nan otèl-de-vil la epi pou mande enfòmasyon sou sètifika biznis lan. Ou kapab jwenn non legal yon sosyete nan Biwo Sekretè-Deta, Divizyon Kòporasyon, One Ashburton Place, 17th Floor, Boston MA 02108 oswa depi w rele nan nimewo 617-727-2850 oswa 617-727-9640 oswa ale nan sit wèb www.sec.state.ma.us.
Ou kapab ale lajistis pou lajan sèlman nan Tribinal Enstans yo. Kantite lajan reklamasyon ou ta dwe gen ladan lajan pou vrè domaj ki fèt la ak nenpòt depans adisyonèl ki fèt akòz domaj la, tankou frè deplasman nan taksi, frè pou poste dokiman, frè pou fotokopi, ak depans pou tribinal la.
Nan moman w ap depoze plent lan, ou dwe peye yon ti frè antre pou tribinal la. Y ap fè Akize a peye frè sa a ak nenpòt lòt frè tribinal la si w genyen pwosè ou.
Ou kapab ale poukont pou pote plent lan oswa ou kapab voye li pa lapòs. Men, lè w voye papye yo pa lapòs ba grefye a, pwosè a ap kòmanse jouk lè li resevwa papye yo.
Grefye a ap ba ou yon kopi fòmilè Deklarasyon Reklamasyon ak Avi ou ranpli a. Nan kopi sa a, w ap wè dat ak lè pwosè a pral fèt. W ap resevwa tou yon Nimewo resepise oswa nimewo referans pou pwosè ou. Itilize nimewo sa a pou idantifye pwosè ou lè w ap kontakte Grefye a.
Answit, Grefye a pa voye ba Akize yon kopi fòmilè Deklarasyon Reklamasyon ak Avi a sou fòm kourye sètifye pou li jwenn resi pou konfime akize a resevwa kourye a, epitou l ap voye kourye a apa ba akize nan kourye tarif rapid nan adrès li a oswa adrès li yo ou bay la. Avi kourye sètifye reklamasyon an se yon avi ki sifi, menm si akize yo pa resevwa oswa refize resevwa kourye a, toutotan avi kourye tarif rapid la PA retounen nan tribinal la san livrezon an pa fèt. Tribinal la kapab founi pou nenpòt lòt mwayen sèvis nan ka endividyèl yo jan li kwè sa nesesè.
Preparasyon pou Pwosè a
Yon semenn anvan odisyon an, rele Grefye a pou asire Akize a te resevwa Deklarasyon Reklamasyon ak Avi a. Grefye a ap fè w konnen si pwosè a ranvwaye, oswa si akize a bay yon repons. Chèche jwenn yon kopi repons akize a epi itilize kopi a pou prepare pwosè ou avèk plis efikasite.
Pou rafrechi memwa ou, prepare yon rezime kwonolojik evènman yo ak enfòmasyon enpòtan yo pou fè prezantasyon ou vin fasil. Rasanble tout prèv k ap ede w pwouve pwosè ou, tankou kontra, lèt, chèk ki anile, resi, lokasyon, estimasyon, ak byen ki vrèman domaje oswa foto machandiz yo. Pote kopi sètifye règleman Pwokirè Jeneral ki anvigè yo si w ap site yon vyolasyon espesifik. W ap jwenn dokiman sa yo nan Libreri Leta, State House, Room 116, Boston MA 02133, telefòn: 617-727-2834.
Si w rele akize a lajistis dapre Lwa pou Pwoteksyon Konsomatè, Chap it 93A, ou dwe fè Grefye a konnen enfòmasyon sa a epitou ou kapab gen dwa pou resevwa 2 fwa oswa 3 fwa lajan pou domaj yo dapre lwa sa a. Pote yon kopi lèt demann sou 30 jou ou. Epitou ou kapab vle prevwa temwen anvan dat pou prezante nan tribinal pou verifye reklamasyon ou yo oswa konfime deklarasyon ou. Si yon temwen refize patisipe, grefye a kapab voye ba li yon asiyasyon pou li prezante nan tribinal. Yon asiyasyon pou prezante nan tribinal se yon avi tribinal ki òdone yon temwen pou li prezante nan tribinal nan dat pwosè a.
Pwosè a
Ou dwe rive nan tribinal la omwen inèdtan anvan odisyon pwosè ou. Lè yo rele pwosè ou, oumenm, akize a, ak nenpòt temwen dwe fè sèman pou di laverite. Answit, Grefye a ap tande chak vèsyon pwosè a pou pèmèt chak pati devlope istwa a avèk prèv ak patisipasyon temwen an. Pleyan an, oswa moun ki rele lòt pati a lajistis, ap prezante ka a anvan. Prezantasyon an ta dwe kout, byen òganize epi kontwole avèk emosyon. Answit, akize a oswa moun ou rele lajistis la ap prezante vèsyon pa li nan pwosè a. Toujou pale dirèkteman avèk Grefye a. Pa fè diskisyon avèk akize a nan tribinal la, oswa pa pale pandan l ap fè prezantasyon pa li a.
Apre prezantasyon yo, oumenm ak akize a kapab poze kesyon youn ak lòt. Grefye a kapab aji kòm moderatè, pou poze kesyon ak ankouraje diskisyon an pou devlope tout enfòmasyon ki nan pwosè a. Si grefye a deside gen yon pati fè yon reklamasyon ki pa serye oswa mansonjè, Grefye a kapab akòde frè adisyonèl jiska $100 pou lòt pati a.
Si akize a pa prezante nan tribinal la, epi ou prezante pou pwosè a, ou genyen pwosè a otomatikman. Men, ou dwe montre tribinal la prèv reklamasyon ou. (Si akize a prezante nan tribinal pou pwosè a epi pleyan pa prezante, pwosè a ap anile. Si ni pleyan ni akize a pa prezante nan tribinal pou pwosè a, reklamasyon ap anile tou.)
Chwa pou akize a
Antant: Pati yo kapab rive fè yon antant pou rezoud pwoblèm nan tribinal la menm apre kòmansman pwosè a. Akò a dwe fèt alekri. Ou dwe fè tribinal la konnen akò ou fè a. Pou fè sa ou dwe bay Grefye a yon kopi akò a. Akò a dwe gen tit "Akò pou Jijman. Oumenm ak akize a dwe siyen kopi orijinal akò a, epi mete li nan dosye tribinal la pou lalwa kapab aplike li. Konsève yon kopi pou dosye ou.
Repons: Akize gen chwa pou li bay yon repons. Akize a ap resevwa enstwiksyon pou li kapab, si li vle, soumèt yon repons alekri pou reklamasyon an sou fòm yon lòt pou li voye nan tribinal la. Li dwe siyen lèt la oswa li dwe endike nan yon langaj ki klè ak senp rezon ki fè pleyan an pa ta dwe genyen pwosè a.
Non-Konparisyon: Si akize a pa prezante nan tribinal nan pwosè a, pleyan an ap genyen otomatikman. Yon jijman oswa yon lòd ki egzije peman yon sèten kantite lajan ap rete valid pandan 20 tan. Yon tribinal ap mande kèk kalite prezantasyon pleyan an pou endike reklamasyon an valid anvan aplikasyon jijman an.
Kont-Reklamasyon: Yon kont-reklamasyon se yon pwosè kontrè akize ap fè kont pleyan an. Akize a gen chwa pou fè pwosedi kont-reklamasyon an. Si w genyen yon reklamasyon valab kont yon pati ou rele lajistis, ou dwe fè grefye a konnen ou vle fè yon kont-reklamasyon. Pa egzanp, si yon atelye reparasyon rele w lajistis pou depans reparasyon, ou kapab fè yon kont-reklamasyon pou depans reparasyon pyès ki mal enstale. Nan repons lan, oswa nan machaswiv pwosedi a, akize a kapab prezante nenpòt reklamasyon alekri li genyen kont pleyan an. Akize a pa gen obligasyon pou bay repons alekri epitou reklamasyon pleyan ak akize a ap prezante nan yon sèl pwosè. Si pleyan an vle jwenn plis tan pou prepare kont-reklamasyon an, li kapab mande tribinal la yon ajounman. (Al gade Ajounman yo.) Ou dwe fè yon kont-reklamasyon devan grefye a omwen 2 jou anvan odisyon an. W ap peye yon frè senbolik pou sa.
Ajounman: Kote akize a bay avi, pwosè a p ap kontinye nan yon lòt dat sof si gen akò pati yo avèk apwobasyon tribinal, oswa sof si gen prezantasyon yon rezon valab. Nenpòt mosyon pou ajounman dwe fèt alekri sof si tribinal la bay pèmisyon pou yon aplikasyon oral.
Desizyon Tribinal la
Apre odisyon an diskisyon 2 pati yo, Grefye kapab pran yon desizyon imedyat, oswa li kapab mande plis tan pou fè deliberasyon, ki kapab kite pwosè a Anba konsèy epi ou ta dwe jwenn notifikasyon desizyon final la nan kourye.
Si grefye a pran desizyon an favè akize a, pwosè a ap fini epi ou p ap resevwa peman. Ou p ap gen obligasyon pou peye tribinal la frè pou akize a. Si desizyon an pran anfavè pleyan an, tribinal la ap bay yon Avi Jijman ak Lòd pou òdone akize a pou peye ou pou domaj yo ak pou frè antre nan tribinal la. Grefye a kapab akòde w mwens lajan pase sa ou mande nan reklamasyon orijinal la.
Akize a gen dwa pou fè apèl kont desizyon an nan 10 jou. Akize a dwe peye yon frè apèl epi li dwe voye $100 an kach oswa chèk sètifye oswa obligasyon, sof si tribinal la anile egzijans sa a.
Rekouvreman lajan ou
Si akize a pa peye ou, ou dwe fè grefye a konnen sa a epi grefye a ap voye yon Avi pou Montre Kòz ba ou. Answit, ou dwe fè aranjman pou voye avi a ba akize a. Se yon Cherif-Adjwen oswa yon Ajan lapolis minisipal ki dwe pote avi a. Avi pou Montre Kòz la ap endike dat ak lè odisyon an. Nan odisyon an, tribinal la ap pran mezi apwopriye pou fè w resevwa peman an.
Sinon, ou kapab mande grefye a yon fòmilè egzekisyon. Fòmilè sa a ap pèmèt Cherif-Adjwen Konte a oswa Ajan lapolis minisipal la sezi ak vann nenpòt byen akize a genyen pou fè w touche lajan li dwe w la.
Nan yon ane ki vini apre desizyon tribinal la, yon pati kapab aplike pou jwenn èd nan jijman an oswa lòd la. Sa vle di tribinal la kapab deside ranvèse desizyon an akòz yon erè oswa lòt rezon tribinal la jwenn ki ase. Mande grefye a si w genyen nenpòt kesyon sou sa a oswa sou lòt pwosedi Tribinal Enstans.
Kote pou jwenn èd
Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte Sèvis Konsiltasyon Tribinal Enstans, Phillips Brooks House, Harvard Yard, Cambridge, MA 02138: 617-497-5690 oswa ale sou sit wèb: http://hcs.harvard.edu/~scas/.
Konte | Tribinal | ||
Suffolk County: | Boston Municipal Court Edward W. Brooke Courthouse Boston, all of Suffolk County | Boston Housing Court Edward W. Brooke Courthouse South Boston, West Roxbury | |
Boston Municipal Court, Brighton Division 52 Academy Hill Road Allston, Brighton | Boston Municipal Court, Charlestown Division Court House 3 City Square Charlestown | ||
Chelsea District Court 120 Broadway Chelsea, Revere | Boston Municipal Court, Dorchester Division 510 Washington Street Dorchester | ||
East Boston District Court East Boston, Winthrop | Roxbury District Court Roxbury | ||
Trial Court of the Commonwealth-District Court Dept. South Boston Division South Boston | Municipal Court of the West Roxbury District Hyde Park, Jamaica Plain, Readville, Roslindale, West Roxbury, *parts of Mission Hill, Mattapan sections of Boston | ||
Konte Middlesex: | District Court Department of the Trial Court-Ayer Div. Ashby, Ayer, Boxborough, Dunstable, Groton, Littleton, Pepperell, Shirley, Townsend, Westford, Devens Regional Enterprise Zone | Cambridge District Court 40 Thorndike Street Arlington, Belmont, Cambridge | |
Concord District Court 305 Walden Street Acton, Bedford, Carlisle, Concord, Lexington, Lincoln, Maynard, Stow | Framingham District Court 600 Concord Street Ashland, Framingham, Holliston, Hopkinton, Sudbury, Wayland | ||
Lowell District Court 41 Hurd Street Billerica, Chelmsford, Dracut, Lowell, Tewksbury, Tyngsboro | Malden District Court 89 Summer Street Everett, Malden, Melrose, Wakefield | ||
Marlborough District Court 45 Williams Street Hudson, Marlborough | Natick District Court 117 East Central Street Natick, Sherborn | ||
Newton District Court 1309 Washington Street Newton | Somerville District Court 175 Fellsway Medford, Somerville | ||
Waltham District Court 38 Linden Street Waltham, Watertown, Weston | Woburn District Court 30 Pleasant Street Burlington, North Reading, Reading, Stoneham, Wilmington, Winchester, Woburn. | ||
Konte Norfolk: | Brookline District Court Brookline | Dedham District Court 631 High Street Dedham, Dover, Medfield, Needham, Norwood, Wellesley, Westwood | |
Quincy District Court 1 Dennis F. Ryan Parkway Braintree, Cohasset, Holbrook, Milton, Quincy, Randolph, Weymouth | Stoughton District Court 1288 Central Street Avon, Canton, Sharon, Stoughton | ||
Wrentham District Court 60 East Street Foxboro, Franklin, Medway, Millis, Norfolk, Plainville, Walpole, Wrentham | |||
Konte Essex: | Gloucester District Court Essex, Gloucester, Rockport | Haverhill District Court PO Box 1389 Boxford, Bradford, Georgetown, Groveland, Haverhill | |
Ipswich District Court (District Court of Newburyport) 188 State Street Hamilton, Ipswich, Topsfield, Wenham | District Court of Lawrence Andover, Lawrence, Methuen, North Andover | ||
Lynn District Court Lynn, Marblehead, Nahant, Saugus, Swampscott | District Court of Newburyport Amesbury, Merrimack, Newbury, Newburyport, Rowley, Salisbury, West Newbury | ||
District Court of Peabody | Salem District Court Beverly, Danvers, Manchester (Manchester-by-the-Sea), Middleton, Salem | ||
Konte Bristol: | Attleboro District Court 88 North Main Street Attleboro, Mansfield, North Attleboro, Norton | Fall River District Court Second District Court 45 Rock Street Fall River, Freetown, Somerset, Swansea, Westport | |
New Bedford District Court Acushnet, Dartmouth, Fairhaven, Freetown, New Bedford, Westport | Taunton District Court 120 Cohannet Street Berkley, Dighton, Easton, Raynham, Rehoboth, Seekonk, Taunton | ||
Konte Berkshire: | District Court of Southern Berkshire Alford, Becket, Egremont, Great Barrington, Lee Lenox, Monterey, Mount Washington, New Marlborough, Otis, Sandisfield, Sheffield, Stockbridge, Tyringham, West Stockbridge (*menm jiridijsyon nan Becket ak Lenox) | Northern District Court 111 Holden Street Adams, Cheshire, Clarksburg, Florida, Hancock, New Ashford, North Adams, Savoy, Williamstown, Windsor (*menm jiridiksyon nan Hancock ak Windsor) | |
Pittsfield District Court Central Berkshire District Court Becket, Dalton, Hancock, Hinsdale, Lanesborough, Lenox, Peru, Pittsfield, Richmond, Washington, Windsor (*menm jiridiksyon nan Becket, Hancock, Lenox, ak Windsor) | |||
Konte Plymouth: | Brockton District Court P.O. Box 7610 Abington, Bridgewater, Brockton, East Bridgewater, West Bridgewater, Whitman | Hingham District Court 28 George Washington Boulevard Hanover, Hingham, Hull, Norwell, Rockland, Scituate | |
Plymouth District Court South Russell Street Duxbury, Halifax, Hanson, Kingston, Marshfield, Pembroke, Plymouth, Plympton | Wareham District Court 2200 Cranberry Highway Carver, Lakeville, Marion, Mattapoisett, Middleboro, Rochester, Wareham | ||
Konte Barnstable: | Barnstable District Court P. O. Box 427 Barnstable, Sandwich, Yarmouth | Falmouth District Court 161 Jones Road Bourne, Falmouth, Mashpee | |
Orleans District Court 237 Rock Harbor Road Brewster, Chatham, Dennis, Eastham, Harwich, Orleans, Provincetown, Truro, Wellfleet | |||
Konte Dukes: | Edgartown District Court P. O. Box 1284 Edgartown, Oak Bluffs, Tisbury, West Tisbury, Aquinnah (li te rele Gay Head), Gosnold, Elizabeth Islands | ||
Konte Nantucket: | Nantucket District Court P. O. Box 1800 Nantucket | ||
Konte Worcester: | Clinton District Court 300 Boylston Street Berlin, Bolton, Boylston, Clinton, Harvard, Lancaster, Sterling, West Boylston | Dudley District Court P. O. Box 100 Charlton, Dudley, Oxford, Southbridge, Sturbridge, Webster | |
East Brookfield District Court 544 East Main Street Barre, Brookfield, East Brookfield, Hardwick, Leicester, New Braintree, North Brookfield, Oakham, Paxton, Rutland, Spencer, Warren, West Brookfield | Fitchburg District Court 100 Elm Street Fitchburg, Lunenburg | ||
Gardner District Court 108 Matthews Street Gardner, Hubbardston, Petersham, Westminster | Leominster District Court 25 School Street Holden, Leominster, Princeton | ||
Milford District Court P. O. Box 370 Bellingham, Hopedale, Mendon, Milford, Upton | Uxbridge District Court P. O. Box 580 Blackstone, Douglas, Millville, Northbridge, Sutton, Uxbridge | ||
Westborough District Court 175 Milk Street Grafton, Northborough, Shrewsbury, Southborough, Westborough | Winchendon District Court 80 Central Street Ashburnham, Phillipston, Royalston, Templeton, Winchendon | ||
Worcester District Court 50 Harvard Street Auburn, Millbury, Worcester | |||
Konte Franklin: | District Court of Franklin | District Court Department - Orange Division Athol, Erving, New Salem, Orange, Warwick, Wendell | |
Konte Hampden: | District Court of Chicopee | District Court of Palmer | |
District Court of Holyoke | Springfield District Court P. O. Box 2421 Longmeadow, Springfield, West Springfield | ||
Westfield District Court 224 Elm Street Agawam, Blanford, Chester, Granville, Montgomery, Russell, Southwick, Tolland, Westfield | |||
Konte Hampshire: | District Court Department - Northampton Division Chesterfield, Cummington, Easthampton, Goshen, Hatfield, Huntington, Middlefield, Northampton Plainfield, Southampton, Westhampton, Williamsburg, Worthington | District Court of Eastern Hampshire Hadley, 01035 Amherst, Belchertown, Granby, Hadley, Pelham, South Hadley, Quabbin Reservoir & Watershed Area, Ware | |
Biwo nou pa genyen anpil posiblite pou reponn nan lang ki diferan ak lang Angle. Si w genyen lòt kesyon, tanpri mande yon zanmi ki pale Angle pou rele Liy Dirèk 24 sou 24 Konsomatè nan 1-888-283-3757 oswa voye yon imèl nan consumer@state.ma.us.
