Poste nimewo telefòn ijans (dife, polis, anbilans, elatriye).  
    Detèmine nimewo ijans fanmi ou.  
    Deziye ki kote fanmi w ap reyini an ka ijans.  
    Montre timoun you kijan e kòman pou yo rele 9-1-1 oswa nimewo Sèvis Medikal Ijans pou èd dijans.  
    Se pou gen ase bagay pou ka ijan ak yon bwat ki gen materyèl ki konsène dezas.
Tcheke sit entènèt La Kwa Wouj la nan: http://www.redcross.org/services/disaster/beprepared/supplies.html oswa rele Sant Resous ak Enfòmasyon yo a nan 1-866-GET INFO (1-866-438-46).
 
    Chache tout bagay ki nan kay la ki ka lakòz dega.
Nan ka yon dezas, bagay odinè nan kay la kapab koze domaj oswa blesi. Nenpòt bagay ki ka deplase, tonbe, kraze, oswa lakòz yon dife se yon danje. Repare fil elektrik ki pa bon oswa koneksyon gaz ki ap degoute. Byen kloure etajè. Mete bagay ki laj, oswa ki lou sou etajè ki pi ba. Kwoke foto ak glas lwen kaban n yo. Asire ke limyè plafon yo byen fikse. Asire ke chofaj dlo a an sekirite e ke l tache nan poto nan mi yo. Repare twou nan plafon oubyen fondasyon. Mete ensektisid, pestisid, ak pwodwi ki ka pran dife lwen chalè. Mete chifon ki gen lwil pou netwaye mèb oswa fatra nan dwoum an metal ki kouvri. Netwaye epi repare chemine, tiyo pou fwit chemine, konektè fwit ak fwit gaz.
 
    Detèmine meyè wout pou kouri soti kite lakay ou. Chache de (2) fason pou soti nan chak chanb.  
    Jwen kote ki an sekirite nan kay ou a pou chak kalite dezas.  
    Enstale aparèy pou detekte lafimen nan chak etaj lakay ou, espesyalman tou pre chanb yo, epi tcheke batri yo chak 6 mwa.  
    Montre chak manb fanmi w kòman epi kilè pou fèmen itilite tankou (dlo, gaz, elektrisite) nan sikwi prensipal.  
    Chache antrenman nan men depatman ponpye pou chak manb fanmi w sou kouman pou itilize aparèy pou touye dife (Tip ABC), epi montre yo kibò li ye.  
    Pran klas premye èd ak CPR Kwa Wouj la.  
    Chache konnen si ou gen ase asirans (asirans sou pwopriyete, vi ak sante).  
    Konsidere fason ou kapab ede vwazwen ou oswa manb fanmi w ki bezwen asistans espesyal tankou (granmoun aje, moun ki domaje, elatriye.).  
    Chache konnen Plan Ijans vil oswa kominote w la.  
   
   

   
   

Travay, lekòl, adrès entènèt ak nimewo telefòn selilè pou chak manb fwaye kay la.

 

   
   
Manb Fanmi 1 Nimewo Telefòn Travay/Lekòl Telefòn Selilè imèl
Manb Fanmi 2 Nimewo Telefòn Travay/Lekòl Telefòn Selilè imèl
Manb Fanmi 3 Nimewo Telefòn Travay/Lekòl Telefòn Selilè imèl
Manb Fanmi 4 Nimewo Telefòn Travay/Lekòl Telefòn Selilè imèl
Manb Fanmi 5 Nimewo Telefòn Travay/Lekòl Telefòn Selilè imèl
   
Vwazen Depatman Polis
Doktè Anbilans
Kontwòl Pwazon Lopital
Depatman Ponpye Veterinè
   
   

 

Kontak Ijans Fanmi

Mande yon zanmi ki pa abite nan menm Eta ak ou si ou kapab konsidere l kòm "kontak familyal." Apre yon dezas, li souvan pi fasil pou rele long distans. Lòt manb fanmi an ta dwe rele moun sa a epi di l kibò yo ye. Tout moun dwe konnen nimewo telefòn pou kontakte w.

Kontak Manb Fanmi lòt Eta Telefòn Lajounen Telefòn Apremidi Telefòn Selilè/Bipè
   
         
   
   

Rete kalm epi pran pasyans. Mete plan w lan an aksyon.

Gade pou wè si pa gen moun ki Blese
Bay premye swen epi chache èd pou moun ki blese anpil.

Tande Radyo ki mache ak Pil pou Nouvèl ak Enstriksyon

Gade si kay ou pa gen domaj…

   
   
  • Itilize flach. Pa pase alimèt oswa ouvè sikwi elektrik, si ou sispèk domaj.
  • Pran sant si gen gaz ki ap degoute, kòmanse nan chofaj dlo a. Si ou pran sant gaz oswa sispèk gen yon goutyè gaz, fèmen valv gaz la, ouvri fenèt yo, epi fè tout moun soti byen vit. Fèmen lòt itilite ki andomanje. (Wap bezwen yon pwofesyonèl pou vin n louvri gaz la ankò.) Montre chak manb fanmi an kouman e kilè yo sipoze fèmen kèk itilite tankou (dlo, gaz, ak elektrisite) nan sikwi prensipal yo.
  • Netwaye medikaman ki tonbe, kloròks, gazolin ak lòt likid ki ka pran dife tou swit.
   
   

Se pou sonje…

   
   
  • Rele yon fanmi ou an kontak ak li - pa itilize telefòn nan ankò si se pa pou yon ka ijan kote lavi an danje.
  • Asire w ke ou gen bon kantite dlo pwòp pou si sèvis dlo a koupe.
  • Pa pase pre liy elektrik ki tonbe atè.
  • Verifye si vwazen ou yo byen, espesyalman granmoun aje oswa moun ki andomaje.
    Travay ansanm ak vwazen kapab sove lavi ak kay. Rankontre vwazaen w pou planifye kouman katye w la ta ka travay ansanm apre yon dezas jiskaske èd rive. Si ou se manb yon òganizasyon katye, tankou yon asosyasyon pwopriyetè oswa yon gwoup kap siveye aktivite kriminèl, entwodwi preparasyon anka dezas kòm yon aktivite tou nèf. Se pou chache konnen ki konpetans espesyal vwazen ou genyen (pa ekzanp, medikal, teknik) epi konsidere kouman ou kabap ede vwazen w ki gen bezwen espesyal, tankou moun ki domaje oswa granmoun anpil. Planifye pou swen timoun ankake paran yo paka rive lakay yo.
  • Fèmen oswa mete zannimo domestik ou yo an sekirite.

    1. Se pou gen yon Plas ki an Sekirite pou Mete Animal Domestik ou yo. Tant Dezas Kwa Rouj pa kapab aksepte animal domestik akòz lwa ak règleman sante ak sekirite Eta a ak lòt konsiderasyon. Se sèlman Sèvis pou zannimo ki asiste moun ki gen domajman ke yo kite antre nan tant Kwa Wouj yo. Li ka difisil, sinon enposib, pou jwenn plas pou zannimo si ou nan mitan yon dezas. Kidonk fòk ou planifye davans. Pa tan n se lè gen dezas la pou fè rechèch.

    2. Fè yon valiz/bwat Potab pou Zannimo an ka Dezas. Menm si ou pa lakay pou on jou oswa yon semèn wap bezwen kèk bagay enpòtan. Mete sa wap bezwen nan yon plas kote ou ka jwenn li epi sere yo nan bwat ki ka transpòte san pwoblèm (gwo valiz, dwoum ki kouvri, elatriye).

    3. Ou pa kapab rete lakay ou lè yo pase lòd evakyasyon. Chache konnen si gen yon vwazen ou fè konfyans ki vle pran zannimo domestik ou yo epi fè randevou ak ou nan yon kote nou te planifye. Moun sa a ta dwe konfòtab ak zannimo ou yo, konnen kibò zannimo ou yo kapab ye, konnen kibò valiz.bwat spesyal pou zannimo an ka dezas ye, epi gen yon kle kay ou a. Si ou itilize yon sèvis ki gade zannimo, yo ka disponib pou ede, men diskite posiblite sa a davans.

    * Materiyèl sa a se Depatman Sante Piblik ak Sante Mantal Massachusetts ki devlope l gras a yon don ki soti nan Administrasyon Sèvis Sante Mantal ak Abi Alkòl ak Dwòg (SAMHSA)

    * Gen nan materyèl sa a ki adapte a pati de "Family Disaster Plan" ke Ajans Jesyon Ijans Federal ak Kwa Wouj Amerikèn te devlope, www.redcross.org



   
   
   

 

Kote pou rankontre nan Ka Ijans

Kote pou rankontre nan Ka Ijans enpòtan anpil ankake ou bezwen evakye kay ou oswa si ou paka retounnen lakay ou apre yon dezas. Chwazi 2 plas pou rankontre:

1. Jis deyò kay la nan ka yon ijans britsoukou, tankou yon dife.
2. On kote deyò katye a si ou pa ka retounen lakay ou. Chak moun dwe konnen adrès ak nimewo telefòn kote sa a.

   
   
Deyò Lakay ou  

     Telefòn
On Kote Deyò Katye a

Adrès
     Telefòn Adrès
   
   

Nimewo Sèvis Medikal Lokal nan ka Ijans

Nan Massachusetts, tankou nan laplipa rejyon, nimewo sa a se 9-1-1. Gen kèk rejyon riral nan Etazini ki itilize lòt nimewo. Montre timoun yo kouman e kilè pou yo rele 9-1-1 oswa nimewo Sèvis Medikal Ijans pou èd ijans.

Men on seri de règ jeneral pou rele 9-1-1:

 

   
   

RELE 911 pou yon IJANS KI MENASE LAVI tankou:

      
   
  • Difikilte pou respire/souf koupe/endispozisyon
  • Si wap toufe (paka pale oswa respire)
  • Doulè nan kòf lestomak - pou granmoun (ki dire plis pase 2 minit)
  • Senyen san kontwòl/gwo pèt san
  • Nwaye
  • Si Moun Pran Kouran
  • Gwo Dòz dwòg/anpwazònman
  • Blesi pa bal, kout kouto/ponya
  • Vomisman san
  • Endispozisyon sibit
  • Kriz/sentòm malkadi (tranblad, mouvman ki ka lakòz moun nan tonbe)
  • Reyaksyon alèji sevè (difikilte pou respire/moun nan pa repon n)
 
  • Gwo brile (po blanch oswa kabonize; bouton oswa gen gwo pati nan kò a ki vin wouj)
  • Yon moun ki pa ka reveye, menm si ou souke l
  • Blesi akòz:
    - Aksidan
    - Blesi nan tèt
    - Tonbe
  • Pyèj Fizik (tankou aksidan machinn kote viktim nan kole nan machin nan)
  • Pwoblèm Emosyonèl ak posiblite pou pasyan an oswa lot moun viktim

Sonje, sa yo se règleman jeneral — Si ou gen dout, pa ezite rele 9-1-1.