Enfòmasyon sou Sant Re-Anplwa Boston (REC)

Kisa pou atann nan randevou ou ak sèvis ki disponib yo.

Byenvni nan Sant Re-Anbochaj Boston (Boston Re-Employment Center, REC). Nou se yon sant sou randevou sèlman ki founi Sèvis chomaj espesifik ak pou Pwogram  MassHire lan.

Telechaje enstriksyon yo

Table of Contents

Anrejistreman

Aprè ou fin anrejistre pou randevou w lan, ou pal resevwa yon kat ki gen yon nimewo REC sou li. Pa pèdi kat a a. Nimewo REC lan pral ede w jwenn divès Eastasyon yo ou gendwa bezwen vizite pandan tan w ap pase nan Sant la.

Nou gendwa mande pou w bannou enfòmasyon pèsonèl ak finansyè pou nou kapab konnen ski sèvis ou bezwen. Enfòmasyon sa yo konfidansyèl, epi estaf la byen fòme pou kenbe enfòmasyon ou yo prive. Yo ka mande w pou nimewo Sekirite Sosyal ou. Ou kapab ekri enfòmasyon sa yo sou yon fèy papye. Nou kapab remèt ou papye a oubyen nou kapab detwi li pou pwoteje enfòmasyon ou yo. Pa di nimewo Sekirite sosyal ou awot vwa andedan Sant Re-Anbochaj la.

Aprè ou fin anrejistre pou randevou w lan, nou pral mande w pou w kanpe nan liy Estasyon Akèy la oubyen pou ale nan zòn datant la.

Estasyon Akèy ak Estasyon Pwogram yo

Nan Estasyon Akèy la, nou pral poze w kesyon pou eseye konprann bezwen ou yo. Nou gendwa kapab ede w jwenn sa w bezwen nan Estasyon Akèy yo.

Ou pral resevwa yon fèy kesyonè enprime nan lang ou pito a. Sa pral ede nou evalye sitiyasyon ou epi detèmine ki sèvis Sant la ou bezwen.

Si nou pa kapab ede w nan Estasyon Akèy la, w ap dwe ale nan yon Estasyon Pwogram pou kontre ak yon manm estaf la. Yon manm estaf Sant la pral mennen ou nan estasyon ki dèyè Estasyon Akèy yo si gen yon Estsyon Pwogram ki disponib.

Si yon estasyon pa disponib, nou pral mande w pou w tann nan zòn datant la. Yon manm estaf la pral rele nimewo w lè pwochen estasyon an pral vin disponib. Si ou pa ka tann jouk yon Estasyon Pwogram vin disponib, tanpri di estaf Sant la pou nou kapab bay yon lòt vizitè lè randevou w lan. 

Resous MassHire yo

Ou kapab jwenn estaf nan Depatman MassHire Sèvis Travay (MassHire Department of Career Services, MDCS) nan Sant Re-Anbochaj (REC) la. Estaf sa yo kapab mete w an kontak ak Sant Travay MassHire yo ki nan zòn ou pou w kapab demare “Chemen pou Re-Anbochaj”. Ou kapab ale nan yon sesyon oryantasyon MassHire pou jwenn plis enfòmasyon osijè pwogram ak sèvis ki kapab ede w. 

SÈVIS SANT TRAVAY MASSHIRE YO

  • Aksè nan pòs ki vakan epi referans pou biznis
  • Fòmasyon pou devlope konpetans travay ak eksporasyon fòmasyon
  • Rechèch djòb ak sèvis plasman nan travay
  • Konsèy sou pakou pwofesyonèl ak planifikasyon
  • Aksè nan yon rezo patnè ak pwogram yo
  • Aksè nan Enfòmasyon Mache Travay ki adapte pou w pou djòb ki genyen nan sektè aktivite w ak nan rejyon ou

Ou kapab itilize konpitè nan Sant la pou enskri pou MassHire JobQuest la. Wèbsayt MassHire Jobquest la se kote ou pral kòmanse abònman ou antanke manm MassHire. Apre ou fin enskri, ou kapab pran yon randevou pou nenpòt nan sèvis yon Sant Travay ofri nan zòn ou. Pou jwenn yon Sant Travay nan zòn ou, ale nan: mass.gov/how-to/find-a-masshire-career-center.

Manm estaf Estasyon Akèy la gendwa mande w pou w ale nan yon sesyon oryantasyon nan MassHire nan Sal Oryantasyon MassHire la. Ou ka vizite Sal Oryantasyon MassHire la anpremye si ou gen tan pandan w ap tann.

Si nou mande w pou w ale nan yon Pwogram UI oswa PUA

Aprè ou fin chita nan Estasyon Pwogram la, ou pral resevwa yon kask ak ekoutè pou w ka pale ak yon manm estaf la nan konpitè a. Lè ou rive nan Estasyon Pwogram la, chwazi “Join” (Antre) sou ekran taktil la. Tanpri mande èd si ou gen pwoblèm teknik oubyen si manm estaf vityèl la mande w pou w antre (Join).

Sesyon manm estaf vityèl yo pral otorize yon tradiktè patisipe nan sesyon an pou sipòte bezwen nan lang ou an.

Aprè ou fini nan Estasyon Pwogram UI oswa PUA an:

  • Si ou bezwen kontre ak yon manm estaf DUA an fas-a-fas, ale nan zòn datant la jiskaske yon manm estf DUA rele w.
  • Si ou bezwen sèvis rechèch travay, ale nan Sal Oryantasyon MassHire la. Pran kas ak ekoutè yo avèk ou.
  • Si ou bezwen repwograme PIN ou, ou dwe ale nan yon Sal Entèvyou oswa nan Sal Resous MassHire la. Ou pran ekoutè yon telefòn, chwazi bouton an ki make “PIN” akote li epi swiv enstriksyon moun nan telefòn lan ap ba w.

Tanpri itilize ti sèvyèt mouye yo pou netwaye biwo a pou pwochen kliyan an anvan ou kite Estasyon an. Ou pa bezwen siye minotè konpitè a.

Lè w fini, tanpri mete ekoutè a nan bwat ki chita nan koulwa a pandan w ap retounen nan zòn datant la ki akote sal Estokaj ak Estaf yo. Nou pral dezenfekte ekoutè a pou pwochen moun ki pral itilize li.

Nou di w mèsit pou vizit ou epi nou swete pou rès jounen ou an agreyab.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback