Nouvo enstriksyon PUA pou verifikasyon idantite yo

Nou te revize pwosesis pou pwogram Asistans Chomaj pou Pandemi a (Pandemic Unemployment Assistance, PUA). Aprann kijan pou w verifye idantite ou, epi si yo te refize reklamasyon ou an poutèt zafè idantite, aprann kijan pou reponn epi rezoud pwoblèm nan.

Table of Contents

Verifikasyon idantite

Depatman Asistans pou Chomaj (Department of Unemployment Assistance, DUA) te revize enstriksyon pou jwenn enfòmasyon ki fè pwosesis verifikasyon idantite a vin pi fasil. Kèk nan moun k ap fè reklamasyon ki te deja jwenn refi poutèt zafè verifikasyon idantite pral resevwa yon lyen ki pèmèt yo korije fot nan reklamasyon yo, epi petèt jwenn avantaj yo san yo pa bezwen ale nan yon odyans.

Moun ki fenk ap fè reklamasyon pou PUA yo pral resevwa nouvo enstriksyon pou bay enfòmasyon yo. Moun k ap fè reklamasyon nou mande pou verifye idantite yo ap bezwen swiv enstriksyon ki nan dokiman pou bay enfòmasyon an, paske lè yo bay enfòmasyon ki pa egzak oswa ki pa konplè sa pral mete yon gwo reta nan pwosesis la.

Ki sa ki pral moun kap fè reklamasyon konsènan yon lòt chans rezoud refi idantite yo?

DUA ap bay yon lòt opòtinite pou moun k ap fè reklamasyon PUA ki te konteste yon refi pou yon reklamasyon paske te gen yon zafè idantite pou yo soumèt dokiman idantite yo. Moun k ap fè reklamasyon sa yo ap resevwa yon mesaj sou imèl yo ki endike "Nimewo Reklamasyon Chomaj pou Pandemi A00-000-0xxx-xxxx yo a bezwen atansyon imedyat."

Imèl sa a pral sanble ak imaj ki anba a. Katriyèm liy imèl la pral mande dokiman espesifik nan pifò ka. Liy ki di “Nou pa te ka li dokiman ou te voye a (yo) (pa lizib, twoub, pa an koulè, elatriye). Tanpri re-soumèt tout dokiman ou deja soumèt yo pou valide idantite ou epi asire dokiman yo an koulè, klè ak konplè pou DUA ka egzaminen yo" se yon egzanp nan youn nan 15 rezon ki pral ede ou konprann poukisa n ap mande pou ou re-soumèt dokiman ou yo:

email text

Si ou swiv enstriksyon yo nan imèl la lè ou  konekte sou kont ou, ou pral wè yon notifikasyon sou paj dakèy sit la a ki sanble ak imaj ki anba a:

notification text

 Lè ou swiv lyen pou "Reponn pou Bay Enfòmasyon" (Respond to Fact Finding) pi wo a, yo pral di ou dwa ou genyen yo avan jan sa endike anba a:

notification text

Apre ou fin tcheke ti bwat la, epi klike sou "Pwochen", w ap wè premye kesyon ki eksplike poukisa n ap mande enfòmasyon an, dat limit la, epi ou dwe transfere enfòmasyon yo youn alafwa.

notification text

Lè ou klike sou "Pwochen"  (Next), ou pral wè yon seri enstriksyon detaye konsènan ki dokiman ki nesesè epi ki fòm ak fòma ki akseptab jan ou wè anba a:

notification text

 Apre ou fin transfere tout enfòmasyon ki idantifye nan ekran ki anwo a epi ou klike sou "soumèt" (Submit), ou p ap ka retounen pou ajoute plis dokiman.  Apresa ou pral wè yon nòt konfimasyon ak nimewo referans ki konfime ou te bay enfòmasyon an.

notification text

Lè m ap transfere dokiman yo, ki kalite fichye ki akseptab?

Kalite fichye ou ka telechaje yo gen ladan:

  • bmp
  • csv
  • doc, docm, docx
  • dot, dotx, dotm
  • gif, jpe, jpg
  • msg, ods, odt
  • pdf, png, rtf, tiff
  • txt, wps, xls, xlsb, xlsx, xlt, xltm, xml, xps 

Si ou eseye antre nan yon kalite fichye ki pa youn nan sa yo ki mansyone pi wo a, ou pral resevwa yon mesaj ki di ou sa.

Èske mwen bezwen transfere tout dokiman verifikasyon idantite yo yon sèl kou?

Ou ka pran tan ou pou w telechaje dokiman ou yo men ou dwe mete tout dokiman yo pandan menm seyans sou entènèt la.  Apre ou antre "Soumèt" sou ekran ki endike anwo a, ou p ap ka transfere okenn lòt dokiman. Enstriksyon yo pral di ou sa.

Tanpri sonje si yo mande pou w soumèt plis enfòmasyon, ou gen 5 jou ouvrab pou reponn.

Si mwen fè yon erè pandan y ap transfere dokiman, èske mwen ka vizite menm lyen pou korije li?

Pou "efase" enfòmasyon pou bay yo w ap bezwen fèmen ekran an si ou poko te frape "Soumèt." Ou p ap ka retounen nan lyen an ankò apre ou fin frape "Soumèt". Si ou bezwen èd pou re-louvri lyen an apre ou fin frape "Soumèt", ou ta dwe rele yon ajan pou ede ou.

Kisa ki pral pase apre lè reponn demann pou transfere nouvo dokiman?

Gen twa rezilta posib si ou resevwa demann pou bay plis enfòmasyon:

  • Si ou pa fè anyen, kontestasyon ou gen nan moman an pral rete ak estati kontestasyon, epi ou pral jis bezwen tann pou yo pwograme kontestasyon an.
  • Si ou transfere dokiman ki nesesè yo san pwoblèm epi dokiman sa yo pwouve idantite ou, yo pral apwouve ou pou jwenn avantaj yo, epi y ap anile kontestasyon an.
  • Si nouvo dokiman yo toujou pa ase, ou pral resevwa yon nouvo detèminasyon ki refize reklamasyon an. Yo pral anile kontestasyon ou an, epi ou pral oblije konteste kont nouvo detèminasyon an.

Èske mwen pral resevwa yon konfimasyon lè mwen resevwa dokiman transfere mwen yo?

Wi. Ou pral resevwa konfimasyon sou ekran an ki di yo te soumèt repons pou bay enfòmasyon sou verifikasyon idantite ou a. Anplis, ou pral resevwa yon nimewo referans ki konfime ou te transfere dokiman yo.

Si dokiman verifikasyon idantite mwen transfere yo pa ase, pa ki mwayen yo pral di mwen sa?

Si nouvo dokiman yo pa ase, ou pral resevwa yon nouvo lèt detèminasyon ki ba ou nouvo dwa pou konteste.

Konbyen tan l ap pran pou yo bay yon nouvo detèminasyon?

Li ka pran jiska de semèn apati dat ou soumèt dokiman ou yo pou yo ba ou yon nouvo detèminasyon.

Contact   for Nouvo enstriksyon PUA pou verifikasyon idantite yo

Online

To access PUA application online: Log in as a claimant 

Phone

Open 8:30 a.m.–4:30 p.m., Monday–Friday. Multilingual call agents are available.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback