News

News  MIZAJOU: Massachusetts debouse lajan pou Benefis Asistans Pèt Salè pou Moun ki Fè demann Asistans pou Chomaj Pandemi

9/03/2020
  • Department of Unemployment Assistance
  • Executive Office of Labor and Workforce Development
  • Massachusetts Emergency Management Agency

Boston, MAYo prevwa debouse lajan pou benefis estanda pou moun ki fè demann pou asirans chomaj nan dat oswa avan 15 Septanm 2020 an

Depatman Asistans Chomaj Massachusetts la (DUA) te kòmanse debouse lajan pou benefis Asistans Pèt Salè (LWA) pou moun ki fè demann pou Asistans Chomaj Pandemi (PUA), ki pral resevwa benefis yo apati 2 septanm 2020 an. Yo prevwa depoze lajan nan kont moun ki fè demann pa pita pase Samdi 5 Septanm lan. Pou moun ki kalifye pou LWA atravè pwogram asistans chomaj estanda atravè sit entènèt UI a, yo prevwa debouse lajan pou benefis yo nan dat oswa avan 15 Septanm 2020 an.

Ajans Jesyon Ijans Federal la (FEMA) te reseman apwouve Demann Commonwealth la pou li resevwa yon sibvansyon pou li peye yon benefis chomaj siplemantè chak semèn pou yon peryòd limite bay moun ki fè demann yo nan kad pwogram federal Asistans Peman Siplemantè pou Pèt Salè yo (LWA) pou semèn ki fini nan dat Premye Out 2020 ansanm ak 15 Out 2020 an. Ajans Jesyon Ijans Massachusetts la (MEMA) te soumèt aplikasyon an, an kolaborasyon avèk Depatman Asistans Chomaj la (DUA). Yo voye yon aplikasyon siplemantè pou semèn 22 Out 2020 an bay FEMA epi Depatman Asistans Chomaj Massachusetts la ap ret tann revizyon nan men FEMA.

Konfòmeman ak otorizasyon ki soti nan FEMA, sibvansyon an pral finanse yon peman 300 dola siplemantè chak semèn pou moun ki kalifye pou omwen 100 dola nan benefis chomaj chak semèn yo pou peryòd 3 semèn yo k ap fini nan dat Premye Out 2020, 8 Out 2020 ansanm ak 15 Out 2020. Depatman Asistans Chomaj Massachusetts la kontinye ap travay sou ekzijans teknolojik ak komèsyal nesesè pou pwogram sa a epi li prevwa pou li kapab founi byen vit lajan pou dat pase yo bay demandè ki kalifye yo nan semèn k ap vini la yo. Anpil nan moun ki fè demann k ap resevwa benefis aktyèlman pa bezwen fè anyen paske Commonwealth la pral otomatikman ajoute LWA (Asistans Pèt Salè) nan peman benefis chak semèn pou dat ki te deja pase ke yo espesifye nan sibvansyon an.

  • Department of Unemployment Assistance 

    DUA oversees the unemployment insurance (UI) program, which provides temporary income assistance to eligible workers in Massachusetts. DUA also determines and collects employer contributions to the UI program. To report fraud or get help with your claim, call Unemployment Customer Assistance at (877) 626-6800.
  • Executive Office of Labor and Workforce Development  

    EOLWD manages the Commonwealth’s workforce development and labor departments to ensure that workers, employers, and the unemployed have the tools and training needed to succeed in the Massachusetts economy.
  • Massachusetts Emergency Management Agency 

    Massachusetts Emergency Management Agency ensures the state is prepared to withstand, respond to and recover from all types of emergencies and disasters.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback