Rapòte yon fwòd benefis chomaj

Si w kwè ke yon moun itilize idantite w pou l ka fosman reklame benefis chomaj, aprann kijan ou ka rapòte fwòd la ak kisa pou fè pou pwoteje tèt ou.

Table of Contents

Kòman ou ka rapòte yon fwòd benefis chomaj

Pi gwo priyote Depatman Asistans Chomaj la (DUA) se pwoteje moun ki fè demann chomaj yo epi asire l ke lajan ke yo debouse atravè sistèm lan al jwenn demann ki valab yo.

Antrepriz kriminèl, k ap itilize enfòmasyon pèsonèl moun ke yo te vòlè pa mwayen aksè ilegal yo te genyen nan tan ki sot pase yo nan sistèm done nasyonal yo, ap eseye depoze fo demann benefis chomaj atravè sistèm DUA a. Sa fè pati yon pwogram nasyonal fwòd chomaj.

Si w kwè ke yon moun te aplike pou benefis chomaj avèk enfòmasyon pèsonèl ou, itilize fòmilè sekirize pou rapòte fwòd ke nou genyen an pou avèti nou oswa rele sèvis alakliyantèl DUA a nan (877) 626-6800.

Pandan revizyon soumisyon Fòm pou Rapòte Fwod ou an, ekip Entegrite Pwogram DUA an pral endike sa sou reklamasyon ki te prezante nan non ou epi bloke reklamasyon an, sa ki pral sispann aktivite pou reklamasyon a. Anplisdesa, nou pral voye enfòmasyon sa a bay lapolis, pou yo fè envestigasyon sou manigans fwod pou alokasyon chomaj nasyonal. 

Ekip Entegrite Pwogram DUA an pral travay sou fwod ki deklare an pou asire li ke si gen peman ki te fè deja, yo p ap deklare ofisyèlman kòm revni ou touche eppi yo pa rapòte yo bay IRS sou Fòm 1099-G nan fen ane sivil la pou deklarasyon taks. Si ou deja resevwa yon 1099-G an rapò ak reklamasyon fwòd sa a, nou pral revwa demand ou epi n ap voye ba w yon lòt Fòm 1099-G ki korije. Epitou, reklamasyon fwod la p ap enpakte kapasite w pou touche alokasyon chomaj yo, si pi devan ou bezwen resevwa avantaj chomaj epi nou p ap faktire anplwayè w lan okenn chaj (si sa aplikab).

Si w kwè ou se yon viktim yon fwòd

Si ou kwè ke yo te vòlè idantite w epitou yo te fè yon fo demann chomaj sou non w, men kèk mezi ou ka pran pou pwoteje tèt ou: 

  1. Ranpli yon rapò polis nan depatman polis nan zòn ou an. Mande pou yo ba w yon kopi rapò a pou ka bay kreyansye yo ansanm ak ajans kredi yo. 
  2. Chanje modpas adrès imèl ou, kontanbank ou ansanm ak lòt kont pèsonèl ou. 
  3. Fè yon lis konpayi kredi kat, bank ak lòt enstitisyon finansye kote w ap travay. Di yo ke w se yon viktim vòl idantite epi mande yo pou yo mete yon alèt fwòd sou kont ou a. 
  4. Chache jwenn yon kopi rapò kredi w lan epi konteste tout fo tranzaksyon. Ou kapab mande rapò kredi w yo sou entènèt la nan men 3 pi gwo ajans evalyasyon kredi (Equifax, Experian, and Transunion) oswa lè w rele nan (877) 322-8228.  
  5. Mete yon konjelasyon nan kredi w avèk 3 pi gwo ajans evalyasyon kredi yo. Rele chak nan ajans ki evalye kredi yo nan nimewo telefòn sa yo oswa vizite sit entènèt pou ka fèmen kredi w la. 
  6. Mete yon alèt fwòd sou dosye kredi w la. Ou ka fè sa lè w sèlman kontakte yon sèl nan ajans kredi yo pou ka mete yon alèt pou touletwa ajans yo. 
  7. Pran nòt sou tout konvèsasyon epi konsève kopi tout dosye 

Idantifye fwòd chomaj

DUA pran demann fwòd trè oserye epi n ap travay an etwat kolaborasyon avèk ajans fòsdelòd nan Eta a ansanm ak ajans fòsdelòd federal yo. Nou vle asire w ke pa pagen okenn prèv ke te yon aksè ilegal nan sistèm done Eta a. Pwoteje enfòmasyon moun k ap fè demann yo se pi gwo priyorite nou. 

Ou ka resevwa mesaj ki gen rapò ak yon fo demann nan men DUA pa mwayen SMS, imèl, oswa lèt.  

Men kèk teknik eskwokri chomaj ki kouran pou siveye: 

Mande pou peye yon frè 

  • DUA pa pral janm mande pou peye yon frè pou ba w asistans ak demann ou an 

Ou dwe konnen sit entènèt fo yo

Verifye adrès sit entènèt ou sou li yo. Gen kèk moun ki eseye imite sit ofisyèl Massachusetts yo avèk non ki sanble.  

Imèl ak SMS 

  • DUA ka pataje enfòmasyon pa imèl ak SMS, men bagay sa yo pral toujou mennen w vè resous Mass.gov yo 
  • DUA pa pral janm mande w enfòmasyon pèsonèl tankou nimewo Sekirite Sosyal, oswa kontanbank oswa enfòmasyon kredi kat pa imèl oswa pa SMS 

Lyen ki itil

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback