Press Release

Press Release  Done sou moun ki gen rezidans nan Massachusetts e ki enplike nan ensidan sekirite mondyal MOVEit la

Moun te avèti e te ankouraje pou yo pran mezi pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl pa yo.
For immediate release:
8/15/2023
  • Executive Office of Health and Human Services

Media Contact   for Done sou moun ki gen rezidans nan Massachusetts e ki enplike nan ensidan sekirite mondyal MOVEit la

Cecille Joan Avila, Biwo egzekitif pou sèvis sante piblik e sèvis imen Responsab relasyon avèk medya yo

BOSTONBOSTON — Ayè, UMass Chan Medical School (UMass Chan), kòmanse avèti plis pase 134,000 moun ki enskri aktyèlman oubyen ki te enskri anvan nan sèten pwogram deta pou di yo enfòmasyon pèsonèl yo te enplike dènyèman nan yon ensidan sou sekirite done nan men yon sosyete tyè. Ensidan sa a te fè pati yon ensidan mondyal sou sekirite done ki gen pou wè ak yon lojisyèl transfè fichye ki rele MOVEit, e ki gen yon enpak sou ajans gouvènmantal federal e deta, sosyete pou sèvis finansyè, fon pansyon, e anpil lòt antrepriz e òganizasyon san bi likratif. Pa gen okenn sistèm UMass Chan oubyen sistèm deta ki te konpwomèt nan ensidan sa a. Moun ki afekte yo resevwa yon avi pa lapòs e y ap resevwa apèl telefonik, mesaj tèks, e imèl nan mezi sa posib. Tout moun ki resevwa yon avi ankouraje pou yo pran mezi pou pwoteje enfòmasyon yo, sa gen ladan siveyans etadkont finansyè e enskri nan yon siveyans kredi e pwoteksyon sou vòl idantite gratis ki ofri bay moun ki te gen sèten enfòmasyon delika ki enplike nan ensidan an.

UMass Chan founi sèvis bay Executive Office of Health and Human Services (EOHHS) epitou pou MassHealth, State Supplement Program (SSP), Family Resource Centers (FRC), Executive Office of Elder Affairs (EOEA) e Aging Services Access Points (ASAP). Moun ki afekte yo se moun ki nan yon sou-ansanm moun k ap patisipe aktyèlman oubyen ki te patisipe dènyèman nan pwogram sa yo.

Se jedi premye jen 2023 UMass Chan vin aprann sou feblès MOVEit e l korije tousuit feblès la, l kominike avèk fòs delòd, l kòmanse yon ankèt e l travay pou idantifye moun ki gen enfòmasyon yo ki te enplike. UMass Chan idantifye dosye ki te gendwa sijè nan akizisyon ki pa otorize a alasuit defo nan sekirite MOVEit la. Jedi 27 jiyè 2023, UMass Chan detèmine sèten nan dosye sa yo te gen enfòmasyon ki konsène moun ki resevwa sèvis nan men EOHHS.

Tandiske enfòmasyon ki enplike nan ensidan sou sekirite done a varye de moun an moun, li te gen non avèk youn oubyen plis nan enfòmasyon sa yo :

  • Dat nesans,
  • Adrès pou resevwa kourye lapòs,
  • Enfòmasyon medikal pwoteje, sètadi : enfòmasyon sou dyagnostik oubyen tretman, enfòmasyon sou preskripsyon, non founisè swen, dat sèvis yo resevwa, enfòmasyon sou reklamasyon, nimewo ID manm nan asirans maladi, e lòt enfòmasyon ki an rapò avèk asirans maladi.
  • Nimewo sekirite sosyal,
  • Enfòmasyon sou kont bankè

Se patisipan (sa gen ladan destinatè, lòt moun nan kòkay la e reprezantan otorize) nan pwogram sipleman deta (State Supplement Program, SSP), manm nan MassHealth Premium Assistance, patisipan nan MassHealth Community Case Management, e konsomatè pwogram swen lakay Executive Office of Elder Affairs (EOEA) e Aging Services Access Points (ASAP) ki te touche prensipalman. Si w pa patisipe nan youn nan pwogram sa yo, pa gen anpil chans pou done ou yo te ekspoze.

 

Depi nan madi 15 out 2023, moun ki te enfòmasyon yo enplike kòmanse resevwa lèt delapa Commonwealth of Massachusetts e UMass Chan. Lèt la eksplike ki done te enplike pou chak moun, mezi ki pran alasuit ensidan MOVEit la e detay sou ki mezi moun ka pran pou pwoteje enfòmasyon yo.

Nou ankouraje moun ki afekte yo rete veyatif e revize tout etadkont bankè. Si w wè chanjman oubyen aktivite ou pa t otorize, se pou w kominike avèk enstitisyon finansyè ou a tousuit. Pran mezi pou pwoteje kont ou yo nan kominike tousuit avèk bank, kowoperatif kredi (credit union), oubyen enstitisyon finansyè ou yo nan sonnen nimewo telefòn ki make sou do kat bank ou a oubyen nan ale wè yo pou w enfòme yo sou enplikasyon w nan ensidan sekirite sa a.

UMass Chan ap ofri sèvis gratis pou okipe siveyans kredi e pwoteksyon kont vòl didantite bay moun kote nimewo sekirite sosyal e/oubyen enfòmasyon finansyè yo te enplike nan ensidan an.

Si w bezwen plis enfòmasyon, gade tanpri anliy swa nan mass.gov/MOVEitIncident oswa nan umassmed.edu. Moun ki resevwa avètisman ki di done yo te enplike e ki vle poze lòt kesyon gendwa sonnen 855-862-7769, lendi pou vandredi, ant 9:00 a.m. jouk 5:00 p.m. è zòn ès peyi a.

 

Kontak medya:

Cecille Joan Avila, Biwo egzekitif pou sèvis sante piblik e sèvis imen

Responsab relasyon avèk medya yo

Selilè: 857-301-0508

Imèl: Cecille.J.Avila@mass.gov

 

Sarah Willey, UMass Chan Medical School

Responsab relasyon avèk medya yo

Selilè: 774-284-0186

Imèl: sarah.willey@umassmed.edu

 

###

Media Contact   for Done sou moun ki gen rezidans nan Massachusetts e ki enplike nan ensidan sekirite mondyal MOVEit la

  • Executive Office of Health and Human Services 

    The Executive Office of Health and Human Services is comprised of 11 agencies and the MassHealth program. EOHHS seeks to promote the health, resilience, and independence of the nearly one in every three residents of the Commonwealth we serve. Our public health programs touch every community in the Commonwealth.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback