In-Person Family Time Guidance for Families - Haitian Creole

Interim guidance for families on in-person family time visits in Haitian Creole.

Table of Contents

Direktiv pou pase Tan an Fanmi pou Fanmi yo

Lè Tan an fanmi fèt an-pèson (sipèvize, san sipèvizyon ak nan lannwit), li enpòtan pou swiv direktiv sa a pou diminye risk pwopagasyon COVID-19 ak asire sekirite tout moun kap patisipe. Li te devlope baze sou rekòmandasyon aktyèl yo ki soti nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ak Depatman Sante Piblik Massachusetts (DPH).

Pou kounye a vizit yo ka fèt sèlman nan anviwonman anndan e yo limite nan 6 patisipan an total.

Tanpri sonje, okenn moun pa ta dwe patisipe nan tan fanmi an-pèson si yo:

  • Teste pozitif oswa yo te dyagnostike pozitiv klinikman pou COVID-19
  • Te an kontak pwòch avèk yon moun ki genyen COVID-19 nan dènye 14 jou ki sot pase yo
  • Montre sentòm COVID-19
  • Si nenpòt patisipan gen yon fyèv, yo pa ta dwe patisipe

Egzijans Sekirite pou Tan Fanmi an-pèson

Mete yon Mask
  • Tout patisipan yo dwe mete yon kouvèti figi an twal oswa yon mask chirijikal jetab pandan tan an-fanmi. Sa a ekskli timoun ki anba laj 2 zan, nenpòt moun ki gen difikilte pou respire, ak nenpòt moun ki pa kapab retire kouvèti a san asistans.
  • Jèn timoun yo ka reziste mete yon mask, kriye, rele, oswa rale l soti paske yo pè oswa yo gen malèz. Jèn yo ka pa konprann enpòtans pou mete yon mask. Li enpòtan pou rekonèt sa ka rive ak planifye sou fason pou rete ansekirite pandan wap kenbe distans lè sa a rive. Tan an fanmi pa p anile akoz yon timoun oswa jèn ki pa mete yon mask.
  • Si ou pa gen yon mask, yap ba ou youn lè ou rive pou Tan an Fanmi.

Tout patisipan yo nan Tan an fanmi ta dwe swiv direktiv CDC sou itilizasyon kouvèti figi an twal oswa jetab, sa ki gen ladan:

  1. Lave oswa dezenfekte men anvan ou mete mask ou.
  2. Asire ke nen ak bouch ou kouvri.
  3. Kwoke pasan an bò kote zòrèy ou oswa mare l byen.
  4. Evite manyen figi w ki kouvri oswa rale l desann pandan itilizasyon.
  5. Retire kouvèti figi a san ou pa manyen zye, nen, oswa bouch ou epi lave men w touswit apre ou fin retire l.
  6. Lave kouvèti figi ki kapab re-itilize ant itilizasyon yo epi asire li seche toutafè anvan ou sèvi avèk li ankò.
Rete nan kay si nenpòt moun malad
  • Si ou malad oswa pitit ou oswa jèn nan malad, nou pral bezwen pou nou repwograme Tan Fanmi an. Enfòme travayè sosyal ou si ou pa santi w byen.
  • Tout adilt yo ki pral nan Tan Fanmi an ta dwe kontwole tèt yo epi rete lakay yo si yo malad.
  • OKENN MOUN pa ta dwe patisipe si yo genyen nenpòt nan sentòm sa yo: tous, fyèv (100.4°F oswa piwo) souf kout, frison, doulè nan misk, maltèt, malgòj, oswa nouvo pèt gou oswa sant.
  • Si nenpòt moun lakay ou demontre sentòm maladi pandan tan fanmi an, vizit la dwe fini.
  • Si nenpòt moun lakay ou demontre nenpòt nan sentòm yo ki endike anwo a, rele founisè swen sante w. Si ou pa gen yon founisè, rele 2-1-1 pou w jwenn youn nan zòn ou an.
  • Nenpòt moun ki dyagnostike avèk COVID-19 oswa kap rete tann rezilta tès yo, ta dwe izole tèt yo, jiskaske:
    • Twa jou konplè fin pase san fyèv EPI ou pa itilize medikaman pou redwi fyèv,
    • Lòt sentòm yo te amelyore, ak omwen 7 jou te pase depi sentòm yo te premye parèt.
  • Anplis, timoun ak adilt yo ki nan kategori risk elve ki annaprè a ka bezwen pran lòt prekosyon oswa patisipe nan vizit vityèl sèlman: moun ki genyen >65 ane, yo imino-deprime oswa sou medikaman imino-sipresan, gen kondisyon medikal grav tankou maladi kè oswa maladi kwonik poumon, ak fi ansent.

Prepare pou Tan Fanmi ak sa pou prevwa

Pale avèk Travayè Sosyal ou
  • Li enpòtan pou w rete an kontak avèk Travayè sosyal ou pandan wap prepare pou Tan an Fanmi. Travayè sosyal ou ka ede w nan kowòdone Tan Fanmi e li ka reponn keyson ou ka genyen yo.
Prepare pou Tan Fanmi

Planifikasyon Aktivite yo

Lè wap planifye Tan an Fanmi, panse sou aktivite ki gen laj apwopriye ki kapab fèt deyò, nan yon distans oswa separeman men ansanm tankou:

  • Bat balon yo o Desine avèk lakrè twotwa
  • Fè yon devinèt oswa jwe yon jwèt ansanm men gen sèlman yon moun kap manyen pyès yo
  • Al fè yon ti mache lè sa posib pou pratike distans fizik
  • Kolorye ansanm, men sou diferan paj, oswa liv yo

Redwi Pwopagasyon Mikwòb yo

Si ou genyen yo, ou ka pote founiti tankou:

  • Sèvyèt dezenfektan an papye
  • Dezenfektan pou men o Gan (medikal nivo nitril oswa latèks)
  • Twal pou kouvri figi oswa mask chirijikal jetab (si yon patisipan pa gen yon mask, yo pral ba li youn)

Pote Manje

  • Tout ti goute ak bwason yo ta dwe nan resipyan endividyèl kidonk yo pa fè pataj. Yo pa ta dwe pataje manje.
  • Paran yo ta dwe lave men oswa itilize dezenfektan pou men anvan yo bay timoun manje.
  • Yo ta dwe itilize kiyè oswa fouchèt plastik epi jete yo apre vizit la.
  • Timoun ak jèn pa p anmezi pou pote manje avèk yo apre vizit la.
Yo pral mande w kesyon depistaj

Nan fason pou asire sekirite tout moun kap patisipe, yo pral mande w kesyon depistaj sa yo nan jou anvan Tan Fanmi an pwograme ak ankò lè ou rive nan lokal Tan Fanmi an:

  • Èske ou te teste pozitif pou COVID-19 oswa ou te an kontak pwòch avèk nenpòt moun ki genyen COVID-19 nan dènye 14 jou yo?
  • Èske ou te eksperimante nenpòt nan sentòm sa yo nan dènye jou yo: tous, fyèv, souf kout, frison, doulè nan misk, maltèt, malgòj ak nouvo pèt gou oswa sant?
  • Èske ou gen yon fyèv nan 100.4° oswa piwo? Pran tanperati w anvan ou ale.

Si ou reponn wi nan nenpòt kesyon ki anwo a, ou pa ka vini an-pèson nan tan fanmi an. Travayè sosyal ou an pral travay avèk ou pou pwograme yon vizit vityèl jiskaske ou ka patisipe nan vizit an-pèson ankò.

Planifye pou w Deyò
  • Nan fason pou redwi pwopagasyon nan COVID-19, Tan Fanmi pral fèt deyò nan espas ouvè yo pou yon pwochen tan. Tanpri planifye ak abiye komsadwa.
  • Lokal vizit yo ka limite aksè nan etablisman twalèt yo.
  • Anplis, move tan ka lakoz yo repwograme yon vizit. Li pral enpòtan pou rete an kontak avèk travayè sosyal ou lè tanperati a ka afekte Tan Fanmi.
Mete yon Mask ak Kenbe Distans Fizk lè sa posib
  • Tanpri fè tout sa ou konnen pou pratike direktiv sou distans fizik pandan Tan Fanmi.
  • Nou reyalize sa a ka pa toujou posib, espesyalman si ou gen yon jèn timoun. Nou konprann ke nou pral vle konfòte pitit ou si yo pè oswa yo angwase epi montre yo ou renmen yo. Panse sou fason ou ka fè sa pandan wap pwoteje tèt ou ak timoun tankou:
    • Evite kontak pwòch fas-a-fas ak anbrase
    • Asire patisipan yo anwo a ki gen plis pase laj 2 zan kap mete mask
    • Mete kouch rad, ou kapab retire apre vizit la,
    • Mare cheve long yo nan yon ponytail oswa lòt chiyon • Itilize dezenfektan pou men oswa lave men apre yon kontak pwòch
    • Mete atik kontamine yo nan yon sak an plastik oswa imedyatman lave men yo nan yon machin a lave

Referans pou dokiman sa a SANT POU KONTWÓL AK PREVANSYON MALADI [CENTERS FOR DISEASE CONTROL AND PREVENTION]:

• https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/

• https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/ned-extra-precautions/people-at-higher-risk.html

• https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/if-you-are-sick/steps-when-sick.html

• https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/if-you-are-sick/care-for-someone.html

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback