Konsènan pataje tès pozitif COVID-19 ou an
Si ou teste pozitif pou COVID-19, ou ka chwazi pou ede lòt moun lè w pataje rezilta anonim ou nan MassNotify.
Konsa lòt itilizatè MassNotify aprann ke yo te ekspoze a yon moun ki teste pozitif, byenke yo pa pral aprann idantite ou.
Gaye enfòmasyon sa yo ja ede sispann gaye viris la.
Etap 1
Rete lakay ou pou kont ou si ou teste pozitif pou COVID-19:
- Rete lwen lòt moun. Rete lwen lòt moun lakay ou.
- Ale nan mass.gov/isolate pou plis enfòmasyon sou kòman pou izole san danje epi pou ede sispann gaye viris la.
- Otorite sante piblik lokal ou a kapab tou endepandamman kontakte ou sou rezilta tès pozitif ou an.
Etap 2
San bay non ou pataje rezilta tès pozitif COVID-19 ou a ak lòt itilizatè MassNotify:
- Si ou teste pozitif pou COVID-19, Depatman Sante Piblik Massachusetts (DPH) ap voye ba ou yon mesaj tèks ak yon lyen ou ka chwazi pou itilize pou anonimman pataje rezilta tès pozitif ou a ak lòt itilizatè MassNotify.
- Si ou pa t resevwa yon mesaj tèks avèk yon lyen verifikasyon, lyen ou a te ekspire oswa ou te teste pozitif avèk yon tès adomisil, ou kapab fè demann pou youn dirèkteman nan sistèm MassNotify la:
- Si ou sou yon iPhone (ki disponib sou lojisyèl iOS, vèsyon 14.8 ak plis): Ale sou Paramèt yo, epi apresa nan seksyon Ekspozisyon Notifikasyon. Klike sou “Pataje yon dyagnostik pou COVID-19”, apiye sou lyen ki anba ekran an ki di “Ou pa t resevwa yon kòd?”, epi suiv enstriksyon yo pou fè demann lyen pou verifikasyon ou a.
- Sou yon Android: Ale nan seksyon Google ki nan Paramèt yo, apresa ale nan seksyon Notifikasyon pou Ekspozisyon an. Klike sou “Pataje yon dyagnostik pou COVID-19”, apiye sou kontinye ki anba ekran an, epi apresa tape sou “Mwen bezwen yon kòd”. Suiv enstriksyon yo pou fè demann lyen pou verifikasyon ou a.
- Lè ou anonimman pataje rezilta tès ou a ak lòt itilizatè yo, itilizatè MassNotify ki te pre ou pandan 14 jou ki sot pase yo ka resevwa yon alèt sou ekspoze posib yo nan COVID-19. Yo pa pral di yo ki moun ki teste pozitif oswa ki kote ekspoze potansyèl la ta ka pase.
- Siy sa yo ede moun ki te ekspoze tèt yo a fè tès la epi rete an sante pou ede yo kwape pwopagasyon viris la.
- Si ou ap rankontre pwoblèm teknik avèk MassNotify oswa si ou ap itilize yon ansyen vèsyon lojisyèl la sou estmafòn ou a,ou kapab voye yon imèl bay sistem asistans nou an ki se massnotifyhelp@mass.gov
Pou plis enfòmasyon, ale nan mass.gov/massnotify.