Ensidan sou sekirite mondyal done nan MOVEit

Enfòmasyon pou moun ki gen rezidans nan Massachusetts

Kominike: Done sou moun ki gen rezidans nan Massachusetts e ki enplike nan ensidan sekirite mondyal MOVEit la

Moun te avèti e te ankouraje pou yo pran mezi pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl pa yo.

Table of Contents

Pèspektiv jeneral

Gen plis pase 134,000 moun ki gen rezidans nan Massachusetts ki enskri aktyèlman nan sèten pwogram e sèvis deta (oubyen ki te enskri nan dènye lane yo) e ki wè enfòmasyon pèsonèl pa yo enplike nan yon dènye ensidan mondyal sou sekirite done nan men yon sosyete tyè.

Depi nan lendi 14 out 2023, moun ki afekte yo resevwa yon avi pa lapòs e y ap resevwa tou apèl telefonik, mesaj tèks, e imèl nan mezi sa posib.

Sa fè pati yon gwo ensidan mondyal sou sekirite done ki gen pou wè ak yon lojisyèl transfè fichye ki rele MOVEit e sa te gen yon enpak sou ajans gouvènmantal federal e deta, sosyete pou sèvis finansyè, fon pansyon, e anpil lòt antrepriz e òganizasyon san bi likratif. Pa gen okenn sistèm UMass Chan oubyen sistèm deta ki te konpwomèt nan ensidan sa a.

University of Massachusetts Chan Medical School (UMass Chan) founi sèvis bay Biwo egzekitif pou sèvis sante piblik e sèvis imen (Executive Office of Health and Human Services, EOHHS). MOVEit te itilize pou fè transfè fichye nan kad sèvis UMass Chan founi sèten ajans e pwogram EOHHS.

Se patisipan (sa gen ladan destinatè, lòt moun nan kòkay la e reprezantan otorize) nan pwogram sipleman deta (State Supplement Program, SSP), manm nan MassHealth Premium Assistance, patisipan nan MassHealth Community Case Management, e konsomatè pwogram swen lakay Executive Office of Elder Affairs (EOEA) e Aging Services Access Points (ASAP) ki te touche prensipalman. Si w pa patisipe nan youn nan pwogram sa yo, pa gen anpil chans pou done ou yo te ekspoze.

Kijan m ka wè si enfòmasyon mwen yo te enplike?

Depi nan madi 15 out 2023, moun kote enfòmasyon yo te enplike ap kòmanse resevwa lèt delapa Commonwealth of Massachusetts e UMass Chan.

Se patisipan (sa gen ladan destinatè, lòt moun nan kòkay la e reprezantan otorize) nan pwogram sipleman deta (State Supplement Program, SSP), manm nan MassHealth Premium Assistance, patisipan nan MassHealth Community Case Management, e konsomatè pwogram swen lakay Executive Office of Elder Affairs (EOEA) e Aging Services Access Points (ASAP) ki te touche prensipalman. Si w pa patisipe nan youn nan pwogram sa yo, pa gen anpil chans pou done ou yo te ekspoze.

Kisa pou m fè si enfòmasyon mwen yo te enplike?

Si enfòmasyon ou yo te enplike, w ap resevwa yon lèt ki bay eksplikasyon sou ki done te enplike e ki mezi ou ka pran pou pwoteje enfòmasyon ou yo.

Nou ankouraje moun ki afekte yo rete veyatif e revize tout etadkont bankè. Si w wè chanjman oubyen aktivite ou pa t otorize, se pou w kominike avèk bank oubyen enstitisyon finansyè ou a tousuit. Pran mezi pou pwoteje kont ou yo nan kominike tousuit avèk bank, kowoperatif kredi (credit union), oubyen enstitisyon finansyè ou yo nan sonnen nimewo telefòn ki make sou do kat bank ou a oubyen nan ale wè yo pou w enfòme yo sou enplikasyon w nan ensidan sekirite sa a.

UMass Chan ap ofri sèvis gratis pou okipe siveyans kredi e pwoteksyon kont vòl didantite bay moun kote nimewo sekirite sosyal e/oubyen enfòmasyon finansyè yo te enplike nan ensidan an. Lèt w ap resevwa a ap gen plis detay, tèlke mezi pou w enskri nan yon siveyans kredi e pwoteksyon sou vòl didantite.

Moun ki resevwa avètisman ki di done yo te enplike e ki vle poze lòt kesyon gendwa sonnen 855-862-7769, lendi pou vandredi, ant 9:00 a.m. jouk 5:00 p.m. è zòn ès peyi a.

Pouki UMass Chan enplike?

UMass Chan enplike poutèt yo founi sèvis bay EOHHS, epitou pou MassHealth, State Supplement Program (SSP), Family Resource Centers (FRC), Executive Office of Elder Affairs (EOEA) e Aging Services Access Points (ASAP).

Kisa MOVEit ye?

MOVEit se yon lojisyèl, yon sosyete ki rele Progress Software, ki gen lisans pou l fè transfè fichye.

MOVEit te itilize pou fè transfè fichye nan kad sèvis UMass founi sèten ajans e pwogram EOHHS.

Contact   for Ensidan sou sekirite mondyal done nan MOVEit

Phone

Lendi pou vandredi ant 09:00 a.m. jouk 05:00 p.m., zòn ès peyi a.

Date published: August 15, 2023

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback