- Department of Early Education and Care
Media Contact for Administrasyon Healey-Driscoll bay $15.5M pou sibvansyone Òganizasyon k ap ede Timoun Devlope, ak bay Resous pou Fanmi ki gen jèn timoun
Alana Davidson, Director of Communications

Leverett — Administrasyon Healey-Driscoll te anonse jodi a l ap bay 15.5 milyon dola pou Sibvansyone Kowòdone pou Angajman Familyal ak Kominotè (CFCE) bay 81 òganizasyon atravè Commonwealth ki bay ede Timoun devlope epi bay resous pou fanmi ki gen timoun piti. Komisè Edikasyon ak Swen preliminè Amy Kershaw ak Direktè Afè Riral Anne Gobi te vizite Bibliyotèk Leverett pou anonse sibvansyon yo epi tande fanmi yo dirèkteman sou difikilte ak opòtinite pou gadri timoun yo nan zòn riral yo, epi tou pou wè konsekans sibvansyon sa yo genyen sou amelyorasyon timoun yo ansanm ak devlopman e angajman familyal.
“Gouvènè Maura Healey di konsa, “Sibvansyon Kowòdone pou Angaje Fanmi ak Kominote a se yon zouti enpòtan pou elaji aksè ak bon jan kalite gadri abòdab, abòde kriz sante mantal jèn yo, epi bay opòtinite edikatif e kominotè pou fanmi ki nan kominote nan abri ijans yo. "Envestisman fon leta onivo sibvansyon pwogram tankou sa a pral ede fè eta nou an pi abòdab ak ekitab, konekte fanmi yo ak pwogram devlopmantal pou timoun ak aktivite ki angaje ki sipòte byennèt ak bezwen timoun nou yo ak fanmi yo."
“Gouvènè Adjwen Kim Driscoll di konsa, “Sibvansyon sa yo sipòte aksè ak edikasyon ak swen preliminè atravè sèvis yo òganize pou fanmi ak kominotè ki adrese bezwen devlopmantal, sosyal ak emosyonèl timoun piti ak fanmi yo. “Finansman an se pou lekòl lokal nan distri yo ak òganizasyon san bi likratif yo, ki mete aksan sou angajman pou n bay èd nou nan tibouk ak vil, ki nan Pittsfield rive Provincetown, pou satisfè bezwen rezidan yo epi fè Massachusetts yon kote ki pi abòdab epi ekitab pou viv, aprann, travay ak jwe.”
Anpil nan òganizasyon k ap resevwa sibvansyon Kowòdone pou Angajman Fanmi ak Kominote a se premye pwen kontak pou fanmi yo, pou yo kontakte yo epi konekte yo ak edikasyon lokal preliminè ak lòt sèvis ki disponib andeyò atravè lekòl leta yo, pwogram ki baze sou sant yo, Head Start, ak lòt pwogram gadri pou fanmi yo. Òganizasyon sa yo òganize bonjan aktivite ak resous ki ankouraje edikasyon paran ak angajman fanmi, pou adrese alfabetizasyon preliminè ak devlopman timoun, epi amelyore tranzisyon ant yon estrikti onivo edikasyon preliminè ak laswenyay, kay, ak lekòl pou timoun ki fenk fèt jiska laj sis an.
Anplis de sa, pwogram sa yo sipòte fanmi yo nan tibouk ak vil atravè Massachusetts, ki gen ladan yo kominote riral tankou Leverett, epi ranfòse kapasite kominote yo atravè manm konsèy CFCE ak kolaborasyon kominotè pou angaje ak sipòte fanmi yo. Plis pase mwatye nan 351 tibouk ak vil Massachusetts yo se kominote riral yo, epi koneksyon CFCE nan kominote ki pi piti sa yo ka ede fanmi yo simonte obstak epi sezi inik opòtinite nan kominote riral yo pandan y ap chèche edikasyon preliminè ak gadri pou pitit yo. Atravè aliyman entansyonèl onivo objektif, apwòch, ak politik, pwogram CFCE ankouraje kolaborasyon ant ajans ki sèvi timoun piti ak fanmi yo, kèlkeswa kote yo ye nan Eta Bay la.
“Sibvansyon sa yo sipòte bezwen tout fanmi an - garanti pi piti elèv nou yo gen aksè a sèvis ki sipòte byennèt yo, devlopman ideyal, ak preparasyon pou lekòl, pandan y ap ranfòse kapasite fanmi yo ak paran yo kòm premye pwofesè pitit yo,” Se sa Sekretè Edikasyon Patrick Tutwiler te di. "Finansman eta sa a pral non sèlman sipòte timoun nou yo, men tou se yon envestisman nan kominote lokal nou yo, ki pral mete pi piti elèv nou yo sou wout siksè lekòl ak lavi yo."
Byen bonè nan mwa sa a, Gouvènè Healey te deklare yon eta dijans nan Massachusetts akòz kantite fanmi migran k ap ogmante rapidman nan Commonwealth la ki bezwen abri ak sèvis, ki gen ladan anpil moun ki gen timoun piti. Rezo CFCE a se yon resous enpòtan nan kèk kominote ki bay asistans pou ijans, lè li kreye gwoup jwèt pou paran ak timoun andedan abri yo. Sa gen ladann pote jwèt, liv, ak lòt aktivite aprantisaj bay fanmi yo, sa ki pèmèt yo amize timoun yo ak bon jan kalite materyèl ki apwopriye pou devlopman, pandan y ap konekte ak lòt manm nan nouvo kominote yo. Administrasyon Healey-Driscoll ap chèche elaji efò sa a epi pwolonje sèvis gwoup jwèt pou plis fanmi k ap resevwa asistans pou ijans, epitou pou ogmante aksè a jesyon ka ak sèvis referans òganizasyon CFCE ka bay fanmi yo.
“Kolaboratè CFCE nou yo gen yon koneksyon pwofon ak kominote yo, yo bay sèvis vital pou reponn ak jèn timoun epi fanmi yo atravè Commonwealth la. Dènyèman, yo te ogmante e yo te vin yon sipò enpòtan pou kantite fanmi k ap grandi nan Massachusetts. "Pwogram yo ap fè tout sa yo kapab, tankou kreye gwoup jwèt ak espas ki kreye zanmitay timoun yo, epitou yo bay jesyon ka yo ak referans pou sipòte sante ak byennèt fanmi yo," Se sa Komisè Depatman Edikasyon Preliminè ak Swen Amy Kershaw te deklare. "Nou kontan pou nou bay $15.5 milyon sibvansyon pou kontinye sèvis enpòtan sa yo epi rekonèt patnè nou yo pou travay yo fè ak senpati ak dinyite."
Sibvansyon pou òganizasyon Familyal ak Angajman Kominotè (CFCE) yo:
Non ajans lan |
Vil/tibouk y'ap ede yo |
Prim Sibvansyon |
Ayer-Shirley Regional School District |
Ashby, Ayer, Dunstable, Groton, Pepperell, Shirley, Townsend |
$205,153 |
Berkshire County Head Start |
Pittsfield |
$152,289 |
Cape Cod Children’s Place |
Barnstable, Brewster, Harwich, Wellfleet, Chatham, Orleans, Yarmouth, Dennis, Provincetown, Eastham, Truro |
$367,965 |
Central Berkshire Regional School District |
Becket, Cummington, Dalton, Hinsdale, Peru, Washington, Windsor |
$122,488 |
Child Care of the Berkshires, INC. |
Adams, Cheshire, Clarksburg, Florida, Hancock, Lanesboro, Monroe, New Ashford, North Adams, Savoy, Williamstown |
$339,953 |
City of Attleboro |
Attleboro |
$164,540 |
City of Brockton |
Brockton |
$158,573 |
City of Cambridge |
Cambridge |
$263,815 |
City of Everett |
Everett |
$49,099 |
City of Fall River |
Fall River, Somerset, Westport |
$520,580 |
City of Framingham |
Framingham |
$142,846 |
City of Leominster |
Leominster |
$144,485 |
City of Lowell |
Lowell |
$303,175 |
City of Lynn |
Lynn, Nahant, Saugus |
$296,975 |
City of Medford |
Medford |
$179,344 |
City of Northampton |
Hadley, Northampton |
$133,724 |
City of Peabody |
Beverly, Middleton, Boxford, Peabody, Danvers, Swampscott, Marblehead, Topsfield, Salem |
$421,447 |
City of Somerville |
Somerville |
$358,320 |
City of Springfield |
Springfield |
$430,396 |
City of Westfield |
Westfield |
$63,555 |
City of Worcester |
Worcester |
$637,401 |
Collaborative for Educational Services |
Amherst, Belchertown, Chesterfield, Easthampton, Goshen, Granby, Hatfield, Monson, Palmer, Pelham, South Hadley, Southampton, Ware, Warren, West Brookfield, Westhampton, Williamsburg |
$505,629 |
Community Action, INC |
Amesbury, Georgetown, Groveland, Haverhill, Merrimac, West Newbury |
$136,807 |
Community Action Pioneer Valley |
Greenfield |
$131,095 |
Community Action Programs (Inter-City) |
Chelsea, Revere |
$201,535 |
Community Health Programs, INC |
Stockbridge, West Stockbridge, Great Barrington |
$82,630 |
Community Teamwork, INC |
Billerica, Chelmsford, Dracut, Tewksbury, Tyngsboro, Wilmington |
$140,665 |
Discovery Schoolhouse, INC |
Milton |
$45,700 |
Family Nurturing Center of Mass |
Boston |
$923,840 |
Frontier Regional School District |
Conway, Deerfield, Sunderland, Whately |
$51,205 |
Gill Montague Regional School District |
Gill, Montague |
$63,704 |
Greater Lawrence Community |
Andover, Lawrence, Methuen, North Andover |
$320,303 |
Hamilton-Wenham Regional School District |
Essex, Hamilton, Manchester, Wenham |
$69,655 |
Hilltown Comm Health Centers, INC |
Blandford, Chester, Huntington, Middlefield, Montgomery, Russell, Worthington |
$151,918 |
Holyoke Chicopee Springfield |
Chicopee, Holyoke |
$311,505 |
Justice Resource Institute, INC |
Acton, Bedford, Boxboro, Carlisle, Concord, Harvard, Lincoln, Littleton, Maynard, Sudbury, Westford |
$216,163 |
Making Opportunity Count, INC |
Ashburham, Barre, Fitchburg, Gardner, Hardwick, Hubbardston, New Braintree, Oakham, Templeton, Westminster |
$414,439 |
Marthas Vineyard Community |
Aquinnah, Chilmark, Edgartown, Oak Bluffs, Tisbury, West Tisbury |
$109,301 |
MetroWest YMCA |
Ashland, Holliston, Hopkinton, Natick |
$128,904 |
Mohawk Trail Regional School |
Ashfield, Buckland, Charlemont, Colrain, Hawley, Heath, Plainfield, Rowe, Shelburne Falls |
$94,500 |
Nashoba Regional School District |
Bolton, Lancaster, Stow |
$45,846 |
New Salem/Wendell Union School |
Erving, Leverett, New Salem, Shutesbury, Wendell |
$117,325 |
Newton Community Service Center DBA Family Access |
Arlington, Burlington, Lexington, Needham, Newton, Waltham, Wayland, Wellesley, Weston, Woburn |
$398,329 |
Old Rochester Regional School District |
Marion, Mattapoisett, Rochester |
$75,468 |
Pathways for Children, INC |
Rockport, Gloucester |
$71,331 |
People Acting in Community |
Acushnet, Berkley, Dartmouth, Dighton, Fairhaven, Freetown, Lakeville, New Bedford, Rehoboth, Seekonk, Swansea |
$411,432 |
Pioneer Valley Regional School District |
Bernardston, Leyden, Northfield, Warwick |
$45,885 |
Quincy Community Action Programs, INC |
Quincy, Braintree |
$272,773 |
Self Help, INC |
Abington, Avon, Canton, Dedham, East Bridgewater, Easton, Foxboro, Franklin, Hanson, Holbrook, Mansfield, Middleboro, Norfolk, North Attleboro, Norton, Plainville, Randolph, Rockland, Sharon, Stoughton, West Bridgewater, Whitman, Wrentham |
$623,739 |
South Middlesex Opportunity Council, INC |
Mendon, Northbridge, Upton, Uxbridge |
$86,241 |
South Shore Comm Action |
Carver, Hanover, Pembroke, Cohasset, Hingham, Plympton, Duxbury, Kingston, Scituate, Halifax, Norwell |
$148,023 |
Spencer Child Care |
East Brookfield, Paxton, Sterling, Holden, Princeton, Leicester, Rutland, North Brookfield, Spencer |
$95,498 |
Town of Bourne |
Bourne |
$120,700 |
Town of Brimfield |
Brimfield, Brookfield, Holland, Sturbridge, Wales |
$59,288 |
Town of Brookline |
Brookline |
$139,874 |
Town of Clinton |
Clinton, West Boylston |
$157,330 |
Town of Falmouth |
Mashpee, Falmouth |
$175,665 |
Town of Hull |
Hull |
$47,690 |
Town of Ipswich |
Ipswich |
$37,415 |
Town of Lee |
Alford, Lenox, Otis, Egremont, Monterey, Richmond, Tyringham, Mount Washington, Sandisfield, Lee, New Marlborough, Sheffield |
$134,972 |
Town of Ludlow |
Agawam, East Longmeadow, Ludlow, Granville, Southwick, Hampden, Tolland, Longmeadow, Wilbraham |
$238,487 |
Town of Lunenburg |
Lunenburg |
$72,737 |
Town of Marshfield |
Marshfield |
$45,700 |
Town of Milford |
Bellingham, Hopedale, Milford |
$95,945 |
Town of Nantucket |
Nantucket |
$167,905 |
Town of Norwood |
Norwood |
$46,321 |
Town of Plymouth |
Plymouth |
$180,016 |
Town of Sandwich |
Sandwich |
$45,700 |
Town of Wakefield |
Lynnfield, Stoneham, Malden, Melrose, Wakefield, North Reading, Winchester, Reading |
$268,617 |
Town of Walpole |
Dover, Sherborn, Medfield, Walpole, Medway, Millis |
$79,814 |
Town of Wareham |
Wareham |
$101,924 |
Town of Watertown |
Belmont, Watertown |
$178,205 |
Town of West Springfield |
West Springfield |
$51,891 |
Town of Westwood |
Westwood |
$45,700 |
Town of Weymouth |
Weymouth |
$88,255 |
Town of Winchendon |
Winchendon |
$131,322 |
Town of Winthrop |
Winthrop |
$45,700 |
Triton Regional School District |
Newbury, Newburyport, Rowley, Salisbury |
$65,165 |
Triumph, INC. |
Bridgewater, Raynham, Taunton |
$247,964 |
Valuing Our Children, INC. |
Athol, Royalston, Orange, Petersham, Phillipston |
$138,054 |
YMCA of Central Massachusetts |
Auburn, Berlin, Blackstone, Boylston, Charlton, Douglas, Dudley, Grafton, Hudson, Marlborough, Millbury, Millville, Northborough, Oxford, Shrewsbury, Southbridge, Southborough, Sutton, Webster, Westborough |
$383,323 |
###