News

News  Massachusetts Apwouve Sibvansyon pou Salè Moun Pèdi

Commonwealth ap resevwa 3 semèn nan finansman federal FEMA pou peye yon lòt $300 alokasyon pou chomaj
8/26/2020
  • Department of Unemployment Assistance
  • Executive Office of Labor and Workforce Development
  • Massachusetts Emergency Management Agency

Boston — Ajans Federal pou Jesyon Ijans (F Massachusetts Emergency Management Agency, FEMA) te apwouve aplikasyon Massachusetts pou resevwa finansman sibvansyon pou peye yon alokasyon chomaj anplis chak semèn pou moun ki fè reklamasyon yo anba Pwogram Federal Asistans Peman Siplemantè (Lost Wages Supplemental Payment Assistance, LWA). Ajans pou Jesyon Ijans nan Massachusetts (MEMA) te soumèt aplikasyon an nan fen semèn pase a, nan yon kowòdinasyon ak Depatman Asistans pou Chomaj (Department of Unemployment Assistance, DUA).

Selon otorizasyon FEMA, sibvansyon an pral finanse yon lòt $300 nan peman chak semèn bay moun ki kalifye pou twa semèn ki fini nan 1ye out, 8 out, ak 15 out 2020 yo. Depatman Asistans pou Chomaj nan Massachusetts te deja kòmanse travay sou egzijans teknoloji ki nesesè pou pwogram sa a epi li prevwa li pral kapab bay finansman yon fason retwo-aktiv pou moun ki fè reklamasyon avan 15 septanm yo. Moun ki fè reklamasyon ki kalifye k ap resevwa avantaj kounye a pa bezwen fè anyen paske Commonwealth la ap otomatikman ajoute LWA nan peman avantaj chak semèn yo yon fason retwo-aktif nan dat yo kalifye yo.

  • Department of Unemployment Assistance 

    DUA oversees the unemployment insurance (UI) program, which provides temporary income assistance to eligible workers in Massachusetts. DUA also determines and collects employer contributions to the UI program. To report fraud or get help with your claim, call Unemployment Customer Assistance at (877) 626-6800.
  • Executive Office of Labor and Workforce Development  

    EOLWD manages the Commonwealth’s workforce development and labor departments to ensure that workers, employers, and the unemployed have the tools and training needed to succeed in the Massachusetts economy.
  • Massachusetts Emergency Management Agency 

    Massachusetts Emergency Management Agency ensures the state is prepared to withstand, respond to and recover from all types of emergencies and disasters.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback