Kijan gadyen legal ak adopsyon menm jan?
Gadyen legal ak adopsyon bay yon timoun oswa adolesan, sipò paran, estab, bay moun kap bay swen an(yo) tout responsablite paran ki gen ladan pran swen yon timoun oswa adolesan, tankou bay sipò emosyonèl ak asire yo resevwa tout nesesite debaz sa ki gen ladan yon swen medikal ak edikasyon apwopriye. Kesyon ki pi komen ke avoka ak travayè sosyal yo jwenn osijè planifikasyon pèmanans pou timoun yo ki plase nan swen akèy, “Ki diferans ki genyen ant adopsyon ak gadyen legal? ” Byenke gen lòt diferans ant gadyen legal ak adopsyon, youn nan diferans ki pi enpòtan sèke gadyen legal la kapab chanje, alòske adopsyon an pèmanan. Enfòmasyon ki annaprè a ap ede w konsidere kisa ki pi bon pou ou, pou timoun ou yo, ak pou fanmi w.
Èske gadyen legal oswa adopsyon pèmanan ?
Gadyen legal
Yon gadyen legal rete anplas jiskaske timoun nan gen laj 18 ane sof si gadyen an mande soti oswa tribinal mete fen nan gad legal la. Nenpòt moun, enkli yon paran, ka mande tribinal la pou retire yon gadyen oswa mete fen nan yon gad legal si yo ka montre yon chanjman materyèl “sibstansyèl nan sikonstans yo e li nan pi bon enterè timoun nan.” Yon tribinal ka mete fen nan yon gad legal si yo fè envestigasyon sou gadyen an oswa si yo chaje l avèk abi oswa neglijans sou timoun nan, sa ki lakoz blesi grav nan kò. Nan pifò sikonstans yo pa pral deziyen yon avoka pou reprezante w. Si paran yo gen yon revni limite, e timoun nan, ap gen yon avoka yo deziyen pou reprezante yo. Si yo te deja ba yo gad legal, e paran yo te depoze yon aksyon pou retire w kòm gadyen, tribinal la pral nonmen yon avoka pou ou si ou te pran swen timoun nan pou omwen dezan oswa otreman yon peryòd tan enpòtan pandan lavi timoun nan, e revni w limite.
Adopsyon
Lè yo adopte yon timoun, adopsyon an se pou toutan. Pandan odyans adopsyon an ou kapab mande yon chanjman nan non timoun nan. Yo kapab emèt yon nouvo batistè ak yon nouvo kat sekirite sosyal, retire non paran byolojik yo epi endike non paran adoptif la(yo). Yon pwosesis tribinal kapab mete fen nan adopsyon an ki mete fen nan dwa paran an pou enkapasite, nan menm fason ke yo kapab mete fen nan dwa paran byolojik pou abi oswa neglijans sou yon timoun.
Èske timoun nan dwe aksepte adopsyon an oswa gad legal la?
Gadyen legal
Yon timoun ki gen laj 14 ane oswa pi gran dwe aksepte gadyen legal la.
Adopsyon
Yon timoun ki gen laj 12 ane oswa pi gran dwe aksepte adopsyon an.
Èske mwen ka jwenn sipó finansye?
Wi. Ou ka resevwa benefis pou adopsyon ak gadyen legal sa ki kapab gen ladan asirans sante, benefis finansyè ki egal nan kantite lajan pousantaj swen akèy chak jou, asistans pou egzansyon ekolaj ak/oswa benefis difere, sa ki vle di si timoun nan devlope bezwen nan pita, paran an oswa gadyen an ka mande DCF pou ogmante asistans finansye pou reponn a nouvo bezwen timoun nan. Travayè sosyal Depatman an gen obligasyon pou gen yon aplikasyon sibvansyon konplete nan non nenpòt timoun ki nan gad legal avèk objektif adopsyon oswa gadyen legal.
Kijan mwen ka kalifye pou yon sibvansyon?
Sibvansyon an baze sèlman sou bezwen timoun nan e li evalye ak founi san konte sou revni fanmi an.
Gadyen legal
- Timoun nan aktyèlman nan gad legal pèmanan Depatman an e Depatman an patwone gadyen legal la.
- Gadyen an kapab yon fanmi, yon timoun spesifik oswa resous lisansye san restriksyon.
- Sibvansyon an disponib jiska omwen laj 18 ane e li kapab kalifye pou yon ekstansyon jiska laj 22 ane daprè sèten sikonstans.
- Yo te konsidere retounen nan kay la e li pa yon opsyon apwopriye.
- Yo te konsidere adopsyon e li pa yon opsyon apwopriye.
Adopsyon
Timoun nan dwe nan swen ranplasan Depatman an oswa yon ajans adopsyon non pwofi ki gen lisans, Depatman an dwe patwone adopsyon an oswa yon ajans non pwofi, ak nan omwen youn nan sa ki annaprè a ki aplike:
- Timoun nan gen youn oswa plizyè bezwen spesyal kalifye ki dyagnostike pa yon pwofesyonèl kalifye ki gen lisans.
- Timoun nan gen difikilte pou yo plase l akoz li se yon manm yon gwoup frè ak sè ki te adopte ansanm.
- Nesans timoun oswa istwa fanmi mete timoun nan a risk pou gen bezwen spesyal men, akoz laj timoun nan, yo poko kapab fè yon dyagnostik fyab.
Èske yo kapab pwolonje sibvansyon an odela 18 ane ?
Si gadyen an oswa paran kontinye bay lojman ak sipò pou jèn adilt, sibvansyon gadyen legal ak adopsyon an kapab pwolonje jiska laj 22ane anba sèten sikonstans sa ki gen ladan:
- Jèn adilt la gen andikap mantal ak fizik oswa kondisyon ki jistifye kontinyasyon asistans.
- Jèn adilt la enskri nan yon lekòl, pwogram kolèj oswa vokasyonèl (eta & federal).
Èske benefis sibvansyon an te janm chanje?
Wi, nan toulède ka gadyen legal ak adopsyon, yo revize benefis sibvansyon yo chak 2 zan jiska 18 ane jèn adilt la, apresa chak ane jiskaske jèn adilt la gen 22 zan. Nivo swen siplemantè/ki pi elve kapab ogmante oswa diminye si dokimantasyon ki prezante pandan yon revizyon endike yon chanjman enpòtan nan bezwen spesyal timoun nan. Pousantaj regilye chak jou pa p janm diminye. Pou w jwenn enfòmasyon sou sibvansyon yo, kontakte:
DCF Adoption/Guardianship Subsidy Unit
(800) 835-0838
dcfsubsidyunit@mass.gov
Èske timoun yo elijib pou benefis sekirite sosyal?
Gadyen legal
Si timoun nan se pitit pitit ou, timoun nan kapab kalifye pou benefis Sekirite Sosyal baze sou dosye travay ou. Timoun nan rete elijib pou resevwa nenpòt benefis Sekirite Sosyal baze sou dosye travay paran yo. Kontakte Administrasyon Sekirite Sosyal pou w jwenn plis enfòmasyon.
Adopsyon
Si ou retrete, timoun nan kapab resevwa benefis Sekirite Sosyal baze sou dosye travay ou. Pou wè si ou kalifye Kontakte Administrasyon Sekirite Sosyal.
Èske timoun yo ka resevwa sipó finansye pou timoun?
Gadyen legal
Mande pansyon alimantè pou timoun nan men paran an(yo). Tribinal la òdone peman pansyon alimantè pou timoun. Kantite lajan yo baze sou revni paran an. Peman pou pansyon alimantè timoun yo jeneralman fèt jiskaske timoun nan gen laj 18 ane e kantite a kapab chanje sèlman lè ou retounen nan tribinal la epi mande yon modifikasyon nan òdonans lan.
Adopsyon
Lè yo adopte yon timoun, paran byolojik yo pa responsab ankò pou peman pansyon alimantè.
Èske ap kontinye gen vizit avèk paran nesans yo?
Gadyen legal
Paran nesans yo gen dwa pou mande vizit, sa ke tribinal la kapab akòde baze sou pi bon enterè timoun nan. Si pa gen òdonans tribinal, orè ak frekans vizit yo nan diskresyon gadyen legal la.
Adopsyon
Anvan adopsyon an, paran nesans ak adoptif la ka siyen yon Akò Adopsyon Ouvè ki spesifye frekans pwochen kontak avèk timoun nan. Apre yon revokasyon dwa parantal, yon jij kapab deside ke li nan pi bon enterè timoun nan pou l gen sèten kontak avèk paran nesans lan epi òdone sèten kalite kontak. Si pa gen òdonans tribinal oswa akò, orè ak frekans vizit yo nan diskresyon paran adoptif yo.
Èske yon akó vizit kapab chanje?
Gadyen legal
Akò sou kontak/vizit kapab chanje daprè akò ant de pati yo oswa pa detèminasyon tribinal la ke yon chanjman nan pi bon enterè timoun nan. Pa egzanp, tribinal la kapab chanje akò a epi òdone ke vizit yo ogmante oswa diminye, sipèvize oswa san sipèvizyon.
Adopsyon
Tribinal ki otorize adopsyon an kapab redwi frekans vizit oswa kontak yo si paran adoptif la ka demontre ke li nan pi bon enterè timoun nan. Yon tribinal pa gen otorite pou ogmante vizit/kontak. Paran nesans lan pa gen lòt dwa ankò sof sa tribinal la òdone oswa kontra adopsyon ouvè a. Paran adoptif yo ka ofri plis vizit si yo vle.
Kisa mwen ka fè si akó a pa respekte ?
Gadyen legal
Akò gadyen legal ak òdonans tribinal yo pou vizit/kontak yo aplikab nan tribinal la lè yo te otorize. Yo dwe depoze yon demann, e yon odyans dwe fèt. Ou kapab chwazi pou pran sèvis yon avoka pou reprezante enterè w nan yon kalite odyans konsa. Paran ak timoun yo gen dwa a yon avoka tribinal la nonmen.
Adopsyon
Akò adopsyon yo aplikab nan tribinal la kote yo te otorize adopsyon an. Yo dwe depoze yon demann, e yon odyans dwe fèt. Ou kapab chwazi pou pran sèvis yon avoka pou reprezante enterè w nan yon kalite odyans konsa. Paran ak timoun yo gen dwa a yon avoka tribinal la nonmen nan sikonstans sa yo.
Èske mwen ka chanje non timoun nan?
Gadyen legal
Yon chanjman non mande yon pwosedi devan tribinal la kote yo te òdone gadyen legal la. Paran byolojik yo gen dwa pou yo tande yo epi refize chanjman non an si yo pa mete fen nan dwa paran an. Tribinal la kapab refize chanjman non an. Si tribinal la otorize yon chanjman non anba yon gadyen legal, batistè a pa chanje.
Adopsyon
Petisyon pou adopsyon yon minè kapab gen ladan yon demann pou chanje non yon timoun ak mosyon pou modifye batistè a apre adopsyon an. Tribinal ki otorize adopsyon an voye dokiman nesesè yo, ansanm avèk orijinal batistè a, nan estatistik eta sivil. Nan lespas 4-6 mwa yap delivre yon nouvo batistè bay paran adoptif yo ki montre non paran adoptif yo ak nouvo non timoun lan si li te chanje.
Kimoun ki pran desizyon medikal?
Gadyen legal
Yon gadyen pran desizyon medikal woutin men pa kapab pran desizyon ki gen ladan tretman medikal “ekstraòdinè” pou timoun nan. Gadyen a ta dwe mande pwofesyonèl medikal la si yo konsidere tretman an kòm “ekstraòdinè” e si wi, Tribinal la pral deside si wi oswa non pou otorize tretman an. Si tribinal la pran yon òdonans pou otorize tretman medikal kap kontinye, apresa òdonans sa dwe revize omwen yon fwa pa ane. Remake ke asirans sante w ka otorize w pou ajoute nan kontra asirans ou apre ou fin gen gad legal.
Adopsyon
Yon paran adoptif kapab konsanti pou nenpòt tretman medikal, keseswa woutin oswa ekstraòdinè, nan non timoun nan.
Kimoun ki pran desizyon edikasyon?
Gadyen legal
Gadyen an pran desizyon edikasyon yo.
Adopsyon
Paran adoptif la pran desizyon edikasyon yo.
Èske m oblije depoze yon rapó avèk tribinal la?
Gadyen legal
Gadyen an dwe depoze yon rapò chak ane avèk tribinal ki otorize gad legal la. Pou w jwenn fòm rapò anyèl obligatwa a, ale nan:
Tribinal pou Timoun: Report of the Guardian of the Minor (JV-078)
Tribinal Fanmi ak Siksesyon: Annual Report of Guardian of Minor (MPC 443)
Adopsyon
Ka tribinal la final. Kounye a ou se yon paran legal. Rapò nan tribinal chak ane pa obligatwa ankò.
Èske fanmi m ka demenaje soti nan Massachusetts?
Gadyen legal
Gadyen an ansanm avèk timoun nan ka demenaje soti nan eta avèk pèmisyon tribinal la. Benefis medikal ak sibvansyon yo kapab chanje si ou deplase andeyò Massachusetts. Chèche konsèy nan men travayè sosyal timoun nan oswa Inite Sibvansyon an.
Adopsyon
Paran adoptif la pa bezwen pèmisyon tribinal la pou l demenaje kite eta avèk timoun nan. Benefis medikal ak frè ekolaj yo kapab chanje si ou soti andeyò eta. Chèche konsèy nan men travayè sosyal timoun nan oswa Inite Sibvansyon an.
Ki relijyon timoun an ap pratike?
Gadyen legal
Gadyen yo dwe otorize timoun nan pou pratike relijyon li prefere.
Adopsyon
Yon paran adoptif ka deside relijyon timoun nan.
Èske mwen ka jwenn asistans avèk depans pou kolèj?
Gadyen legal ak Adopsyon
Depannde finansman eta, gen yon Pwogram Asistans pou frè ekolaj ak Egzansyon Ekolaj nan Kolèj Eta pou jèn yo ki nan swen akèy DCF pou omwen sis mwa anvan yon gadyen legal DCF patwone oswa adopsyon DCF pawone.
Tout demann pou Sètifika Egzansyon Ekolaj dwe akonpaye avèk yon lèt ki gen ladan non paran adoptif la(yo) oswa gadyen(yo), adrès postal aktyèl la, non timoun nan, ak yon kopi batistè timoun nan. Ou ta dwe voye demann ak ransèyman yo nan:
DCF Adoption/Guardianship Subsidy Unit
(800) 835-0838
dcfsubsidyunit@mass.gov
Attention: Subsidy Unit / Tuition Waiver
600 Washington Street, 6th floor, Boston, MA 02111
Tanpri gade lyen ki itil anba pou w jwenn direktiv adisyonèl:
Kimoun kap gen gad legal timoun nan si mwen mouri?
Gadyen legal
Lè gadyen legal la mouri, gad legal la fini, e gad la retounen nan men pati ki te gen gad legal anvan yo te bay gadyen legal la. Pa egzanp, gad legal la retounen bay paran an oswa DCF si DCF te gen gad legal. Yo ka nonmen yon gadyen pou minè a pa testaman, oswa atravè lòt dokiman alekri gadyen an siyen epi 2 temwen testifye. Nouvo gadyen an dwe depoze dosye legal nan tribinal la nan lespas 30 jou apre lanmò gadyen an pou yo kapab konfime nominasyon an.
Adopsyon
Nan yon fanmi ki genyen de-paran, lè youn nan paran adoptif yo mouri, lòt paran ki vivan ap gen gad legal la sipoze ke se toulède paran yo ki te adopte timoun nan. Nan fanmi yo ki gen yonsèl paran adoptif, paran an ka nonmen yon gadyen pa testaman oswa pa lòt dokiman paran adoptif la siyen epi 2 temwen testifye. Gadyen yo nonmen an dwe depoze dosye legal nan tribinal la nan lespas 30 jou apre lanmò paran adoptif la pou yo kapab konfime nominasyon an.
Èske pitit mwen pral eritye m?
Gadyen legal
Timoun yo pa eritye nan men gadyen an sof si gadyen an te kite yon testaman egzekite. Timoun yo eritye de paran yo.
Adopsyon
Yon timoun adopte ap eritye de paran adoptif yo e li pa gen dwa eritaj nan men paran byolojik yo sof si paran bylojik yo te kite yon eritaj pou timoun nan.
Sèvis yo disponib depi mwen vini yon paran adoptif oswa gadyen?
Gadyan legal
Founisè kominote yo founi sèvis yo ak/oswa grasa yon pwosesis aplikasyon volontè pou sèvis klinik DCF. Ou ka vle kontakte:
Adopsyon
Gen sèvis apre-adopsyon nan kominote a ak atravè òganizasyon yo avèk yon misyon pou bay sipò pou fanmi adoptif ak timoun yo.
Piblikasyon sa a te modifye ak finanse pa Pwogram Amelyorasyon Tribinal Massachusetts [Massachusetts Court Improvement Program (CIP)] sa ki sipòte pa sibvansyon federal epi jere pa Tribinal Siprèm Jidisyè. CIP ankouraje ak sipòte amelyorasyon sistemik pou sipòte sekirite, byennèt, ak pèmanans timoun yo. CIP kolabore avèk moun ki gen enterè nan byennèt sa ki gen ladan Tribinal pou minè, Tribinal Fanmi ak siksesyon, Depatman Timoun ak Fanmi, ak Divizyon Lwa Fanmi ak Timoun nan Komite pou Sèvis Konsèy Piblik.