• This page, Rezime Lwa Sou Konfli Enterè pou Anplwaye Distri yo, is   offered by
  • State Ethics Commission

Rezime Lwa Sou Konfli Enterè pou Anplwaye Distri yo

Rezime lwa sou konfli enterè sa a, Lwa Jeneral Chapit 268A yo, fèt pou ede anplwaye distri yo konprann fason lwa sa a konsène yo.

Rezime Lwa Sou Konfli Enterè pou Anplwaye Distri yo

Rezime lwa sou konfli enterè sa a, Lwa Jeneral Chapit 268A yo, fèt pou ede anplwaye distri yo konprann fason lwa sa a konsène yo.  Rezime sa a pa ranplase konsèy jiridik, ni li pa mansyone chak aspè nan lwa ki kapab aplike nan yon sitiyasyon patikilye.  Anplwaye distri yo kapab jwenn konsèy konfidansyèl gratis anrapò ak lwa sou konfli enterè nan Divizyon Jiridik Komisyon an sou sitwèb la, www.mass.gov/ethics, nan telefòn, oswa pa korespondans, epi kapab jwenn enfòmasyon siplemantè tou sou lwa tout kote sou sitwèb la.

Lwa sou konfli enterè a la pou anpeche konfli ant enterè prive ak responsablite piblik, ankouraje entegrite nan sèvis piblik, epi fè pwomosyon pou konfyans piblik la nan sèvis sa pandan yo mete restriksyon sou sa anplwaye distri yo kapab fè nan travay la, aprè lè, ak anvan yo kite sèvis piblik la, jan sa dekri anba a. Referans seksyon anba yo se seksyon G.L.c. 268A.

Lè Komisyon an jwenn yo te vyole lwa sou konfli enterè a, li kapab enpoze yon sanksyon sivil jiska $10000 ($25000 pou ka kòripsyon) pou chak vyolasyon. Anplis de sa a, Komisyon an kapab bay moun ki vyole lwa lòd pou ranbouse nenpòt avantaj ekonomik li fè nan vyolasyon an, epi dedomaje twazyèm pati ki viktim nan. Vyolasyon lwa sou konfli enterè yo kapab fè tou objè pousuit penal.


I. Èske ou se yon anplwaye distri a selon lwa sou konfli enterè a?

Ou pa bezwen yon anplwaye distri a y ap peye aplentan pou yo konsidere w tankou yon anplwaye distri a selon lwa sou konfli enterè a. Nenpòt moun k ap bay yon ajans distri a sèvis, oswa ki genyen yon pozisyon nan distri a, kit y ap peye l oubyen yo pap peye l, sa gen ladan anplwaye distri a aplentan e a tan pasyèl, moun yo vote nan eleksyon, benevòl, ak konsiltan yo, se yon anplwaye distri a dapre lwa sou konfli enterè a. Yon anplwaye yon antrepriz prive kapab yon anplwaye distri a tou, si antrepriz prive a genyen yon kontra ak distri a epi anplwaye a se yon "anplwaye enpòtan" dapre kontra a, sa vle di distri a te espesifikman fè kontra pou pran sèvis li yo. Lwa a kouvri tou pati prive ki angaje nan tranzaksyon ki entèdi ak anplwaye distri yo, tankou ofri lajan anba tab oswa bay kado ki ilegal.
 

II. Restriksyon sou pòs travay.

(a) Lajan Anba Tab. Mande oswa resevwa lajan anba tab entèdi. (Gade Seksyon 2 a)

Lajan anba tab se nenpòt bagay ki gen valè yon anplwaye distri a resevwa yon fason malonèt an echanj pou enfliyanse anplwaye a nan aksyon ofisyèl li yo. Bay, ofri, resevwa, oswa mande lajan anba tab se yon bagay ilegal. Lajan anba tab pi grav pase kado ilegal yo paske yo fèt nan lide pou fè kòripsyon. Sa vle di, anplwaye distri a gen entansyon vann pozisyon li a lè li dakò pou fè oswa pa fè kèk aksyon ofisyèl, epi donè a gen entansyon enfliyanse li pou fè sa a. Lajan anba tab se yon bagay ki ilegal kèlkeswa valè a.

(b) Kado ak gratifikasyon. Li entèdi pou mande oswa asepte yon kado akoz pozisyon ofisyèl ou, oswa akoz yon bagay ou kapab fè oswa te fè nan pozisyon ofisyèl ou a.  (Gade Seksyon 3, 23(b)(2), ak 26 la)

Anplwaye distri yo pa dwe resevwa kado ak gratifikasyon ki gen valè $50 dola oswa plis yo bay pou enfliyanse aksyon ofisyèl yo oswa akoz pozisyon ofisyèl yo. Asepte yon kado nan lide pou rekonpanse yon aksyon ofisyèl nan pase oswa pwovoke yon aksyon ofisyèl alavni ilegal, se menm bagay la lè se ou ki ofri kado sa yo. Asepte yon kado yo ba ou akoz pozisyon ou genyen nan distri a se yon bagay ki ilegal tou. Manje, biyè pou evènman divètisman, gòlf, panye kado ak pèman depans vwayaj yo kapab kado ilegal si yo bay yo akoz aksyon ofisyèl oubyen pozisyon, tankou nenpòt bagay ki vo $50 oswa plis. Yon kantite ti kado ki vo $50 oswa plis kapab vyole seksyon sa yo tou. 

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye distri ki otorize yon kontraktè pou achte manje pou li chak jou pandan yon pwojè de (2) mwa. 

Egzanp vyolasyon: Yon asosyasyon endistri ki bay yon aktivite sosyal gratis, ki gen ladan yon dine babekyou, pou yon gwoup legislatè distri a. 

Eksepsyon reglemantè. Genyen sitiyasyon kote yon anplwaye distri a resevwa yon kado ki pa prezante okenn gwo ris konfli enterè e an reyalite kapab fè avanse enterè piblik la. Komisyon an te kreye eksepsyon ki pèmèt yo bay ak resevwa kado nan sitiyasyon sa yo. Yon eksepsyon ki komen yo itilize ki pèmèt anplwaye distri yo asepte pèman vwayaj ki chè lè sa fèt pou fè avanse yon objektif piblik. Yon lòt eksepsyon komen ki pèmèt anplwaye distri yo asepte pèman depans ki enplike nan patisipasyon pwogram edikasyon ak fòmasyon. Lòt eksepsyon yo sou yon lis sou sitwèb Komisyon an. 

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yon asosyasyon ki pa la pou fè lajan okipe li de pwoblèm sante piblik ofri pou peye depans vwayaj yon anplwaye sante piblik distri a pou yon konferans sou fason pou fè prevansyon kont grip kochon. Anplwaye a ranpli yon fomilè deklarasyon epi jwenn apwobasyon alavans nan men responsab nominasyon li an.

(c) Move Itilizasyon Pòs la. Li entèdi pou itilize pozisyon ofisyèl ou pou jwenn yon bagay ou pa gen dwa ladan l, oswa pou fè yon lòt moun jwenn yon bagay yo pa gen dwa landan l. Li entèdi tou fè yon lòt moun fè bagay sa yo. (Gade Seksyon 23(b)(2) ak 26 la)

Yon anplwaye distri a pa dwe itilize pozisyon li pou jwenn yon bagay ki vo $50 oswa plis ki t ap disponib pou yon lòt moun ki nan menm sitiyasyon an.  Menm jan tou, yon anplwaye distri a pa ka itilize pozisyon ofisyèl li pou jwenn yon bagay ki vo $50 oswa plis ki pa ta disponib pou lòt moun ki nan menm sitiyasyon an. Li entèdi tou pou fè yon lòt moun fè bagay sa yo.

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye distri a ki ekri yon woman nan lè travay la, itilize òdinatè biwo li a, epi mande sekretè li pou revize pwojè a.

Egzanp vyolasyon: Komisè yon ajans distri a ki mande moun ki sou lòd li yo pou mennen madanm li ale epi retounen sot nan magazen alimantè a.

Egzanp vyolasyon: Yon komisè distri a ki evite peye yon kontravansyon pou eksè vitès pandan li di polisye ki kanpe l la, "Èske w konn ki moun mwen ye?" epi montre li kat idantifikasyon distri li a.

(d) Tranzaksyon pèsonèl ak nepotis. Li entèdi pou patisipe antanke yon anplwaye distri a nan yon bagay ou menm, fanmi imedya w, òganizasyon komèsyal ou, oswa pwochen anplwayè w genyen yon enterè finansye (Gade Seksyon 13 la)

Yon anplwaye distri a pa kapab patisipe nan okenn bagay patikilye kote li menm oswa yon manm fanmi imedya li (paran, pitit, frè ak sè, madanm epi paran, pitit, ak frè e sè madanm li) genyen yon enterè finansye. Li pa kapab patisipe tou nan yon okenn bagay patikilye kote pwochen patwon travay li, oswa nan òganizasyon komèsyal li se direktè, responsab, fidisyè, oswa anplwaye ki genyen yon enterè finansye. Patisipasyon an gen ladan diskite ansanm ak vote sou yon pwoblèm, ak delege yon bagay pou yon lòt moun.

Yon enterè finansye kapab kreye yon konfli enterè kit li gwo oswa piti, epi pozitif oswa negatif. Sa vle di, li pa enpòtan si gen anpil oswa ti kras lajan ki enplike. Li pa enpòtan tou si w ap mete oswa retire lajan nan pòch ou. Si ou menm, fanmi imedya w, biznis ou, oswa patwon travay ou genyen enterè finansye nan yon bagay, ou pa kapab patisipe. Enterè finansye a dwe dirèk e imdeya oswa ki previzib yon fason rezonab pou kreye yon konfli. Enterè finansye ki adistans, espekilatif oswa ki sifizaman idantifyab pa kreye konfli.

Egzanp vyolasyon: Yon direktè administratif yon ajans distri a ki genyen 900 èdtan konje maladi ki akimile, ki pwopoze yon plan ki di ajans lan ap peye anplwaye ki gen konje maladi ki akimile.

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye nan depatman teknoloji enfòmasyon distri a se direktè yon konpayi lojisyèl tou. Konpayi lojisyèl la reponn ak yon rekèt distri a pou bay pwopozisyon, epi anplwaye a patisipe nan evalye repons pou apèl dòf la.

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye distri a ki bay pitit gason li yon pòs anba sipèvizyon li.

Yon anplwaye distri a ki gen tach ki pa mande pou li patisipe nan yon bagay patikilye kapab konfòme li ak lwa a lè li sèlman pa patisipe nan bagay patikilye a kote li genyen yon enterè finansye. Li pa bezwen bay yon rezon pou li pa patisipe.

Yon anplwaye distri a ki nome kapab konfòme li ak lwa tou lè li depoze yon deklarasyon ekri bò kote otorite niominasyon li yo epi chache jwenn pèmisyon pou patisipe malgre konfli ki genyen an. Si responsablite anplwaye distri a egzije li pou patisipe nan yon bagay kote li genyen yon enterè finansye, sa se pwosedi li dwe itilize. Responsab nominasyon an kapab bay li yon pèmisyon ekri pou patisipe si li wè enterè finansye a pa vrèman enpòtan pou li afekte entegrite sèvis anplwaye a pou distri a. Sinon, Responsab nominasyon an ap bay yon lòt moun chaj sa a oswa fè li li menm. Patisipe san deklare enterè finansye ki genyen an se yon vyolasyon. Anplwaye yo vote nan eleksyon yo pa kapab itilize pwosedi divilgasyon an paske yo pa gen okenn otorite nominasyon.

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yon manm yo deziyen nan yon komisyon distri a ki swete patisipe nan diskisyon sou enpozisyon yon taks nan tout distri a. Manm lan dwe peye taks la li menm. Anvan pou patisipe nan nenpòt diskisyon komisyon an, manm lan ap fè yon deklarasyon sou enterè finansye li genyen bò kote otorite nominason li yo, epi Responsab nominasyon an ap ba li yon desizyon ekri ki otorite li patisipe, malgre enterè finansye li. Pa gen vyolasyon.

(e) Fo deklarasyon. Li entèdi tou pou prezante yon fo deklarasyon bay anplwayè w pou yon pèman oswa benefis entèdi, ak fè yon lòt moun fè sa. (Gade Seksyon 23(b)(4) ak 26 la)

Yon anplwaye distri a pa kapab prezante yon fo deklarasyon oswa deklarasyon ki gen fwod bay patwon travay li pou pèman oswa benefis ki vo $50 oswa plis, oswa pouse yon lòt moun fè sa a.

Egzanp vyolasyon: Yon direktè ajans distri a mande sekretè li pou mete prezan pou li nan lis prezans lan nan jou li t al fè eski yo.

(f) Aparisyon konfli. Li entèdi pou aji yon fason ki ta fè yon moun rezonab panse ou kapab enfliyanse yon fason ki pa apwopriye. (Gade Seksyon 23(b)(3) a)

Yon anplwaye distri a pa kapab aji yon fason ki ta koz yon moun rezonab panse li ta montre favè pou yo lòt moun, oswa li kapab enfliyanse yon fason ki pa apwopriye. Seksyon 23(b)(3) a egzije yon anplwaye distri a pou konsidere si relasyon ak afilyasyon li kapab anpeche li aji yon fason ki jis e objektif lè l ap fè travay li pou distri a. Si li pa ka jis e objektif akoz yon relason oswa afilyasyon, li pa dwe fè travay li. Sepandan, yon anplwaye distri a, kit yo te vote li oswa nonmen li, kapab evite vyole kloz sa a lè li fè yon deklarasyon piblik de reyalite a. Yon anplwaye yo nonmen dwe fè deklarasyon an alekri bay ajan nominasyon li an.

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yon anplwaye ajans distri a li pran angajman marye ak yon pwopriyetè biznis. Pwopriyetè biznis lan reponn ak yon demann pwopozisyon ajans lan. Yon moun rezonab kapab konkli anplwaye a petèt favorize repons fiyanse li a. Anplwaye a depoze yon deklarasyon alekri bay Responsab nominasyon li an pandan l ap esplike relasyon li genyen ak fiyanse li anvan rankont lan kote y ap konsidere repons apèl dòf la. Pa gen okenn vyolasyon Seksyon 23(b)(3) a.

(g) Enfòmasyon konfidansyèl. Li entèdi pou divilge yon fason ki pa apwopriye oswa itilize enfòmasyon konfidansyèl ou jwenn nan travay ou (Gade Seksyon 23(ch) la)

Anplwaye distri yo pa ka divilge enfòmasyon konfidansyèl yo yon fason ki pa apwopriye, oswa fè itilizasyon pèsonèl de enfòmasyon ki pa piblik yo pandan tach ofisyèl li yo nan enterè pèsonèl li.
 

III. Restriksyon apre lè travay yo.

(a) Li entèdi pou pran yon dezyèm travay peye ki rantre nan konfli ak travay distri a. (Gade Seksyon 23(b)(1) an)

Yon anplwaye distri a pa ka asepte lòt travay peye si responsablite dezyèm travay la pa konpatib ak travay li genyen nan distri a.

(b) Lwayote Divize. Li entèdi pou resevwa pèman nan men nenpòt lòt moun eksepte distri a pou travay sou yon bagay ki enplike distri a. Li entèdi tou pou aji tankou ajan oswa avoka pou yon lòt moun eksepte distri a nan yon bagay ki enplike distri a, kit yo peye w oswa pa peye w. (Gade Seksyon 11 lan)

Distri yo gen dwa ak lwayote san fay de anplwaye li yo, yon aplwaye distri a pa ka ap resevwa lajan nan men lòt moun ak òganizasyon nan yon dosye kote distri a genyen yon enterè. Anplis de sa a, yon anplwaye distri a pa ka aji nan non lòt moun ak òganizasyon oubyen aji tankou yon avka pou lòt moun ak òganizasyon si distri a genyen yon enterè nan yon bagay. Aji tankou yon ajan gen ladan li; kontakte distri a an pèsòn, pa telefòn, oswa alekri; aji tankou yon lyezon; bay distri a doiman; epi sèvi tankou pòtpawòl.

Yon anplwaye distri a kapab toujou reprezante pwòp enterè li, menm anvan pwòp ajans oswa bòd distri li a, sou menm tèm ak kondisyon ki ta aplike pou lòt manm nan piblik la ki nan menm sitiyasyon an.

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye distri a ki mande yon lòt ajans distri a konsènan yon ankèt dezyèm ajans lan ap mennen sou madanm li.

Egzanp vyolasyon: Yon manm komisyon konsiltan distri a ki patisipe nan kèk bagay nan ajans li a ki afekte youn nan kliyan prive li yo, epi kliyan rekonpanse li pou travay li nan non li.

Pandan anpil anplwaye distri a ap viv ak travay yo nan distri a, kèk anplwaye distri a bay tan yo volontèman oswa resevwa yon pay monnen. Lòt yo kapab sèvi nan yon pòs a tan pasyèl ki pèmèt yo genyen lòt travay pèsonèl oswa prive pandan lè travay nòmal yo. Lè yo rekonèt nesesite ki genyen pou pa mete restriksyon sou kapasite benevòl ak anplwaye a tan pasyèl yo pou genyen lavi yo, lwa mwens sevè pou anplwaye distri "espesyal" sa yo pase lòt anplwaye distri a.

Si yon pòs distri a se yon pòs "espesyal" distri a, lòt moun kapab peye yon anplwaye ki nan pòs sa a, aji nan non lòt moun, epi aji tankou avoka pou lòt yo ak respè nan dosye yo anvan ajans distri yo pase pa li a, demontre li pa t ofisyèlman patisipe nan dosye a, e dosye a pa la jodi a, e pa t la nan lane ki sot pase a, anba responsablite ofisyèl li, epi pa annatant anvan pwòp ajans distri li a.

Egzanp: Yon anketè a tan pasyèl pou yon jans distri a kapab travay a tit prive pou yon pati ki nan yon ka litij ak yon diferan ajans distri a, demontre li pa t patisipe ladan oswa pa t gen responsablite nan dosye ki nan litij la pandan pòs li nan distri a.

(c) Vwa Privilejye. Li entèdi pou distri a peye w, dirèkteman oswa endirèkteman, nan kad yon dezyèm aranjman anplis de travay ou, sof si gen yon eksepsyon ki aplike. (Gade Seksyon 14 la)

Yon anplwaye distri a jeneralman pa kapab genyen yon enterè finansye nan yon kontra distri a, ki enkli yon dezyèm travay nan distri a. Li jeneralman entèdi pou yon anplwaye distri a genyen yon enterè finansye endirèkteman nan yon kontra distri a genyen ak yon lòt moun. Dispozisyon sa fèt pou anpeche anplwaye distri yo genyen yn "vwa privilejye" nan kèk opòtinite finansye.

Egzanp vyolasyon: Yon anpwaye distri a asepte travay ki peye nan yon dezyèm ajans distri a.

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye distri a achte òdinatè anplis nan ajans sa a.

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye distri a vle travay pou yon asosiyasyon ki pa la pou fè lajan ki resevwa finans nan kad yon kontra ak distri a. Sof si li kapab ranpli egzijans yon eksepsyon anba Seksyon 14 la, li pa kapab pran travay la.

Genyen eksepsyon pou seksyon sa a. Pa egzanp, yon anplwaye distri ki touche pa kapab pran yon dezyèm pòs ki pa peye ak distri a san li pa vyole seksyon sa a. Tanpri rele Divizyon Jiridik Komisyon Etik la pou konsèy sou yon sitiyasyon espesifik.
 

IV. Apre ou kite travay distri a (Gade Seksyon 12 la)

(a) Entèdi pou toutan. Apre ou kite travay distri w la, ou pap kapab travay pou okenn lòt moun pase distri a sou yon dosye ou te travay pandan ou te yon anplwaye distri a.

Si ou te patisipe nan yo dosye tankou yon anplwaye distri a, yo pap janm kapab peye w pou travay sou menm dosye a pou lòt moun esepte pou distri a, ni ou pap kapab aji pou yon lòt moun, ki y ap peye oubyen yo pap peye w. Objetif restriksyon sa pou anpeche ansyen anplwaye distri a machande nan enterè prive konesans yo sou reyalite ki gen rapò ak yo dosye patikilye ki se yon preyokipasyon kontinyèl pou distri a. Restriksyon an pa entèdi ansyen anplwaye distri a itilize ekspètiz yo genyen nan sèvis gouvènman nan lòt aktivite prive yo genyen.

Egzanp vyolasyon: Yon ansyen anplwaye distri a travay pou yon kontraktè nan kad yon kontra li te ede mete sou pye ak sipèvize pou distri a.

(b) Peryòd refleksyon yon lane. Pandan yon lane apre ou kite travay distri w la, ou pa kapab patisipe nan okenn dosye ou te responsab pandan de (2) dènye lane sèvis piblik ou a.

Yo entèdi ansyen anplwaye yo pandan yon lane apre ou kite travay distri a pou parèt pèsonèlman devan nenpòt ajans distri a nan dosye ki te anba responsablite yo pandan pòs yo nan distri a pandan de (2) dènye lane yo te kite a.

Egzanp: Yon anplwaye distri a negosye yon twa lane ak yon konpayi. Direktè ki te sipèvize anplwaye a, e ki te gen responsablite ofisyèl pou kontra a men pa t patisipe nan negosye li, kite travay li pou al travay pou konpayi yo te bay kontra a. Ansyen direktè a pa kapab rele oswa ekri distri a konsènan travay konpayi a nan kad kontra a pandan yon lane apre li te kite distri a.

Yon ansyen anplwaye distri a ki te patisipe nan lwa jeneral pou agrandi jwèt ak dosye ki koresponn yo pa kapab vin yon dirijan oswa anplwaye, oubyen mande yon enterè finansye, yon kandida pou yon lisans jwèt, oubyen posede yon lisans jwèt, pandan yon lane apre li te kanpe travay piblik li a.

(c) Asosye. Y ap gen restriksyon pou asosye w yo pandan w se anplwaye distri a ak apre sèvis ou te fini nan distri a.

Ap gen restriksyon pou asosye distri a ansanm ak ansyen anplwaye distri a tou dapre lwa sou konfli enterè yo.  Si yon anplwaye distri a te patisipe nan yon dosye, oswa si l te ofisyèlman responsab yon dosye, konsa patnè li a pa kapab aji nan non okenn lòt moun esepte distri a oubyen bay sèvis tankou avoka ak pèsonn sof distri a nan kad dosye a.

Egzanp: Yon manm konsèy rejyonal gouvènman ki sipèvize pwojè sou prezèvasyon resous natirèl yo se yon asosye nan yon yon fim konsiltasyon anviwonmantal. Asosye li yo pa kapab kominike ak konsèy la nan non okenn kliyan ki enplike nan youn nan pwojè sa yo.

Egzanp: Yon ansyen konseye jeneral yon ajans distri a ki rejwenn yon kabinè avoka tankou yon asosye. Nouvo asosye li yo pa ka reprezante okenn kliyan prive nan kad dosye l ap plede pou distri a pandan yon lane apre travay li nan distri a te kanpe.

Egzanp: Yon enjenyè pwofesyonèl yon ajans distri a te anplwaye ki rejwenn yon biwo etid ki òganize sou fòm patenarya. Nouvo asosye li yo pa kapab parèt devan ansyen ajans li an nan kad dosye li t ap travay sou yo pou distri a pandan yon lane apre travay li nan distri a te kanpe.



* * * * *

Rezime sa pa gen objektif pou bay konsèy jiridik epi, akoz li se yon rezime, li pa site tout dispozisyon lwa sou konfli enterè a ki kapab aplike nan yon sitiyasyon patikilye. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou fason lwa a aplike nan anpil sitiyasyon lòt kote sou paj kontni wèb Komisyon an nan www.mass.gov/ethics. Ou kapab kontakte tou Divizyon Jiridik Komisyon an sou kontni wèb la, nan telefòn, oswa pa korespondans.

Vèsyon 6: Revize 10 me 2013

Contact

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback