Press Release

Press Release  Administrasyon Healey-Driscoll bay $15M pou Sibvansyone Pwogram Local Head Start Child Care Programs nan

For immediate release:
6/30/2023
  • Department of Early Education and Care
  • Executive Office of Education

Media Contact   for Administrasyon Healey-Driscoll bay $15M pou Sibvansyone Pwogram Local Head Start Child Care Programs nan

Alana Davidson, Director of Communications

Sekretè ak Komisyonè ap pale ak timoun nan pwogram Leo Head Start

LynnAdministrasyon Healey-Driscoll te anonse jodi a l ap bay pandan Ane Fiskal 2024 la 15 milyon dola nan Eta a pou Sibvansyon Siplemantè Head Start ak 28 òganizasyon atravè Commonwealth k ap ofri Early Head Start ak Head Start pou ranfòse edikasyon preliminè onivo eta a ak mendèv yo. Sekretè Edikasyon Patrick Tutwiler ak Komisyonè Edikasyon preliminè ak Laswenyay Amy Kershaw te vizite pwogram Head Start Leo Inc. nan Lynn jodi a pou rankontre ak tande edikatè yo ak fanmi yo dirèkteman, pou wè enpak pwogram nan k ap sipòte plis pase 11,000 timoun chak ane ak anplwaye yo apeprè 4,000 pwofesyonèl timoun piti.

“Sibvansyon Head Start sa ap ede konbat de defi mwen tande pale souvan de yo lè m ap vwayaje atravè eta a: pri pou gadri a ki tètnèg ak kriz sante mantal ki afekte jèn nou yo,” Gouvènè Maura Healey te deklare. “Envestisman 15 milyon dola sa a finansye eta a nan pwogram tankou Head Start k ap ede rann eta nou an vin pi abòdab ak ekitab, sipòte rekritman edikatè kalifye pou sèvi plis timoun, epi bati kominote ki pi an sante lè yo satisfè bezwen fanmi yo.”

“Administrasyon nou an pran angajman pou ranfòse enfrastrikti lokal anrapò ak laswenyay e edikasyon preliminè. Sibvansyon sa yo sipòte Pwogram Head Start lokal nou yo pou yo envesti nan etidyan ki pi piti yo pou yo ka jwenn aksè ak bonjan kalite edikasyon yo bezwen pou yo reyisi nan lekòl ak nan lavi kèlkeswa kòd postal yo oswa nan domèn ekonomik,” Gouvènè Kim Driscoll te deklare. “Aksè ak pwogram Head Start la sipòte estabilite ekonomik fanmi yo, ankouraje devlopman onivo sante ak byennèt pitit yo.”

Sibvansyon sa yo fokis sou finansman sipò devlopman mendèv ak amelyore kalite pwogram nan tout pwogram Head Start ak Early Head Start la. Lajan yo ka itilize pou sipòte salè anplwaye yo, konpansasyon, ak benefis pou adrese rekritman epi pou kenbe anplwaye Early Head Start ak Head Start yo. Epi tou bay sipò dirèk nan pwogram Early Head Start ak Head Start pou bay bonjan kalite sèvis konplè ki ka gen ladan antrenè, konsiltan sante mantal, ak anplwaye ansèyman adisyonèl pou redwi kantite anplwaye ak timoun.

“Administrasyon Healey-Driscoll pran angajman pou mete aksan sou ekite nan tout sa n ap fè. "Head Start se yon pati enpòtan nan travay sa a - ede kraze sik lamizè miltijenerasyonal la atravè pwogram edikasyon konplè ki satisfè bezwen emosyonèl, sosyal, sante, nitrisyonèl ak sikolojik timoun yo," Sekretè Edikasyon Patrick Tutwiler te deklare. “Finansman sa a onivo eta a pral non sèlman sipòte timoun nou yo, men tou bezwen tout fanmi an. Li se tou yon envestisman nan edikatè timoun piti nou yo ak kominote lokal yo, pou ankouraje yon edikasyon bonjan kalite pou tout jèn elèv k ap aprann.”

“Head Start se yon pati enpòtan nan sistèm gadri nou an ki prepare globalman plizyè milye jèn etidyan pou antre lekòl pare pou yo reyisi, pandan y ap ede fanmi ki gen revni fèb yo travay epi pouse ekonomi nou an pi devan,” Se deklarasyon sa a Komisyonè Depatman Edikasyon preliminè ak Swen Amy Kershaw te fè. “Pandemi COVID-19 la te agrave ansyen frajilite nan sistèm edikasyon preliminè ak laswenyay, kote pwogram yo gen anpil difikilte pou fè balans ki abòdab pou fanmi yo epi peye anplwaye yo ase lajan epi envesti nan sipò kritik ki gen kalite. Nou kontan bay sibvansyon sa yo onivo pwogram Head Start lokal yo pou ede fè fas ak defi sa yo epi konstwi yon sistèm ki pi aksesib, abòdab ak ekitab.”

"Head Start se yon kòd sekirite ki fondamantal pou plis pase 11,000 jèn timoun vilnerab ak fanmi yo nan Massachusetts, ki bay aksè a bonjan kalite edikasyon preliminè ak sèvis konplè timoun ak fanmi yo bezwen pou yo pwospere. MHSA rekonesan pou Lejislati a, Administrasyon Healey-Driscoll, ak Depatman Edikasyon preliminè ak Laswenyay pou sipòte pwogram Head Start atravè Sibvansyon Siplemantè a,” Se deklarasyon Direktè Egzekitif Massachusetts Head Start Association (MHSA) Michelle Haimowitz te fè.

Pwogram Early Head Start ak Head Start la ofri sèvis aprantisaj ak devlopman gratis pou fanmi ki gen ti revni yo ki gen timoun jiska 5 an daj. Kèk pwogram Early Head Start bay sèvis prenatal tou pou moun ansent yo. Fanmi ki resevwa benefis lajan kach TAFDC, benefis manje SNAP, ak/oswa benefis SSI pou enfimite, timoun nan swen adoptif ak timoun ki sanzabri kalifye otomatikman pou Head Start. Aprann plis sou Head Start epi jwenn yon pwogram lokal lè w rele 1-866-763-6481 oswa vizite https://eclkc.ohs.acf.hhs.gov/how-apply.

Sibvansyon yo bay 28 òganizasyon sa yo pral envesti dirèkteman nan finansman 168 vil ak vilaj atravè Massachusetts.

Moun ki resevwa Sibvansyon Siplemantè Head Start pou Ane Fiskal 2024 la:

Benefisyè

Vil/Vilaj yo bay sèvis

Action For Boston Community Development, Inc.

Boston, Everett, Malden, ak Medford

Associates for Human Services, Inc.

Attleboro, Brockton, Bridgewater, East Bridgewater, Middleboro, New Bedford, Norton, Taunton, Whitman,

ak West Bridgewater

Berkshire County Head Start Child Development Program, Inc

Adams, Alford, Becket, Cheshire, Clarksburg, Dalton,

Egremont, Florida, Great Barrington, Hancock, Hinsdale, Lanesboro, Lee, Lenox, New Marlborough, New Ashford, Mount Washington, Monterey, North Adams, Otis, Peru, Pittsfield, Richmond, Sandisfield, Savoy, Sheffield,

Stockbridge, Tyringham, Washington, West Stockbridge, Windsor, ak Williamstown

Cape Cod YMCA

Barnstable, Bourne, Brewster, Chatham, Dennis, Eastham, Falmouth, Harwich, Mashpee, Orleans,

Provincetown, Sandwich, Truro, Wellfleet, ak Yarmouth

Citizens for Citizens, Inc.

Berkley, Dighton, Fall River, Freetown, Lakeville,

Rehoboth, Seekonk, Somerset, Swansea, ak Westport

Communities United, Inc.

Arlington, Belmont, Brookline, Burlington, Lexington,

Needham, Newton, Waltham, Watertown, Wellesley, ak Woburn

Community Action Agency of Somerville

Cambridge ak Somerville

Community Action Pioneer Valley, Inc.

Agawam, Amherst, Belchertown, Bernardston, Blandford, Buckland, Charlemont, Chester, Chestfield, Colrain, Conway, Cummington, Deerfield, Easthampton, Erving, Gill, Goshen, Granby, Granville, Greenfield,

Hadley, Hatfield, Hawley, Heath, Huntington, Leverett,

Leyden, Middlefield, Montroe, Montague, Montgomery,

 

 

New Salem, Northampton, Northfield, Orange, Pelham, Plainfield, Rowe, Russell, Shutesbury, South Hadley, Southampton, Southwick, Sunderland, Tolland, Ware, Warwick, Wendell, West Springfield, Westfield,

Westhampton, Whately, Williamsburg, ak Worthington

Community Action Program-Inter City,

Incorporated

Chelsea, Revere, ak Winthrop

Community Action, Inc.

Amesbury, Georgetown, Groveland, Haverhill, Merrimac,

Newbury, Newburyport, Salisbury, ak West Newbury

Community Day Care Center of Lawrence,

Inc.

Lawrence ak Methuen

Community Teamwork, Inc.

Bedford, Billerica, Burlington, Chelmsford, Dracut,

Dunstable, Lowell, Tewksbury, Tyngsboro, Westford, ak Wilmington

Dimock Community Services Corporation

Boston

Greater Lawrence Community Action

Council, Inc.

Andover, Lawrence, Methuen, ak North Andover

Holyoke Chicopee Springfield Head Start,

Inc

Chicopee, Holyoke, Ludlow ak Springfield

LEO INC.

Lynn, Lynnfield, Marblehead, Nahant, Saugus, ak

Swampscott

Making Opportunity Count, Inc.

Ashburnham, Ashby, Ayer, Barre, Boylston, Clinton, Fitchburg, Gardner, Hubbardston, Leominster,

Lunenburg, Phillipston, Royalston, Rutland, Templeton, Westminster, ak Winchendon

Martha's Vineyard Community Services

Incorporated

Aquinnah, Chilmark, Edgartown, Oak Bluffs, Tisbury ak

West Tisbury

Pathways for Children, Inc.

Beverly, Danvers, Essex, Gloucester, Ipswich, Middleton,

Peabody, Rockport, Salem, Topsfield, ak Wenham

People Acting In Community Endeavors,

Inc.

Acushnet, Dartmouth, Fairhaven, Mattapoisett, ak New

Bedford

Quincy Community Action Program, Inc.

Braintree, Hull, Milton, Quincy, ak Weymouth

Riverside Community Care, Inc.

Cambridge, Medford, ak Somerville

Self-Help Incorporated

Abington, Attleboro, Avon, Bridgewater, Brockton, Canton, Dedham, East Bridgewater, Easton, Foxboro, Franklin, Hanover, Hanson, Holbrook, Kingston, Mansfield, Middleboro, Norfolk, North Attleboro, Norton, Norwood, Plainville, Randolph, Rockland,

Stoughton, Walpole, West Bridgewater, Westwood, Whitman, ak Wrentham

South Middlesex Opportunity Council, Inc.

Acton, Ashland, Bellingham, Blackstone, Boxboro, Concord, Dover, Framingham, Grafton, Holliston, Hopedale, Hopkinton, Hudson, Lincoln, Littleton, Marborough, Maynard, Medfield, Medway, Mendon, Milford, Millis, Millville, Natick, Northborough,

Northbridge, Sherborn, Shewsbury, Southborough, Stow,

 

 

Sudbury, Upton, Uxbridge, Wayland, Westborough, ak

Weston

South Shore Community Action Council, Inc.

Bourne, Carver, Cohassett, Duxbury, Halifax, Hanover, Hingham, Kingston, Marshfield, Norwell, Pembroke,

Plymouth, Plympton, Scituate, ak Wareham

Triumph, Inc

Raynham ak Taunton

Worcester Community Action Council, Inc.

Auburn, Dudley, East Brookfield, Holden, Leicester, Millbury, Oxford, Southbridge, Spencer, Sturbridge, Webster ak West Brookfield

Worcester Child Development (City of

Worcester)

Worcester

 

###

Media Contact   for Administrasyon Healey-Driscoll bay $15M pou Sibvansyone Pwogram Local Head Start Child Care Programs nan

  • Department of Early Education and Care 

    The Department of Early Education and Care's mission is to support the healthy growth and development of all children by providing high quality programs and resources for families and communities.
  • Executive Office of Education 

    From pre-school to post-secondary education, the Executive Office of Education works to connect all Massachusetts residents with an education that creates opportunities.

    While Massachusetts' students rank first in the nation on many educational measures, the Executive Office of Education strives to strengthen the foundations of education reform, empower schools and educators, and develop pathways to college and careers so all students in the Commonwealth can succeed, regardless of their zip code.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback