Ki kote koyòt rete?
Ou ka jwenn koyòt nan prèske chak bouk ak vil ki gen nan Massachusetts. Yo adapte yo ak anpil diferan kalite zòn y ap viv, san wete kote moun rete, nan vil, ak andeyò.
Ki sa m dwe fè si m wè yon koyòt?
Si w rankontre ak yon koyòt nan lakou w oswa nan katye bò lakay ou, ou ka ranfòse krent yon koyòt deja gen pou moun tou natirèlman lè w itilize teknik pou kouri dèyè l. Fè koyòt la konnen plas li pa la lè w fè gwo bri tankou sonnen yon klaksonn nematik, lè w voye dlo sou li avèk yon kòbelann, oswa lè w voye ti objè toupre l, toutpandan w ap kouri dèyè l literalman pou fè l kite espas la. Objektif la se fè bèt la pè pou l chape poul li, se pa pou w fè l mal. Timoun dwe kite espas la dousman (yo pa dwe kouri) epi yo dwe chèhce yon adilt ki ka kouri dèyè koyòt la pou yo. Pa janm eseye touche oubyen donte yon bèt sovaj, ni w pa dwe ba l manje.
Èske l nòmal pou m wè koyòt lajounen?
Wi. Koyòt deplase sitou ant solèy kouche ak solèy leve, men yo gendwa aktif 24 sou 24. Moun konn wè koyòt pi souvan lajounen nan sezon prentan ak ete paske y ap met ba epi y ap leve pitit yo pandan sezon sa yo. Yo pi aktif epi moun gendwa wè yo pi souvan pandan y ap chèche manje pou yo bay pitit yo. Aktivite lajounen se konpòtman ki nòmal epi l pa vle di bèt la gen raj. Menmsi koyòt konn gen raj, sa pa rive fasil, dapre sa moun konstate. Yon koyòt ki gen siy raj gendwa manke kowòdonasyon, li vire tou won, li paralize, bouch li fè anpil dlo, li fè tèt li mal, oswa l agresif anvè lòt bèt ak/oswa objè ki fiks. Nenpòt koyòt ki gen sentòm sa yo, yo dwe fè Biwo Kontwòl sou Bèt la ak/oswa Depatman Lapolis la konn sa tousuit.
Ki sa koyòt manje?
Koyòt manje sa yo jwenn, sa vle di yo konn manje nenpòt sa ki pi disponib e fasil pou yo jwenn. Manje natirèl prensipal yo a se fwi, ti fwi, ti bèt, lapen, zwazo, koulèv, krapo, ak ensèk. Yo konn manje rès bèt ki te mouri deja, san wete bèt machin te touye sou lari a, epi yo konn kontan manje fatra, konpòs, fwi ak legim nan jaden, ak manje yo kite deyò pou bèt domestik. Koyòt konn manje grenn yo kite pou zwazo e yo konn manje zwazo ak ti mamifè ki konn vin kote gen manjwa zwazo yo. Koyòt gendwa chase bèt domestik ki pa nan kòd, san wete chat ki pa nan kay la, chen domestik ki pa sipèvize, ak lòt kalite bèt ki lib, tankou poul moun gade nan lakou yo. Piske koyòt manje anpil diferan kalite manje, yo adapte yo ak lavi nan diferan kalite zòn, tankou zòn ki gen anpil moun.
Ki jan pou m evite konfli ant koyòt ak moun?
Gen plizyè etap ki senp ou ka suiv pou w minimize posiblite pou w gen konfli ak bèt sovaj:
- Retire epi sekirize tout sous manje bò lakay ou ak nan zòn kote biznis ou ye a
- Retire manje ak kote ti bèt ka kache, tankou sourit ak rat (pil branch bwa ak pil bw, manje zwazo ki tonbe atè, manje bèt domestik, ak sous dlo)
- Pa janm fè espre bay yon bèt sovaj manje
- Sekirize fatra nan poubèl oubyen anndan kay
- Sipèvize timoun piti lè y ap jwe deyò
- Kouri dèyè koyòt nenpòt lè w jwenn yo
Lòt Teknik:
- Enstale kloti (ki mezire 6 pye wotè e ki desann 1 pye anba tè oswa ki gen yon ‘jip’ ki mezire kèk pye longè ki fikse atè a avèk pikèt)
- Mete limyè oubyen sistèm irigasyon dlo deyò a ki aktive lè gen mouvman
- Bouche espas ki gen anba kay, galri, ak depo
Ki jan pou m pwoteje bèt domestik mwen yo ak lòt bèt kont koyòt?
Ou ka pwoteje bèt domestik ou yo kont koyòt lè w:
- Bay bèt domestik ou yo manje anndan kay oswa anba sipèvizyon w deyò, epi kenbe espas la pwòp
- Sipèvize bèt domestik ou yo lè yo deyò, sa gen ladan l mete yo nan kòd pou w gen kontwòl yo
- Asire w tout bèt domestik ou yo gen tout vaksen yo dwe genyen
- Sekirize lòt kalite bèt ou genyen, tankou poul, elatriye, nan kalòj ki solid
Aprann plis sou fason pou w pwoteje bèt domestik ou yo kont koyòt ak lòt bèt sovaj isit.
Èske l posib pou yon koyòt atake yon moun?
Li vrèman difisil pou yon koyòt atake yon moun. Majorite ka kote yon koyòt te mòde yon moun, se paske moun nan t ap fè espre bay koyòt la manje. Li pi fasil lontan pou se yon chen domestik ki mòde w oswa yon machin frape w pase yon koyòt atake w.
Kiyès pou m kontakte si m gen enkyetid anrapò ak koyòt?
Menm jan ak tout bèt sovaj nan Massachusetts, se Depatman Lapèch ak Bèt Sovaj Massachusetts la ki gen dwa sou koyòt yo. Senpleman lefètke gen yon koyòt nan yon zòn, sa pa dwe bay moun enkyetid. E lefètke koyòt pran bèt domestik yon moun, sa pa vle di yo se yon danje pou sekirite moun. Gade tablo ki pi ba a pou w detèmine ki sa k nòmal, ki sa k montre koyòt la gen kran, epi ki sa k agresyon. Si w enkyè paske yon koyòt gen anpil kran oswa l agresif, ou ka rele Depatman Lapolis ki nan zòn ou an oswa w ka rele Lapolis Anviwònman an nan 1‐800‐632‐8075.
Konpòtman Koyòt | Pwogresyon |
---|---|
Li itilize espas rezidansyèl souvan | Nòmal |
Li fè aktivite lajounen souvan | Nòmal |
Li atake bèt domestik ki pa sipèvize leswa | Nòmal |
Li atake bèt domestik ki pa sipèvize lajounen | Nòmal/Kran |
Li atake bèt domestik ki nan kòd (gen moun la a) | Kran/Anpil kran |
Li pwoche bò kote moun oswa l suiv yo deprè, li pa kouri lè yo kouri dèyè l | Anpil kran |
Li atake moun fizikman | Agresif |
Poukisa koyòt fè rèl?
Rèl se mwayen prensipal koyòt itilize pou yo kominike youn ak lòt. Byenke gen kèk moun ki twouve li deranje yo, rèl yo sèvi plizyè fonksyon:
- Koyòt yo ap di moun ki pa fanmi yo pou yo rete lwen tèritwa yo.
- Manm fanmi yo ap chèche youn lòt anndan tèritwa yo a.
- Pitit ap fè rèl kòm pratik; yo konn fè anpil bri nan fen sezon ete a lè y ap eseye imite paran yo.
- Lè gen yon menas anvè pitit yo, koyòt ki pi gran yo gaye kò yo nan zòn nan epi yo fè rèl pou yo ka distrè menas la pou l ka evite kacho yo a.
Li ka difisil pou w konte konbyen koyòt ki genyen selon rèl yo fè, menm pou moun ki byen fòme pou l fè rechèch sou yo. De koyòt k ap fè rèl ansanm ak pitit yo ka sanbhle yo anpil akoz yon efè ki ka twonpe moun ki rele efè “bèl jès” la ki fè son an varye pandan l travèse anviwònman an.
Èske popilasyon koyòt la ap grandi nan Massachusetts?
Popilasyon koyòt delès la byen tabli atravè Massachusetts. Jis lefètke yon moun wè plis koyòt, sa pa toujou vle di popilasyon koyòt la ap grandi. Koyòt se bèt ki gen yon tèritwa e yo defann tèritwa yo aktivman kont lòt koyòt. Chak tèritwa gen yon fanmi ki abite ladan l. Fanmi sa a gen ladan l koup la (yon mal ki chèf ak yon femèl), petèt youn oubyen 2 koyòt ki “adolesan” (asosye oswa èd), epi nan sezon prentan oswa ete, gen ant 2 ak 12 pitit (pi souvan gen ant 2 ak 6 pitit). Koyòt ka deplase nan yon distans ant 2 ak 30 mayl kare pandan y ap fè patwouy nan tèritwa yo. Yo gendwa rapòte yon grenn koyòt k ap deplase nan tèritwa l la plizyè fwa, sa ki gendwa fè moun panse gen plis koyòt pase kantite ki genyen toutbon an. Mete sou sa, atravè ane a e ant yon ane ak yon lòt, koyòt yo chanje aktivite yo ak tèritwa yo, konsa lè moun pa wè yo menm jan an ankò, sa ki senpleman vle di yo chanje konpòtman.
Èske yon zòn ka vin chaje twòp ak koyòt?
Non. Koyòt ki rete nan yon zòn pap tolere lòt koyòt nan tèritwa yo a. Y ap defann tèritwa yo avèk vyolans e y ap goumen ak lòt koyòt k ap eseye monte sou tèritwa pa yo.
Si yo chase oubyen pyeje koyòt plis, èske sa ka ede yo kontwole popilasyon koyòt la?
Non. Li sanse enposib pou moun kontwole popilasyon koyòt la, kèlkeswa jan yo chase yo oswa tann pyèj pou yo akoz fason popilasyon yo òganize ak fason yo repwodui. Popilasyon koyòt yo jere tèt yo poukont yo; yo pwodui sèlman kantite pitit zòn nan ka sipòte parapò ak kantite resous ki genyen yo. Si gen plis manje, koyòt yo pral fè plis pitit.
Poukisa nou pa ka jis retire koyòt nan yon bouk ki pa vle yo?
Koyòt fè pati peyizaj New England nan e yo pap fè yon pa. Lè yo te eseye elimine koyòt atravè peyi a, an jeneral yo te echwe paske koyòt yo gen kapasite pou yo adapte yo ak sikonstans k ap chanje e pou yo ranplase sa k te pèdi. Retire koyòt se yon solisyon ki pap mennen lwen paske l kite zòn nan lib, konsa koyòt ki an deplasman k ap chèche yon tèritwa ap vin pran plas sa yo te retire yo; se pral menm bagay la ankò. Solisyon k ap dire a se evite konfli epi chèche viv ansanm.
How can I share this information with others?
Download and print the Frequently Asked Questions about Coyotes in Massachusetts document to share information about coyotes with others.
MassWildlife Coyote Presentation
Video: Coyote Biology, Management, & Coexistence - Dave Wattles, PhD, Black Bear and Furbearer Biologist
Skip this video Coyote Biology, Management, & Coexistence - Dave Wattles, PhD, Black Bear and Furbearer Biologist.Additional Resources
- Learn about coyotes
-
Open PDF file, 313.91 KB, Frequently asked questions about coyotes in Massachusetts (English, PDF 313.91 KB)
-
Open PDF file, 927 KB, Living with coyotes fact sheet (English, PDF 927 KB)
-
Open PDF file, 237.54 KB, Understanding coyotes: Advice for parents, schools, daycares (English, PDF 237.54 KB)