Sou Zafè Komite Kap Etidye Ekite Ak Responsablite Fon Federal

Komite kap etidye ekite ak responsablite fon federal gen pou travay swiv kijan fon Lwa sou Plan Sekou Ameriken (American Rescue Plan Act, ARPA) depanse nan Massachusetts.

Table of Contents

Kisa Lwa sou Plan Sekou Ameriken an ye (ARPA)?

Gouvènman federal siyen Plan Sekou Ameriken an (American Rescue Plan Act, ARPA) tankou yon lwa nan dat 11 Mas 2021. Lwa sa bay 1.9 trilyon dola pou kontinye repons COVID-19 epi reyabilitasyon nan tout Etazini (USA), epi tou 350 bilyon dola pou Fon Reyabilitasyon Finans leta ak kolektivite lokal pou Coronavirus.

Massachusetts resevwa apeprè $8.7 bilyon nan ARPA:

  • $5.3 bilyon pou gouvènman leta a kapab depanse.
  • $3.4 bilyon pou gouvènman vil ak komin yo kapab depanse.
  • $25 milyon pou gouvènman tribi yo kapab depanse.

 

Apran plis sou fon ARPA Massachusetts.

Kisa Komite Kap Etidye Ekite Ak Responsablite Fon Federal la ye?

Massachusetts apwouve yon pwopozisyon pou depanse $2.55 bilyon nan $5.3 bilyon leta a nan fon ARPA (Chapit 102 Lwa 2021 an). Leta rezève rès lajan pou itilize nan le fiti.

Pwopozisyon sa kreye yon komite Ekite ak Responsabilite ki genyen 25 manm pou evalye kijan fon ARPA depanse nan kominote ki afekte yon jan dispropòsyonèl pa pandemi COVID-19 la. Manm Komite a gen ladan li reprezantan divès gwoup òganizasyon nan tout eta a.

Manm Komite Revizyon Ekite ak Responsablite Fon Federal
(òganize pa Non, Org/Tit, Otorite ki chwazi)

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback