Sèvis yo ofri nan Sant Re-anbochaj la
Sant Re-anbochaj Boston la ofri anpil sèvis pou moun k ap chèche travay, ki gen ladann èd ak reklamasyon ou an, èd ak kont UI Online ou an epi èd pou mete an kontak ak sèvis pou chèhe travay.
Èd ak reklamasyon ou an:
- Prezante yon nouvo reklamasyon oswa re-louvri yon reklamasyon
- Vini epi depoze dokiman yo ki gen rapò ak reklamasyon ou an. Ou kapab remèt papye ki gen pou wè ak reklamasyon DUA oswa PUA ou yo
- Enprime papye pou benefis chomaj yo
- Sètifye rechèch travay ou an chak semèn aprè ou depoze reklamasyon ou an.
- Ranpli kesyonè ou an
- Konprann papye nou te voye ba w konsènan reklamasyon ou an
- Konprann peman lajan anplis ki gen pou wè ak reklamasyon ou an
Èd ak kont UI Online ou an:
- Re-pwograme mòdpas ou an
- Re-pwograme PIN ou an
- Mete enfòmasyon pèsonèl ou yo ajou. Nou kapab ede w chanje enfòmasyon labank ou yo ak enfòmasyon konsènan fanmi w. Epitou nou kapab ede w chanje adrès imèl ak adrès postal ou an.
Nouvo opòtinite pwofesyonèl:
- Konekte nan MassHire services, enskri nan Sant travay (MassHire Career Center) la epi enskri sou MassHire JobQuest.
Sèvis yo pa ofri nan Sant Re-anbochaj la
Sant sa a pa bay sèvis ki gen pou wè ak pwoblèm ki anba la yo. Klike sou lyen ki anba a pou jwenn èd.
- Pwograme Odyans, prezante Kontestasyon oswa chèche jwenn nan ki pwen Odyans ou an rive
- Remak: ou kapab mande pou èd nan lang ak nan aksesibilite nan sant la
- Egzamine oswa travay sou kesyon ki poko jwenn solisyon yo ki retade peman yon pwosesè adjidikasyon DUA dwe abòde aprè ou fin remèt tout papye ou yo
- Ranbousman lajan UI/PUA ki twòp
- Sèvis Sipò Timoun DOR
- Sèvis Anplwayè (sètifika konfòmite oswa Kontribisyon Asirans chomaj)
- Peman ann Atant ki gen pou wè ak demand Verifikasyon Idantite yo
- Rapòte reklamayon fwòd ki fèt ak enfòmasyon pèsonèl ou yo
- Verifikasyon Lojman yo
- Dokiman anrejistre Plent Komisyon Mass Kont Diskriminasyon
- Sèvis Sekirite sosyal yo (nouvo soumisyon oswa demand Kat ranplasman)
Kijan pou fè yon randevou
Al gade nan www.mass.gov/RECappointment pou fè yon randevou pou vini nan Sant Re-Anbochaj Boston an.
Sant lan louvri lendi pou vandredi, soti nan 8è:30 a.m. rive nan 4è:30 p.m.
Al gade nan www.mass.gov/ServicesnotavailableRECHT oubyen rele nan (877) 626-6800 pou jwenn èd ak sèvis REC pa ofri yo.