Lis Sèvis Sant Re-anbochaj (Re-Employment Center, REC) la Pa Ofri

Aprann kijan pou mande èd ak sèvis yo pa ofri nan REC Boston, Depatman Èd Chomaj (Department of Unemployment Assistance, DUA).

Ale nan Sant Re-anbochaj la si ou bezwen èd ak aksesibilite oswa nan lang pou jwenn aksè nan sèvis yo.

Table of Contents

Pwograme Odyans oswa soumèt Kontestasyon yo

Dokiman Kontestasyon DUA:

  • Se envite DUA yo sèlman ki gen dokiman yo kapab fizikman vin depoze konsèan yon kontestasyon ki ta dwe antre nan Sant Re-anbochaj la. Moun kapab jwenn tout lòt aktivite kontestasyon DUA yo epi tcheke nan ki pwen kontestasyon an rive kapab fèt anliy. OBSÈVASYON: si ou soumèt dokiman sa yo nan Sant Re-anbochaj la p ap fè ke yo pral travay pi bonè sou kontestasyon ou an pase lòt soumisyon kontestasyon yo.
  • Estaf sipò Odyans DUA yo ede moun k ap fè reklamasyon, anplwayè ak reprezantan yo pou demand ki gen pou wè ak kontestsyon epi odyans yo.
  • Si ou bezwen konteste desizyon DUA an, ou kapab depoze yon Kontestasyon anliy oubyen nan kourye lapòs oswa fakse li.
    • Anliy: Fason ki pi rapid pou depoze yon Kontestasyon se pou ale sou Entènèt pou kòmanse pwosesis la lè ou fè etap ki annapre yo:
      1. Konekte nan kont UI Online ou an
      2. Klike sou View (Gade) epi kenbe li nan pano agòch la 
      3. Klike sou Monetary and issue summary (Rezime monetèak rezime pwoblèm)
      4. Chwazi ID pwoblèm la epi apresa klie sou Appeal (Kontestasyon).
      • Fax: Ranpli epi siyen demand kontestasyon an epi fakse li nan (617) 727-9329.
      • Nan kourye lapòs: Gen 2 fason pou konteste desizyon an nan kourye lapòs:
      1. Ranpli fòm Enfòmasyon sou Demand Kontestasyon an yo te voye ba w nan kourye lapòs lan ansanm ak Avi Diskalifikasyon an OUBYEN.
      2. Ekri yon korespondans pou mande pou yon kontestasyon. Make:
  • Nimewo telefòn
  • ID Demandè
  • Siyati ou
  • Voye fòm ou ranpli a oswa korspondans ou an nan:

Department of Unemployment Assistance
Hearings Department
2 Avenue de Lafayette

Boston, MA 02111

Tcheke nan ki pwen Kontestasyon DUA rive:

Rele biwo Odyans Rejyonal yo nan (617) 626-5200

Retrè Kontestasyon yo: 

Fason ki pi rapid pou retire yon Kontestasyon se si ou konekte sou Entènèt pou kòmanse pwosesis la lè ou fè etap ki annapre yo:

  1. Konekte nan kont UI Online ou an,
  2. Klike View epi kenbe li nan pano agòch la,
  3. Klike Monetary and issue summary
    (Rezime monetè ak rezime pwoblèm la)  
  4. Chwazi ID pwoblèm la epi klike Withdraw (Retire) oswa Voye yon lèt siyen ki deklare ou vle retire kontestasyon ou epi make non, ID demandè a ak ID pwoblèm la epi voye korespondans la bay
  • Hearings Department
    2 Avenue de Lafayette
    Boston, MA 02111
    oubyen fakse li nan (617) 727-9329.

Ou Manke Dat Odyans la Ou Bezwen yon Nouvo Dat Odyans (Renouvèlman yo):

  • Demandè ak anplwayè yo ki te manke odyans yo kapab mande pou yo renouvle kontestasyon an (yon nouvo dat odyans). Pou remete kontestasyon an, estaf odyans la dwe konne pou ki rezon moun lan pa t vini nan odyans la.
  • Ou dwe ranpli yon fòm renouvèlman oubyen voye yon esplikasyon alekri nan odyans yo. Esplike demandè a pou li ranpli demand renouvèlman an ki vini ak Notifikasyon Ranvwa (Notice of Dismissal) la, OUBYEN ou ka voye yon korespondans nan adrès sa a:

    DUA Hearings Department,
    2 Avenue de Lafayette
    Boston MA 02111

Kopi anrejistreman yo: 

  • Pou mande yon kopi yon anrejistreman odyans ki fin fèt, tanpri kontakte DUA Hearings Department la nan (617) 626-5200.

Manda konparisyon (subpoenas) yo:  

  • Pou mande yon manda konparisyon, tanpri ale anliy pou demare pwosesis la lè ou fè demach ki annapre yo
    1) Konekte nan kont UI Online ou an,
    2) Klike View epi kenbe li nan pano agòch la,
    3) Klike Monetary and issue summary (Rezime monetè ak rezime pwoblèm la) 

    4) Chwazi ID pwoblèm la epi klike Mande yon Manda Konparisyon OUBYEN rele Depatman
        Odyans DUA nan (617) 626-5200. 
  • Ou ta dwe mande yon manda bonèjan sa posib depi yo fin pwograme odyans ou an. Yo dwe asiyen yon temwen pou li konparèt ak yon manda konparisyon DUA omwen 4 jou anvan dat odyans la. Li posib tou pou jwenn yon manda konparisyon nan men yon notè piblik oswa yon majistra tribinal de pè. 

Kijan ou ka konfime Dat Odyans ou an oubyen pwograme yon Odyans:

Pou jwenn enfòmasyon konsènan yon Odyans w ap tann pou yo pworame, tanpri rele nan (617) 626-5220.

Kijan pou jwenn nan ki pwen Desizyon ou an rive:

Pou mande enfòmasyon osijè yon odyans ki fini deja, rele nan (617) 626-5220.

Prezante oswa tcheke nan ki pwen yon Kontestasyon PUA rive – Eksepte si ou gen dokiman ki gen pou wè ak ansyen kontestasyon ou ou dwe vin depoze, ou kapab tcheke nan ki pwen tout kontestasyon yo rive an tout korespondans ki gen pou wè ak yon kontestasyon nan Pal Pwofil PUA Profile endividyèl ou.

Dokimantasyon Kontestasyon DUA an: Se envite PUA yo sèlman ki gen dokiman konsènan yon kontestasyon yo dwe fizikman vin depoze ki ta dwe fè yon randevou nan Sant Re-anbochaj la. Yo ka fè tout lòt aktivite kontestasyon PUA yo epi tcheke nan ki pwen kontestasyon yo rive anliy nan Paj Pwofil PUA endividyèl ou. OBSÈVASYON: se pa paske ou voye dokiman sa yo nan Sant Re-anbochaj la ke yo pral travay sou Kontestasyon ou an pi bonè pase lòt demand Kontestasyon yo.

  • ANLIY: Fason ki pi rapid pou prezante yon kontestasyon PUA se ale anliy pou demare pwosesis la epi fè etap ki annapre yo:
    1. Konekte w nan kont sèvis elektwonik ou yo,
    2. Klike “More” (Plis) epi chwazi “file an appeal” (prezante yon kontestasyon) epi make ID
        korespondans ki gen desizyon an,
    3. Klike “Next” (Pwochen)
    4. Make rezon pou kontestasyon an
    5. Klike soumèt
  • NAN KOURYE LAPÒS oswa FAKS: Ekri yon korespondans kote w ap mande fè yon kontestasyon. Make:
    • Non ou
    • Nimewo telefòn
    • ID Reklamasyon
    • ID Korepondans la
    • Siyati

Voye korespondans ou ki konplè nan adrès sa a:

Department of Unemployment Assistance
Hearings Department
2 Avenue de Lafayette
Boston, MA 02111

Fakse korespondans ki konplè w lan nan (617) 727-9329.

Pwoblèm ki poko jwenn solisyon k ap retade peman

Analiz oswa tretman pwoblèm ki poko rezoud yo ki retade peman yon pwosesè adjidikasyon DUA dwe jere (sètadi, yo deja resevwa tout dokiman ki nesesè ak repons pou kesyonè an):

  • Kontakte sant demand a distans la nan (617) 626-6800 epi chwazi mesaj-gid Asistans pou Kliyan an.
  • Soumisyon Dokiman: Si ou bezwen soumèt enfòmason anplis pou sipòte reklamasyon chomaj ou an, ou ka fè sa anliy; konekte w sou kont UI Online ou an.

Ranbousman lajan UI/PUA ki twòp

Ranbousman lajan UI/PUA ki twòp pa kapab fèt nan REC.

Si w ap fè yon ranbousman ak yon chèk papye oubyen yon manda postal (money order), tanpri make nimewo demandè ID ou an ki aplikab sou peman an epi voye li nan kourye lapò bay:

Department of Unemployment Assistance                
UI Benefit Collection                                                
P.O. Box 9699                                                      
Boston, MA 02114

Sèvis Sipò Timoun DOR:

REC p ap kapab sipòte sèvis oubyen kesyon ki gen pou wè ak Sèvis Sipò Timoun DOR yo. Pou pwoblèm ki gen pou wè ak Sipò Timoun Depatman Revni (Department of Revenue Child Support), tanpri al gade nan mass.gov/orgs/child-support-enforcement-division.

Sèvis pou Anplwayè yo

Sèvis Anplwayè (sètadi, sètifika konfòmite oswa Kontribisyon Asirans chomaj)

  • Sant Re-anbochaj la p ap kapab sipòte sèvis ni kesyon ki gen pou wè ak preyokipasyon anplwayè yo ni aksepte kontribisyon asirans chomaj yo. 
  • Pou peye yon kontribisyon asirans chomaj, tanpri fè etap ki annapre yo:
  1. Konekte nan kont UI Online ou an, 
  2. Klike Payment information (Enfòmasyon peman),
  3. Klike Payment account summary (rezime peman kont la) pou gade balans kont ou an,
  4. Pou gade detay balans ou dwe a, klike sou Unpaid debt (Dèt ki poko peye) oubyen Interest calculator (Kalkilatè enterè),
  5. Klike sou Make a payment (Fè yon peman),
  6. Chwazi Payment method (Metòd peman) epi swiv enstriksyon sou ekran an. Enprime nimewo konfimasyon peman an epi kenbe li nan dosye w.

Peman yo ki Ann atant pou akòz demand Verifikasyon Idantite yo

Si ou resevwa yon notifikasyon k ap voye w sou yon nouvo metòd pou verifye idantite w pou Depatman Asistans Chomaj (Department of Unemployment Assistance), tanpri swiv enstriksyon ki anba la yo:

  • Ou gen yon pwoblèm idantite sou reklamasyon ou k ap anpeche yo peye w. Pou konfime idantite w, tanpri sèvi ak ID.me, yon patnè teknoloji DUA ou fè konfyans. Al gade nan ID.me pou konplete pwosesis anliy la nan 10 jou oplita apre ou resevwa notifikasyon sa a.
  • Lè ou itilize ID.me, ou kapab jwenn yon solisyon nan pwoblèm idantite osijè reklamasyon ou an nan 24 a 48 èdtan nan pifò ka yo. Pi bonè ou fè pwosesis verifikasyon an, se pi bonè ou pral resevwa benefis.
  • ID.me se yon founisè idantite ki akredite federalman epi ki espesyalize nan pwoteksyon idantite dijital. DUA te pase yon kontra ak ID.me pou ede konfime ke ou se moun ou di ou ye a – epi ke se pa yon lòt moun k ap fè kòmsi se ou – anvan nou peye benefis yo oubyen anvan nou bay aksè nan enfòmasyon sansib ki nan kont UI Online ou an. Gen plis enfòmasyon osijè ID.me ki disponib sou wèbsayt yo.
  • Pou konfime idantite w, tanpri klike sou Paj akèy MA DUA an (ann Anglè) oubyen Paj akèy MA DUA an (an Espanyòl).   

Tanpri Sonje: Ou dwe konplete pwosesis verifikasyon ID.me an pou resevwa peman benefis yo. Menmsi ou deja fè faz rechèch enfòmasyon an, tanpri respekte enstriksyon ki nan korespondans sa a pou rezoud pwoblèm la.

Rapòte Reklamasyon fwòd yo fè ak enfòmasyon pèsonèl ou yo

  • Si ou kwè yon moun te aplike pou benefis chomaj yo avèk enfòmasyon pèsonèl ou yo, itilize fòm sekirize pou rapòte fwod pou alèrte oswa pou rele depatman sèvis kliyan DUA nan (877) 626-6800.
  • Si ou ta renmen rapòte yon lòt pwoblèm ki gen pou wè ak fwod, pa egzanp, yon moun detoune reklamasyon lejitim ou an epi kont labank ki chanje oswa enfòmasyon MFA, elatriye oubyen rapòte fwod KI DIFERAN DE yon reklamasyon yo te prezante fosman nan non ou, tanpri voye yon imèl nan UIFraud@detma.org.

Verifikasyon Lojman

Verifikasyon Lojman yo pa disponib nan REC: Tanpri fè demand ou an alekri bay Depatman Jiridik DUA a

Department of Unemployment Assistance
Legal Department
100 Cambridge Street
Boston, MA 02114

Soumisyon Plent Komisyon Mass Kont Diskriminasyon (Mass Commission Against Discrimination)

Pou prezante yon Plent opre Komisyon Mass Kont Diskriminasyon; tanpri al gade nan: mass.gov/mcad.

Sèvis Sekirite sosyal yo

(Sètadi, Nouvo oswa mande yon lòt Kat)

Pou jwenn Kat Sekirite sosyal la nan men Administrasyon Sekirite sosyal (Social Security Administration) an, tanpri al gade nan ssa.gov/ssnumber/ oubyen ale nan:

Thomas P. O’Neill, Jr. Federal Building
10 Causeway Street
Boston, MA 02114

Resous Adisyonèl yo pou Satisfè Bezwen Ou yo

  • Resous ki pa ann Anglè; Egzanp: Depoze Reklamasyon ou an: DUA founi enfòmasyon èd pou chomaj anliy an 12 lang: Panyòl, Pòtigè, Ayisyen Kreyòl, Chinwa, Vyetnamyen, Ris, Khmer, Lao, Italyen, Fransè, Koreyen, ak Arab. Ou kapab ranpli epi soumèt yon Aplikasyon UI anliy ann Espanyòl, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Mandaren, oubyen Vyetnamyen.
  • Pou tout Resous Chomaj Miltileng DUA yo, tanpri al gade nan mass.gov/dua-multilingual-services.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback