Evite konfli ak kòdenn

Kòdenn sovaj fleri lè yo toupre moun nan zòn rezidansyèl ak nan vil. Suiv konsèy ki vin apre yo pou w atire mwens kòdenn nan lakou w.

Bay kòdenn manje

Kite bèt sovaj yo sovaj! Pa janm fè espre bay kòdenn sovaj yo manje pou yo ka atire yo vin nan lakou w oswa pou yo ka rete bò lakay ou. Kòdenn ka viv san pwoblèm avèk manje yo jwenn natirèlman; yo pa bezwen moun ba yo. Si w ba kòdenn manje, kit se dirèkteman, kit se endirèkteman, sa ka fè yo vin donte, sa ki gendwa fè yo vin gen plis kran oubyen agresif, sitou pandan sezon repwodiksyon an. Sonje pou w pataje konsèy sa yo avèk vwazen w yo; sa w fè yo pap itil si vwazen w yo toujou ap bay kòdenn manje ak abri oswa si yo pa aji avèk kran anvè yo.

Kenbe espas kote w bay zwazo manje yo pwòp

Sèvi ak manjwa ki fèt pou anpeche grenn tonbe atè a paske grenn ou mete pou zwazo ka atire kòdenn ak lòt bèt sovaj. Kòdenn ak lòt bèt k ap manje nan grenn yo ka lage tras yo nan pil manje a, sa ki ka gaye maladi bay lòt bèt. Netwaye nenpòt grenn yo lage atè a chak jou. Lè sezon prentan an rive, retire manjwa ou te mete pou bay zwazo manje paske gen anpil manje natirèl pou tout zwazo yo.

Pwoteje jaden w ak rekòt ou yo

Ou ka anmède kòdenn ki nan jaden w k ap chèche manje lè w fè gwo bri, lè w voye dlo sou yo avèk yon kòbelann, oswa lè chen w ki nan kòd agrese yo. Oubyen tou, ou ka mete filè pou kòdenn pa ka antre nan jaden w. Nan zòn agrikilti, aparèy yo fè pou fè kòdenn yo pè yo konn efikas.

Kòdenn ki agresif

Pa kite kòdenn entimide w

Kòdenn sovaj ki vin abitye ak moun ak manje yo jwenn nan men moun, tankou grenn yo mete pou zwazo, ka pèdi krent yo te gen pou moun epi yo ka lakòz domaj oswa yo ak eseye domine sou moun. Yonfwa yo kòmanse aji avèk kran, li ka trè difisil pou yo chanje. Pa ezite kouri dèyè oubyen menase yon kòdenn ki gen kran e ki agresif lè w fè gwo bri, lè w voye yon bale nan direksyon l, oswa lè w voye dlo sou li avèk yon kòbelann. Yon chen ki sou kòd se yon bon metòd pou fè yo pè tou.

Finalman, kòdenn ki entimide moun oubyen atake moun, yo gendwa oblije detwi yo. Pou evite konsekans sa a, sonje pou w retire tout sous manje pou kòdenn yo ka toujou rete yon bèt sovaj. An jeneral se pa yon bon opsyon pou kenbe kòdenn epi lage yo yon lòt kote.

Kouvri vit ak objè ki klere

Kòdenn gendwa aji ak agresyon lè yo wè objè ki klere oubyen lè yo wè reflè yo nan yon vit. Piske yo gen yon tandans ki fò pou yo kouri dèyè bèt ki “pwovoke” yo, e piske reflè yo pa disparèt lè yo kouri dèyè l, souvan bèt la kontinye ap fè gwo nèg anvè reflè yo oubyen eseye atake yo jiskaske limyè a vin chanje, sa ki fè reflè a chanje. Si yon kòdenn ap beke yon objè ki klere, kouvri oubyen kache objè a.

Contact

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback