Minimize domaj yo fè bèl lakou ak jaden
Pou verifye si se yon sèf ki te manje jaden w oubyen plant ou genyen, gade vejetasyon an. Sèf pa gen dan file devan bouch yo, donk tij bwa sèf te manje sanble yo te koupe yo an pati, epi rès pati a pa koupe swa. Yon tij bwa ki koupe byen pwòp, byen swa, pwobableman se yon lapen oubyen yon mamòt ki te manje l.
Kloti
Kloti se pi bon solisyon k ap dire pou jere sèf k ap bay pwoblèm nan yon ti espas. Gen diferan kalite kloti ou ka itilize. Kloti dwe mezire omwe 8 pye wotè. Kloti elektrik se yon opsyon tou, paske sèf yo rapidman chaje konpòtman yo pou yo ka evite kloti elektrik.
Teknik pou fè yo pè
Pou fè sèf pè pou fè yo rete lwen teren w, fè gwo bri, limyè, oswa menm voye dlo sou yo avèk yon kòbelann; sa ap mete yo sou tansyon e malalèz, men sèf gen yon tandans tounen leswa. Yon sistèm irigasyon ki aktive ak mouvman se pi bon fason pou fè sèf rete lwen.
Flit ki repouse yo
Gen flit komèsyal yo fè pou chase bèt, men an jeneral yo konn pa efikas kont sèf.
Kondui machin avèk pridans
Sèf ke blan yo krepiskilè, sa vle di yo pi aktif lè solèy fèk leve ak lè solèy pral kouche. Nan Massachusetts, sèf akouple ant fen mwa oktòb ak kòmansman mwa desanm. Lè sa a, mal sèf yo pi aktif atravè jounen an pase nòmal. Souvan mal yo travèse lari a pou yo ka kouri dèyè femèl sèf, san yo pa ezite, donk chofè machin yo dwe pran anpil prekosyon epi pa kouri fò pandan sezon otonn nan.
Si w jwenn yon jèn ti sèf
Manman sèf yo kite pitit yo poukont yo pou yo pa atire atansyon predatè. Yo ba yo tete chak 2 a 6 èdtan pandan premye semèn yo apre yo fin fèt. Yonfwa sèf la gen ase laj pou l kouri pou predatè (lè l gen anviwon 6 semèn), l ap pase plis tan ansanm ak manman l. Si w wè yon ti sèf, kite l trankil. Manman an ap tounen kote l lè w fin ale.
Lachas
Sèf ke blan yo se yon espès bèt sovaj ki enpòtan e ki gen anpil valè nan Massachusetts, se sa k fè yo kreye yon sezon lachas ki règlemante (ann otonn/ivè) ak yon pwogram jesyon. Retire sèf avèk lachas ki san danje, ki legal, e ki règlemante se pi bon opsyon pou diminye popilasyon sèf yo epi diminye domaj yo fè sou teren moun. MassWildlife ankouraje mèt teren ki pa vle fè lachas pou yo pèmèt lòt chasè vin fè lachas sou pwopriyete yo pandan sezon pou chase sèf la.