Kisa règ sou è siplemantè PCA yo ye?
Selon règlemantasyon pwogram PCA a, è siplemantè se tout è travay ki anplis pase 50 è pa semèn.
Kliyan ka pwograme yon PCA pou l travay pou jouk 50 è pa semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè. PCA gendwa travay plis pase 50 è pa semèn si PCA a gen yon otorizasyon MassHealth pou è siplemantè.
Li entèdi pou PCA travay plis pase 66 è pa semèn kèlkeswa sikonstans lan.
Kòman è siplemantè nan pwogram PCA a mache?
Lè yon kliyan bezwen pou PCA li a travay plis pase 50 è pa semèn, se pou kliyan an mande pou yon otorizasyon pou PCA sa a mass.gov/PCAOvertime.
Se pou kliyan yo mande pou yon otorizasyon pou è siplemantè konfòmeman ak polis pou è siplemantè PCA a
È siplemantè kalkile nan ansanm lan. Sa vle di yon PCA ki travay pou plis pase yon kliyan dwe pou l konsidere tout è li travay pou tout lòt kliyan li yo. Sa ap ede l detèmine si kliyan li an gen pou l mande pou yon otorizasyon pou PCA a ka travay è siplemantè.
Pa egzanp, Jean travay pou de kliyan (kliyan A e kliyan B). Jean travay 30 è pou kliyan A e travay 30 è pou kliyan B. Se pou Jean di toude kliyan li yo li travay 60 è ototal pou toude kliyan li yo. Sa vle di omwen youn nan kliyan Jean yo dwe mande pou yon otorizasyon pou è siplemantè nan men PCM lan. Si okenn nan yo mande yon otorizasyon pou Jean, ni Jean ni kliyan li yo ap fè vyolasyon règ sou è siplemantè yon PCA. Yo gendwa revoke yo nan pwogram PCA a.
Otorizasyon pou è siplemantè se pou toude kliyan e PCA a. Se pou PCA a gen anplas yon otorizasyon pou è siplemantè lè kantite total è li travay pou kliyan an depase 50 è pa semèn.
Kòman pou mande pou yon otorizasyon pou è siplemantè
Kliyan dwe kontakte PCM pa yo a pou mande pou yon otorizasyon pou è siplemantè. MassHealth gen de diferan kalite otorizasyon pou è siplemantè.
| Tip otorizasyon an ak detay | Dire | È travay ki otorize | Rezon ki akseptab pou demann lan | Tip dokiman ki obligatwa |
|---|---|---|---|---|
| Otorizasyon tanporè | Pou jouk 12 semèn | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | Kliyan an bezwen è pou anboche plis PCA | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
| Otorizasyon tanporè | Pou jouk 12 semèn | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | Kliyan an prevwa yon vwayaj andedan peyi Etazini, ki gen ladan teritwa li yo, e li pa t ap posib pou l ale avèk plizyè PCA pou yo founi sèvis PCA pou kliyan an | Dat vwayaj ki koresponn ak demann lan |
| Otorizasyon tanporè | Pou jouk 12 semèn | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | PCA a/yo kite travay sanzatann | Lè sa disponib, prèv PCA a kite anplwa li a sanzatann (lèt demisyon oubyen lòt dokiman) |
| Otorizasyon tanporè | Pou jouk 12 semèn | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | PCA kliyan an pa disponib tanporèman | Deklarasyon PCA a ki eksplike rezon ki fè li pa disponib tanporèman, oubyen rezon l ap pran yon konje kout, e dat konje a |
| Otorizasyon tanporè | Pou jouk 12 semèn | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | Kliyan an ap resevwa swen palyatif | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
| Otorizasyon tanporè | Pou jouk 12 semèn | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | Kliyan an gen yon bezwen medikal tanporè pou pwograme pou PCA a travay è siplemantè pou è PA ki apwouve, sa gen ladan pos-ospitalizasyon egi OUBYEN etablisman swen enfimye | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
| Otorizasyon pou swen kontinye (Continuity of Care, CoC) | Dire PA a pou sèvis PCA | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | Kliyan an bezwen tan pou l anboche lòt PCA siplemantè poutèt kliyan an gen youn oubyen plis sikonstans ki fè li difisil pou l anboche lòt PCA |
|
| Otorizasyon pou swen kontinye (Continuity of Care, CoC) | Dire PA a pou sèvis PCA | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | Kliyan an resevwa swen palyatif | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
| Otorizasyon pou swen kontinye (Continuity of Care, CoC) | Dire PA a pou sèvis PCA | 51 è epi plis, men pa plis pase 66 è pa semèn | Kliyan an gen yon bezwen medikal ki nesesite swen ADL entansif epi gen pou l pwograme PCA a pou l travay è siplemantè PA ki otorize. Sa gen ladan l tou pos-ospitalizasyon egi OUBYEN pos-etablisman enfimye kalifye. | Prèv pou bezwen ADL entansif ki asosye avèk yon dyagnostik fòmèl (dosye medikal elektwonik, lèt doktè) |
Kòman vyolasyon règ sou è siplemantè yo fonksyone?
Gen yon vyolasyon lè PCA a travay omwen yon fwa, plis pase 50 è nan yon semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè. Vyolasyon ka rive konsekitivman (pa egzanp, de peryòd peman youn apre lòt) oubyen ant plizyè semèn.
Vyolasyon yo ap reinisyalize apre konfòmite pandan senk peryòd peman konplè (10 weeks).
PCA k ap travay pou plis pase yon kliyan gen pou yo konte kantite è yo travay antou pou tout kliyan pa yo pou garanti yo pa travay plis pase 50 è san yon otorizasyon pou è siplemantè.
Kliyan dwe pale avèk PCA pa yo a. Si yo travay pou lòt kliyan, se pou yo di w ki kantite è yo travay an total pou garanti yo pa travay plis pase 50 è san yon otorizasyon pou è siplemantè.
Ki è ki konte nan è siplemantè?
Limit è siplemantè a valab sèlman pou è yon PCA founi sèvis MassHealth PCA kouvri. Li enpòtan pou PCA e kliyan konsidere è sa yo.
- È travay òdinè
- È travay siplemantè
- È travay nan jou konje
- È obligasyon jiri (è sa yo make nan yon papye pou relve tan kòm è travay òdinè, e yo ajoute nan PA a)
Limit è siplemantè a pa aplike pou
- è pou deplasman
- Konje peye (PTO)
- È pou fòmasyon EVV
- È NHO
- Lòt è pou fòmasyon PCA jwenn peman pou yo
Pwosesis konfòmite
- Vyolasyon: Yon PCA travay plis pase 50 è nan yon sèl semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè.
- Avi: Entèmedyè fiskal (fiscal intermediary, FI) pral voye yon mesaj nan Everbridge (imèl, tèks). Y ap voye tou yon avi nan lapòs pou chak vyolasyon ki anrejistre pou chak kliyan oubyen PCA.
- Avi #1: Enfòme PCA e kliyan sou yon premye vyolasyon
- Avi #2: Enfòme PCA e kliyan sou yon dezyèm vyolasyon
- Avi #3: Enfòme PCA e kliyan sou yon twazyèm vyolasyon e voye yo bay MassHealth pou posiblite yon revokasyon.
Revokasyon nan pwogram PCA a
MassHealth emèt yon revokasyon nan pwogram PCA a lè kliyan an e PCA a fè twa vyolasyon règ sou è siplemantè yo.
- Toude PCA a e kliyan an revoke lè PCA a travay pou kliyan sa a sèlman, e yo faktire twa fwa pou plis pase 50 è pa semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè.
- Sèl PCA a revoke lè PCA a travay pou plizyè kliyan epi bay yon fakti nan twa diferan okazayon pou plis pase 50 è pa semèn pou tout kliyan li yo.
- MassHealth enfòme PCA a e kliyan an sou revokasyon an nan yon avi nan lapòs. MassHealth ap deside si revokasyon an ap an vigè tousuit oubyen nan yon dat pi devan.
- PCA ki revoke ap gen entèdiksyon pou travay kòm PCA pandan 9 mwa apre dat revokasyon an.
Pwosesis efasman
MassHealth gendwa reinisyalize vyolasyon yo nan kèk sikonstans.
- Vyolasyon yo gendwa reinisyalize lè kliyan an oubyen PCA a bay prèv yo faktire pou plis pase 50 è nan yon semèn san otorizasyon pou è siplemantè poutèt yon ijans oubyen yon sitiyasyon ki pa t prevwa.
- Vyolasyon ap reinisyalize apre konfòmite pandan senk peryòd peman konplè (10 semèn).
Reyadmisyon nan pwogram lan
PCA:
- PCA gendwa tounen nan mendèv PCA MassHealth la sou 9 mwa apre dat revokasyon an.
- Si, apre retou nan mendèv la, PCA a kontinye fè vyolasyon règ sou è siplemantè yo e gen yon twazyèm vyolasyon pou yon dezyèm fwa, PCA a ap kanpe e entèdi pou toujou pou l travay kòm yon PCA nan pwogram MassHealth la.
Pa egzanp, PCA a te revoke nan pwogram lan poutèt vyolasyon polis sou è siplemantè. Apre 9 mwa, PCA a admisib ankò pou l founi kliyan sèvis PCA. Si PCA a kontinye fè vyolasyon règ è siplemantè a e resevwa twa enfraksyon, MassHealth ap revoke PCA sa a pou toujou.
Kliyan yo ap ka retounen selon diskresyon MassHealth.
Resous siplemantè
Pou plis enfòmasyon sou règ è siplemantè yo, wè tanpri règlemantasyon pwogram PCA a nan 130 CMR 422.422. Ou ka monte tou nan oubyen nan pou wè polis PCA sou è siplemantè.
Telechaje
-
Open PDF file, 296.38 KB, Fòmasyon edikatif MassHealth pou edan nan swen pèsonèl (PCA) Règ lè siplemantè (Haitian Creole, PDF 296.38 KB)
| Date published: | January 29, 2026 |
|---|