Sou notifikasyon ekspozisyon
Si ou te resevwa yon notifikasyon pou ekspozisyon MassNotify, se paske gen yon itilizatè MassNotify ki te pwòch ou sa pa gen twò lontan yo teste pozitif pou COVID-19.
Men kisa ou dwe fè apresa:
- Depatman Sante Piblik Massachusetts (Massachusetts Department of Public Health) rekòmande pou w fè yon tès COVID-19. L ap ede w pwoteje fanmi w, zanmi w , ak kominote a.
- Ou dwe ale fè tès la anviwon 6 jou apre dat ou te ekspoze a, ak yon lòt fwa si ou devlope sentòm COVID-19 la nenpòt moman nan 10 jou apre ou te ekspoze a. Si ou te resevwa yon notifikasyon pou ekspozisyon, yo mete dat ou te ekspoze a nan seksyon notifikasyon pou ekspozisyon an ki nan paramèt telefòn ou a. Ou kapab itilize l pou kalkile dat ou dwe al fè tès la. Klike la pou w jwenn plis enfòmasyon sou tès la.
Si ou menm oubyen yon pwòch ou nan yon risk maladi k ap vin pi grav (pi gran pase 55 ane oubyen avèk kèk kondisyon korespondan), opsyon tretman yo disponib si ou teste pozitif pou COVID-19 nan nenpòt moman alavni. Si ou gen yon risk pou maladi grav k ap ogmante, Depatman Sante Piblik nan Massachusetts rekòmande pou w rele doktè ou a tousuit apre yon tès pozitif pou w konnen opsyon tretman ou genyen yo.
Kòman m ap fè konnen si mwen bezwen fè tès pou COVID-19 la?Ki kalite tès mwen dwe itilize?
Si ou te resevwa yon alèt notifikasyon pou ekspozisyon, Depatman Sante Piblik Massachusetts (Massachusetts Department of Public Health) rekòmande pou w fè yon tès COVID-19. Klike la pou w jwenn plis enfòmasyon sou tès la.
- Si ou te ekspoze ak COVID-19 oswa si w gen nenpòt sentòm, li rekòmande pou w fè tès COVID-19 la kèlkeswa estati vaksinal ou.
- Gen de kalite tès COVID-19 ki disponib pou piblik la: tès antijèn rapid, ki disponib pou fè adomisil epi ou kapab fè pou kont ou, ak tès PCR yo ki disponib nan sant depistaj yo tankou sou Sit Commonwealth’s Stop the Spread (Sit Commonwealth pou Kanpe Pwopagasyon an).
- DPH rekòmande moun ki gen sentòm COVID yo epi ki teste negatif avèk yon tès antijèn rapid pou yo ta izole tèt yo, epi swa yo refè yon tès antijèn oswa yon tès PCR nan 24 jiska 48 èdtan si sentòm yo kontinye manifeste.
Ou p ap viv nan Massachusetts kounya? Teknoloji MassNotify yo konpatib avèk sèvis notifikasyon pou ekspozisyon ki nan lòt eta nan Etazini.Kontakte otorite sante piblik ki nan eta ou a oswa nan peyi a konsènan pwochen etap yo apre ou te ekspoze ak COVID-19 la.
Kòman mwen kapab detèmine dat mwen te ekspoze a?
Si ou te resevwa yon alèt notifikasyon pou ekspozisyon, Depatman Sante Piblik Massachusetts (Massachusetts Department of Public Health) rekòmande pou w fè yon tès COVID-19. Ou dwe ale fè tès la anviwon 6 jou apre dat ou te ekspoze a, ak yon lòt fwa si ou devlope sentòm COVID-19 la nenpòt moman nan 10 jou apre ou te ekspoze a.
- Pou moun k ap itilize Apple: Yo mete dat ou te ekspoze a nan paramèt iPhone ou a. Ale nan Paramèt, apresa ale nan Notifikasyon pou Ekspozisyon an. Yo make dat ou te ekspoze a anwo ekran an pa anba “Li posib pou w te ekspoze ak viris COVID-19 la.”
- Pou moun k ap itilize Android: Yo mete dat ou te ekspoze a nan paramèt Android ou a. Ale nan Paramèt, apresa sou "Google", apresa ale nan "Notifikasyon pou Ekspozisyon pou COVID-19.” Yo make dat ou te ekspoze a anwo ekran an pa anba “Li posib pou w te ekspoze ak COVID-19 la.”
Poukisa mwen resevwa yon notifikasyon pou ekspozisyon?
- Yo teste pozitif pou COVID-19 yon itilizatè MassNotify ki te pwòch ou sa pa gen twò lontan. Telefòn ou a te pataje anvan sa a yon kòd ki pa gen non avèk itilizatè sa a atravè Bloutouf la lè ou te pwòch li. Yo pa t pataje idantite w.
- Daprè fòs ak tan siyal Bloutouf la ant de telefòn yo, Depatman Sante Piblik Massachusetts (Massachusetts Department of Public Health) panse ou te ekspoze ak viris la atravè moun ki te teste pozitif la.
- Si ou te resevwa yon alèt notifikasyon pou ekspozisyon, Depatman Sante Piblik Massachusetts (Massachusetts Department of Public Health) rekòmande pou w fè yon tès COVID-19. Klike la pou w jwenn plis enfòmasyon sou tès la.
- Pou jwenn plis enfòmasyon sou zouti MassNotify la ak sou kòman notifikasyon pou ekspozisyon an fonksyone li gen ladan l Kesyon Moun Poze Souvan.
Si ou gen kesyon sou kòman lè w ekspoze ak COVID-19 la li ka afekte sante w, tanpri kontakte moun ki ba ou swen sante a.
Si w ap rankontre pwoblèm teknik avèk MassNotify, ou kapab voye yon imèl nan biwo pou èd nou a sou massnotifyhelp@mass.gov.