Kòman pou w aplike pou patisipe nan Konsèy Gouvènans pou Aksesiblite ak Egalite Nimerik la

Patisipe kòm yon manm nan Konsèy Administrasyon an se yon opòtinite ki enteresan pou rezidan yo fè benevola epi kontribye nan ranfòse Aksesiblite Nimerik nan CommonWealth la. Chèche jwenn plis enfòmasyon konsènan kondisyon pou elijib yo ak pwosesis aplikasyon ak nominasyon an.

Konsèy la ap asepte aplikasyon nan men moun nan piblik CommonWealth la ki gen bakgrawonn ak esperyans epi espètiz divès nan aksesiblite nimerik.

Aplikasyon yo ap ouvè: Mèkredi 25 fevriye 2026

Dat limit aplikasyon an: Vandredi 27 mas 2026

Konsènan Konsèy la

Konsèy Gouvènans pou Aksesiblite ak Egalite Nimerik (Digital Accessibility and Equity Governance Board) la bay Sekretè Biwo Egzekitif Sèvis Teknolojik ak Sekirite (Executive Office of Technology Services and Security, EOTSS) a ansanm ak Responsab Anchèf kesyon Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon (Chief IT Accessibility Officer, CIAO) Commonwealth la konsèy sou kòman pou rann sèvis nimerik Eta yo pi aksesib ak pi ekitab, tankou nòm, politik, apwovizyònman ak posibilite finansman federal.

Konsèy la dwe etabli bi ak objektif estratejik pou sipòte misyon an epi li dwe idantifye priyorite ki dwe sèvi kòm domèn enterè pou travay konsèy la.  

Konsènan wòl la

Manm Konsèy Piblik yo desèvi pandan yon peryòd 2 lane ki kòmanse nan Jiyè, epi yo gendwa renonmen yo pou pi plis de (2) lòt peryòd. Manm Konsèy Piblik yo desèvi kòm benevòl epi yo pa peye yo. Reyinyon Konsèy yo fèt pandan tout ane a, dabitid pandan lè travay.

Angajman manm Konsèy Administrasyon Piblik:

  • Patisipe epi kontribye aktivman nan reyinyon Konsèy la
  • Dirije ansanm epi patisipe nan Gwoup Travay Konsèy yo.
  • Ede prepare Rapò Anyèl Konsèy la

Elijibilite

Pou patisipe kòm manm piblik nan Konsèy la, ou dwe:

  • Gen espètiz oswa gen eksperyans nan sa ki gen pou wè ak baryè ki konsène aksesibilite ak egalite nimerik
  • Montre yon rejis enterè, andosman oswa aksyon pou ogmante aksesibilite ak egalite nimerik
  • Gen 18 ane oswa plis
  • Se yon rezidan Massachussetts aktyèl

Eksperyans teknik pa obligatwa.

Enfòmasyon konsènan konfli enterè

Manm Konsèy Administrasyon Piblik yo se “anplwaye espesyal Eta a” daprè Lalwa sou Konfli Enterè. Daprè lwa sa a, yo pa admèt sèten zafè avèk eta a pandan w ap patisipe nan konsèy la. Ou ka kontakte Konsèy la oswa Komisyon Etik Eta a pou nenpòt kesyon oswa enkyetid.

Kijan pou aplike

Dat limit pou aplike se Vandredi 27 Mas 2026. Aplike pandan w ap soumèt yon aplikasyon byen ranpli ki gen ladann:

  • Kourikoulòm (CV) ou oswa yon rezime eksperyans ou
  • Yon deklarasyon enterè (500 mo oswa mwens) ki dekri eksperyans ou, enterè w, oswa espètiz ki gen rapò ak misyon Konsèy la. Ou dwe di tou kòman ou t ap kontribye nan misyon Konsèy la kòm yon reprezantan piblik.
  • De (2) lèt rekòmandasyon ki dekri kalite w, karakteristik ou, ak kapasite w nan sa ki gen pou wè ak abilite pou fè fas ak responsabilite kòm Manm Konsèy la.

Konsèy Gouvènans pou Aksesiblite ak Egalite Nimerik la pa fè diskriminasyon sou baz andikap epi li angaje l pou fè pwogram, reyinyon ak evènman ki aksesib.

Pou mande yon aranjman ki rezonab pou aplike pou yon pozisyon nan konsèy la, tanpri kontakte Kowòdonatris ADA, Emily Hartmann nan emily.hartmann@mass.gov oswa rele nan  (617) 660-8300.

Pwosesis revizyon aplikan

Yon komite ki la pou fè chwa ap revize aplikasyon yo epi l ap kontakte kandida yo seleksyone yo pou entèvyou. Kandida yo kenbe yo dwe pase yon verifikasyon bakgrawn anvan tout konsèy la rekòmande yo atravè vòt.

Contact

Online

Voye yon imèl bay Konsèy Gouvènans Aksesibliteak Ekite Nimerik Email Konsèy Gouvènans Aksesibliteak Ekite Nimerik at digitalaccessibility@mass.gov

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback