Rezime sou apèl trimestriyèl CCM le 4 me 2026
Bonjou manm e fanmi CCM,
Le 4 me, MassHealth te òganize yon apèl trimestriyèl pou manm e fanmi CCM. Dokiman sou apèl sa a afiche sou paj entènèt manm CCM lan nan CCM Member and Family Stakeholder Calls.
Dokiman yo gen nan yo:
- Dyaporama PowerPoint lan ki dekri inisyativ sou livrezon sèvis CSN MassHealth ap travay sou li.
- Yon anrejistreman an dirèk MassHealth,ki bay yon apèsi sou mizajou livrezon sèvis CSN yo.
Yon rezime sou reyinyon an, ki kondanse kòmantè patisipan yo ak repons OTLSS bay pou kesyon patisipan yo poze, ki pral afiche yon lòt lè e k ap pataje avèk fanmi tou lè sa a.
Mèsi,
Annie Kazarnovsky
Manadjè pwogram sèvis CSN
MassHealth Office of Long Term Services and Supports (OLTSS)
Mizajou sou pwogram kowòdinasyon swen/jesyon ka
Chè manm oubyen fanmi,
Nou ta renmen pataje yon mizajou enpòtan ki konsène lansman pwogram kowòdinasyon swen/jesyon ka a (C4M) ki prevwa.
MassHealth ap fè fas ak kontrent bidjetè san parèy. An rezon klima bidjetè aktyèl la, nou pa ka pousuiv lansman C4M lan jan li te prevwa. Nou pral pibliye yon mizajou sou CommBuys pou tout vandè k ap fè aplikasyon.
Nou toujou angaje pou n soutni fanmi grasa resous ki disponib aktyèlman. Si gen yon chanjman pi devan, n ap retounen gade C4M kòm yon pwogram ki posib pou jesyon ka pou manm CCM yo.
Nou te espere rezilta a ta diferan. Nou rekonèt devouman, tan, e enèji ou bay chak jou nan pran swen pwòch ou yo epi veye sou byennèt yo. Wòl ou a gen anpil valè, e nou gen anpil respè pou devouman ou. CCM toujou disponib pou manm ki gen pwoblèm pou yo jwenn sèvis epi pwodui MassHealth. MassHealth CARES for Kids gendwa disponib pou soutni bezwen nan kowòdinasyon swen manm ki poko gen 21 an. Se pou w pale avèk responsab klinik ou a pou plis enfòmasyon epi wè si sèvis sa a disponib pou ou. Se pou w kontakte tou responsab klinik ou a si w gen pwoblèm pou w jwenn sèvis ou yo ki apwouve.
Nou di w mèsi pou devouman ou e atansyon ou bay san rete.
Ak tout respè,
Annie Kazarnovsky
Jesyonè pwogram sèvis enfimyè espesyalize kontini
Biwo MassHealth pou sèvis e soutyen alontèm (OLTSS)
Avi sou odyans piblik - règleman pou pwogram CSN e IN
Onè manm e fanmi nan CCM,
Biwo egzekitif pou sante e sèvis sosyal (Executive Office of Health and Human Services, EOHHS) ap gen odyans piblik sou amannman ki pwopoze nan 101 CMR 361.00 Tarif pou ajans swen enfimyè espesyalize kontini e sèvis enfimyè endepandan, 130 CMR 414.000: Enfimyè endepandan, e 130 CMR 438.000 ajans swen enfimyè espesyalize kontini.
101 CMR 361.00
Chanjman ki pwopoze nan 101 CMR 361.00 tabli yon tarif pou vizit an pèsòn sipèvize pa enfimye oksilyè otorize (licensed practical nurse, LPN) pou sèvis asistan nan swen konplèks. Amannman ki pwopoze yo tabli tou tablo frè apa nan 101 CMR 361.00 pou presize tarif pou fòmasyon swen enfimyè espesyalize kontini(continuous skilled nursing, CSN). Bilten founisè yo fè mizanplas tan pou fòmasyon CSN nan mwa jen 2024 pou sitiyasyon kote yon enfimyè bezwen yon fòmasyon adomisil, presi pou yon manm, dekwa pou founi sèvis CSN ki apwopriye. Bilten sa yo fè referans ak kòd e tarif ki koresponn ak ajans CSN e sèvis enfimyè endepandan ki tabli aktyèlman nan 101 CMR 361.00 pou faktire pou fòmasyon sa yo. EOHHS pwopoze kenbe tout lòt tarif yo nan nivo yo ye alèkile.
130 CMR 414.000
Chanjman ki pwopoze nan 130 CMR 414.000 fè klarifikasyon e yo reyòganize seksyon nan règleman yo e yo ajoute egzijans pou enfimyè endepandan yo, sa gen ladan kondisyon ki konsène admisiblite founisè, responsablite founisè, alokasyon tan pou fòmasyon swen enfimyè espesyalize kontini (CSN), ogmantasyon tanporè nan sèvis CSN yo, nan pwosesis egzeyat e transfè, e nan teni dosye yo.
130 CMR 438.000
Chanjman ki pwopoze nan 130 CMR 438.000 fè mizajou e fè klarifikasyon sou règleman yo. Sa gen ladan
- mizajou sèten definisyon;
- tabli nouvo kondisyon pou admisiblite founisè yo;
- ajoute kondisyon pou fòmasyon swen enfimyè espesyalize kontini (CSN);
- elaji alokasyon pou ogmantasyon tanporè nan sèvis CSN e èdtan ki pa sèvi pou sèvis asistan nan swen konplèks;
- mizajou kondisyon pou sipèvizyon e admisyon nan sèvis asistan nan swen konplèks; e
- amelyore kondisyon pou egzeyat e transfè.
Dat e lè odyans yo
Chanjman nan règleman yo ap pwopoze avèk yon dat pou yo an vigè ki se 15 septanm 2026.
Pral gen yon odyans piblik vityèl le 27 avril 2026 sou règleman pwogram ajans CSN e IN yo:
- 130 CMR 414.000 ant 9am–10:30am
- 130 CMR 438.000 ant 10:30am–12pm
Pral gen yon odyans piblik vityèl le 28 avril 2026 pou règleman sou tarif CSN yo:
- 101 CMR 361.00 ant 10am–11:30am
Avi sou odyans piblik e lyen elektwonik pou enskri
Yon kopi avi sou odyans piblik e lyen elektwonik pou enskri defason pou temwaye nan odyans piblik la disponib isit la:
- 101 CMR 361.00 Avi sou odyans piblik
- 130 CMR 414.000 Avi sou odyans piblik
- 130 CMR 438.000 Avi sou odyans piblik
Kopi chanjman ki pwopoze yo
Yon kopi chanjman e règleman ki pwopoze yo disponib isit la:
- Chanjman pwopoze nan 101 CMR 361.00
- Chanjman pwopoze nan 130 CMR 414.000
- Chanjman pwopoze nan 130 CMR 438.000
Si w ap poze kesyon, se pou w kominike tranpri avèk responsab klinik CCM ou a.
Ak tout respè,
Annie Kazarnovsky
Jesyonè pwogram sèvis enfimyè espesyalize kontini
Biwo MassHealth pou sèvis e soutyen alontèm (OLTSS)
Rezime sou apèl trimestriyèl CCM le 29 janvye 2026
Bonjou manm e fanmi CCM,
Le 29 janvye, MassHealth te òganize yon apèl trimestriyèl pou manm e fanmi CCM. Dokiman sou apèl sa a afiche sou paj entènèt manm CCM lan nan CCM Member and Family Stakeholder Calls.
Dokiman yo gen nan yo:
- Dyaporama PowerPoint lan ki dekri inisyativ sou livrezon sèvis CSN MassHealth ap travay sou li.
- Yon anrejistreman an dirèk MassHealth,ki bay yon apèsi sou mizajou livrezon sèvis CSN yo.
- Yon rezime sou reyinyon an, ki kondanse kòmantè patisipan yo ak repons OTLSS bay pou kesyon patisipan yo poze.
Mèsi,
Annie Kazarnovsky
Manadjè pwogram sèvis CSN
MassHealth Office of Long Term Services and Supports (OLTSS)
Apèl trimestriyèl manm e fanmi CCM yo avèk MassHealth - me 2026
Onè manm e fanmi CCM,
MassHealth ap òganize yon apèl trimestriyèl avèk manm e fanmi CCM yo pou pale sou mizajou nan tout livrezon sèvis CSN yo e pou bay manm e fanmi CCM yo chans pou yo pataje opinyon pa yo sou sèvis CSN yo.
Ki lè e ki kote : Apèl la ap fèt lendi, 4 me soti 5:00 Jiska 6:30 pm e l ap nan Zoom.
Ajanda:
Lendi 4 me
05:00 – 5:30 pm
- Mizajou sou tout amelyorasyon nan livrezon sèvis CSN yo.
05:30 – 6:30 pm
- MassHealth ta renmen koute kòmantè manm e fanmi CCM yo pandan tout rès apèl la.
Apèl sa yo ap fèt nan Zoom e ap gen sèvis entèprèt espayòl. Tanpri itilize enfòmasyon ki nan imèl orijinal la pou rantre nan apèl yo. Nou pa ka tann pou w patisipe!
Ak tout respè,
Annie Kazarnovsky
Direktris pwogram sèvis CSN
Biwo Sèvis e Soutyen Alontèm MassHealth (OLTSS)
Executive Office of Health and Human Services (EOHHS)
Temwayaj videyo manm CCM ak fanmi an
Chè manm e fanmi nan CCM,
An kolaborasyon avèk lekòl enfimyè ki nan tout eta a, MassHealth founi enfòmasyon bay fiti enfimyè yo sou swen enfimye espesyalize kontini (Continuous Skilled Nursing, CSN) e sou opòtinite pwofesyonèl ki disponib nan founi swen konplèks adomisil. Objektif prezantasyon sa yo se pou ankouraje enfimyè rejwenn pèsonèl CSN.
Vwa manm e fanmi CCM yo enpòtan pou pataje avèk fiti enfimyè CSN. Istwa sa yo montre nan ki pwen li ranplisan e enpaktan lè w yon enfimyè CSN. Etidyan nan swen enfimye di se mesaj fanmi CCM yo ki gen pi gwo enpak.
MassHealth vle fè yon seri videyo temwayaj manm e fanmi CCM yo pou reprezante vwa nou nan sansibilizasyon sa a anplis pase patisipasyon an dirèk yon paran lè yon paran disponib. Ekip CSN MassHealth la pral jere efò sa a. Videyo temwayaj sa yo ap anrejistre vityèlman. Y ap dire apeprè 5-10 minit. N ap itilize yo pou nou pataje eksperyans moun ki resevwa sèvis CSN bay fiti enfimyè CSN.
Si w swete patisipe, se ou k ap deside kòman ou swete pataje istwa w la. Men kèk lide sou kòman pou w anrejistre eksperyans ou nan resevwa sèvis CSN.
- Ou ka chwazi fè yon antrevi klasik, se kote yo poze w yon seri kesyon. Repons ou yo ap anrejistre epi mete ansanm nan yon ti videyo kout.
- Ou ka chwazi yon antrevi pandan gen yon konvèsasyon k ap fèt. Oumenm e yon lòt moun, tèlke enfimyè w e/oubyen yon manm CCM, ap anrejistre pandan n ap fè konvèsasyon an. Sa ap gide avèk yon skrip ki detèmine alavans.
- Ou ka chwazi fè yon antrevi ade. Oumenm e yon lòt moun, fè antrevi apa men ki asosye. Antrevi sa yo ap ransanble nan yon sèl videyo.
- Ou ka chwazi yon prezantasyon nan ritm pa w. Sa ap gen ladan eksperyans ou nan resevwa swen oubyen pran swen yon lòt moun ki limenm ap resevwa swen CSN.
Nou fleksib sou delè e angajman tan pou pwojè sa a. Si w swete patisipe men ou pa disponib pou lemoman, nou ka pran yon randevou avèk ou lè w disponib pou fè yon temwayaj nan videyo sou eksperyans ou. Si w pa sèten sou kijan ou ta renmen fè yon temwayaj nan videyo, MassHealth pral kolabore avèk ou pou detèmine fòma a.
Si w ta renmen patisipe, se pou w tanpri kontakte Annie Kazarnovsky nan anne.kazarnovsky@mass.gov epi se pou w fè sa anvan 3 avril 2026.
Mizajou nan kondisyon pou sipèvizyon sèvis CCA yo
Chè manm e fanmi nan CCM,
MassHealth dènyèman fè yon mizajou nan kondisyon pou sipevizyon sèvis asistan nan swen konplèks (CCA) yo. Men kisa ki gen nan chanjman ki fèt yo.
- Li pa nesesè ankò pou ajans swen enfimye kalifye kontini (CSN) efektye yon vizit sipèvizyon chak de semèn.
- Li pa nesesè ankò pou CCA yo prezan nan vizit sipèvizyon siplas 60 jou a.
- Pèmèt ajans CSN yo gen LPN ajans ki founi sipèvizyon CCA.
Mizajou sa yo te eksplike nan Bilten 26 pou ajans swen enfime kalifye kontini yo, ki te emèt nan mwa fevriye 2026.
Konnen tanpri ajans CSN yo dwe kanmenm fè yon evalyasyon apre 12 mwa pou yo egzaminen tach swen amelyore presi pou yon manm CCA a fè. Si l nesesè, nouvo fòmasyon ap founi bay CCA yo.
Si w ap poze kesyon, se pou w kominike tranpri avèk responsab klinik CCM ou a.
Ak tout respè,
Annie Kazarnovsky
Responsab pwogram sèvis CSN yo
Biwo MassHealth pou sèvis e soutyen alontèm (OLTSS)
Patisipe nan yon Sondaj sou anyè enfimyè CCM jodiya!
Alo manm e fanmi CCM,
Èske w janm mande tèt ou kisa ki rive rezilta opinyon w nan sondaj sou Anyè enfimyè CCM lan?
Li transmèt dirèkteman bay ekip nou an - e l egzamine pandan seyans planifikasyon pwodui nou yo.
Opinyon reyèl kounye a = vrè amelyorasyon pi devan.
Ou pa sèlman ap ranpli yon fòmilè - w ap fasonnen lavni Anyè enfimyè CCM lan.
Nou konnen tou pifò nan nou renmen itilize anyè a sou selilè nou, e nou dakò ak sa.
Ou ka pran sondaj la kèlkeswa lè ou aksede Anyè enfimyè CCM lan apati sondaj nan onglè "Bay opinyon w" ki sou ekran an.
Epitou, si se sou òdinatè ou w ap aksede anyè a, detanzantan w ap wè yon fenèt pou sondaj la parèt, ou ka chwazi pou ranpli l tousuit oubyen lè w fini.
Mwen di w mèsi ankò!
Christina I. Andrianopoulos, MBA
Direktris pwojè espesyal e operasyon-Pwogram CSN
MassHealth Office of Long-Term Services & Supports
Rezime sou apèl trimestriyèl CCM le 29 janvye 2026
Bonjou manm e fanmi CCM,
Le 29 janvye, MassHealth te òganize yon apèl trimestriyèl pou manm e fanmi CCM. Dokiman sou apèl sa a afiche sou paj entènèt manm CCM lan nan CCM Member and Family Stakeholder Calls.
Dokiman yo gen nan yo:
- Dyaporama PowerPoint lan ki dekri inisyativ sou livrezon sèvis CSN MassHealth ap travay sou li.
- Yon anrejistreman an dirèk MassHealth,ki bay yon apèsi sou mizajou livrezon sèvis CSN yo.
Yon rezime sou reyinyon an, ki kondanse kòmantè patisipan yo ak repons OTLSS bay pou kesyon patisipan yo poze, ki pral afiche yon lòt lè e k ap pataje avèk fanmi tou lè sa a.
Mèsi,
Annie Kazarnovsky
Manadjè pwogram sèvis CSN
MassHealth Office of Long Term Services and Supports (OLTSS)
Orè nòmal biwo pou fanmi CCM yo ap sispann
Onè manm e fanmi CCM,
Apati 1ye fevriye 2026, orè nòmal biwo pou fanmi CCM yo ap sispann, e sèlman ap fèt jan l nesesè pou tout enkyetman ki refere.
Nou ankouraje fanmi yo kontakte responsab klinik CCM pa yo a pou tout enkyetman oubyen pwoblèm. CCM ap refere pwoblèm sa yo bay MassHealth, jan sa nesesè.
Konnen tanpri manm e fanmi CCM yo gendwa kontinye sèvi ak imèl sa a: dmeposprogram@mass.gov.
Annie Kazarnovsky
Direktris pwogram sèvis CSN
MassHealth Office of Long Term Services and Supports
Executive Office of Health and Human Services
Patisipe nan yon Sondaj sou anyè enfimyè CCM jodiya!
Alo manm e fanmi CCM,
Men yon bagay enteresan -
Grasa rezilta sondaj sou Anyè enfimyè CCM lan, nou fèk :
- Amelyore yon fonksyon
- Korije yon bug ki te rekonèt
- Lanse yon zouti itilizatè yo te mande
Nou pran o serye itilizasyon opinyon w pou fè amelyorasyon.
Eseye l nan pwochen vizit ou a!
Ou ka pran sondaj la kèlkeswa lè ou aksede Anyè enfimyè CCM lan apati sondaj nan onglè "Bay opinyon w" ki sou ekran an.
Epitou, si se sou òdinatè ou w ap aksede anyè a, detanzantan w ap wè yon fenèt pou sondaj la parèt, ou ka chwazi pou ranpli l tousuit oubyen lè w fini.
Ak tout respè,
Christina I. Andrianopoulos, MBA
Direktris pwojè espesyal e operasyon-Pwogram CSN
MassHealth Office of Long-Term Services & Supports
Apèl timestriyèl manm e fanmi CCM yo avèk MassHealth - janvye 2026
Onè manm e fanmi CCM,
MassHealth ap òganize yon apèl trimestriyèl avèk manm e fanmi nan CCM pou pale sou mizajou nan livrezon sèvis CSN yo e pou bay manm e fanmi CCM yo chans pou yo pataje opinyon yo sou sèvis enfimyè konpetan kontini (CSN) yo. Premye pati apèl la ap yon pale sou pwogram Asistans nan swen konplèks (Complex Care Assistant, CCA), sa gen ladan egzijans ki gen alèkile nan pwogram lan e chanjman ki pwopoze yo. Pèsonèl diferan klinik swen palyatif pedyatrik ap patisipe nan apèl la pou tande enfòmasyon sou pwogram CCA a.
Ki lè
- Jedi 29 janvye 2026, ant 1:00 - 2:30 p.m.
Ki kote
- Apèl sa yo ap fèt nan Zoom e ap gen sèvis entèprèt espayòl. Tanpri itilize enfòmasyon ki nan imèl orijinal la pou rantre nan apèl yo.
Ajanda
1:00 – 1:30 p.m.
- Yon apèsi sou pwogram CCA a e chanjman ki pwopoze
1:30 – 2:00 p.m.
- MassHealth pral bay repons pou tout kesyon e kòmantè ki konsène pwogram CCA a
2:00 – 2:10 p.m.
- MassHealth pral founi tout lòt mizajou sou sèvis CSN yo
2:10 – 2:30 p.m.
- MassHealth vle tande kòmantè manm e fanmi CCM yo nan tout rès apèl la.
Nou pa ka tann pou w patisipe!
Ak tout respè,
Annie Kazarnovsky
Direktris pwogram sèvis CSN
MassHealth Office of Long Term Services and Supports
Executive Office of Health and Human Services
Patisipe nan yon Sondaj sou anyè enfimyè CCM jodiya!
Alo manm e fanmi CCM,
Pataje opinyon nan sondaj sou Anyè enfimyè CCM lan ap ede nou amelyore eksperyans ou atravè chanjman pi devan.
Nou konnen ou trèzokipe. Se pou rezon sa sondaj Anyè enfimyè CCM lan pran mwens pase 2 minit pou ranpli.
Eseye l pwochen fwa li parèt!
Ou ka pran sondaj la kèlkeswa lè ou aksede Anyè enfimyè CCM lan apati sondaj nan onglè "Bay opinyon w" ki sou ekran an.
Epitou, si se sou òdinatè ou w ap aksede anyè a, detanzantan w ap wè yon fenèt pou sondaj la parèt, ou ka chwazi pou w ranpli l tousuit oubyen lè w fini.
Mèsi pou patisipasyon w nan pwochen amelyorasyon Anyè enfimyè CCM lan,
Christina I. Andrianopoulos, MBA
Direktris pwojè espesyal e operasyon-Pwogram CSN
MassHealth Office of Long-Term Services & Supports
Rezime apèl CCM chak trimès 9 oktòb 2025
Chè Manm CCM ak Fanmi CCM yo,
MassHealth te òganize yon apèl chak trimès pou manm CCM ak fanmi CCM nan dat 9 oktòb. Nou te afiche diapositives yo ak yon anrejistreman MassHealth an dirèk bay yon apèsi sou prezantasyon an epi voye yo yon imèl bay fanmi yo nan dat 10 oktòb. Kounye a, rezime fidbak ak kesyon patisipan yo te afiche tou nan paj wèb manm CCM yo nan Apèl manm CCM ak moun ki gen enterè fanmi yo.
Mèsi,
Annie Kazarnovsky
Manadjè Pwogram Sèvis CSN
Biwo Sèvis ak Sipò Alontèm MassHealth
Biwo Egzekitif Sante ak Sèvis Imen
Sesyon koute MassHealth sou chanjman ki gen nan pwogram PCA a
Chè manm e fanmi nan CCM,
MassHealth ap òganize de sesyon koute piblik kote y ap pale sou chanjman ki pral genyen nan pwogram PCA a.
Sesyon yo ap fèt:
Ki jou: Lendi 17 novanm 2025
A ki lè: 2:00pm – 4pm
Sijè a se: Sesyon 1 pou enfòmasyon piblik PCA
Ki jou: Vendredi 21 novanm 2025
A ki lè: 2:00pm – 4pm
Sijè a se: Sesyon 2 pou enfòmasyon piblik PCA
W ap jwenn enfòmasyon sou Zoom nan paj evènman a nan Mass.gov. Enfòmasyon sou chanjman k ap genyen nan pwogram PCA a ap pataje tou ak tout kliyan PCA nan kad yon kominikasyon pou manm yo nan pwochen semèn yo.
Si w vle poze kesyon, kontakte tanpri direktè klinik CCM ou an.
Ak tout respè,
Annie Kazarnovsky
Direktris pwogram sèvis CSN
MassHealth Office of Long Term Services and Supports
Patisipe nan yon Sondaj sou anyè enfimyè CCM jodiya!
Alo manm e fanmi CCM,
Pataje opinyon nan sondaj sou Anyè enfimyè CCM lan ede CCM amelyore eksperyans ou.
Opinyon w ap ede amelyore anyè a nan lavni-- kit se rezoud pwoblèm, ajoute nouvo fonksyon, oubyen senplifye sa ki la deja.
Li rapid, fasil, e l ap ede n fè eksperyans ou pi bon toujou.
Ou ka pran sondaj la kèlkeswa lè ou aksede Anyè enfimyè CCM lan apati sondaj nan onglè "Bay opinyon w" ki sou ekran an.
Epitou, si se sou òdinatè ou w ap aksede anyè a, detanzantan w ap wè yon fenèt pou sondaj la parèt, ou ka chwazi pou ranpli l tousuit oubyen lè w fini.
Opinyon w enpòtan - e n ap koute w.
Mèsi,
Christina I. Andrianopoulos, MBA
Direktris pwojè espesyal e operasyon-Pwogram CSN
MassHealth Office of Long-Term Services & Supports
Avètisman pou ajans CSN konsènan enpoze frè sou fanmi ki angaje enfimyè
Chè manm e fanmi CCM,
Yon ajans CSN pa dwe fè yon fanmi peye frè si yo angaje yon enfimyè ki te travay pou ajans lan anvan. Sa gen ladan kontra "PA ANGAJE", akò "domaj enterè likide", oubyen kontra ki gen non sanblab. MassHealth fèk enfòme ajans yo sou direktiv sa a apati yon bilten founisè. Ou gendwa konsilte bilten an nan CCM Related Provider Bulletins | Mass.gov.
Si fanmi w te oblije siyen yon kontra oubyen akò sou sa, kontra sa a pa gen okenn valè ankò. Si yo mande w siyen non w sou yon akò ki sanblab oubyen si yon ajans eseye fè w respekte yon kontra ou te siyen anvan, se pou w tanpri fè responsab klinik CCM ou a konn sa. CCM pral avèti MassHealth e MassHealth pral kontakte ajans lan.
Si w vle poze kesyon, kontakte tanpri responsab klinik CCM ou an.
Ak tout respè,
Annie Kazarnovsky
Direktris pwogram sèvis CSN
MassHealth Office of Long Term Services and Supports