• This page, Mesaj CCM pou Fanmi yo (Haitian Creole), is   offered by
  • MassHealth

Mesaj CCM pou Fanmi yo (Haitian Creole)

La a w ap jwenn kopi imèl MassHealth an kreyòl ayisyen pou manm Community Case Management (CCM) ak fanmi yo.

Table of Contents

Transfè responsab klinik CCM

Chè manm e fanmi CCM,

Nou te enfòme w dènyèman sou pwogram Jesyon Ka Kominotè MassHealth (CCM) la k ap fè ajisteman nan politik anyèl li a sou evalyasyon manm CCM ki majè. Chanjman sa a an vigè depi 1ye jiyè 2025. Depi 1ye jiyè, manm CCM ki gen 18 an oswa ki pi gran ap gen pou yo fè evalyasyon pa yo a avèk reponsab klinik la chak dezan, olye pou yo fè l chak ane. Poutèt chanjman sa a, CCM ap fè ajisteman tou nan chaj travay responsab klinik yo pou ka repati egalego travay evalyasyon manm yo.

Poutèt ajisteman nan chaj travay sa yo, anpil manm ap transfere bay yon lòt responsab klinik CCM. Transfè sa yo pral fèt nan pwochen mwa k ap vini yo. Si responsab klinik ou a ap chanje, CCM pral fè tout efò posib pou l fè w konn sa. Epitou n ap eseye asire responsab klinik ou gen alèkile a prezante w bay nouvo responsab klinik la. Nouvo responsab klinik ou a ap kontakte w tou pou l entwodui tèt li, pou l pale ak ou sou ki metòd kominikasyon ou pito, e pou l eksplike kisa k ap fèt pi devan.

Gen kèk responsab klinik CCM ki fèk kite CCM. Si responsab klinik ou a pa travay ankò pou CCM, w ap jwenn enfòmasyon sou transfè w la dirèkteman nan men nouvo responsab klinik ou a. Nou konprann sa gendwa parèt bridsoukou. N ap travay deprè avèk responsab klinik yo pou tranzisyon sa yo fèt osi fasil ke posib. N ap ankouraje ni manm ni fanmi yo telefonnen nan (800) 863-6063 oswa voye imèl ba nou nan commcase@umassmed.edu pou tout kesyon yo ta renmen poze.

Mèsi,

Annie Kazarnovsky

Direktris pwogram sèvis CSN

MassHealth OLTSS

Rezime e anrejistreman apèl trimestriyèl CCM lan le 12 jen 2025

Chè manm e fanmi CCM,

Le 12 jen, MassHealth te òganize yon apèl trimestriyèl pou manm e fanmi CCM yo. Nou te afiche dyapositiv pou apèl sa a e nou te voye yo pa imèl bay fanmi yo le 18 jen. Gen yon anrejistreman MassHealth an dirèk ki ofri yon apèsi jeneral sou prezantasyon an, ansanm ak yon rezime sou kòmantè ak kesyon patisipan yo poze ke w ap jwenn sou paj wèb pou manm CCM yo nan CCM Member and Family Stakeholder Calls.

Mèsi,

Annie Kazarnovsky

Direktris pwogram sèvis CSN

MassHealth Office of Long Term Services and Supports

Executive Office of Health and Human Services

Politik dezan sou evalyasyon pou manm CCM ki majè k ap an vigè le 1ye jiyè - 30 jen 2025

30 jen 2025

Chè manm e fanmi CCM,

Pwogram Jesyon Ka Kominotè (CCM) MassHealth la ap fè ajisteman sou politik evalyasyon anyèl li a pou manm CCM ki majè yo. Apati 1ye jiyè 2025, manm CCM ki gen 18 an oswa ki pi gran ap gen pou fè evalyasyon pa yo a avèk reponsab klinik la chak dezan, olye pou yo fè l chak lane.

Kilè pwochen evalyasyon mwen an ap fèt?

  • Si w gen 17 an oswa mwens, evalyasyon w lan toujou ap fèt chak lane. Pa gen chanjman.
  • Si w se yon nouvo manm ki majè (18 an oswa pi gran), w ap toujou gen yon premye evalyasyon e yon evalyasyon suivi twa mwa apre. Pwochen evalyasyon w lan ap fèt dezan apre evalyasyon twa mwa w la.
  • Si w gentan yon manm e te gen 18 an oswa plis nan lè dènye evalyasyon w lan, pwochen evalyasyon w lan gendwa varye jan sa make annapre a.
    • Si dènye evalyasyon w lan te ant 1ye jiyè 2024 e 30 jen 2025, pwochen evalyasyon w lan ap dwe fèt dezan apre dat sa a.
      • Egzanp 1: Yon manm ki gen 25 an te gen evalyasyon l le 5 desanm 2024. Pwochen evalyasyon l dwe fèt nan mwa desanm 2026.
      • Egzanp 2: Yon manm ki gen 47 an te gen evalyasyon l le 5 me 2025. Pwochen evalyasyon li dwe fèt nan mwa me 2027.
    • Si w gen 18 an oswa plis e pwochen evalyasyon w lan gentan pwograme pou apre 1ye jiyè 2025, ou ka chwazi pou w fè evalyasyon ki pwograme a oswa tann yon lòt ane. Responsab klinik CCM ou a pral rele pou pale sou chwa ou genyen.
      • Egzanp : Yon manm ki gen 36 an gen evalyasyon ki pwograme pou le 5 out 2025. Li ka swa fè evalyasyon an le 5 out 2025 oswa tann jouk mwa out 2026.

E si m pral gen 18 an?

  • Si w fèk gen 18 an oswa w pral gen 18 an ane sila a, w ap gen pou w fè yon evalyasyon anvan w chanje ale nan orè evalyasyon dezan an.
    • Egzanp 1: Nan mwa janvye 2025 yon manm fete 18 an l e li te fè evalyasyon li an nan mwa mas 2025. Pwochen evalyasyon l lan dwe fèt nan mwa mas 2027.
    • Egzanp 2: Nan mwa me 2025 yon manm fete 18 an l men l te fè evalyasyon li an nan mwa out 2024. Pwochen evalyasyon l lan dwe fèt nan mwa out 2025. Pwochen evalyasyon li apresa dwe fèt nan mwa out 2027.
    • Egzanp 3: Nan mwa septanm 2025 yon manm pral fete 18 an l e li te fè evalyasyon li an nan mwa fevriye 2025. Pwochen evalyasyon l lan dwe fèt nan mwa fevriye 2026. Pwochen evalyasyon li apresa dwe fèt nan mwa fevriye 2028.

E si m ta renmen fè yon evalyasyon chak lane?

  • Tout manm CCM gendwa nenpòt lè mande pou yon evalyasyon an pèsòn. Si w se yon manm ki majè e w ta pito fè evalyasyon w lan chak lane, li posib pou sa fèt. CCM gendwa panse tou li se yon nesesite medikal pou yon manm ki majè fè yon evalyasyon an pèsòn pi souvan oswa pi bonè pase jan l pwograme a si gen chanjman nan kondisyon medikal manm lan e chanjman an pa ka evalye nan telefòn.

Èske ap gen yon chanjman sou chak ki lè responsab klinik CCM lan kontakte m?

  • Non, responsab klinik CCM lan ap kontinye kontakte w menm jan ak anvan. Si w te mande responsab klinik CCM lan pou l telefonnen w chak twa oswa sis mwa, y ap kontinye suiv orè sa a.

Kisa ki pral rive otorizasyon alavans (PA) mwen yo?

  • PA toujou ap ekri pou yon maksimòm yon ane. Nan fen ane a, yon nouvo PA ap ekri pou sèvis baze sou tou dènye evalyasyon an.
  • PA pa p pwolonje pou dezan. Etandone manm CCM ki poko gen 18 an pral kontinye fè evalyasyon chak lane, CCM pral kontinye otorize PA pou tout manm pou yon maksimòm yon lane. Politik sa a konfòm ak lòt pwogram MassHealth.

Pouki chanjman sa a sèlman pou manm ki majè e pa pou timoun nan CCM yo?

  • Timoun ki gen pwoblèm sante konplèks ki gen mwens pase 18 an e k ap kontinye gen chanjman fizik e devlopmantal pi siseptib pou yo gen bezwen ki chanje chak lane. Yon evalyasyon anyèl ap ede n asire ke nou anvizaje bezwen inik yo.

Chanjman sa a nan politik la ap an vigè le 1ye jiyè 2025. Nan pwochen koutfil ou ki pwograme a, responsab klinik CCM lan ap pale sou chanjman sa a e l ap eksplike w kòman li afekte lè pwochen evalyayson w lan ap fèt. Si antretan ou gen kesyon, kontakte tanpri responsab klinik CCM ou an.

Ak tout respè,

Annie Kazarnovsky

Direktris pwogram sèvis CSN

MassHealth OLTSS

Rezime sou apèl trimestriyèl CCM le 12 jen 2025

Chè manm e fanmi CCM,

Le 12 jen, MassHealth te òganize yon apèl trimestriyèl pou manm e fanmi CCM. Dokiman sou apèl sa yo afiche sou paj entènèt manm CCM lan nan CCM Member and Family Stakeholder Calls.

Mèsi,

Annie Kazarnovsky

Manadjè pwogram sèvis CSN

MassHealth Office of Long Term Services and Supports (OLTSS)

Imèl : anne.kazarnovsky@mass.gov

Nouvo politik konsènan evalyasyon manm CCM ki adilt - 13 Jen 2025

Chè manm e fanmi CCM,

MassHealth ak CCM (jesyon ka kominotè) ap fè ajisteman nan politik nou an sou evalyasyon anyèl pou manm CCM ki gen 18 an e ki pi gran. Apati 1ye jiyè, manm CCM ki adilt ap gen pou yo fè evalyasyon yo avèk responsab klinik yo a chak dezan, olye pou yo fè l chak lane. Pou manm ki poko gen 18 an, w ap kontinye fè evalyasyon w lan chak lane.

MassHealth ak CCM ap pare yon gid ki pi detaye pou manm e pou fanmi konprann ki enpak sa genyen sou delè pwochen evalyasyon an, y ap voye gid la ba ou nan imèl nan kòmansman mwa jiyè. Nan pwochen reyinyon ki pwograme nan telefòn, responsab klinik CCM yo pral pale avèk tout manm CCM ki adilt sou chanjman sa a ak ki enpak li genyen sou pwochen evalyasyon an. Si antretan ou gen kesyon, kontakte tanpri responsab klinik CCM ou an.

Ak tout respè,

Annie Kazarnovsky

Manadjè pwogram sèvis CSN

Biwo Sèvis e Soutyen Alontèm  MassHealth (OLTSS) 

Rezime Apèl Trimèstryèl CCM 27 Fevriye - 16 Me 2025

16 me 2025

Chè Manm CCM ak Fanmi CCM yo,

MassHealth te òganize yon apèl trimèstryèl pou manm CCM yo ak fanmi CCM yo nan dat 27 fevriye. Materyèl ki soti nan apèl la te afiche sou paj wèb manm CCM yo nan  Apèl pou moun ki gen enterè nan manm CCM yo ak fanmi yo .

Materyèl yo enkli:

  1. Prezantasyon  diapozitiv PowerPoint  ki dekri Inisyativ Prestasyon Sèvis CSN ke MassHealth ap travay sou yo.
  2. Yon  Rezime Reyinyon , ki rezime fidbak patisipan yo ak repons OLTSS a kesyon patisipan yo.
  3. Yon  anrejistreman  MassHealth an dirèk ki bay yon apèsi sou dènye enfòmasyon sou livrezon sèvis CSN yo.

Mèsi,

Abigail Newton
Manadjè Règleman Senior pou Swen Sante Lakay, Ospis, Terapi, ak CSN
MassHealth Biwo Sèvis ak Sipò Long Tèm
Biwo Egzekitif Sante ak Sèvis Sosyal

Apèl trimestriyèl manm e fanmi CCM yo avèk MassHealth - mwa jen 2025 - 12 me 2025

12 me 2025

Onè manm e fanmi CCM,

MassHealth ap òganize yon apèl trimestriyèl avèk manm e fanmi CCM yo pou pale sou mizajou nan tout livrezon sèvis CSN yo e pou bay manm e fanmi CCM yo chans pou yo pataje opinyon pa yo sou sèvis CSN yo.

Ki lè e ki kote : Apèl la ap fèt jedi, 12 jen soti 5:30 Jiska 7:00 pm e l ap nan Zoom.

Ajanda:

Jedi 12 jen

05:30 – 6:00 pm

  • Mizajou sou tout amelyorasyon nan livrezon sèvis CSN yo.

06:00 – 7:00 pm

  • MassHealth ta renmen koute kòmantè manm e fanmi CCM yo pandan tout rès apèl la.

Apèl la ap nan Zoom e ap gen sèvis entèprèt disponib. 

Nou pa ka tann pou w patisipe!

Ak tout respè,

Abigail Newton

Jesyonè prensipal politik pou sante adomisil, swen palyatif, terapi, e CSN

Biwo Sèvis e Soutyen Alontèm MassHealth (OLTSS)

Executive Office of Health and Human Services (EOHHS)

Apèl timestriyèl manm e fanmi CCM yo avèk MassHealth, mwa fevriye 2025 - 6 fevriye 2025

6 fevriye 2025

Chè manm e fanmi CCM,

Ou resevwa imèl sa poutèt ou se swa manm oubyen fanmi nan Jesyon Ka Kominotè (Community Case Management, CCM) k ap resevwa sèvis enfimye (è) konpetan kontini (Continuous Skilled Nursing, CSN) nan MassHealth.

MassHealth ap òganize yon apèl trimestriyèl avèk manm e fanmi nan CCM pou pale sou mizajou tout amelyorasyon nan livrezon sèvis CSN yo e pou bay manm e fanmi CCM yo chans pou yo pataje opinyon pa yo sou sèvis CSN yo.

Apèl la ap fèt jedi 27 fevriye a 12:30 p.m. e l ap fini a 2:00 p.m.

Ajanda :

Jedi 27 fevriye

12:30 – 1:00 pm

  • Mizajou sou tout amelyorasyon nan livrezon sèvis CSN yo.

01:00 – 2:00 pm

  • MassHealth vle tande kòmantè manm e fanmi CCM yo pandan tout rès apèl la.

Apèl la ap fèt nan Zoom e ap gen sèvis entèprèt disponib. 

Nou pa ka tann pou w patisipe!

Ak tout respè,

Abigail Newton

Jesyonè prensipal politik pou sante adomisil, swen palyatif, terapi, e CSN

Biwo Soutyen e Sèvis Alontèm MassHealth (OLTSS)

Biwo Egzekitif Sante e Sèvis Sosyal (EOHHS)

Deplasman orè biwo MH DME pou jedi - 5 fevriye 2025

5 fevriye 2025

Chè manm e fanmi jesyon ka kominotè (Community Case Management, CCM),

Apati 1ye janvye 2025, orè ouvèti biwo MH DME a pa p madi ankò men l ap nan jedi e l ap chak 1ye e 3zyèm jedi nan chak mwa, ant 4:30 p.m. e 5:00 p.m.

Pèsonèl nan ekipman medikal dirab MassHealth (Durable Medical Equipment, DME) la vin aprann gen sèten manm ki gen difikilte pou yo jwenn DME e founiti, oksijèn e aparèy e founiti respiratwa, epitou òtèz / pwotèz. Pou ede rezoud pwoblèm sa yo, ekip DME a gen de fwa pa mwa orè biwo anliy e nan telefòn. Nan lè sa yo, MassHealth koute tout kòmantè w e enkyetman ou yo epi eseye jwenn solisyon.

Enpòtan : Si w bezwen èd pou rezoud yon pwoblèm, sonje pou w kontakte responsab klinik CCM ou a an premye. Responsab klinik CCM lan pral travay ansanm avèk espesyalis CCM ki konvni an (ègoterapèt, fizyoterapèt, òtofonis, terapèt risparatwa) e, si sa nesesè, ap kontakte MassHealth.

Detay Zoom pou orè biwo DME yo te voye bay tout manm e fanmi CCM yo nan imèl.

Pou tout pwoblèm oubyen kesyon ou vle poze sou DME, ou ka voye yon imèl bay ekip MassHealth DME a nenpòt lè nan dmeposprogram@mass.gov.

Chak de mèkredi, nou pral voye bay manm e fanmi CCM yo yon imèl pou fè yo sonje orè biwo sa yo.

Mèsi,

Annie Kazarnovsky

Manadjè pwogram sèvis CSN

Biwo Sèvis e Soutyen Alontèm MassHealth

sansibilizasyon sou anyè enfimye(è) CCM lan - 13 janvye 2025

13 janvye 2025

Manm CCM e fanmi,

N ap kominike avèk tout manm CCM epi fanmi yo pou n enfòme w sou anyè enfimye(è) CCM lan CCM Nurse Directory. Li se yon gwo resous ki ka ede oumenm e fanmi w, ranpli è swen enfimye(è) otorize ou yo.

Pou plis enfòmasyon, konsilte zouti travay pou manm ki nan anyè enfimye(è) CCM ki la a epi bwochi sou anyè enfimye(è) CCM lan, ki disponib nan lang anglè epi nan lang espanyòl.

Anyè enfimye(è) CCM lan, CCM Nurse Directory, se yon resous anliy pou ede manm jesyon ka kominotè (Community Case Management, CCM) e fanmi yo jwenn enfimye(è) CSN.

  • Ni oumenm ni fanmi w ka enskri nan anyè a epi kreye yon pwofil kote w ka idantifye orè w, swen ou bezwen, epi lòt preferans. Founisè swen enfimye(è) konpetan kontini (Continuous Skilled Nursing, CSN) MassHealth ka kreye pwofil yo tou, note konpetans pa yo, zòn sèvis yo, e disponiblite yo.
  • Yon fwa yon pwofil kreye, ou ka chèche jwenn founisè CSN MassHealth ki disponib e ki koresponn ak preferans ou yo. Ou ka kominike avèk founisè CSN yo an dirèk nan pòtay anliy la.
  • Lè yon korespondans posib tabli, w ap resevwa yon imèl k ap fè w konnen ou resevwa yon mesaj e ki mande w konekte nan kont ou an. Lè sa a, ou ka konekte an dirèk avèk founisè a nan pòtay anyè a.
  • Si nenpòt ki lè ou vle sispann resevwa mesaj nan men founisè yo, kèlkeswa si w ap fè yon ti poze oubyen si w ranpli tout è ou yo, ou ka fè pwofil ou a inaktif. Ou ka reyaktive pwofil ou nenpòt ki lè san w pa gen pou kreye ankò pwofil ou a.
  • Ou ka monte sou anyè enfimye(è) CCM lan nan sit wèb sila : https://ccmnursedirectory.org
  • Si w bezwen èd, responsab klinik CCM ou an ka konekte w avèk kowodinatè pwojè a ki ka ede w enskri e fè pwofil ou a oubyen kreye pwofil la pou ou epi travay avèk founisè ki reponn yo pou ede ranpli è sèvis enfimye(è) ou yo.

Tanpri, kominike avèk responsab klinik CCM ou an oubyen avèk kowòdinatè pwojè CCM ou an nanCSNAccessSupport@umassmed.edu si w gen kesyon ou vle poze sou anyè a oubyen kòman pou itilize l, oubyen si w ta renmen resevwa soutyen nan mwen kowodinatè pwojè CCM lan pou ede w nan etap enskripsyon an epi nan itilizasyon anyè a.

Nurse Directory Job Aid

Nurse Directory Brochure

Rezime sou apèl trimestriyèl CCM le 22 e 29 oktòb 2024 - 3 janvye 2025

3 janvye 2025

Chè manm e fanmi CCM,

Le 22 e 29 oktòb, MassHealth te òganize de apèl trimestriyèl pou manm e fanmi CCM. Dokiman sou toude apèl sa yo afiche sou paj entènèt manm CCM lan nan CCM Member and Family Stakeholder Calls.

Dokiman yo gen ladan yo :

  1. Dyaporama PowerPoint lan ki dekri inisyativ sou livrezon sèvis CSN MassHealth ap travay sou li.
  2. Yon rezime sou reyinyon an, ki kondanse kòmantè patisipan yo e repons OLTSS bay pou kesyon patisipan yo poze.
  3. Yon anrejistreman an dirèk MassHealth k ap bay yon apèsi sou mizajou livrezon sèvis CSN yo.

Mèsi,

Abigail Newton

MassHealth Office of Long Term Services and Supports (OLTSS)

Executive Office of Health and Human Services (EOHHS)

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback