• This page, Rezime Lwa Sou Konfli Enterè pou Anplwaye Minisipal yo, is   offered by
  • State Ethics Commission

Rezime Lwa Sou Konfli Enterè pou Anplwaye Minisipal yo

Rezime lwa sou konfli enterè sa a, Lwa Jeneral Chapit 268A yo, fèt pou ede anplwaye minisipal yo konprann fason lwa sa a konsène pou yo.

Rezime Lwa Sou Konfli Enterè pou Anplwaye Minisipal yo

Rezime sa a pa ranplase konsèy jiridik, ni li pa mansyone chak aspè nan lwa ki kapab aplike nan yon sitiyasyon patikilye. Anplwaye minisipal yo kapab jwenn konsèy konfidansyèl gratis anrapò ak sou lwa sou konfli enterè nan Divizyon Jiridik Komisyon an sou sitwèb nou an, nimewo telefòn, ak adrès nou anlè a. Konsèy minisipal la kapab konsèy tou.

Lwa sou konfli enterè a la pou anpeche konfli ant enterè prive ak responsablite piblik, ankouraje entegrite nan sèvis piblik, epi fè pwomosyon pou konfyans piblik la nan sèvis sa pandan yo mete restriksyon sou sa anplwaye minisipal yo kapab fè nan travay la, aprè lè, ak anvan yo kite sèvis piblik la, jan sa dekri anba a. Referans seksyon anba yo se seksyon G.L.c. 268A.

Lè Komisyon an jwenn yo te vyole lwa sou konfli enterè a, li kapab enpoze yon sanksyon sivil jiska $10000 ($25000 pou ka kòripsyon) pou chak vyolasyon. Anplis de sa a, Komisyon an kapab bay moun ki vyole lwa lòd pou ranbouse nenpòt avantaj ekonomik li fè nan vyolasyon an, epi dedomaje twazyèm pati ki viktim nan. Vyolasyon lwa sou konfli enterè yo kapab fè tou objè pousuit penal.


I. Èske ou se yon anplwaye minisipal la ki konfòm ak lwa sou konfli enterè?

Ou pa bezwen yon anplwaye meri a y ap peye aplentan pou yo konsidere w tankou yon anplwaye minisipal la ki konfòm ak lwa sou konfli enterè. Nenpòt moun k ap bay yon vil sèvis, oswa ki genyen yon pozisyon nan meri a, kit y ap peye oubyen yo pap pap peye l, ki gen ladan anplwaye minisipal aplentan e a tan pasyèl, moun yo vote nan eleksyon, benevòl, ak konsiltan yo, se yon anplwaye meri a dapre lwa sou konfli enterè a. Yon anplwaye yon antrepriz prive kapab yon anplwaye meri a tou, si antrepriz prive a genyen yon kontra ak meri a epi anplwaye a se yon "anplwaye enpòtan" dapre kontra a, sa vle di vil la te espesifikman fè kontra pou pran sèvis li yo. Lwa a kouvri tou pati prive yo ki angaje nan tranzaksyon ki entèdi ak anplwaye minisipal yo, tankou ofri lajan anba tab oswa bay kado ki ilegal. Manm asanble minisipal yo ak manm komisyon chat la pa anplwaye minisipal dapre lwa sou konfli enterè a.


II. Restriksyon sou pòs travay

(a) Lajan Anba Tab. Li entèdi pou mande oswa resevwa lajan anba tab. (Gade Seksyon 2 a)

Lajan anba tab se nenpòt bagay ki gen valè yon anplwaye meri a resevwa yon fason malonèt an echanj pou enfliyanse anplwaye a nan aksyon ofisyèl li yo. Bay, ofri, resevwa, oswa mande lajan anba tab se yon bagay ilegal.

Lajan anba tab pi grav pase kado ilegal yo paske yo fèt nan lide pou fè kòripsyon. Sa vle di,anplwaye meri a gen entansyon vann pozisyon li a lè li dakò pou fè oswa pa fè kèk aksyon ofisyèl, epi donè a gen entansyon enfliyanse li pou fè sa a. Lajan anba tab se yon bagay ki ilegal kèlkeswa valè a.

(b) Kado ak gratifikasyon. Li entèdi pou mande oswa asepte yon kado akoz pozisyon ofisyèl ou, oswa akoz yon bagay ou kapab fè oswa te fè nan pozisyon ofisyèl ou a. (Gade Sksyon 3, 23(b)(2), ak 26 la)

Anplwaye minisipal yo pa dwe resevwa kado ak gratifikasyon ki gen valè $50 dola oswa plis yo bay pou enfliyanse aksyon ofisyèl yo oswa akoz pozisyon ofisyèl yo. Asepte yon kado nan lide pou rekonpanse yon aksyon ofisyèl nan pase oswa pwovoke yon aksyon ofisyèl alavni ilegal, se menm bagay la lè se ou ki ofri kado sa yo. Asepte yon kado yo ba ou akoz pozisyon ou genyen nan meri a se yon bagay ki ilegal tou. Manje, biyè pou evènman divètisman, gòlf, panye kado ak pèman vwayaj ki chè kapab kado ilegal si yo bay yo akoz aksyon oubyen pozisyon ofisyèl, tankou nenpòt bagay ki vo $50 oswa plis. Yon kantite ti kado ki vo $50 oswa plis kapab vyole seksyon sa yo tou.

Egzanp vyolasyon: Yon administratè vil la ki asepte redui pèman lwaye pou devlopè yo.

Egzanp vyolasyon: Yon pwomotè ki ofri yon anplwaye distri lekòl la yon vwayaj eski ki sipèvize travay pwomotè a pou distri lekòl la.

Eksepsyon reglemantè. Genyen sitiyasyon kote yon anplwaye meri a resevwa yon kado pa ki prezante okenn gwo ris konfli enterè e an reyalite kapab fè avanse enterè piblik la. Komisyon an te kreye eksepsyon ki pèmèt yo bay ak resevwa kado nan sitiyasyon sa yo. Yon eksepsyon ki komen yo itilize ki pèmèt anplwaye minisipal yo pou asepte pèman depans vwayaj lè sa fèt pou fè avanse yon objektif piblik. Yon lòt eksepsyon komen ki pèmèt anplwaye minisipal yo pou asepte pèman depans ki enplike nan patisipasyon nan pwogram edikasyon ak fòmasyon. Lòt eksepsyon yo sou yon lis sou sitwèb Komisyon an.

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yon fabrikan kamyon ki ofri pou peye depans vwayaj pou yon chèf ponpye pou ale nan yon fwa komèsyal kote chèf kapab egzaminen plizyè tip ekipman ponpye vil la kapab achte. Chèf la ranpli yon fòmilè deklarasyon epi jwenn apwobasyon nan men Responsab nominasyon l lan.

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yon trezorye vil la ki patisipe nan yon lekòl anyèl de jou ki genyen plizyè seminè de fon sou kesyon pètinan pou trezorye yo. Bank yo ap finanse yon pati nan lekòl anyèl la peye nan kolaborasyon trezorye yo. Yo egzije trezorye a pou sèlman fè yon deklarasyon si youn nan bank esponnsò yo genyen biznis ofisyèl anvan li nan sis mwa anvan oswa apre lekòl anyèl la.

(c) Move Itilizasyon Pòs la. Li entèdi pou itilize pozisyon ofisyèl ou pou jwenn yon bagay ou pa gen dwa ladan, oswa pou fè yon lòt moun jwenn yon bagay yo pa gen dwa ladan. Li entèdi tou pou fè yon lòt moun fè bagay sa yo. (Gade Seksyon 23(b)(2) ak 26 la)

Yon anplwaye meri a pa dwe itilize pozisyon li pou jwenn yon bagay ki vo $50 oswa plis ki pa t ap disponib pou yon lòt moun ki nan menm sitiyasyon an. Menm jan tou, yon anplwaye minisipal la pa ka itilize pozisyon ofisyèl li pou jwenn yon bagay ki vo $50 oswa plis ki pa t ap disponib pou lòt moun ki nan menm sitiyasyon an. Li entèdi tou pou fè yon lòt moun fè bagay sa yo.

Egzanp vyolasyon: Yon anplwaye vil la ki aplentan ki ekri yon woman nan lè travay la, itilize òdinatè biwo li a , epi mande sekretè li pou revize pwojè a.

Egzanp vyolasyon: Yon konseye vil la ki mande moun ki sou lòd li yo pou mennen madanm li ale nan yon makèt epi mennen li tounen.

Egzanp vyolasyon: Majistra ki evite peye yon kontravansyon pou eksè vitès pandan li di polisye ki kanpe l la, "Èske w konn ki moun mwen ye?" epi montre li kat idantifikasyon meri li a.

(d) Tranzaksyon pèsonèl ak nepotis. Li entèdi pou patisipe antanke yon anplwaye meri a nan yon bagay ou menm, fanmi imedya w, òganizasyon kòmèsyal ou, oswa pwochen anplwayè w genyen yon enterè finansye. (Gade Seksyon 19 la)

Yon anplwaye meri a pa kapab patisipe nan okenn bagay patikilye kote li menm oswa yon manm fanmi imedya li (paran, pitit, frè ak sè, madanm epi paran, pitit, ak frè e sè madanm li) genyen yon enterè finansye. Li pa kapab patisipe tou nan okenn bagay patikilye kote pwochen patwon travay li, oswa nan òganizasyon komèsyal li se direktè, responsab, fidisyè, oswa anplwaye ki genyen yon enterè finansye. Patisipasyon an gen ladan diskite ansanm ak vote sou yon pwoblèm, ak delege yon dosye pou yon lòt moun.

Yon enterè finansye kapab kreye yon konfli enterè kit li gwo oswa piti, epi pozitif oswa negatif. Sa vle di, li pa enpòtan si gen anpil oswa ti kras lajan ki enplike. Li pa enpòtan tou si w ap mete oswa retire lajan nan pòch ou. Si ou menm, fanmi imedya w, biznis ou, oswa patwon travay ou genyen enterè finansye nan yon dosye, ou pa kapab patisipe. Enterè finansye a dwe dirèk e imdeya oswa ki previzib yon fason rezonab pou kreye yon konfli. Enterè finansye ki a distans, espekilatif oswa ki sifizaman idantifyab pa kreye konfli.

Egzanp vyolasyon: Madanm yon manm komite lekòl la se yon pwofesè nan lekòl piblik vil la. Manm komite lekòl la vote bidjè pou salè pwofesè yo.

Egzanp vyolasyon: Yon manm komite vil la sou lojman abòdab se direktè yon antrepriz ki nan devlopman lojman ki pa la pou fè lan. Asosyasyon ki pa la pou fè lajan fè yon aplikasyon bò kote komite a, epi manm/direktè a patisipe nan diskisyon an.

Egzanp: Yon manm konsèy amenajman ki rete tou pre yon pwopriyete kote pwomotè a gen plan pou bati yon nouvo batiman. Piske manm konsèy amenajman genyen yon pwopriyete ajasan, yo prezime li genyen yon enterè finansye nan dosye a. Li pa kapab patisipe sof si li bay Komisyon Etik Eta a yon avi yon evalyatè endepandan ki kalifye epi nouvo konstriksyon an pap afekte enterè finansye li.

Nan anpil ka, lè li pa oblije patispe, yon anplwaye minisipal kapab pa patisipe pou respekte lalwa nan yon dosye patikilye kote li genyen yon enterè finansye. Li pa bezwen bay yon rezon pou li pa patisipe.

Genyen plizyè eksepsyon nan seksyon lwa sa a. Yon anplwaye minisipal yo nonmen kapab depoze yon deklarasyon sou enterè finansye bò kote Responsab nominasyon li an, epi chache jwenn pèmisyon pou patisipe malgre konfli ki genyen an. Responsab nominasyon an kapab ba li yon pèmisyon ekri pou patisipe si li wè enterè finansye a pa vrèman enpòtan pou li afekte entegrite sèvis anplwaye a pou meri a. Patisipe san deklare enterè finansye ki genyen an se yon vyolasyon. Anplwaye yo vote nan eleksyon yo pa kapab itilize pwosedi divilgasyon an paske yo pa gen okenn Responsab nominasyon.

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yon manm yo nonmen nan komite konsiltatif zonaj vil la, k ap revize ak fè rekòmandasyon chanjman nan regleman vil la pou sa ki konsène yon distri komèsyal, se yon asosye nan yon konpayi ki genyen pwopriyete komèsyal nan distri a. Anvan pou patisipe nan nenpòt diskisyon komite a, manm lan ap depoze yon deklarasyon bò komite apèl zonaj la ki te nonmen li nan pòs la, epi Responsab nominasyon an ap ba li yon desizyon ekri ki otorize li patisipe, malgre enterè finansye konpayi li a Pa gen vyolasyon.

Genyen eksepsyon tou pou anplwaye yo nonmen ak sa yo vote nan eleksyon kote responsablite anplwaye a se regle kesyon politik jeneral epi enterè finansye anplwaye a pataje avèk yon pati enpòtan (jeneralman 10% oswa plis) nan popilasyon vil la, tankou, pa egzanp, yon enterè finansye nan to enpozisyon fonsyè oubyen to sèvis piblik minisipal yo.

Eksepsyon reglemantè. Anplis de eksepsyon legal ki mansyone yo, Komisyon an te kreye plizyè eksepsyon reglemantè ki pèmèt anplwaye minisipal yo patisipe nan dosye patikilye malgre prezans yon enterè finansye nan kèk sitiyasyon espesifik lè yo pèmèt yo fè sa fè avanse yon objektif piblik.

Genyen yon eksepsyon ki pèmèt manm komite lekòl yo patisipe nan regle frè ekolaj ki ap afekte pwòp pitit pa yo si yo fè yon deklarasyon ekri alavans. Genyen yon eksepsyon ki pèmèt grefye vil yo egzèse fonksyon ki lye ak eleksyon menm lè yo, oubyen manm fanmi imedya yo, nan bilten vòt la, paske fonksyon ki lye ak eleksyon grefye yo se lòt lwa ki reglemante yo. Genyen yon eksepsyon ki pèmèt moun ki gen tit manm konsèy minisipal sou baz egzijans legal ki, selon baz legal sa, konsèy la dwe genyen manm ki genyen afilyasyon detèmine pou patisipe totalman nan desizyon politik jeneral konsèy la, menm si ak antite li afilye a genyen yon enterè finansye nan dosye a. Lòt eksepsyon yo nan lis regilasyon Komisyon an, disponib sou sitwèb Komisyon an.

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yo te mete sou pye yon konsèy konsiltatif pou konseye Konsèy Seleksyon an sou kesyon politik ki gen rapò ak lapèch ak koki. Li obligatwa pou Konsèy Konsiltatif la genyen manm ki se pechè komèsyal. Yon manm konsèy la ki se yon pechè komèsyal pakab patisipe nan desizyon politik jeneral kote li genyen yon enterè komèsyal ki komen ak tout pechè yo, men pa kapab patisipe nan desizyon kote li menm sèlman genyen yon enterè finansye, tankou pwolongasyon pèmi oswa kontra pèsonèl li yo.

(e) Fo deklarasyon. Li entèdi tou pou prezante yon fo deklarasyon bay anplwayè w pou yon pèman oswa benefis, ak fè yon lòt moun fè sa. (Gade Seksyon 23(b)(4) ak 26 la)

Yon anplwaye meri a pa kapab prezante yon fo deklarasyon oswa deklarasyon ki gen fwod bay patwon travay li pou pèman oswa benefis ki vo $50 oswa plis, oswa pouse yon lòt moun fè sa a.

Egzanp vyolasyon: Yon direktè travo piblik mande sekretè li pou mete prezan pou li nan lis prezans lan nan jou li t al fè eski yo.

(f) Aparisyon konfli. Li entèdi pou aji yon fason ki ta fè yon moun rezonab panse ou kapab enfliyanse yon fason ki pa apwopriye. (Gade Seksyon 23(b)(3) a)

Yon anplwaye minisipal la pa kapab aji yon fason ki ta koz yon moun rezonab panse li ta montre favè pou yon lòt moun, oswa li kapab enfliyanse yon fason ki pa apwopriye. Seksyon 23(b)(3) egzije yon anplwaye meri a pou konsidere si relasyon ak afilyasyon li kapab anpeche li aji yon fason ki jis e objektif lè l ap fè travay li pou yon vil. Si li pa ka jis e objektif akoz yon relasyon oswa afilyasyon, li pa dwe fè travay li. Sepandan, yon anplwaye meri a, kit yo te vote li oswa nonmen li, kapab evite vyole kloz sa a lè li fè yon deklarasyon piblik de reyalite a. Yon anplwaye yo nonmen dwe fè deklarasyon an alekri bay ajan nominasyon li an.

Egzanp kote pa gen okenn vyolasyon: Yon pwomotè ki se kouzen prezidan komisyon konsèvasyon an ki te ranpli yon aplikasyon bò kote komisyon an. Yon moun ki rezonab te kapab panse prezidan petèt fè kouzen l lan favè. Prezidan ap depoze yon deklarasyon alekri bò kote Responsab nominasyon l lan pou esplike relasyon li ak kouzen l lan anvan rankont lan kote yo pral konsidere aplikasyon an. Pa gen vyolasyon Seksyon 23(b)(3) a.

(g) Enfòmasyon konfidansyèl. Li entèdi pou divilge yon fason ki pa apwopriye oswa itilize enfòmasyon konfidansyèl ou jwenn nan travay ou pèsonèlman. (Gade Seksyon 23(c) a)

Anplwaye minisipal yo pa ka divilge enfòmasyon konfidansyèl yo yon fason ki pa apwopriye, oswa fè itilizasyon pèsonèl de enfòmasyon ki pa piblik yo pandan tach ofisyèl li yo nan enterè pèsonèl li.


III. Restriksyon apre lè travay yo

(a) Li entèdi pou pran yon dezyèm travay peye ki rantre nan konfli ak travay meri a. (Gade Seksyon 23(b)(1) a)

Yon anplwaye meri a pa ka asepte lòt travay peye si responsablite dezyèm travay la pa konpatib ak travay li genyen nan meri a.

Egzanp: Yon ofisye polis pa kapab travay tankou yon ajan sekirite y ap peye nan vil kote li ap sèvi a paske demann travay prive l yo t ap nan konfli ak travay kòm ofisye polis.

(b) Lwayote Divize. Li entèdi pou resevwa pèman nan men nenpòt lòt moun eksepte vil la pou travay sou yon bagay ki enplike vil la. Li entèdi tou pou aji tankou ajan oswa avoka pou yon lòt moun eksepte vil la nan yon bagay ki enplike vil la, kit yo peye w oswa pa peye w. (Gade Seksyon 17 la)

Vil yo gen dwa ak lwayote san fay de anplwaye li yo, yon aplwaye meri a pa ka ap resevwa lajan nan men lòt moun ak òganizasyon nan yon bagay kote meri a genyen yon enterè. Anplis de sa a, yon anplwaye minisipal la pa ka aji nan non lòt moun ak òganizasyon oubyen aji tankou yon avoka pou lòt moun ak òganizasyon si vil la genyen yon enterè nan yon dosye. Aji tankou yon ajan gen ladan kontakte meri a an pèsòn, pa telefòn, oswa alekri; aji tankou yon lyezon; bay vil la dokiman; epi sèvi tankou pòtpawòl.

Yon anplwaye minisipal la kapab toujou reprezante pwòp enterè li, menm anvan pwòp ajans oswa konsèy meri li a, sou menm tèm ak kondisyon ki ta aplike pou lòt manm nan piblik la ki nan menm sitiyasyon an. Yon anplwaye minisipal kapab aplike tou pou pèmi konstriksyon ak pèmi konèks yo nan non yon lòt moun epi yo peye l pou sa a, sof si l ap travay pou ajans k ap delivre yo a oubyen yon ajans ki reglemante ajans delivrans pèmi an.

Egzanp vyolasyon: Yon ajan sante aplentan ki soumèt yon plan sistèm septik bay konsèy sante vil la li te prepare pou yon kliyan prive.

Egzanp vyolasyon: Yon manm konsèy ibanis la ki reprezante yon kliyan prive devan konsèy seleksyon an sou yon demann asanble minisipal sou rezonaj pwopriyete kliyan an.

Pandan anpil anplwaye meri a ap viv ak travay yo nan meri a, kèk anplwaye meri a bay tan yo volontèman oswa resevwa yon pay monnen. Yon manm konsèy ibanis la ki bay vil la sèvis jiridik lè sa nesesè, kapab sèvis nan yon pòs kote yo kapab genyen lòt travay pèsonèl oswa prive pandan lè travay nòmal yo. Lè yo rekonèt nesesite ki genyen pou pa mete restriksyon sou kapasite benevòl ak anplwaye vil la ki a tan pasyèl yo pou genyen lavi yo, lwa mwens sevè pou anplwaye minisipal "espesyal" sa yo pase lòt anplwaye meri a.

Se vòt yon konsèy minisipal, yon meri oswa yon òganis ki sanble ak yo ki dwe deziyen yon pòs minisipal yon estati emplwaye minisipal. Yo kapab deziyen yon pòs "espesyal" si yo pa peye pou li, oubyen si li atan pasyèl epi yo otorize anplwaye pou genyen yon lòt travay pandan lè travay nòmal li yo, oubyen si yo pa t peye anplwaye a lè li te travay plis pase 800 èdtan pandan 365 jou pase yo. Se pozisyon sa yo deziyen "espesyal" men se pa moun nan oubyen mon ki okipe pòs la. Seleksyonè vil ki genyen 10000 oswa mwens abitan yo otomatikman konsidere yo "espesyal", seleksyonè nan gwo vil yo pa kapab "espesyal".

Si yo deziyen yon pòs minisipal "espesyal", lòt moun kapab peye yon anplwaye ki nan pòs sa, epi aji tankou avoka pou lòt yo nan respè pou bagay ki gen rapò ak dosye ki devan konsèy minisipal la pase pwòp zafè li, demontre li pa t patisipe nan dosye a, epi dosye a pa la kounye a, epi li pa t la nan lane ki te pase, anba responsablite ofisyèl li.

Egzanp: Yon manm komite lekòl yo te deziyen tankou yon anplwaye espesyal meri a parèt devan konsèy sante a nan non yon kliyan pou kabinè dwa prive li, sou yon dosye li pa t patisipe ladan oswa pa t responsab antanke manm komite lekòl. Pa gen konfli. Sepandan, li pa kapab parèt devan komite lekòl la, oswa depatman eskolè a, nan non yon kliyan paske li genyen yon responsablite ofisyèl pou nenpòt dosye li vini devan komite lekòl la. Se toujou menm bagay la, menm si li ta refize patisipe nan dosye a nan fonksyon li.

Egzanp: Yon manm ki syeje antanke sipleyan nan komisyon konsèvasyon an se yon anplwaye espesyal minisipal la. Sou baz reglemantasyon minisipal la, li sèlman gen responsablite ofisyèl pou dosye yo te ba li yo. Li kapab reprezante yon rezidan ki vle depoze yon demann bò kote komisyon konsèvasyon an toutotan yo pa t ba li dosye a epi li pap patisipe ladan l.

(c) Vwa Privilejye. Li entèdi pou vil la peye w, dirèkteman oswa endirèkteman, nan kad yon dezyèm aranjman anplis de travay ou, sof si gen yon eksepsyon ki aplike. (Gade Seksyon 20 la)

Yon anplwaye meri a jeneralman pa kapab genyen yon enterè finansye nan yon kontra meri a, ki enkli yon dezyèm travay nan minisipal la. Anjeneral, li entèdi pou yon anplwaye meri a genyen yon enterè finansye endirèkteman nan yon kontra vil la genyen ak yon lòt moun. Kloz sa fèt pou anpeche anplwaye meri yo genyen yon "vwa privilejye" nan kèk opòtinite finansye.

Egzanp vyolasyon: Konseye jiridik pou otorite minisipal ki responsab lojman ki vin direktè pa enterim, epi y ap peye l pou toude pòs yo.

Egzanp vyolasyon: Yon konseye minisipal ki achte yon kamyon anplis nan sèvis travo piblik vil la.

Egzanp vyolasyon: Yon sekretè aplentan konsèy sante a ki vle genyen yon dezyèm travay peye a tan pasyèl nan libreri vil la. L ap vyole Seksyon 20 an sof sif li kapab ranpli egzijans yon eksepsyon.

Egzanp vyolasyon: Yon konseye vil la ki vle travay pou pou asosyasyon ki pa la pou fè lajan ki resevwa finansman nan kad yon kontra ak vil li a. Sof si li kapab satisfè egzijans yon eksepsyon dapre Seksyon 20 an, li pa kapab pran travay la.

Genyen yon dividal eksepsyon. Yon enplwaye meri a kapab genyen plizyè pòs ki pa peye oswa yo te vote pou pòs la. Kèk eksepsyon aplike sèlman pou anplwaye minisipal espesyal yo. Eksepsyon espesifik kapab kouvri travay tankou yon volontè yo pa peye nan yon dezyèm pòs, avantaj ki gen rapò ak lojman, pòs nan sekirite piblik, kèk pòs yo vote moun pou sa, ti vil, ak lòt sitiyasyon espesifik. Tanpri rele Divizyon Jiridik Komisyon Etik la pou konsèy sou yon sitiyasyon espesifik.


IV. Apre ou kite travay minisipal la. (Gade Seksyon 18 la)

(a) Entèdi pou toutan. Apre ou kite travay minisipal ou la, ou pap kapab travay pou okenn lòt moun pase meri a sou yon dosye ou te travay pandan ou te yon anplwaye minisipal la.

Si ou te patisipe nan yon dosye tankou yon anplwaye meri a, yo pap janm kapab peye w pou travay sou menm dosye a pou lòt moun eksepte pou meri a, ni ou pap kapab aji pou yon lòt moun, kit y ap peye oubyen yo pap peye w. Objetif restriksyon sa se pou anpeche ansyen anplwaye meri a machande nan enterè prive konesans yo sou reyalite ki gen rapò ak yon dosye patikilye ki se yon preyokipasyon kontinyèl pou ansyen anplwaye meri a. Restriksyon an pa entèdi ansyen anplwaye minisipal la itilize ekspètiz yo genyen nan sèvis gouvènman nan lòt aktivite prive yo genyen.

Egzanp vyolasyon: Yon ansyen anplwaye depatman eskolè ki travay pou yon kontraktè nan kad yon kontra li te ede mete sou pye ak sipèvize pou depatman eskolè a.

(b) Peryòd refleksyon yon lane. Pandan yon lane apre ou kite travay minisipal ou a, ou pa kapab patisipe nan okenn dosye ou te responsab pandan de (2) dènye lane sèvis piblik ou a.

Yo entèdi ansyen anplwaye minisipal yo pandan yon lane apre ou kite travay meri a pou parèt pèsonèlman devan nenpòt ajans minisipal la nan dosye ki te anba responsablite li yo pandan pòs yo nan meri a pandan de (2) dènye lane yo te kite a.

Egzanp: Yon asistan direktè meri a ki negosye yon kontra twa lane ak yon konpayi. Direktè vil la ki te sipèvize asistan direktè a, e ki te gen responsablite ofisyèl pou kontra a men pa t patisipe nan negosye li, kite travay li pou al travay pou konpayi yo te bay kontra a. Ansyen direktè a pa kapab rele oswa ekri vil la konsènan travay konpayi a nan kad kontra a pandan yon lane apre li te kite vil la.

Yon ansyen anplwaye meri a ki te patisipe nan lwa jeneral pou agrandi jwèt ak dosye ki koresponn yo pa kapab vin yon dirijan oswa anplwaye, oubyen mande yon enterè finansye, yon kandida pou yon lisans jwèt, oubyen posede yon lisans jwèt, pandan yon lane apre li te kanpe travay piblik li a.

(c) Asosye. Y ap mete restriksyon pou asosye w yo pandan w se anplwaye minisipal la ak apre sèvis ou te fini nan meri a.

Patnè anplwaye minisipal la ak ansyen anplwaye minisipal la ap anba restriksyon sou baz lwa sou konfli enterè a. Si yon anplwaye minisipal la te patisipe nan yon dosye, oswa si l te ofisyèlman responsab yon dosye, konsa patnè li a pa kapab aji nan non okenn lòt moun esepte meri a oubyen bay sèvis tankou avoka ak pèsonn sof vil la nan kad dosye a.

Egzanp: Pandan l ap sèvi nan katye istorik vil la, yon achitèk ki te revize yon demann enskripsyon pou jwenn estati moniman pou yon batiman. Asosye li yo nan kabinè achitekti li a pa kapab prepare ak siyen plan pou pwopriyetè batiman oubyen aji nan non pwopriyetè a nan kad demann yon estati pou moninan istorik. Anplis de sa a, akoz achitèk la genyen responsablite ofisyèl tankou yon komisè pou chak dosye ki vin devan komisyon an, asosye li yo pa kapab kominike ak komisyon an oswa sinon aji nan non okenn kliyan sou nenpòt dosye ki vin devan komisyon an pandan tan achitèk la t ap sèvi nan komisyon an.

Egzanp: Yon ansyen konseye vil la ki rejwenn yon kabinè avoka tankou yon asosye. Paske li te angaje nan yon pwosè pou vil la, nouvo asosye li yo pa ka reprezante okenn kliyan prive nan pwosè a pandan yon lane apre travay li ak vil la te fni.



* * * * *

Rezime sa pa gen objektif pou bay konsèy jiridik epi, akoz li se yon rezime, li pa site tout dispozisyon lwa sou konfli enterè a ki kapab aplike nan yon sitiyasyon patikilye. Sitwèb nou an, www.mass.gov/ethics, genyen plis enfòmasyon sou fason lwa aplike nan anpil sitiyasyon. Ou kapab kontakte tou Divizyon Jiridik Komisyon an sou sitwèb nou an, nan telefòn, oswa pa korespondans. Enfòmasyon kontak nou anlè dokiman sa a.

Vèsyon 7: Revize 14 novanm 2016.

Contact

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback