Twous Soulajman pou Lwa Ivè EEA a

Nou konnen fanmi yo ap lite anpil pou yo siviv sezon fredi/ivè sa a. Tanperati frèt ki dire anpil tan, kounye a mete ansanm ak yon gwo tanpèt, ap mete presyon sou bidjè moun yo. Fanmi yo bezwen soulajman kounye a. Nou vle pataje plis enfòmasyon sou yon nouvo inisyativ leta ki pral ede diminye bòdwo/bill enèji ou yo.

Kliyan gaz ak elektrisite rezidansyèl nan Massachusetts pral wè yon rediksyon nan bòdwo yo an fevriye ak mas gras a $180 milyon dola sipò nan men Administrasyon Healey Driscoll la. Avèk bòdwo enèji ki wo ak move tan frèt, fanmi Massachusetts yo ap lite pou yo debouye yo. Gouvènè Healey ak Lyetnan Gouvènè Driscoll ap ede diminye bòdwo elektrisite yo de 25% ak bòdwo gaz yo de 10% pou mwa fevriye ak mas yo.

Plis Resous pou Asistans Gaz

Gen anpil pwogram ki disponib ke konpayi sèvis piblik yo ak lòt patnè yo ofri pou ede jere bòdwo/bill yo. Men kèk opsyon ki ka disponib pou ou.

Massachusetts Home Energy Assistance (ß Pwogram Asistans Enèji pou Lakay ou)

HEAP (Home Energy Assistance Program ) ß Pwogram Asistans Enèji Lakay ou ka ede w peye bòdwo sèvis piblik ou yo si w kalifye. Pou aprann plis sou règleman pou w kalifye pou HEAP yo epi pou jwenn yon lis biwo asistans pou konbistib, tanpri vizite paj  sa la here.

The Salvation Army’s Good Neighbor Energy Fund (ß Pwogram Salvation Army pou èd Enèji)

Lajan pou peye Enèji nan Good Neighbor nan Massachusetts la bay jiska $400 asistans enèji ijans pou kay ki kalifye selon revni yo (60–80% nan revni medyàn leta a) k ap fè fas ak difikilte finansye tanporè epi ki pa kalifye pou èd federal oswa leta. Li administre pa The Salvation Army epi li finanse pa konpayi enèji yo, epi li ede ak bòdwo echofaj ak sèvis piblik.

DPU Winter Shutoff Moratorium (ß Mòratwa DPU pou pa Koupe Sèvis pandan Ivè a)

Anvan sezon fredi sa a, DPU pwolonje moratwa pou koupe sèvis rezidansyèl pou sezon fredi sa a. Moratwa pou koupe sèvis la te kòmanse 27 Oktòb 2025, epi li pral fini 1ye Avril 2026, olye de peryòd tan li te konn abitye pran an jan lalwa leta presize a

Moratwa pou koupe/kanpe sèvis la aplike pou kliyan rezidansyèl konpayi elektrisite ak gaz ki posede pa envestisè e ki reglemante pa DPU, epi pou sezon fredi sa a, kliyan Plant Limyè Minisipal yo ladan l tou. Konpayi sèvis piblik sa yo pa ka koupe/kanpe sèvis echofaj pou rezidan ki demontre yo ap fè fas ak difikilte finansye

Nenpòt kliyan k ap fè fas ak difikilte finansye ta dwe kontakte konpayi sèvis piblik li a pou aprann sou pwogram asistans adisyonèl yo ofri, tankou faktirasyon bidjè ak plan peman pwolonje, pou rann bòdwo sèvis piblik yo pi fasil pou jere. Aprann plis sou dwa ou kòm yon kliyan sèvis piblik, klike la à here.

Jwenn yon Pri Rabè

Sèvis piblik yo ofri yon rabè pou kliyan ki kalifye paske y ap touche yon revni/salè ki ba. Rezidan Massachusetts ki sou sèten pwogram benefis gouvènman yo otomatikman enskri nan tarif pou revni ki ba. Kèk kliyan gaz kalifye pou yon rabè 25%, epi kèk kliyan elektrisite ka kalifye pou yon rabè ki varye ant 32% ak 71% selon konpayi sèvis elektrik ou. Ou ka kalifye pou yon rabè sou sèvis elektrisite oswa gaz ou. Kontakte konpayi sèvis ou a pou ede w enskri nan tarif la si w kalifye.

Pwogram sèvis piblik yo

Konpayi sèvis piblik ou a ka gen yon pwogram èd espesifik ou ka kalifye pou yo.

GazElektrik

Anplis de pwogram jesyon bòdwo yo genyen kounye a, ni Eversource ni National Grid ap vizite kominote yo pou pale ak kliyan yo, pou ede yo konprann bòdwo yo epi jwenn asistans finansye ki disponib pou yo.

Eversource’s Community Workshop and Webinar Recording (ßReyinyon Piblik Eversource yo )

National Grid’s Community Workshops and Webinars (ßReyinyon Piblik National Grid yo )

Redwi Depans Enèji k ap Dewoule yo

Kliyan pwogram Mass Save yo kalifye pou rabè ak lòt òf pou ede yo fè amelyorasyon nan efikasite enèji epi jwenn aksè a echofaj modèn ak pwòp. Pou wè sa ki disponib yo, vizite www.masssave.com.

Kliyan sèvis piblik minisipal yo ka vizite netzero.org oswa ene.org/sustainability pou jwenn rabè ak èd/sibvansyon ki disponib yo.

MA Energy Savings Finder  (ßMA Chèche Ekonomize Enèji)

Zouti sa a ede rezidan yo jwenn rabè lokal, leta ak federal, sibvansyon ak kredi taks pou ede pwopriyetè kay ak lokatè diminye itilizasyon enèji yo, fè amelyorasyon nan kay yo, epi ajoute enèji solè. Pou aprann plis, vizite.

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback