News

News  Administrasyon Healey-Driscoll la ap lanse amelyorasyon an plizyè lang nan Pwogram Konje Peye pou Fanmi ak Konje Medikal la

Nouvo amelyorasyon yo ap ranfòse sante travayè yo ak fanmi yo lè yo fè PFML vin pi aksesib pou travayè Massachusetts yo
12/06/2023
  • Executive Office of Labor and Workforce Development

Media Contact   for Administrasyon Healey-Driscoll la ap lanse amelyorasyon an plizyè lang nan Pwogram Konje Peye pou Fanmi ak Konje Medikal la

Matthew Kitsos, Director of Communications

BOSTONDènyèman, Administrasyon Healey-Driscoll la te lanse amelyorasyon nan aksesibilite ak ekitabilite nan pwogram Konje Peye pou Fanmi ak Konje Maladi Massachusetts (Paid Family and Medical Leave, PFML) la. Nouvo amelyorasyon yo pral pèmèt aplikan PFML yo chwazi kounye a Panyòl, Pòtigè, Kreyòl Ayisyen oswa Chinwa, anplis de Anglè, lè y ap aplike pou benefis yo, epi lòt kominikasyon pi devan ki soti nan Depatman Konje pou Fanmi ak Konje Maladi (Department of Family and Medical Leave, DFML) a pral ekri nan lang chak moun pito a.

Massachusetts fyè de Pwogram Konje pou Fanmi ak Konje Maladi solid nou an epi nou vle pou tout rezidan nou yo jwenn aksè nan enfòmasyon konsènan benefis ki disponib pou yo nan lang prensipal yo. Nouvo amelyorasyon nan plizyè lang sa yo nan PFML la fè pati de angajman administrasyon nou pou elimine obstak lang yo epi kwape mankman toupatou nan administrasyon Eta a,” Gouvènè Healey te deklare. “Ansanm, nou kapab ede plis rezidan jwenn aksè nan pwogram enpòtan sa yo epi pèmèt ke yo pran konje yo bezwen an lè yo plis bezwen li.”

Benefis sa yo ede tout rezidan Massachusetts yo, kèlkeswa si y ap pran konje pou tèt pa yo, pou kapab okipe yon pwòch oubyen pou akeyo yon nouvo manm nan fanmi yo,” Lyetnan-Gouvènè Driscoll di. “Lè nou elimine baryè lang la pou benefis sa yo, sa kapab sove lavi anpil moun, epi mwen aplodi ekip DFML la pou angajman yo anfavè aksesibilite.”

Pwogram PFML la se Depatman Konje pou Fanmi ak Konje Maladi (Department of Family and Medical Leave, DFML) ki jere li, epi li tonbe anba responsabilite Biwo Egzekitif pou Travay ak Devlopman Mendèv (Office of Labor and Workforce Development) la. Benefis PFML yo bay ranplasman revni pou yon ti tan ak pwoteksyon djòb pou travayè elijib yo k ap akeyi yon nouvo timoun nan fanmi yo, yon maladi oswa yon chòk grav akable, ki dwe okipe yon manm fanmi ki malad oswa k ap refè, epi pou sèten sitiyasyon militè.

Depi yo te fin adopte lejislasyon sou konje pou fanmi ak konje maladi a an 2018, DFML te enkli pati prenant ki gen ladann anplwayè, anplwaye, founisè medikal, chanm de komès, lejislatè, ofisyèl gouvènman, konpayi asirans ak asosiyasyon bawo avoka yo pou yo ede mete anplas lwa a yon fason ki efikas ak aksesib. Enklizyon patisipatif pati prenant sa yo te kouvri sijè tankou prezantasyon rapid jeneral de pwogram la, fòmasyon sou karakteristik eksperyans entèyaktiv moun k ap mande sèvis DFML yo, epi preyokipasyon endividyalize pati prenant yo. Gras ak kanpay sansibilizasyon li an, DFML te konstate yon ogmantasyon nan patisipasyon moun k ap soumèt reklamasyon. An patikilye, nan lane fiskal 2023, DFML te anrejistre yon ogmantasyon 38 pousan nan peman benefis yo epi yon ogmantasyon 26 pousan nan kantite moun ki prezante reklamasyon ki apwouve konpare ak sa DFML te resevwa padan lane fiskal 2022.

“Administrasyon Healey-Driscoll la angaje li pou ogmante ekite nan egzekisyon pwogram nou an ak pou bay benefis pou rezidan Massachusetts yo, epi amelyorasyon sa a ogmante aksesibilite a pou aplikan PFML yo,” Sekretè Travay ak Devlopman Mendèv Lauren Jones anonse. “Travayè yo souvan konfwonte ak nesesite pou yo swen tèt yo oswa swen yon pwòch epi nou vle asire nou ke tout travayè yo konprann benefis ki disponib pou sipòte bewen yo.”

“DFML gen yon angajman li fè depi lontan pou ranfòse sante travayè nou yo ak fanmi yo lè li fè PFML vin aksesib pou tout travayè Massachusetts yo,” William Alpine, Direktè Depatman Konje Peye pou Fanmi ak Konje Maladi a ajoute. “N ap kontan kontinye kolaborasyon nou ak ajans leta yo epi ak gwoup defans enterè yo pou ogmante sansibilizasyon epi ogmante kantite travayè k ap pran konje peye.”

Lè nou elimine obstak lang yo, sa pral fè pwogram la vin pi aksesib toujou pou rezidan ki gen lang natifnatal yo ki pa Anglè. Amelyorasyon nan aksesibilite ak ekitabilite yo te fèt an 2 etap, kote premye faz la te bay aplikasyon yo posibilite pou chwazi swa Anglè, Panyòl, Pòtigè, Kreyòl Ayisyen oswa Chinwa lè y ap aplike pou benefis yo. Lè yon aplikan ap aplike, tout aplikasyon anliy la vin tradwi ansanm ak paj Wèb la, sa ki bay chak aplikan enfòmasyon nan ki pwen aplikasyon yo rive ak mizajou sou aplikasyon yo. Sa gen ladann nenpòt tèks kondisyonèl, mesaj erè oubyen lòt mesaj ki afiche yon moun k ap aplike gendwa wè pandan eksperyans aplikasyon yo.

Nouvo amelyorasyon yo konfòm ak dènye with Governor Healey’s recent Òdonans egzekitiv 615 Gouvènè Healy a ki vle rann livrezon sèvis ak resous yo pi aksesib ak pi ekitab pou rezidan yo ki gen konpetans limite nan lang Anglè.

Media Contact   for Administrasyon Healey-Driscoll la ap lanse amelyorasyon an plizyè lang nan Pwogram Konje Peye pou Fanmi ak Konje Medikal la

  • Executive Office of Labor and Workforce Development  

    The mission of EOLWD is to create, operate. and oversee effective and innovative statewide services to: protect worker rights, health, safety, wages and working conditions; insure against job-related injury; provide individuals and families with economic stability following job loss or injury and illness; level the playing field for responsible employers; develop a pipeline of skilled workers for current, emerging and future employers; and, maintain labor harmony between employees, employers, and labor unions.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback