Press Release

Press Release  EOTSS ap chache aplikasyon pou Konsèy Gouvènans pou Aksesiblite ak Egalite Nimerik la

For immediate release:
2/25/2026
  • Executive Office of Technology Services and Security
  • Massachusetts Digital Service
  • Digital Accessibility and Equity Governance Board

Media Contact

Christopher Smith, Director of Legislative and External Affairs

BostonSemèn sa a Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Egalite Nimerik (Digital Accessibility and Equity Governance Board) la te anonse yo pral chache aplikasyon nan manm piblik la pou rejwenn Konsèy la epi ranpli misyon l pou ranfòse epi ankouraje aksesibilite ak egalite nimerik nan Massachussets. Yo te kreye Konsèy la nan kad Dekrè-Lwa 614 Gouvènè Healey te siyen an Jiyè 2023 nan 33èm anivèsè Lwa sou Ameriken ki gen Andikap (Americans with Disabilities Act). Li konseye Biwo Egzekitif Sèvis Teknoloji ak Sekirite (Executive Office of Technology Services and Security, EOTSS) a ansanm ak Responsab Anchèf kesyon Aksesiblite Enfòmasyon Teknolojik (Chief IT Accessibility Officer, CIAO) la sou tout kesyon politik, apwovizyònman ak operasyon kote yo dwe ranfòse aksesibilite pou pote sèvis ak enfòmasyon gouvènman eta bay tout rezidan yo. 

An patikilye, Konsèy la chache manm piblik la ki gen espètiz ak/oswa ki gen eksperyans nan baryè ki konsène aksesibilite ak egalite nimerik. Se EOTSS ki nonmen manm piblik yo epi y ap patisipe daprè volonte Sekretè a pandan peryòd ki dire 2 lane. Responsab Anchèf kesyon Aksesibilite Teknoloji Enfòmasyon an Ashley Bloom k ap prezide Konsèy la di “Nou pa ka tann pou n travay ansanm avèk manm piblik la ki ka pote priz limyè yo, espètiz yo ak eksperyans lavi yo pou ede pataje inisyativ aksesibilite pou CommonWealth la.” Sekretè Sèvis Teknoloji a Jason Snyder di “Kòm zafè eta a epi jwenn aksè sèvis enfòmasyon gouvènmantal yo vin plis an plis nimerik, rann eksperyans sa a aksesib pou tout rezidan se yon priyorite.” “Nou akeyi patisipasyon piblik la nan Konsèy Gouvènans pou Aksesibilite ak Egalite Nimerik la (Digital Accessibility and Equity Governance Board) epi nou pa ka tann pou n gen nouvèl sou pèspektiv chak moun ki rejwenn nou.”

Antanke sekretarya prensipal eta a pou kesyon teknoloji ak sibèsekirite, EOTSS gen responsablite pou l kowòdone aktivite Administrasyon an nan domèn teknoloji enfòmasyon epi pou l asire l ke tout ajans depatman egzekitif yo respekte nòm, politik ak pwosedi li pibliye yo. Apwòch antrepriz sa a bay yon kad ki inik e ki konplè epi li asire l ke eta a rete sou menm liy nan tout bezwen teknolojik yo, tankou konfidansyalite done, jesyon risk ki lye ak sibèsekirite, epi kounye a aksesiblite ak egalite nimerik atravè kreyasyon Pwogram Aksesiblite ak Egalite Nimerik (Digital Accessibility and Equity Program) la.

###

Media Contact

  • Executive Office of Technology Services and Security

    Our mission is to provide secure and quality digital information, services, and tools to customers and constituents when and where they need them.
  • Massachusetts Digital Service

    Our mission at Mass Digital is to help our partners use the best technology, design, and data to make every interaction with Massachusetts government simpler, faster, and more meaningful. Mass Digital is part of the Executive Office of Technology Services and Security (EOTSS).
  • Digital Accessibility and Equity Governance Board

    The Digital Accessibility and Equity Governance Board aims to promote digital accessibility in the Commonwealth. It will guide the Secretary and the Chief IT Accessibility Officer (CIAO) of the Executive Office of Technology Services and Security (EOTSS) on digital equity, including standards, policies, procurement, and federal funding opportunities.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback