Zwa Kanada nan Massachusetts
Pa gen bri ki fè moun sonje andeyò pase bri zwa Kanada yo fè lè y ap migre. Depi plizyè syèk, zwa Kanada yo pase Massachusetts pandan yo an vwayaj ant zòn kote yo konn akouple a nan nò a. Anvan ane 1930 yo, li pa t fasil pou zwa fè nich isit, men jodi a nan Massachusetts ou ka jwenn zwa Kanada nenpòt lè nan ane a. Anfèt, nan kèk zòn, moun yo panse gen twòp zwa!
Deskripsyon
Zwa Kanada yo se gwo zwazo ki peze ant 10 ak 14 liv an mwayèn. Li fasil pou moun rekonèt yo pami diferan zwazo ki renmen dlo nan Amerik Dinò akoz kou yo ki long e ki nwa ak bò figi yo ki blan.
Istwa lavi yo
Zwa Kanada fè “maryaj” pèmanan, men si youn ladan yo mouri, lot la ap chèche yon nouvo konjwen pandan pwochen sezon repwodiksyon an. Pifò zwa Kanada yo pa kòmanse akouple jiskaske yo gen 3 an. Femèl ki adilt ponn yon gwoup ki gen ant 4 ak 6 ze. Si yo detwi gwoup ze a, jeneralman zwa a pap refè yo ankò, men avèk 2 gwo zwazo k ap veye nich la, li pwobab y ap reyisi. An jeneral, lè pitit yo fin gen 4 a 6 semèn, yo kòmanse reyini nan gwo twoupo. Sa k pa t fè pitit yo fòme twoupo pa yo epi sa k fèk fèt yo fòme twoupe pa yo. Distans pou sezon otonn nan rive, yo tout fòme yon sèl gwo twoupo pou sezon ivè a k ap pwoche. Gen 2 diferan popilasyon zwa Kanada nan Massachusetts. Premye a se popilasyon migratwa a ki pase an prentan e ann otonn. Massachusetts se youn nan anpil zòn kote zwazo migratwa sa yo ka repoze yo pandan yo sou wout yo. Dezyèm nan se popilasyon ki abite isit: se desandan zwa chasè te kenbe pou yo ka chase yo. Lè yo te vin entèdi lak vivan nan ane 1930 yo, yo te lage anpil zwazo yo te kenbe an kaptivite. Piske yo pa t abitye migre deja, zwa sa yo te kòmanse fè nich. Nan ane 1960 yo e bonè nan ane 1970 yo, MassWildlife te deplase zwa soti sou zòn kòt la rive nan sant ak lwès Massachusetts. Ni moun ki konn chase yo, ni moun ki pa konn chase yo te kontan sa a. Pa t gen moun ki te imajine jan popilasyon an t ap eksploze apre sa. Byenke MassWildlife konn anrejistre zwa ki viv jiska 22 an san yo pa nan kaptivite, 60% zwa yo viv 4 an oubyen mwens, epi se sèlman 10% ladan yo ki viv plis pase 8 an. Zwa ki nan zòn rezidansyèl yo gen yon tandans viv 2 fwa pi long ak sa k viv pi andeyò.
Sa yo manje, abititd yo, ak kote yo rete
Zwa sitou chèche manje atè a. Lakou kay moun, teren gòlf, ak pak piblik ki byen wouze, ki jwenn angren, e ki gen dlo bò kote yo se trè bon sous manje pou yo. Nan zòn rezidansyèl, yo gen kèk predatè natirèl. Kidonk, yo loje sou kay rat miske, lojman kastò, touf zèb, ak ti zile kote gen rezevwa dlo, kote yo pa defann tèritwa yo ankò epi zwa yo fè nich nan distans sèlman kèk mèt youn parapò ak lòt.
Ti konsèy pou moun ki rete bò kote yo
Pandan kantite zwa yo kontinye ap ogmante, pwoblèm yo bay yo ogmante tou, sitou pwoblèm twalèt yo lage tout kote. Zwa Kanada yo fè ant yon demi liv ak yon liv èdmi twalèt chak jou. Kounye a gen zwa sou teren gòlf, nan jaden, pa anlè jaden fwidemè, nan lakou kay moun, sou plaj, sou materyèl dlo, e nan marekaj kanbèj. Men kèk sijesyon pou w pa dekouraje akoz zwa. Sonje pèsistans ak yon konbinezon taktik ap anpeche zwa yo anmède w.
Pa bay zwa yo manje
Zwa (ak kana) fè foul nenpòt kote moun ba yo manje. Lè yo ba zwazo manje, sa ankouraje yo rete yon sèl kote epi fè foul ki pi gwo pase sa espas la ka sipòte. Li pi bon pou bèt la si moun pa ba yo manje.
Teknik pou fè yo pè
Tann drapo, mare sèk aliminyòm anlè sou fisèl, epi mete epouvantay pou ede w chase zwa nan zòn nan jiskaske yo aprann objè sa yo pa yon menas vre. Pafwa fo siyn oswa koyòt konn efikas paske zwa yo wè yo kòm menas. Li enpòtan pou w deplase fo bèt sa yo tanzantan, si non zwa yo ap wè yo pa reyèl. Yon apwòch ki aktif se si w eseye pwoche kot zwa yo epi souke yon nap. Chen ki fòme pou sa sitou efikas. Gwo bri gendwa mache tou, men zwa konn adapte yo ak bri.
Kloti
Zwa mache pou yo soti kote dlo a ye pou rive kote y ap manje; li difisil pou yo vole yon kloti, sitou pandan peryòd y ap chanje plim nan (ann ete), paske yo pa ka vole lè sa a. Yon kloti ki mezire 3 pye wotè ki fèt ak fens yo fè pou poul se yon kloti ki efikas. Zwa renmen lè yo ka gade sa k dèyè yon obstak, donk si w plante yon kloti natirèl oswa si w kite yon bèl espas raje ant kote dlo a ye ak gazon w, sa ka sèvi kòm yon baraj ki pa mande anpil depans.
Anpeche repwodiksyon
Si w detwi oubyen pran ze yo nan nich yo, zwa yo pral kontinye ponn lòt ze pou ranplase sa k te pèdi. Li ilegal pou w detwi ze pifò espès zwazo, san wete zwa Kanada.
Ou ka fè demann yon pèmi spesyal k ap pèmèt ou touye ze oubyen detwi nich zwa sou teren w (w ap jwenn aplikasyon pou yon pèmi pi ba a). Lè nou di touye ze, sa vle di souke yo, pete yo, oswa mete yo fè glas, apre sa mete yo nan nich la ankò. Tranpe ze yo nan luil mayi se fason ki pi senp lan. Souvan li pa efikas si w kraze ze yo paske zwa yo ap jis ponn lòt ze.
Lefètke gen zwa Kanada sou teren w, sa sèlman pa sifi pou w jwenn yon pèmi pou w touye ze yo. Fòk gen yon baz rezonab pou pèmèt ou touye ze yo, tankou si y ap domaje pwopriyete w.
Lachas
Zwa Kanada yo se yon zwazo ki enpòtan e ki gen valè pou Massachusetts. Yo tabli yon sezon lachas ki règlemante ak yon pwogram jesyon pou yo. Menm lè moun anplwaye teknik ki pi wo yo pou dekouraje yo, yo konn jis deplase epi bay lòt zòn menm pwoblèm yo. Pou ni zwa yo, ni moun ka rezonableman alèz, fòk nou diminye kantite zwa ki genyen an. Moun ap chase zwa depi plizyè syèk; vyann yo gou anpil e moun vrèman apresye l. Yon fason strik, yo fè règ konsènan ki lè e pandan konbyen tan moun ka chase yo, kantite bèt yon moun ka pran, ak ki metòd pou yon moun itilize pou chase yo. An 1995, Konsèy Lapèch ak Bèt Sovaj Massachusetts la te kreye sezon “bonè” ak “ta” pou chase zwa, yon fason pou diminye popilasyon zwa ki rete lè yo pèmèt yo chase yo an septanm, anvan zwa k ap migre yo pase, oswa pi ta ant janvye ak mitan mwa fevriye a, apre zwa k ap migre yo fin pase. Yo chase zwa ki rete nan zòn nan tou pandan sezon regilye ki tabli pou chase zwazo ki renmen dlo. Dènye rechèch yo fè endike pou yo ka kontwole popilasyon yo, yo bezwen chase ant 30 ak 35% nan zwa yo chak ane. Pou kounye a, yo chase anviwon 25%. Gen kèk minisipalite ki pase lòd ki entèdi moun fè lachas, sa ki kreye yon “sangtyè” kote zwa yo ka fè gwo foul. Men kèk solisyon enteresan ki pèmèt yo chase zwa pandan sezon lachas la: klèb gòlf yo ak pis pou fè kous envite moun ki chase bèt ki renmen dlo yo vin fè lachas pandan orè presi; vil yo ka kolabore avèk klèb chasè pou jwenn moun ki ka chase sou teren vil yo ak nan rezevwa dlo yo ann amoni ak sèten direksyon; oswa mèt teren ouvri teren yo pou akeyi moun k ap fè lachas ki dakò obeyi restriksyon yo ba yo.
Si w gen pwoblèm avèk zwa Kanada oubyen si w gen kesyon, kontakte biwo MassWildlife ki pi pre w la.
Additional Resources
-
Open PDF file, 396.87 KB, Egg addling permit (English, PDF 396.87 KB)
-
Open PDF file, 856.92 KB, Living with geese fact sheet (English, PDF 856.92 KB)