Achiv tribinal yo montre ke yo te itilize yon Alcotest 9510 machin pou tès alkòl ke’w tap kondwi apwè’w te bwè alkòl kote ke yo te jwenn ou koupab oswa admèt ke te gen ase prèv.
Yo te fè yon jijman nan tout eta a pou detèmine reyabilite syantifik de rezilta tès souf. Akoz de jijman sa a, tout tès souf kite administre nan Massachusetts soti nan dat Jen 2011 pou rive nan dat 18 Avril 2019 yo te eksli de pwosekisyon kriminèl. Desizyon sa a kapab ba’w opòtinite pou’w konbat dispozisyon nan ka’w la.
Pake sa a ki soti nan tribinal la genyen enfòmasyon de dwa legal ou avek opsyon yo kite otorize pa Committee for Legal Counsel Services, ajans de defans piblik nan tout eta a. Si’w gen nenpòt kesyon, mwen ankourage’w rele liy defans piblik la nan (617) 910-5856 oswa ale nan www.mass.gov/breathalyzer. Tanpri revize lèt ki anndan anvlòp la ki soti nan CPCS pou plis enfòmasyon.