Kisa règ sou è siplemantè DCW yo ye?
Pou aliyen avèk règlemantasyon pwogam PCA a, e an akòdans ak bilten 27 founisè egzansyon HCBS lan, è siplemantè DCW yo nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP a se tout è ki travay odela 50 è pa semèn.
Patisipan nan egzansyon ka planifye pou yon DCW travay pou jouk 50 è pa semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè. DCW gendwa travay plis pase 50 è pa semèn si DCW a gen yon otorizasyon MassHealth pou è siplemantè.
Li entèdi pou DCW yo travay plis pase 60 è pa semèn kèlkeswa sikonstans lan.
Kòman è siplemantè nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP a fonksyone?
Lè yon patisipan nan egzansyon bezwen pou DCW li a travay plis pase 50 è pa semèn, se pou l mande pou yon otorizasyon pou DCW sa a.
È siplemantè kalkile nan ansanm lan. Sa vle di yon DCW ki travay pou plis pase yon patisipan nan egzansyon dwe pou l konsidere tout è li travay pou tout lòt patisipan nan egzansyon li yo. Sa ap ede l detèmine si patisipan nan egzansyon li an gen pou l mande pou yon otorizasyon pou DCW a travay è siplemantè. Si DCW a travay tou kòm PCA, è PCA sa yo dwe konte tou.
Kòman pou mande pou yon otorizasyon pou è siplemantè
Patisipan nan egzansyon dwe kontakte responsab ka egzansyon an oubyen kowòdinatè sèvis la nan MassAbility/DDS pou fè demann pou yon otorizasyon pou è siplemantè. MassHealth gen de diferan kalite otorizasyon pou è siplemantè.
| Tip Otorizasyon an ak Detay | Diredtan | È Travay ki otorize | Rezon ki Akseptab pou Demann lan | Tip Dokiman ki Obligatwa |
|---|---|---|---|---|
| Otorizasyon Tanporè | Pou jouk 12 semèn | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Patisipan nan egzansyon an bezwen è pou anboche lòt DCW | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
| Otorizasyon Tanporè | Pou jouk 12 semèn | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Patisipan nan egzansyon an prevwa yon vwayaj andedan peyi Etazini Damerik, an kontan teritwa li yo, e li pa t ap posib pou l ale avèk plizyè DCW pou yo founi sèvis DCW pou patisipan nan egzansyon an | Dat vwayaj ki koresponn ak demann lan |
Otorizasyon Tanporè | Pou jouk 12 semèn | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Soutyen enfòmèl patisipan nan egzonerasyon an pa disponib, oubyen mwens disponib, pou ede yo. | Deklarasyon nan patisipan nan egzonerasyon an eksplike rezon pou chanjman nan soutyen enfòmèl. |
| Otorizasyon Tanporè | Pou jouk 12 semèn | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | DCW a/yo kite travay la sibitman | Lè sa disponib, prèv DCW a kite anplwa li a sanzatann (lèt demisyon oubyen lòt dokiman) |
| Otorizasyon Tanporè | Pou jouk 12 semèn | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | DCW patisipan nan egzansyon an tanporèman pa disponib | Deklarasyon DCW a ki eksplike rezon ki fè li tanporèman pa disponib, oubyen rezon pou konje kout la, e dat konje a |
| Otorizasyon Tanporè | Pou jouk 12 semèn | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Patisipan nan egzansyon an ap resevwa swen palyatif | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
Otorizasyon Tanporè | Pou jouk 12 semèn | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Patisipan nan egzansyon an gen yon bezwen medikal tanporè pou planifye pou DCW a travay è siplemantè, sa gen ladan ospitalizasyon pos-egi OUBYEN etablisman swen enfimye | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
| Otorizasyon Pou Swen Kontinye (Continuity Of Care, Coc) | Jouk pou 1 lane (oubyen jouk nan pwochen revizyon plan swen an) | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Patisipan nan egzansyon an bezwen tan pou l anboche lòt DCW siplemantè poutèt patisipan nan egzansyon an gen youn oubyen plis sikonstans ki fè li difisil pou l anboche plis DCW |
|
| Otorizasyon Pou Swen Kontinye (Continuity Of Care, Coc) | Jouk pou 1 lane (oubyen jouk nan pwochen revizyon plan swen an) | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Patisipan nan egzansyon an ap resevwa swen palyatif | Omwen youn nan sa ki annapre la a:
|
| Otorizasyon Pou Swen Kontinye (Continuity Of Care, Coc) | Jouk pou 1 lane (oubyen jouk nan pwochen revizyon plan swen an) | 50 è epi plis, men pa plis pase 60 è pa semèn | Patisipan nan egzansyon an gen yon bezwen medikal ki nesesite swen ADL entansif epi gen pou l planifye pou DCW a travay è siplemantè ki otorize. Sa gen ladan l tou ospitalizasyon pos-egi OUBYEN pos-etablisman enfimye kalifye (sèlman aplike pou swen pèsonèl nan egzansyon oto-dirije) | Prèv pou bezwen ADL entansif ki asosye avèk yon dyagnostik fòmèl (dosye medikal elektwonik, lèt doktè) (aplike sèlman nan swen pèsonèl nan egzansyon oto-dirije) |
Kòman vyolasyon règ sou è siplemantè yo fonksyone?
Gen yon vyolasyon lè DCW a travay omwen yon fwa plis pase 50 è nan yon semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè. Vyolasyon ka rive konsekitivman (pa egzanp, de peryòd pèy youn apre lòt) oubyen ant plizyè semèn.
Vyolaston yo ap reyenstale apre konfòmite pandan senk peryòd pèy konplè (10 weeks).
DCW ki travay pou plis pase yon patisipan nan egzansyon gen pou yo konte kantite è yo travay antou pou tout patisipan nan egzansyon pa yo pou garanti yo pa travay plis pase 50 è san yon otorizasyon pou è siplemantè.
Patisipan nan egzansyon dwe pale avèk DCW pa yo. Si yo travay pou lòt patisipan nan egzansyon, se pou yo di w ki kantite è yo travay an total pou garanti yo pa travay plis pase 50 è san yon otorizasyon pou è siplemantè.
Si DCW a travay tou kòm PCA, è PCA sa yo dwe konte tou.
Ki è ki konte nan è siplemantè?
Limit è siplemantè a valab sèlman pou è yon DCW founi sèvis oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP. Pou DCW ki PCA tou, li valab tou pou è PCA a pase ap founi sèvis MassHealth PCA kouvri. Li enpòtan pou DCW e patisipan nan egzansyon yo konsidere è ki annapre yo.
- È travay òdinè
- È travay siplemantè
- È travay nan jou ferye (si l aplikab)
- È nan sèvis obligasyon jiri (è sa yo enskri nan yon papye pou relve tan kòm è travay òdinè, e yo ajoute nan PA a).
Limit è siplemantè a pa aplike pou
- È pou deplasman
- Konje peye (PTO)
- È pou fòmasyon EVV
- È NHO
- Lòt è pou fòmasyon PCA resevwa peman pou yo.
Pwosesis konfòmite
- Vyolasyon: Yon DCW travay plis pase 50 è nan yon sèl semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè.
- Avi: Entèmedyè fiskal (fiscal intermediary, FI) pral voye yon mesaj nan Everbridge (imèl, tèks). Y ap voye tou yon avi nan lapòs pou chak vyolasyon ki anrejistre pou chak patisipan nan egzansyon an oubyen DCW.
- Avi #1: Enfòme DCW e patisipan nan egzansyon sou yon premye vyolasyon
- Avi #2: Enfòme DCW e patisipan nan egzansyon sou yon dezyèm vyolasyon
- Avi #3: Enfòme DCW e patisipan nan egzansyon sou yon twazyèm vyolasyon e refere yo bay MassHealth pou yon revokasyon ki posib nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP.
Revokasyon nan oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP
MassHealth emèt yon revokasyon nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP a lè patisipan nan egzansyon an e yon DCW fè twa vyolasyon règ sou è siplemantè yo.
- Toude DCW a e patisipan nan egzansyon an revoke lè DCW a sèlman travay pou patisipan nan egzansyon sa a, e yo faktire twa fwa pou plis pase 50 è pa semèn san yon otorizasyon pou è siplemantè.
- Sèl DCW a revoke lè DCW a travay pou plizyè patisipan nan egzansyon epi bay yon fakti twa diferan lè pou plis pase 50 è pa semèn pou tout patisipan nan egzansyon li yo.
- MassHealth enfòme DCW a e patisipan nan egzansyon an sou revokasyon an nan yon avi nan lapòs. MassHealth ap deside si revokasyon an ap an vigè tousuit oubyen yon lòt lè pi devan.
- Responsab ka egzansyon e kowòdinatè sèvis yo pral travay avèk patisipan nan egzansyon an pou idantiyfe sèvis founisè ki baze nan ajans nan plas oto-dirije.
- DCW ki revoke ap gen entèdiksyon pou travay kòm DCW oubyen yon PCA pandan 9 mwa apre dat revokasyon an.
Pwosesis efasman
MassHealth gendwa reyenstale vyolasyon yo nan kèk sikonstans.
- Vyolasyon yo gendwa reyenstale lè patisipan nan egzansyon an oubyen DCW a bay prèv yo faktire pou plis pase 50 è nan yon semèn san yo pa gen otorizasyon pou è siplemantè poutèt yon ijans oubyen yon sitiyasyon ki pa t prevwa.
- Vyolasyon ap reyenstale apre konfòmite pandan senk peryòd pèy konplè (10 semèn).
Reyadmisyon nan pwogram lan
DCW:
- DCW gendwa tounen nan mendèv oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP / PCA sou 9 mwa apre dat revokasyon an.
- Si, apre retou nan mendèv la, DCW a kontinye fè vyolasyon règ sou è siplemantè yo e gen yon twazyèm vyolasyon pou yon dezyèm fwa, DCW a ap revoke e entèdi pou toujou pou l travay kòm yon DCW nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP oubyen kòm PCA nan pwogram MassHealth la.
Pa egzanp, yon DCW te revoke nan pwogram lan poutèt vyolasyon polis sou è siplemantè. Apre 9 mwa, DCW a admisib ankò pou l founi patisipan nan egzansyon sèvis DCW. Si DCW a kontinye fè vyolasyon règ è siplemantè a e resevwa twa enfraksyon, MassHealth ap revoke DCW sa a pou toujou.
Patisipan nan egzansyon yo gendwa gen pèmisyon pou yo retounen nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP la dapre diskresyon MassHealth.
Resous siplemantè
Pou plis enfòmasyon sou règ sou è siplemantè yo, wè tanpri règlemantasyon pwogram PCA a nan 130 CMR 422.422.
Ou ka wè tou Bilten 27 founisè egzonerasyon HCBS
| Date published: | July 22, 2026 |
|---|