• This page, Fòmasyon edikatif MassHealth pou Anplwaye nan swen dirèk (DCW), is   offered by
  • MassHealth

Fòmasyon edikatif MassHealth pou Anplwaye nan swen dirèk (DCW)

Règ ki konsène limit è ebdomadè pou DCW ki founi sèvis egzansyon otorize bay patisipan egzansyon ABI/MFP yo

Kisa limit 60 è pa semèn pou DCW vle di?

Limit è pa semèn se yon règ ki di yon DCW ka sèlman travay yon maksimòm 60 è pa semèn pou tout patisipan nan egzansyon li okipe.

Pou aliyen avèk règleman pwogram Edan nan swen pèsonèl (Personal Care Attendant, PCA) MassHealth la, e konfòmeman ak Bilten 27 founisè egzansyon HCBS yo, li entèdi pou DCW yo travay plis pase 60 è nan yon semèn. Sa valab tou pou DCW ki travay pou plis pase yon patisipan nan egzansyon e sa ki travay tou kòm PCA.

Vyolasyon règ sou limit 60 è pa semèn lan

Gen yon vyolasyon lè yon DCW travay plis pase 60 è nan yon sèl semèn.

Vyolasyon ap reyenstale apre konfòmite pandan senk peryòd pèy konplè (10 semèn).

DCW ki travay pou plis pase yon patisipan nan egzansyon gen pou l konte ansanm è li travay pou tout patisipan nan egzansyon li yo dekwa pou garanti li pa travay plis pase 60 è. Si yon DCW travay kòm yon PCA, è PCA sa yo ap konte nan tout è li yo.

Patisipan nan egzansyon dwe pale avèk DCW pa yo. Si DCW ou yo travay pou lòt patisipan nan egzansyon, se pou yo di w konbyen èdtan yo travay an total, an kontan tout è yo travay kòm yon PCA.

Ki è ki konte nan 60 è a?

Limit è pa semèn lan valab sèlman pou è yon DCW pase ap founi sèvis oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP jan sa apwouve nan Plan swen patisipan nan egzansyon an. Pou DCW ki PCA tou, li valab tou pou è PCA a pase ap travay kòm PCA ki founi sèvis MassHealth PCA kouvri ki otorize nan otorizasyon annavans pou sèvis PCA. Gen nan è ki konte yo:

  1. È travay òdinè
  2. È travay siplemantè
  3. È travay nan jou ferye (si l aplikab)
  4. È obligasyon jiri ki peye.

Limit è pa semèn lan pa aplike pou:

  1. È pou deplasman
  2. Konje peye (PTO)
  3. È pou fòmasyon EVV
  4. È pou oryantasyon nouvo anplwaye (NHO)
  5. Lòt è pou fòmasyon PCA resevwa peman pou yo.

Pwosesis konfòmite

  1. Vyolasyon. Si yon DCW travay plis pase 60 è nan yon sèl semèn, se yon vyolasyon sa ye.
  2. Avi. DCW a e patisipan nan egzansyon yo ap avèti sou chak vyolasyon. Entèmedyè fiskal (fiscal intermediary, FI) la pral voye yon mesaj nan Everbridge (imèl, tèks) epi youn nan lapòs tou.
    1. Avi #1: Enfòme DCW e patisipan nan egzansyon sou yon premye vyolasyon
    2. Avi #2: Enfòme DCW e patisipan nan egzansyon sou yon dezyèm vyolasyon
    3. Avi #3: Enfòme DCW e patisipan nan egzansyon sou yon twazyèm vyolasyon e refere yo bay MassHealth pou yon revokasyon ki posib nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP.

Revokasyon nan oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP

MassHealth ap revoke DCW ki fè twa vyolasyon règ sou limit è pa semèn lan. Nan kèk sikonstans, patisipan nan egzansyon an gendwa revoke nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP a.

  • Toude DCW a e patisipan nan egzansyon an revoke lè DCW a sèlman travay pou yon patisipan nan egzansyon, e yo fè twa vyolasyon règ sou limit è pa semèn lan.
  • Sèl DCW a revoke lè li travay pou plis pase yon patisipan nan egzansyon e l fè twa vyolasyon limit è pa semèn lan twa fwa.

MassHealth ap enfòme toude DCW a e patisipan nan egzansyon an nan lapòs sou revokasyon an. DCW ki revoke pou premye fwa pa ka travay kòm DCW oubyen PCA pandan 9 mwa apre dat revokasyon an.

Pwosesis efasman

MassHealth gendwa reyenstale vyolasyon yo nan kèk sikonstans:

  1. Si patisipan nan egzansyon an bay prèv ke DCW a travay plis pase 60 è poutèt yon ijans oubyen yon sitiyasyon ki pa t prevwa.
  2. Apre konfòmite pandan 5 peryòd pèy konplè (10 semèn).

Reyadmisyon nan pwogram lan

DCW gendwa tounen nan mendèv PCA sou 9 mwa apre dat revokasyon an. Si yo fè twa lòt vyolasyon limit sou è pa semèn lan, y ap revoke an pèmanans nan travay kòm yon DCW.

Pa egzanp, yon DCW te revoke nan pwogram lan. Apre 9 mwa, DCW a admisib pou l travay ankò kòm yon DCW pou patisipan nan egzansyon yo. Apre li rekòmanse travay kòm yon DCW, li kontinye fè vyolasyon règ sou limit 60 è pa semèn lan e l resevwa 3 vyolasyon. L ap revoke an pèmanans nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP MassHealth la.

Patisipan nan egzansyon yo gendwa gen pèmisyon pou yo retounen nan pwogram oto-dirije pou egzansyon nan ABI/MFP la dapre diskresyon MassHealth.

Resous siplemantè

Pou plis enfòmasyon sou limit è pa semèn lan, wè tanpri règlemantasyon sou pwogram PCA a nan 130 CMR 422.422.

Ou ka wè tou Bilten 27 founisè egzansyon HCBS

Date published: July 22, 2026

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback