Kisa règ sou è siplemantè PCA yo ye?
Limit è pa semèn se yon règ ki di yon PCA ka sèlman travay yon maksimòm 60 è pa semèn pou tout kliyan li okipe.
Selon règlemantasyon pwogram PCA a, yon PCA pa ka founi youn oubyen plis kliyan sèvis pandan plis pase 60 è pa semèn. Si yon PCA depase 60 è, MassHealth pa p kouvri sèvis sa yo. Sa vle di faktirasyon pou sèvis PCA ki depase 60 è pa semèn se vyolasyon règlemantasyon pwogram PCA a.
PCA pa ka travay plis pase 60 è pa semèn kèlkeswa sikonstans lan.
Vyolasyon règ sou limit 60 è pa semèn lan:
Gen yon vyolasyon lè èdtan travay yon PCA depase 60 è nan yon sèl semèn. Yon sèl vyolasyon rive si yon PCA travay plis pase 60 è nan toude semèn ki nan yon sèl papye pou relve tan. Plizyè vyolasyon ka rive konsekitivman (pa egzanp, de peryòd peman youn apre lòt) oubyen ant plizyè semèn.
Vyolasyon yo reinisyalize apre konfòmite pandan senk peryòd peman konplè (10 semèn).
PCA ki travay pou plis pase yon kliyan gen pou l konte ansanm è li travay pou tout kliyan li yo dekwa pou garanti li pa travay plis pase 60 è.
Kliyan yo dwe pale avèk PCA pa yo a. Si PCA ou yo travay pou lòt kliyan, yo ta dwe di w ki kantite è yo travay an total.
Pa egzanp, Jean se yon PCA ki travay pou de kliyan (kliyan A e kliyan B). Jean travay 30 è pou kliyan A. Apre yon otorizasyon pou è siplemantè, li travay 30 è pou kliyan B. Se pou Jean di toude kliyan li yo li travay 60 è ototal pou toude kliyan li yo. Li pa ka travay okenn lòt è siplemantè pou okenn nan kliyan li yo.
Si Jean travay plis pase 60 è ototal, ni limenm ni kliyan li yo ap fè vyolasyon limit è pa semèn lan. Se pou yo diminye kantite è Jean travay.
Ki è ki konte nan 60 è a?
Limit è pa semèn lan valab inikman pou è yon PCA travay kòm PCA ki founi sèvis MassHealth PCA kouvri ki otorize nan otorizasyon annavans pou sèvis PCA, tèlke:
- È travay òdinè
- È travay siplemantè
- È travay nan jou konje
- È pou obligasyon jiri (jury duty) PCA jwenn peman pou yo.
Limit è pa semèn lan pa aplike pou
- È pou deplasman
- Konje peye (PTO)
- È pou fòmasyon EVV
- È pou oryantasyon nouvo anplwaye (NHO)
- Lòt è pou fòmasyon PCA jwenn peman pou yo
Pwosesis konfòmite
- Vyolasyon. Si yon PCA travay plis pase 60 è nan yon sèl semèn, se yon vyolasyon sa ye.
- Avi. PCA a ak kliyan yo ap avèti sou chak vyolasyon. Entèmedyè fiskal (fiscal intermediary, FI) la pral voye yon mesaj nan Everbridge (imèl, tèks) epi youn nan lapòs tou.
- Avi #1: Enfòme PCA e kliyan sou yon premye vyolasyon
- Avi #2: Enfòme PCA e kliyan sou yon dezyèm vyolasyon
- Avi #3: Enfòme PCA e kliyan sou yon twazyèm vyolasyon e voye yo bay MassHealth pou posiblite yon revokasyon.
Revokasyon nan pwogram PCA a
MassHealth ap revoke PCA ki vyole règ sou limit è pa semèn lan pandan twa fwa. Nan kèk sikonstans, kliyan an gendwa tèmine tou.
- Toude PCA a ak kliyan an revoke lè PCA a sèlman travay pou yon kliyan, e yo vyole règ sou limit è pa semèn lan twa fwa.
- Sèlman PCA a revoke lè li travay pou plis pase yon kliyan e l vyole limit è pa semèn lan twa fwa.
MassHealth ap enfòme toude PCA a ak kliyan an nan lapòs sou revokasyon an. PCA ki revoke pou premye fwa pa ka travay kòm PCA pandan 9 mwa apre dat revokasyon an.
Pwosesis efasman
MassHealth gendwa reinisyalize vyolasyon yo nan kèk sikonstans:
- Si kliyan an bay prèv ke PCA a te travay plis pase 60 è poutèt yon ijans oubyen yon sitiyasyon ki pa t prevwa.
- Apre konfòmite pandan 5 peryòd peman konplè (10 semèn).
Reyadmisyon nan pwogram lan
PCA gendwa tounen nan mendèv PCA sou 9 mwa apre dat revokasyon an. Si li fè twa lòt vyolasyon limit sou è pa semèn lan, l ap revoke an pèmanans nan travay kòm yon PCA.
Pa egzanp, yon PCA te revoke nan pwogram PCA a. Apre 9 mwa, PCA a admisib pou l travay ankò kòm yon PCA pou kliyan. Apre li rekòmanse travay kòm yon PCA, li kontinye fè vyolasyon règ sou limit 60 è pa semèn lan e l resevwa 3 enfraksyon. L ap revoke an pèmanans nan pwogram PCA MassHealth la.
Kliyan yo ka gen chans retounen nan pwogram PCA a selon diskresyon MassHealth.
Resous siplemantè
Pou plis enfòmasyon sou limit è pa semèn lan, wè tanpri règlemantasyon sou pwogram PCA a nan 130 CMR 422.422.
-
Open PDF file, 254.21 KB, Fòmasyon edikatif MassHealth pou edan nan swen pèsonèl (PCA) Limit èdtan chak semèn (Haitian Creole, PDF 254.21 KB)
| Date published: | January 29, 2026 |
|---|---|
| Last updated: | August 11, 2026 |