News

News  Bilten Jounal Mwa Jwen EEC

6/17/2026
  • Department of Early Education and Care

Bonjou Kominote EEC,

Mwa sezon ete yo rive, sa ki se kèk nan mwa ki pi okipe pou anpil nan edikatè nou yo ak pwogram nou yo. Nou vle rekonèt swen ak devouman ou pou timoun ak fanmi yo chak jou. Nou espere edisyon sa a nan bilten/lèt nou an ba ou resous ki itil ou, ansanm ak yon moman pou w konekte ak pi gwo kominote nou an. Mèsi pou tout travay ou fè yo!

Anons

Mwa pase a, nan selebrasyon Semèn Apresyasyon Pwofesè, EEC te lanse yon nouvo Rejis Rabè pou Edikatè. Kreye an patenarya ak Mass Cultural Council (ßKonsèy Kiltirèl Mass), kòm yon pati nan pwogram Gouvènè Healey a Gwoup Travay Entè-Ajans sou Edikasyon Timoun Piti ak Gadyenaj Timoun (IAEECC), repètwa sa a enkli enstitisyon kiltirèl, mize, ak biznis atravè tout eta a ki ofri rabè pou edikatè K-12 ak edikatè nan edikasyon ak swen/gadri pou timoun piti yo. Nou ankouraje edikatè yo pou yo tcheke l! 

Nan dat 03 Jwen an, atravè Gwoup Travay IAEECC la, EEC te kolabore ak Health Connector pou Biznis, MassHealth, ak Health Connector pou bay plis enfòmasyon sou opsyon swen sante pou anplwaye pwogram ki gen lisans EEC. Si ou te rate li, ou ka Gade anrejistreman an sou YouTube.  epi jwenn aksè ak paj prezatasyon yo sou paj evènman Videyo a disponib an Anglè, Espanyòl, Pòtigè, Kreyòl Ayisyen, ak Mandaren.

An alinyeman ak yon lòt inisyativ Gwoup Travay IAEECC la, patnè ekstèn Envestisman Fon/Lajan pou Timoun (CIF) ak Kòporasyon Asistans pou Devlopman Ekonomik Kominotè (CEDAC) te òganize yon seminè sou entènèt sou kowolokasyon gadri ak lojman abòdab nan Massachusetts. Sijè yo te enkli pwojè ki reyisi ak resous, ansanm ak yon nouvo pwodwi prè pre-devlopman ki soti nan CIF. Ou ka Gade anrejistreman an  sou webinè a pou aprann plis!

Anons manm nouvo Konsèy Konsiltatif Fanmi nou an ki gen 20 moun k ap bay swen pral fèt byento! Ane sa a, nou te anonse ke EEC t ap konvoke yon Konsèy Konsiltatif Fanmi ki te kreye pa yon Ekip Konsepsyon ki enkli paran, anplwaye EEC, ak lòt òganizasyon ki gen enterè. Ansanm, yo te kreye opòtinite sa a pou moun k ap bay swen atravè Commonwealth la pou leve vwa yo nan fòme pwogram ak politik EEC yo. Nou te resevwa 223 aplikasyon, e plizyè douzèn nan kandida sa yo te fè entèvyou pa manm Ekip Konsepsyon nou an. Pandan pwosesis sa a ap antre nan etap final li, tanpri vizite nou an paj wèb pou mizajou, resous, ak opòtinite pou konekte.

Mwa pase a, Konsèy EEC la te vote pou apwouve règleman yo te revize sou lisans pwogram rezidansyèl yo, ki ap antre an vigè 17 Novanm 2026 la. Ou ka li RèglemanRègleman ki gen rapò, epi tcheke Paj transmisyon politik pou nouvo politik yo. Mèsi a pwogram rezidansyèl nou yo pou gwo angajman yo nan pwosesis sa a – sa pran trant (30) ane pou reyalize! N ap kontinye sipòte pwogram rezidansyèl nou yo pandan n ap aplike chanjman sa yo nan mwa k ap vini yo.

Nouvo pòtay fanmi EEC la, MyChildCareMA te lanse nan dat 6 Me. Fanmi yo ka itilize pòtay la pou aplike pou Asistans Finansye pou Swen/Gadri pou Timoun, telechaje dokiman, tcheke estati yo, epi resevwa mesaj sou aplikasyon yo. Sistèm sa a bay yon fason pou fanmi yo ak administratè aksè fanmi yo (FAA) rete an kontak byen fasil youn ak lòt pandan tout pwosesis aplikasyon CCFA a. Nouvo pòtay la ranplase Kinderwait. Si fanmi yo te deja sou lis datant lan, yo transfere enfòmasyon yo sou MyChildCareMA. Sistèm nan ap mache sou laptop, ansanm ak aparèy mobil ak tablèt, epi li disponib an Anglè, Espanyòl, Pòtigè, Kreyòl Ayisyen, Ris, Arab, ak Chinwa Senplifye. Fanmi yo ka konekte ak menm enfòmasyon idantifikasyon yo pou lòt sèvis MyMassGov yo.

Rapèl

Tanpri sonje soumèt resètifikasyon C3 ou yo anvan dat 30 Jwen pou asire w kontinye resevwa finansman.

 Bousdetid pou Edikatè Timoun Piti (ECE)  a toujou ouvè! Pwogram sa a vize edikatè aktyèl oswa potansyèl k ap chèche èd finansye pou kontinye edikasyon yo. Yo dwe travay dirèkteman ak timoun ak fanmi nan anviwònman tankou gadri fanmi, pwogram ki baze nan sant, pwogram apre lekòl ak pwogram deyò lekòl, pwogram rezidansyèl, ak sistèm FCC ki an kontra. Ou ka enskri atravè  fòm nan  pou sesyon enfòmasyon k ap vini yo oswa pou jwenn aksè a anrejistreman an.

Pwochen Evènman yo

Mèkredi 17 Jwen a 7:00 p.m.

Travay Ki AP Dewoule

Ou ka jwenn mizajou tou nan men nou an.  Reyinyon manm konsèy administrasyon, kote nou diskite epi bay mizajou regilye sou EEC. Reyinyon sa yo fèt chak dezyèm Mèkredi nan chak mwa, soti Septanm rive Jwen, atravè tout Commonwealth la. Si w ap chèche pataje kòmantè piblik nan youn nan reyinyon sa yo,  Paj pou sondaj/fidbak  nou an gen plis enfòmasyon sou kijan pou soumèt. Paj sa a se tou yon bon resous pou patisipe nan opòtinite angajman ekstèn nou yo. Ou lib pou ranpli youn nan fòm yo, epi n ap kontakte w si sa nesesè.

Rechèch

Ou ka jwenn Endikatè Pèfòmans Kle nou yo (KPI) ak nenpòt nouvo rezime done sou paj rechèch nou an.

Remèsiman/Salitasyon ak Selebrasyon

Nou te resevwa anpil fòmilè yo te voye ki te ekstraòdinè, men nou te kapab chwazi sèlman kèk pou pataje jodi a! Si ou te voye yon fòm pou salitasyon/remèsiman epi yo pa t chwazi w, rete branche pou pwochen an! Tanpri soumèt nenpòt nouvo fòm remèsiman/salitasyon bay Fòm pou Felisasyon ak Selebrasyon nou an. 

a photo of a dark-haired woman holding an infant

Selebrasyon 30yèm anivèsè travay Anilda Pinto

Anilda se premye moun nan òganizasyon nou an, Horizons for Homeless Children, ki rive nan 30yèm anivèsè travay li. Trant ane angajman, konpasyon, konsistans ak lanmou—sa pa jis yon etap enpòtan, se yon eritaj. 

Anilda konnen travay sa a nèt. Li dedye yon gwo pati nan lavi li pou tibebe nou yo, epi li enposib pou pa remake jan li pran swen yo ak tout kè li, e kijan yo atire bò kote li an retou. Paran yo kite pitit yo avèk li san ezitasyon, paske yo fè l konfyans, e konfyans sa a se yon bagay ki merite atravè swen li bay ane a, pasyans ak yon kè sensè pou misyon nou an. 

Mwen te gen privilèj travay bò kote Anilda kòm ko-pwofesè pou yon ti tan trè kout lè li te antre nan mond timoun piti yo! E menm si timoun yo piti "pafwa" sa mande yon ti disiplin, nou tout te aprann vit ke Anilda pa gen okenn kouraj vre pou li pale ak okenn timoun yon fason ki sevè oswa serye. Menm lè l ap redirije yo, li vin tounen yon jwèt, li janti epi gen kè kontan avèk yo… e onètman, se yon kado ra epi ki bèl. 

Anilda gen respè, li janti epi li vrèman devwe tèt li nan nan travay sa. Pa gen moun ki plis merite pou make etap enkwayab sa a. Enpak li ale pi lwen pase sal klas yo… li te fòme lavi, sipòte fanmi e ede defini kè Horizons kote chak timoun gen opòtinite pou jwe, pwospere ak aprann.  

- pibliye pa Jayd Rodrigues, Horizons for Homeless Children 

a woman standing in front of a background that says "Early Educator Leadership Forum"

Selebrasyon nouvo chapit Catia, soti kòm asistan pou vin yon founisè swen/gadri familyal pou timoun 

Mwen te travay pandan 5 ane ak 3 mwa nan yon gadri familyal pou timoun, sa ki te ede m epi ankouraje m vin pwofesyonèl mwen ye jodi a. Mwen rekonesan pou sipò mwen te resevwa pou m te konplete klas mwen yo epi jwenn sètifikasyon m, epi kounye a mwen ap lanse pwòp gadri familyal pa m, pi byen prepare pou m fè yon diferans nan lavi fanmi k ap vin jwenn mwen isit la. Domèn sa a, pou moun ki vrèman jwenn vokasyon yo ladan l, menm ak tout defi yo, sa ede nou dekouvri tèt nou epi fè nou anvi aprann plis chak jou.

- Soumèt pa Catia Melo, tradui an Pòtigè

a woman smiling with a child wearing a sunflower headpiece

Rekonèt Travay Eksepsyonèl Lauren Selman-Kaptimer kòm Administratè Pwogram

Mwen fyè pou m nonmen Lauren Selman-Kaptimer pou rekonesans sou travay eksepsyonèl li ak gwo reyalizasyon enkwayab li te ede pwogram nou akonpli a. Depi lè li te vin fè pati ekip nou an etanke premye Administratè Pwogram nou an, Lauren pote yon nivo òganizasyon ki eksepsyonèl, estrikti, ak pwofesyonalis nan pwogram nou an. Atansyon li pou detay, lidèchip li, ak angajman li pou ekselans te klèman demontre nan revizyon pou renouvèlman lisans nou an, kote nou te jwenn yon rezilta pafè, yon reyalizasyon ki vrèman pa fasil pou akonpli. Lauren toujou fè plis pase sa yo mande pou asire konfòmite, sipòte anplwaye yo, epi ranfòse kalite jeneral pwogram nou an. Dedikasyon li, travay di li, ak pasyon li pou edikasyon anbyans fè yon enpak dirab sou ekip nou an ak fanmi n ap sèvi yo. Selebre kontribisyon li yo se plis pase ke merite, epi nou gen yon gwo chans pou gen lidèchip ak ekspètiz li k ap gide pwogram nou an.

- ekri pa Greg Fernandes, Rose Conservatory

  • Department of Early Education and Care

    The Department of Early Education and Care's mission is to support the healthy growth and development of all children by providing high-quality programs and resources for families and communities.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback