Massachusetts State Seal An official website of the Commonwealth of Massachusetts Here's how you know

Official websites use .mass.gov

A .mass.gov website belongs to an official government organization in Massachusetts.

Secure websites use HTTPS

A lock icon or https:// means you've safely connected to the official website. Share sensitive information only on official, secure websites.

News

News  Bilten/Jounal EEC Oktòb 2026

10/19/2026
  • Department of Early Education and Care

Bonjou Kominote EEC,

Nou gen kèk opòtinite pou nou patisipe epi pataje sondaj/fidbak sou yo pandan n ap antre nan sezon fèt la!

Anons

EEC, an kolaborasyon ak Biwo Imigran ak Refijye yo ak Biwo Avoka Jeneral la, te òganize sesyon enfòmasyon sou Lwa PROTECT la, kote yo te ofri enfòmasyon sou dwa ou genyen ak yon apèsi sou politik ak resous pou pwogram EEC ki gen lisans ak program ki resevwa finansman. Tanpri, gade paj Resous Lwa PROTECT la pou plis detay ansanm ak paj prezantasyon sesyon sa a. 

Pou Direktè Pwogram k ap chèche sipòte edikatè yo pou yo fini inivèsite oswa pouswiv edikasyon siperyè, n ap ofri sesyon enfòmasyon sou zouti ak resous pou ede w gide yo nan pwosesis la. Sesyon yo ap fèt 22 Oktòb ak 5 Novanm. Enskripsyon pou klas inivèsite kominotè pou mwa Janvye a kòmanse nan mwa Novanm! Si ou menm oswa anplwaye w yo ap chèche pran kou nan sezon Prentan an, tanpri kontakte Kowòdonatè Chemen Karyè pou lekòl inivèsite kominotè ki nan lokal ou a. Ou ka jwenn enfòmasyon kontak yo sou paj wèb Chemen Karyè a. 

EEC ap fè patenarya ak rechèchè nan Inivèsite Boston University, pou aprann plis sou eksperyans kwotidyen founisè edikasyon ak swen/gadri pou timoun piti yo ansanm ak òganizasyon k ap sèvi fanmi yo atravè Pwogram Asistans Finansye pou Gadri (CCFA) nou yo. Sondaj Pwogram Swen/Gadri ak Edikasyon Timoun Piti nan Massachusetts (MEEP) la disponib an Anglè ak an Espanyòl jiska fen mwa Oktòb. Chak sondaj ou ranpli mete w nan yon tiraj osò chak semèn pou youn nan de (2) kat kado Amazon pou $500 yo.

Rapèl

Apati mwa Novanm, lè w re-sètifye, y ap mete kantite sibvansyon C3 ou a an mizajou. W ap kontinye resevwa peman sa a chak mwa jiska Novanm 2027.

Zouti Pòt Antre Biznis la (Business Front Door) konekte biznis gadri yo ak Commonwealth Massachusetts la ak Team MA, yon rezo kowòdone ajans leta ak òganizasyon devlopman ekonomik. Poze yon kesyon, eksplore resous, epi konekte ak yon navigatè ki espesyalize nan endistri w la pou jwenn konsèy pèsonalize sou kòman pou kòmanse oswa devlope biznis ou. Pwogram ki baze nan sant, kay pou gadri fanmi, biznis ki la pou fè pwofi, ak biznis ki pa la pou fè pwofi, nou ap akeyi yo tout pou yo itilize platfòm nan. Pou plis enfòmasyon, tanpri gade sesyon enfòmasyon nou yo ane pase a, ki disponib an Anglè, Espanyòl, ak Pòtigè.

Evènman k ap Gen Pou Vini yo

Jedi 22 Oktòb, 1:30 – 2:30 pm

Mèkredi 27 Oktòb soti 1:00 – 2:30 pm

Mèkredi 28 Oktòb, soti 12:00 – 1:00 pm, òganize pa MA Health Connector

Mèkredi 4 Novanm, soti 12:00 rive 1:00 pm, òganize pa MA Health Connector

Jedi 5 Novanm, soti 1:30 pou rive 2:30 pm

Madi 10 Novanm, soti 12:00 rive 1:00 pm, òganize pa MA Health Connector

Mèkredi 18 Novanm a 12:00 – 1:00 pm, òganize pa MA Health Connector

Travay k ap Kontinye Dewoule

Ou ka jwenn mizajou tou nan reyinyon Konsèy Administrasyon nou yo, kote nou diskite epi bay mizajou regilye sou EEC. Reyinyon sa yo jeneralman fèt nan dezyèm Mèkredi chak mwa, soti Septanm rive an Jwen, nan divès kote atravè Commonwealth la. Si w ap chèche pataje yon kòmantè piblik nan youn nan reyinyon sa yo, paj sondaj/fidbak nou an gen plis enfòmasyon sou kijan pou soumèt kòmantè a. Paj sa a se yon bon resous tou pou w patisipe nan opòtinite angajman ekstèn nou yo. Ou lib pou ranpli youn nan fòmilè yo, epi n ap kontakte w si sa apwopriye.

Rechèch

Pwochen Komisyon Konsèy Konsiltatif sou Done pou Edikasyon ak Swen/Gadri pou Timoun Piti yo  ap reyini Madi 27 Oktòb a 1è nan aprèmidi sou Zoom. Gwoup sa a ap enkli ladan l reprezantan ki defini nan lwa a epi li travay pou fè rekòmandasyon pou amelyore itilizasyon done leta, founisè, ak nivo pwogram ki gen rapò ak pri, kalite, ak itilizasyon sèvis edikasyon ak swen/gadri pou timoun piti.

Tablo KPI EEC la kounye a afiche done sou pri eskolaj prive pwogram yo chaje atravè tout Commonwealth la! Kounye a, ou ka wè pri eskolaj medyàn yo selon tip pwogram nan, rejyon an, ak gwoup laj sou paj aksè pou fanmi an nan tablo KPI a.

Yon Gwo Bravo pou Travay la

Nou te resevwa anpil bèl mesaj, men nou te kapab chwazi sèlman kèk pou nou pataje jodi a! Si w te voye yon mesaj pou nou te fè lwanj pou yon moun epi li pa t chwazi, rete branche pou pwochen fwa a! Tanpri voye tout nouvo mesaj pou nou ka fè lwanj yo atravè fòmilè 'Shout Out and Celebrations' nou an.

Smiling woman in a red top in front of a Boys & Girls Clubs backdrop.

Selebrasyon 20 Ane Sèvis Charisse Balicki

Charisse ap selebre 20 ane sèvis nan Pwogram Gadri/Swen pou Timoun Lekòl Lisansye nou an. Charisse se yon lidè ekstrawòdinè ki bay anpil benefis pou fanmi nou yo ak anplwaye nou yo.  Mèsi, Charisse, epi annou swete yon lòt 20 ane ankò.

 - Kellie Brown, Boys and Girls Club of Greater Westfield

Smiling woman with shoulder-length dark hair wearing a black top against a green, leafy background.

Selebrasyon 18 Ane Laurie Gola nan Sandcastles

Madam Laurie ap travay nan Sandcastles depi 18 an e li kontinye fè elèv yo sezi, fanmi yo, ak anplwaye yo ak kourikoulòm li ki inove, entèlijan, ak kreyatif.  Li se yon vrè pwofesyonèl, ki toujou ap grandi ak aprann ansanm ak elèv li yo. 

 - Maureen Fox, Sandcastles Child Care

A teacher helps young children with arts and crafts around a table in a colorful classroom.

45 Ane Sèvis Eksepsyonèl Ruth Guzman nan The Kids Place

Yon remèsiman sensè pou Direktè Rejyonal nou an, Ruth Guzman, pou devouman ekstraòdinè li ak sèvis san patipri li pou pwogram The Kids Place. Lidèchip li, sipò li, ak angajman li anvè timoun ak fanmi yo te jwe yon wòl kle pou ede nou sèvi plizyè milye fanmi atravè Lwès Massachusetts pandan 45 an. Devouman li, ekspètiz li ak angajman li pou bay timoun yo pi bon gadri posib pa janm febli. Nou vle bat yon gwo BRAVO POU RUTH pou plizyè deseni li fè ap bay yon sèvis ki eksepsyonèl nan TKP!

 - Dawn Petersen, The Kids Place

  • Department of Early Education and Care

    The Department of Early Education and Care's mission is to support the healthy growth and development of all children by providing high-quality programs and resources for families and communities.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback