News

News  Jounal EEC pou Avril

4/15/2026
  • Department of Early Education and Care

Bonjou Kominote EEC,

Byenveni nan dezyèm edisyon bilten EEC nou an. Mèsi pou tout lanmou nou te pataje an repons a edisyon ki te fèt anvan an; nou kontan konnen ke anpil nan nou te twouve espas sa a te itil pou nou te resevwa yon rezime sou mizajou depatman an.

Anon

EEC kontan akeyi Zrike etanke nouvo Sekretè Edikasyon nou an! Sekretè Zrike pral patisipe avèk nou, li soti nan Lekòl Piblik Salem nan, kote li te sèvi kòm Sipèentandan. Ou ka gade mesaj akèy Komisyonè Kershaw la nan jouna nouvèl la. 

Zrike pral patisipe avèk nou, li soti nan Lekòl Piblik Salem nan, kote li te gen pòs Sipèentandan. Ou ka gade mesaj akèy Komisyonè Kershaw la nan jounal nouvèl la.

Mwa pase a, EEC an patenarya ak Depatman Edikasyon Siperyè a, te louvri aplikasyon pou pwogram Ranbousman Prè pou Edikatè Timoun Piti (ECE) la. Pwogram $15 milyon dola sa a pral ofri benefisyè li yo ranbousman prè anyèl $7,500 dola chak ane, selon disponiblite lajan an. Pwogram sa a ouvè pou edikatè k ap travay dirèkteman ak timoun ak fanmi nan anviwònman tankou swen/gadri familyal, pwogram ki santralize yo, pwogram apre lekòl ak pwogram andeyò lè lekòl la, pwogram rezidansyèl, ak sistèm FCC ki gen kontra, ki te jwenn yon diplòm lisans nan Massachusetts apre 1ye Jiyè 2013. Tanpri gade Aplikasyon an pou plis detay epi pou w ka aplike. Epitou ou ka gade anrejistreman sesyon enfòmasyon an. Aplikasyon an ouvè jiska 1ye Jwen.

Bousedetid pou Edikatè Timoun Piti (ECE)  te louvri 1ye Avril! Pwogram sa a vize edikatè aktyèl oswa potansyèl k ap chèche èd finansye pou kontinye edikasyon yo. Yo dwe travay dirèkteman ak timoun ak fanmi nan anviwònman tankou swen/gadri familyal, pwogram ki ki santralize, pwogram apre lekòl ak pwogram an deyò de lè lekòl la, pwogram rezidansyèl, ak sistèm FCC ki an kontra. Ou ka enskri atravè fòm nan pou pwochen sesyon enfòmasyon yo oswa pou jwenn aksè a anrejistreman an lè li disponib. 

Mwa pase a, Administrasyon Healey-Driscoll la te pibliye Gwoup Travay Entè-Ajans sou Edikasyon ak Swen/Gadri pou Timoun Piti pou Rapò Dezyèm Ane , ki mete aksan sou pwogrè enpòtan Gwoup Travay la reyalize pou elaji gadri kalite siperyè ki aksesib, abòdab, ak ekitab atravè Massachusetts. Gwoup Travay la enkli ladan l reprezantan ki soti nan chak Sekretarya leta, epi li reprezante yon apwòch gouvènman antye pou amelyore aksesibilite ak abòdabilite swen/gadri.

Aplikasyon yo louvre kounya pou Konsèy Kiltirèl Mass la Eksperyans Kreyatif Pwogram sibvansyon an bay òganizasyon, biznis kreyatif, lekòl, ak pwogram edikatif sibvansyon $2,500 ak $5,000 pou sipòte pwojè ki entegre atizay, syans imèn, ak/oswa syans entèpretatif epi ki ap fèt ant 1ye Jiyè 2026 ak 30 Jen 2027. Aplikasyon an ouvè jiska 30 Avril.

Aplikasyon yo louvre kounya pou Sibvansyon pou Enfrastrikti Sekirite Alimantè  (FSIG) pa Depatman Resous Agrikòl Massachusetts la ki varye ant $10,000 ak $500,000 pou pwojè ki fini anvan 30 Jwen 2027 epi ki ka double lajan kach la a 20%. FSIG ap chèche finanse pwojè ki bati rezilyans nan chèn apwovizyonman manje Massachusetts, epi chita pale sou pou kreye yon aksè ki pi elaji epi pi ekitab a manje nourisan, an sante, e ki grandi lokalman. Aplikasyon an ap rete ouvè jiska lendi 4 Me a 4 PM.

Atravè travay Gwoup Travay Entè-Ajans sou Edikasyon ak Swen/Gadri pou Timoun Piti yo, Biwo Rekreyasyonèl Massachusetts (MOOR) ak EEC kontan prezante "Outdoor Start," (ß Kòmansman rekreyasyon) yon sant resous ki fèt pou ede fanmi ak pwogram edikasyon pou timoun piti pase plis tan nan lanate (deyò/sou lakou). Sant resous la ofri enfòmasyon pou moun k ap fè politik, fanmi, ak founisè edikasyon pou timoun piti sou benefis lanati pou timoun piti ak fason pou patisipe nan aktivite rekreyasyonèl nan yon fason pozitif ki apwopriye pou devlopman yo.

Nou toujou ap travay sou Pòtal Pwofesyonèl EEC nou an ak pòtal fanmi nou an, MyChildCareMA. Vin patisipe nan Reyinyon manm konsèy la an Avril  pou plis aktyalizasyon epi pou w ka aprann plis!

Rapèl

Pa bliye ranpli deklarasyon taks ou! Anpil travayè, fanmi, ak granmoun aje nan Massachusetts ka jwenn lajan anplis lè yo fè deklarasyon taks – menm si yo pa t gen okenn oswa te gen yon revni ki ba anpil an 2025 oswa si yo pa konn fè deklarasyon taks nòmalman. Kredi Taks pou Timoun ak Fanmi Massachusetts la bay $440 pou chak timoun ki poko gen 13 an, yon moun depandan oswa konjwen ki gen yon dezabilite/andikap, oswa yon moun depandan ki gen 65 an oswa plis. Lè w resevwa lajan sa a, sa pap afekte benefis ou yo tankou SNAP oswa MassHealth. Pa rate lajan ou merite! Vizite www.FindYourFunds.org pou aprann ki lajan ou ka jwenn ak kijan pou w fè demann lan gratis. Ou ka gade tou sesyon enfòmasyon nou te fè ansanm avèk Kowalisyon Kredi Taks Fanmi an Sante pou plis enfòmasyon!

Pwochen Evènman Yo

15 Avril a 7.00 p.m.

16 Avril a 11:30 a.m.

17 Avril a 10:30 a.m.

17 Avril a 1:30 p.m.

29 Avril a 7.00 p.m.

12 Me a 1:00 p.m.

18 Me a 1:00 p.m.

20 Me a 1:00 pm

3 Jen a 12:30 p.m.

17 Jen a 7:00 p.m.

Rete branche pou nenpòt lòt evènman k ap gen pou fèt, ale sou Paj evènman an, epi tcheke Paj YouTube  nou an pou nenpòt lòt sesyon enfòmasyon ak difizyon an dirèk nou te fè ki rete anrejistre . 

Travay Kap Dewoule

Ou kapab jwen mizajou konsènan reyinyon manm konsèy  nou an, kote nou diskite epi bay mizajou regilye sou EEC. Reyinyon sa yo fèt chak dezyèm Mèkredi nan chak mwa atravè tout Commonwealth la. Si w ap chèche pataje yon kòmantè piblik nan youn nan reyinyon sa yo, our paj fidbak/sondaj  nou an Gen plis enfòmasyon sou kijan pou soumèt. Paj sa a se tou yon bon resous pou patisipe nan opòtinite angajman ekstèn nou yo. Ou lib pou ranpli youn nan fòm yo, epi n ap kontakte w si sa apwopriye.

Rechèch

Envestisman Kapital sipòte sit edikasyon ak swen/gadri pou timoun piti yo lè li bay finansman pou amelyore enstalasyon yo atravè renovasyon ak lòt devlopman inovatè. Pou li plis sou enpak yo, li nouvo Rezime Done sou Envestisman Kapital nou an.

E2C Hub la, paj prensipal Commonwealth la pou done ak rechèch sou edikasyon, kounye a gen kat seri done ki fè pati Depatman Edikasyon ak Swen/Gadri pou Timoun Piti Tablodbòdi Endikatè Pèfòmans Kle (KPI):

Salitasyon ak Selebrasyon

Nou te resevwa anpil moun ki te soumèt dosye yo, sa ki te ekstraòdinè, men nou te kapab chwazi sèlman kèk pou pataje jodi a! Si ou te voye yon salitasyon pou ou epi si yo pa t chwazi w, rete branche pou pwochen sa k pral fèt la! Tanpri soumèt nenpòt nouvo dosye  sou nou an Fòm Saliatasyon ak Selebrasyon.

dark haired woman against pink background

Selebre Akonplisman Enpòtan Leidy Carmona

Nou fyè pou n selebre yon akonplisman ki enpòtan anpil pou Leidy Carmona.!

Leidy te vini Ozetazini ak pitit li yo e li te travay san pran souf pou bati yon karyè ki gen sans nan domèn edikasyon pou timoun piti. Gras a dedikasyon, pèseverans, ak yon pasyon veritab pou edikasyon pou timoun piti, li kontinye grandi pwofesyonèlman pandan li ap fè yon enpak dirab sou lavi timoun li sèvi yo.

Leidy envesti anpil nan chak timoun li pran swen. Li dirije ak pasyans, konpasyon, ak yon angajman sensè pou ede chak timoun pwospere. Dedikasyon li pa pase inapèsi.

Nou espesyalman fyè pou nou pataje ke Leidy fin konplete avèk siksè Sètifika li etanke  Direktè — yon gwo akonplisman ki reflete travay di li yo ak angajman li pou ekselans. Menm apre li fin reyalize etap enpòtan sa a, li kontinye ap chèche nouvo opòtinite pou aprann ak grandi pou li ka pi byen sèvi timoun nou yo ak fanmi nou yo.

Felisitasyon, Leidy! Pakou ou enspire nou, e nou rekonesan pou nou genyen ou kòm yon manm nan kominote nou an. 

Happy Space Academy. 

-De Rosali Ngwanyam, Happy Space Academy

Selebre Derek DeLisi, Lidè Pwochen Jenerasyon pou Aktivite Aprè Lekòl

dark haired man standing with award certificate in his hands

Asosyasyon Nasyonal Aktivite Apre Lekòl la fèk anonse Pwochen Jenerasyon Lidè Aktivite Apre Lekòl pou 2026 la: 30 pwofesyonèl eksepsyonèl ki gen 30 an oswa mwens k ap ranfòse pwogram yo, k ap ankouraje jèn yo epi k ap fè pwogrè nan domèn aktivite apre lekòl la nan tout peyi a. Rekonesans sa a selebre pwofesyonèl eksepsyonèl nan kòmansman karyè yo nan domèn aktivite apre lekòl, ki angaje yo anpil nan pwòp devlopman yo ak devlopman lòt moun, epi ki kontinye devlope konpetans lidèchip yo atravè devouman, kiryozite, ak pèseverans. 

Derek DeLisi, Direktè Sit OST nan pwogram Center School For Kids Only Afterschool nan Peabody, te chwazi pami plis pase 140 nominasyon atravè tout peyi a!

Nan yon moman kote domèn nou an ap fè fas ak gwo defi nan mendèv la ak bezwen k ap chanje, li esansyèl pou nou envesti nan lidè k ap monte yo. Lè nou sipòte pwochen jenerasyon an, n ap ranfòse kalite pwogram yo, n ap amelyore rezilta pou jèn yo epi n ap bati yon avni ki rezistan pou aktivite aprè lekòl. -NAA

Pou plis enfòmasyon oswa pou wè lis tout moun ki resevwa onè pou ane 2026 la, vizite: https://loom.ly/33VRJR0

-De Briana Flannery, For Kids Only Afterschool

Yon gwo saliatasyon anreta pou anivèsè Marie Claude Fedna le 11 Mas!

Marie Claude se yon bèl manm pami Commonwealth Children's Center depi Jween 1994, li pase ane li yo ap pran swen tibebe nou yo ak pasyans, ak kè epi ak devouman. Sa se plis pase 30 ane ap pran swen tibebe ak sipòte fanmi — yon akonplisman ki bèl. 



Li pataje tou yon koneksyon espesyal ak fanmi CCC — pitit fi li te ale la plizyè ane de sa, epi pita gran pitit li sou bò kote pitit fi li te ale la tou. Jodi a, li se yon manman fyè ki gen twa pitit epi yon grann ki gen kat pitit pitit.

Nou gen anpil chans pou nou gen li kòm yon manm nan kominote nou an. Bòn anivèsè an reta, Marie Claude!

-De Maria Stotts, Commonwealth Children’s Center

  • Department of Early Education and Care

    The Department of Early Education and Care's mission is to support the healthy growth and development of all children by providing high-quality programs and resources for families and communities.
  • Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

    Please do not include personal or contact information.
    Feedback