District/Municipal Court Rules
Joint Standing Orders

District/Municipal Court Rules  Lòd Pèmanan Konjwen 1-26 : Lòd sou odyans tribinal adistans

Adopted Date: 05/15/2026
Effective Date: 06/01/2026
Updates: Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026

Pibliye pa Onorab Stacey J. Fortes, Jij an Chèf Tribinal Distri a ak Onorab Tracy-Lee Lyons, Jij an Chèf Tribinal Minisipal Boston.

I. Entwodiksyon

Depatman Tribinal Minisipal Boston ak Depatman Tribinal Distri a rekonèt valè odyans oswa evènman adistans pou sèten pwosedi jidisyè. Lè yo itilize yo kòmsadwa, prezante adistans nan tribinal yo ka amelyore aksè a lajistis nan diminye vwayaj, tan konje nan travay, gadri, ak obstak transpò pou pati yo, temwen yo, ak avoka yo. Byenke prezantasyon adistans nan tribinal yo apwopriye pou kèk afè, tribinal yo toujou oblije kenbe pwosedi an pèsòn nan sitiyasyon kote yo konstitisyonèlman oswa legalman obligatwa, oswa kote kredibilite, jistis, ak enkyetid pou pwosesis ekitab yo egzije yo.

Antanke Jij an Chèf Depatman Tribinal Minisipal Boston ak Depatman Tribinal Distri a, nou pibliye Lòd Pèmanan Konjwen an an konfòmite avèk otorite nou dapre GL c. 211, § 10GL c. 218, § 38, ak GL c. 220, § 5.1.

Lòd Pèmanan sa a dwe RANPLASE epi ANILE tout lòd anvan yo konsènan konferans videyo. Nan dokiman sa a, nou ÒDONE, apati 1ye jen 2026 :

II. Pwosedi jidisyè adistans

Evènman sa yo ka fèt adistans sof si yon jij oswa grefye-magistra bay yon lòd kontrè :

  1. Konfòmite penal ak odyans elektoral ;
  2. Odyans sou mosyon ki san prèv nan tout ka yo, tankou demann jijman rapid ;
  3. Atribisyon dat pwosè yo ;
  4. Odyans sou avansman yon dosye ;
  5. Odyans pwosedi an deyò pwosè yo ;
  6. Odyans jistifikasyon penal ;
  7. Odyans sou afè pwobasyon ki pa odyans detansyon ni vyolasyon ;
  8. Odyans ak apèl pou enfraksyon veyikil a motè sivil ;
  9. Konferans jesyon ka sivil ak konferans anvan pwosè, mosyon ki san prèv, ak konferans antant jidisyè ;
  10. Odyans Divizyon Apèl yo, sof si jij k ap prezide a bay lòd pou yo tande ka a an pèsòn ; epi
  11. Nenpòt lòt evènman yon jij oswa grefye-majistra pèmèt rive adistans epi lalwa pèmèt sa.

III. GL c. 123 odyans adistans

Jij yo kenbe otorite pou detèmine anplasman odyans GL c. 123 yo epi si yo ta dwe òganize odyans lan adistans. Lòd Pèmanan sa a pa fè okenn sipozisyon konsènan kote odyans GL c. 123 yo ye oswa si yo fèt adistans oswa an pèsòn, sof pou pwosedi dapre seksyon 12 , 15& 35, kote prevni an nan men lapolis ; se sèlman pwosedi sa yo ki sipoze fèt an pèsòn pou yo ka retire l nan men lapolis.

Rekonèt bezwen ak resous varye diferan tribinal yo, volim ak diferans pwogramasyon nan odyans sa yo sou baz kantite enstalasyon ki nan jiridiksyon yon tribinal, ak dat limit estrik ki aplikab pou pwosedi sa yo, se tribinal endividyèl yo ki pou detèmine ki kote pou yo pwograme odyans yo GL c. 123 pou moun ki aktyèlman entène lopital sou yon demann angajman annatant, tankou sila yo Bridgewater State Hospital kenbe an sekirite estrik, epi si pou pwograme odyans sa yo an pèsòn oswa adistans. Gade G.L. c. 123, § 5.

Yo ta dwe pran an konsiderasyon lis faktè sa yo ki pa egzostif epi pwogramasyon  inisyal rekèt ki depoze yo ka fèt yon fason pou asire respè delè ki aplikab yo, bay yon avoka san pèdi tan ak avi odyans lan :

  • kantite ka ki pwograme nan seyans sante mantal la ;
  • kantite etablisman ki nan jiridiksyon yon tribinal endividyèl ;
  • bezwen transpò patikilye pou etablisman yo nan jiridiksyon tribinal la ;
  • si yon etablisman pèmèt odyans yo fèt an pèsòn oswa si yo limite aksè a moun ki deyò ;
  • kantite anplwaye ki nesesè pou òganize yon odyans an pèsòn, tankou, si l fèt an pèsòn nan tribinal la, disponiblite ase travayè sante mantal pou sipèvize yon pasyan ;
  • kapasite teknolojik tribinal la pou fè odyans adistans ;
  • kapasite teknolojik etablisman an pou fè odyans adistans ;
  • disponiblite yon sal odyans fòmèl ak diy ki ase gran pou akeyi jij la, grefye a, ofisye tribinal la (yo), ak piblik la ;
  • asire etablisman an kapab bay ase sekirite pou tout pati yo ;
  • asire odyans lan pral anrejistre antyèman ak konplètman ;
  • asire odyans lan ap ouvè epi aksesib pou piblik la.

Malgre yon tribinal endividyèl pwograme odyans angajman li yo adistans oswa an pèsòn, yon jij kenbe otorite pou detèmine sou yon baz ka-pa-ka ki kote pou òganize odyans lan epi si se adistans oswa an pèsòn. Yon jij dwe pran an konsiderasyon nenpòt mosyon ki depoze ki mande yon chanjman nan pwogramasyon odyans lan, epi li dwe konsidere faktè ki endike anwo yo, ansanm ak faktè sa yo ki pa egzostif :

  • pwoblèm ki prezante ;
  • kote patisipan yo ye ;
  • kondisyon sante patisipan yo ;
  • pousantaj transmisyon maladi atrapan kote etablisman an sitiye a.

Si yon jij refize yon demann pou yon odyans an pèsòn, jij la dwe eksplike rezon yo alekri.

IV. Prezantasyon adistans

Prezantasyon adistans vle di youn oswa tout pati yo prezante pa telefòn, òdinatè, videyo konferans, oswa mwayen menm jan an (egzanp, Zoom). Yon pati ki mande pou l prezante adistans renonse a tout objeksyon kont lòt pati ki prezante an pèsòn. Si avoka a prezante an pèsòn, avoka a ka mande, epi jij la oswa grefye a ka pèmèt, prezans pati a, oswa mande pati a prezante adistans, si lalwa pèmèt sa. Egzijans pou yon pati (plizyè pati) prezante an pèsòn pa anpeche yon avoka ni temwen prezante adistans si jij la oswa grefye-majistra ki prezide odyans lan pèmèt li, epi lalwa otorize sa.

V. Evènman an pèsòn

Pati yo oblije patisipe nan tout lòt evènman jidisyè an pèsòn yo sof si pati a fè demann lan epi jij la oswa grefye a pèmèt sa, oswa jij la oswa grefye a bay lòd pou pati a prezante adistans, epi lalwa pèmèt sa. Kit evènman jidisyè yo fèt an pèsòn oswa adistans, tribinal la ka dispanse prezans yon pati sou demann oswa si pati a reprezante pa yon avoka epi lè lalwa pèmèt sa.

VI. Entèdiksyon pou fotografye, anrejistre, oswa retransmèt odyans adistans oswa ibrid

Okenn moun pa dwe pran foto, ni fè anrejistreman oswa retransmisyon pa mwayen elektwonik, yon odyans tribinal adistans oswa ibrid, san otorizasyon alavans jij la oswa grefye-majistra ki asire sipèvizyon imedyat odyans adistans oswa ibrid la, an konfòmite avèk Règ Tribinal Siprèm Jistis la 1:19, ki reji aksè elektwonik nan tribinal yo.

VII. Aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid

Pou rezon aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid ki ouvè a piblik la, manm piblik la ka gen aksè a odyans tribinal yo konsa :

  1. Pou odyans an pèsòn, kote pa gen okenn pati ki prezante adistans, manm piblik la dwe patisipe an pèsòn.
  2. Pou odyans adistans, kote tout pati yo patisipe adistans, manm piblik la ka gen aksè a odyans adistans lan.
  3. Pou odyans ibrid, kote omwen yon pati patisipe an pèsòn, pandan omwen yon lòt pati oswa patisipan prezante adistans, manm piblik la dwe patisipe an pèsòn.

    Manm piblik la ka mande pèmisyon nan tribinal la pou gen aksè a yon odyans ibrid adistans.

Manm piblik la k ap chèche enfòmasyon espesifik oswa enstriksyon sou aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid nan yon ka patikilye dwe kontakte Biwo grefye a pou plis detay.

Dat antre an aplikasyon

Lòd sa a antre an aplikasyon 1ye jen 2026, epi li dwe rete an aplikasyon jiska nouvèl lòd Tribinal sa yo.

Contact

  1. Referans a « etablisman » nan Lòd Pèmanan sa a gen ladan Bridgewater State Hospital.
Updates: Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback