Lyen ki itil
Kijan pou mwen konnen si mwen gen yon odyans adistans ?
Tribinal la ap fè w konnen si odyans tribinal ou a ap fèt adistans. Tribinal la ka kontakte ou pa lapòs, imèl, oswa telefòn. Tribinal la pral enfòme lòt pati ki enplike nan afè w la tou.
Kijan pou mwen mande yon odyans adistans ?
Ou dwe kontakte Biwo grefye a, responsab rejis yo, oswa responsab anrejistreman an a pou mande yon odyans adistans.
Fè demann odyans adistans ou anvan pwochen dat tribinal ou a pou tribinal la gen tan pou egzamine li.
Byenke anpil odyans tribinal yo fèt adistans kounye a (anjeneral sou Zoom), se sèlman kèk tip afè ak evènman jidisyè ki ka fèt adistans.
Chak depatman tribinal gen règleman (ki rele « Lòd Pèmanan ») sou tip espesifik odyans ak evènman jidisyè ki ka fèt adistans. Tout règ sa yo disponib nan : Lòd Pèmanan pou Odyans Adistans yo.
Lyen pou règleman chak depatman tribinal sou odyans adistans yo anba a tou :
- Lòd Pèmanan Tribinal Minisipal Boston
- Lòd Pèmanan Tribinal Distri a
- Lòd Pèmanan Tribinal Lojman an
- Lòd Pèmanan Tribinal pou Minè a
- Lòd pèmanan Tribinal Fonsye a
- Lòd Pèmanan Tribinal Siksesyon ak Fanmi an
- Lòd Pèmanan Tribinal Siperyè a
An jeneral, ou ka depoze yon demann alekri oswa yon mosyon nan tribinal la pou mande yon odyans adistans oswa fè yon demann oral pou yon odyans adistans pandan w nan tribinal la pou pwochen dat odyans ou a (yo).
Tribinal la pral egzamine demann ou an pou yon odyans adistans epi li pral fè w konnen si yo aksepte oswa refize demann ou an. Si yo aksepte demann ou an, tribinal la ap ba ou enstriksyon separe sou aksè nan odyans adistans ou a.
Kijan pou mwen kontakte tribinal la ?
Kontakte tribinal la nan nimewo telefòn oswa adrès imèl yo bay nan avi konvokasyon w lan oswa ale nan Lokalizatè Tribinal la pou chèche konnen kijan pou kontakte tribinal k ap sèvi w la. Ou ka ale tou nan Sèvis Tribinal Adistans oswa Vityèl yo pou wè si tribinal ou a gen yon rejis vityèl.
Èske tribinal la pral di m ki jan pou m rantre nan odyans adistans lan ?
Wi. Tribinal la ap voye ba ou enstriksyon sou fason pou rantre nan odyans adistans ou a pa videyo oswa pa telefòn.
Tribinal Premye Enstans lan itilize Zoom.
De preferans, ou ta dwe rantre nan odyans adistans lan atravè yon òdinatè, tablèt, oswa telefòn entelijan ki gen aksè a videyo.
Pou plis enstriksyon, kontakte tribinal la anvan jou odyans ki pwograme pou ou a.
E si mwen pa kapab patisipe nan odyans adistans lan nan lè ki pwograme a ?
Ou dwe gen yon rezon valab ki fè ou pa ka patisipe nan odyans adistans la nan lè ki pwograme a. Epi ou dwe di tribinal la pi vit posib apre w fin resevwa avi a. Tanpri kontakte tribinal kote odyans ou pwograme a pou plis enfòmasyon sou fason pou chanje dat odyans ou an.
E si mwen pa gen entènèt oswa yon telefòn?
Kontakte tribinal la pi vit posib. Ou ta ka kapab ale nan odyans lan an pèsòn. Oswa, tribinal la ka ranvwaye odyans lan jiskaske tout moun ka patisipe oswa ede w jwenn yon fason pou patisipe. Ou ka gen aksè a Zoom nan lokal tribinal ki chwazi yo nan Sal Zoom Tribinal Premye Enstans la yo oswa enfòme w sou Inisyativ Bibliyotèk Piblik Bibliyotèk Tribinal Premye Enstans yo kote anpil sèvis Tribinal Premye Enstans yo ka disponib adistans atravè bibliyotèk lokal ou a.
E si mwen bezwen yon entèprèt ?
Pou mande yon entèprèt, kontakte tribinal la.
Ki jan pou m prepare m pou yon odyans a distans ?
Li Konsèy sou Odyans Adistans sa yo pou ede w prepare pou odyans adistans ou an.
Kisa mwen ta dwe atann pandan odyans adistans lan ?
- Nan jou odyans adistans ou a, odyans ou a ka youn nan anpil odyans ki òganize nan jou sa a. Odyans a distans ou a ka pa kòmanse tousuit. Ou ka bezwen rete tann. Tanpri pran pasyans epi rete konekte nan odyans adistans ou a.
- Jij la oswa grefye a pral asire l ou ka tande ak pale, epi eksplike tout règ yo.
- Odyans ou a an dirèk epi yo pral anrejistre l. Tout moun ki la ka tande sa ou di. Pifò odyans tribinal yo louvri pou piblik la.
- Yon odyans a distans se yon odyans tribinal ofisyèl. Ou dwe abiye pwofesyonèlman epi aji tankou si w t ap asiste an pèsòn nan sal tribinal la.
Èske mwen ka pran foto, difize, oswa anrejistre odyans adistans lan ?
Non. Ou ka konekte adistans, men yon odyans adistans se toujou yon odyans tribinal. Ou pa ka anrejistre, difize, ni pran foto oswa kapti ekran pwosedi yo san ou pa resevwa pèmisyon tribinal la.
Chak depatman Tribinal Premye Enstans la gen yon règ ki di esansyèlman :
Okenn moun pa dwe pran foto, ni fè anrejistreman oswa retransmisyon pa mwayen elektwonik, yon odyans tribinal adistans oswa ibrid, san otorizasyon alavans jij la oswa grefye-majistra ki asire sipèvizyon imedyat odyans adistans oswa ibrid la, an konfòmite avèk Règ Tribinal Siprèm jistis la 1:19, ki reji aksè elektwonik nan tribinal yo.
Ki jan yon manm piblik la ka gen aksè a yon odyans adistans ?
Pou rezon aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid ki ouvè a piblik la, manm piblik la ka gen aksè a odyans tribinal yo konsa :
- Pou odyans an pèsòn, kote pa gen okenn pati ki prezante adistans, manm piblik la dwe patisipe an pèsòn.
- Pou odyans adistans, kote tout pati yo patisipe adistans, manm piblik la ka gen aksè a odyans adistans lan.
- Pou odyans ibrid yo, kote omwen yon pati patisipe an pèsòn, pandan omwen yon lòt pati oswa patisipan prezante adistans, manm piblik la dwe patisipe an pèsòn.
Manm piblik la ka mande pèmisyon nan tribinal la pou gen aksè a yon odyans ibrid adistans.
Manm piblik la k ap chèche enfòmasyon espesifik oswa enstriksyon sou aksè piblik nan odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid nan yon ka patikilye dwe kontakte Biwo grefye a pou plis detay.
Lòt enfòmasyon sou aksè piblik la nan odyans adistans yo disponib nan Lòd Pèmanan chak depatman tribinal la ak nan paj aksè piblik ki anba a :
Ki kote mwen ka soumèt kòmantè oswa sijesyon sou odyans adistans yo ?
Tribinal Premye Enstans la akeyi kòmantè ak sijesyon ou yo sou odyans adistans yo. Tanpri soumèt yo isit la : Enfòme Tribinal Premye Enstans la sou kesyon, kòmantè oswa sijesyon.
| Date published: | June 25, 2026 |
|---|---|
| Last updated: | June 25, 2026 |