| Adopted Date: | 05/15/2026 |
|---|---|
| Effective Date: | 06/01/2026 |
| Updates: | Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026 (Abwoje epi ranplase Seksyon 2 Lòd Pwovizwa Tribinal Lojman an 1-23) |
- This page, Lòd Pèmanan Tribinal Lojman 1-26 : odyans tribinal an pèsòn ak adistans, is offered by
- Housing Court
- Massachusetts Court System
- Trial Court Office of Language Access
Housing Court Rules Lòd Pèmanan Tribinal Lojman 1-26 : odyans tribinal an pèsòn ak adistans
Contact
Trial Court Law Libraries
Online
Table of Contents
Entwodiksyon
Lòd pèmanan sa a pral anile epi ranplase Seksyon 2 Règleman Pèmanan Tribinal Lojman Pwovizwa 1-23, paske li gen rapò ak evènman jidisyè adistans ak an pèsòn. Lè sa apwopriye, Lòd pèmanan sa a fèt pou l konfòm avèk nenpòt Lòd Tribinal Siprèm Jistis la (« SJC ») ak Biwo Egzekitif Tribinal Premye Enstans lan.
An konfòmite avèk misyon Tribinal Lojman an pou jije tout afè yo nan yon fason ki jis, efikas ak alè, pou ogmante aksè a lajistis, epi pou sipòte bezwen operasyonèl Divizyon Tribinal Lojman an, nou ÒDONE nan dokiman sa a, apati 1ye jen 2026, Divizyon Tribinal Lojman yo dwe fonksyone selon dispozisyon ki anba yo. Yo ka modifye oswa anile Lòd Pèmanan sa a nenpòt ki lè epi li dwe rete an vigè jiska nouvèl lòd Tribinal la.
Tribinal la òdone,
Diana H. Horan
Jij an Chèf Tribinal Lojman an
I. Odyans an pèsòn
Kalite evènman jidisyè sa yo sipoze fèt an pèsòn :
- medyasyon ak jijman nan tout kalite ka, tankou tout evènman jidisyè premye ak dezyèm enstans nan ka pwosedi rapid ;
- pwosedi kote yon evalyasyon kredibilite nesesè, jan Grefye-Majistra a detèmine l, an konsiltasyon avèk Premye Jij respektif la ;
- mosyon ki mande yon odyans pou prezante prèv, jan Grefye-Majistra a detèmine l, an konsiltasyon avèk Premye Jij respektif la ; epi
- konparisyon ak pwosedi pou mank respè a tribinal la.
II. Odyans adistans
Tip evènman jidisyè sa yo sipoze fèt an pèsòn :
- jesyon ka, konferans anvan jijman ak konferans sou avansman ka a ;
- mosyon ijans (egzanp, kote yon pati pa ka prezante paske tan yo ba li a twò kout, tankou mosyon pou mande bloke yon degèpisman ki pral fèt nan 48 èdtan), jan Grefye-Magistra a detèmine sa, an konsiltasyon avèk Premye Jij respektif la ;
epi - mosyon ki pa mande yon odyans pou prezante prèv, jan Grefye-Majistra a detèmine sa, an konsiltasyon avèk Premye Jij respektif la.
III. Otorite tribinal la
A.
Sou mosyon, demann, oswa sou pwòp inisyativ li, tribinal la ka egzèse otorite li pou pwograme nenpòt evènman jidisyè ki dwe fèt an pèsòn oswa adistans pou sipòte bezwen operasyonèl Divizyon an. Nan egzèse otorite li, tribinal la ka otorize yon patisipan (avoka, pati, oswa temwen) prezante adistans pandan lòt patisipan yo prezante an pèsòn, toutotan li konfòm avèk pwoteksyon dwa konstitisyonèl yo. Yon patisipan ki mande pou l prezante adistans pou yon pwosedi ki nòmalman fèt an pèsòn pa dwe gen okenn rezon pou fè objeksyon kont lòt patisipan ki prezante an pèsòn.
B.
Chak Grefye-Majistra, an konsiltasyon avèk Premye Jij respektif la, dwe detèmine pwosesis pou pwograme ak tande ka ki konsène aplikasyon kòd la ak nenpòt lòt evènman jidisyè ki pa idantifye nan seksyon I ak II.
C.
Lè tribinal la detèmine li legal ak apwopriye, nenpòt manm pèsonèl tribinal la oswa reprezantan yon ajans ki pa enplike dirèkteman - tankou jij, espesyalis lojman, entèprèt, ak reprezantan yon ajans administratif rejyonal - ka prezante adistans nan nenpòt tip evènman jidisyè pou sipòte bezwen operasyonèl Divizyon an.
IV. Entèdiksyon pou fotografye, anrejistre, oswa retransmèt odyans adistans oswa ibrid
Okenn moun pa dwe pran foto, ni fè anrejistreman oswa retransmisyon pa mwayen elektwonik, yon odyans tribinal adistans oswa ibrid, san otorizasyon alavans jij la oswa grefye-majistra ki asire sipèvizyon imedyat odyans adistans oswa ibrid la, an konfòmite avèk Règ Tribinal Siprèm Jistis la 1:19, ki reji aksè elektwonik nan tribinal yo.
V. Aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid
Pou rezon aksè piblik a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid ki ouvè a piblik la, manm piblik la ka gen aksè a odyans tribinal yo konsa :
- Pou odyans an pèsòn, kote pa gen okenn pati ki prezante adistans, manm piblik la dwe patisipe an pèsòn.
- Pou odyans adistans, kote tout pati yo patisipe adistans, manm piblik la ka gen aksè a odyans adistans lan.
- Pou odyans ibrid, kote omwen yon pati patisipe an pèsòn, pandan omwen yon lòt pati oswa patisipan prezante adistans, manm piblik la dwe patisipe an pèsòn.
Manm piblik la ka mande pèmisyon nan tribinal la, nan kontakte Biwo grefye a, pou gen aksè a yon odyans ibrid adistans. Yon demann pou gen aksè a yon odyans ibrid adistans dwe sijè a otorite ak desizyon tribinal la. Nan detèmine demann sa a, tribinal la ka konsidere ponktyalite demann lan, pami nenpòt lòt faktè ki afekte bezwen operasyonèl Divizyon an.
Manm piblik la k ap chèche enfòmasyon espesifik oswa enstriksyon sou aksè piblik la a odyans an pèsòn, adistans, oswa ibrid nan yon ka patikilye dwe kontakte Biwo grefye a pou plis detay.
Contact
Online
| Updates: | Pibliye 15 me 2026, antre an aplikasyon 1ye jen 2026 (Abwoje epi ranplase Seksyon 2 Lòd Pwovizwa Tribinal Lojman an 1-23) |
|---|