Lefètke gen yon koyòt nan zòn ou an, sa sèlman pa dwe enkyete w paske koyòt konn pè moun tou natirèlman. Koyòt ki pase anpil tan bò kote moun oubyen ki manje manje moun ba yo ka vin abitye ak moun e yo ka vin gen plis kran lè yo bò kote yo. Yon koyòt ki fin abitye ak moun:
- Pa chape poul li lè yo anmède l oubyen yo kouri dèyè l.
- Pwoche kot bèt domestik ki gen kòd nan kou yo.
- Pwoche kot moun epi suiv yo.
Gen kèk etap ki senp moun ka suiv pou yo evite koyòt vin abitye ak moun: Retire sous manje, pwoteje bèt domestik, kouri dèyè koyòt, epi elimine abri yo.
Retire sous manje
Si yo jwenn manje, kit se yon fason dirèk, kit se yon fason endirèk, ka fè koyòt aji dou epi l gendwa fè yo aji ak plis kran. Koyòt ki depann de manje nan lanati toujou rete pè moun. Pa janm fè espre bay koyòt manje pou w ka atire yo vin sou teren w.
- Retire manjwa pou manje zwazo. Manjwa zwazo yo atire anpil ti bèt, tankou ekirèy, ki se manje pou koyòt. Epitou, koyòt gendwa manje grenn ak grès bèt yo kite pou zwazo manje. Retire manjwa ki gen manje zwazo yo pou w pa atire koyòt.
- Sekirize poubèl ou yo ak konpòs ou. Koyòt vòlè poubèl ki ouvè ak pil konpòs. Sekirize fatra w yo nan poubèl plastik ki solid ki byen bouche epi mete yo anndan bilding ki sekirize lè sa posib. Mete poubèl yo deyò nan maten jou y ap vin chèche l la, pa mete l deyò nan sware anvan an. Mete konpòs nan bwat ki solid, ki sekirize, e ki ayere.
- Pwoteje pwodui ak bèt. Retire fwi ki tonbe anba pye fwi epi retire legim ki mi nan jaden. Sèvi ak kloti pou pwoteje bèt ou yo kont koyòt. Kloti dwe gen omwen 6 pye wotè epi l dwe rive anba sòl la. Ou gendwa enstale tiyo PVC (plastik) ki ka vire lib sou fil kloti yo pa anlè kloti a, oswa w ka gen yon pati nan kloti a ki pann plis deyò, yon fason pou l pi difisil pou koyòt kenbe kloti a pou monte l.
- Bay bèt domestik manje anndan. Si w bay bèt domestik ou yo manje deyò, sa ka atire anpil bèt sovaj.
Pwoteje bèt domestik ou yo
Se domaj, men li nòmal pou yon koyòt atake bèt domestik tankou chat ki deyò ak chen ki pa sipèvize. Koyòt ka wè chat ak ti chen kòm yon repa epi yo ka wè gwo chen kòm advèsè. Lè w bò kote bèt domestik ou, sa anpeche koyòt la atake l. Pa sipèvize bèt domestik ou a distans. Bèt domestik dwe gen yon kòd nan kou yo e yo dwe sou sipèvizyon w deprè toutan lè yo deyò. Mete sou sa, sonje pou w bay bèt domestik ou yo manje anndan pou w pa atire bèt sovaj.
Kouri dèyè koyòt
Pou moun anpeche koyòt vin abitye avè yo, yo dwe kouri dèyè yo yon fason agresif. Kouri dèyè bèt sovaj se yon bèl teknik ki dekouraje yo rete nan yon espas oswa chanje konpòtman yo. Si w toujou ap kouri dèyè yo, sa aprann koyòt pou yo evite moun e pou yo pa vin nan katye w. Menm jan yon koyòt ka kouri dèyè yon lòt pou l pa antre sou tèritwa l, se konsa tou ou ka kouri dèyè koyòt pou w montre se tèritwa pa w la e w ap defann li.
- Avanse nan direksyon koyòt la pandan w ap balanse bra w yo oswa pandan w ap bat men w.
- Fè gwo bri, tankou rele fò, sonnen yon klaksonn nematik, oswa soufle fò.
- Voye dlo sou li avèk yon kòbelann oswa voye ti objè, tankou balon tenis nan direksyon koyòt la.
Elimine abri
- Fèmen espas anba kay. Koyòt ap itilize espas anba galri ak depo pou yo repoze yo e pou yo leve pitit yo. Fèmen espas sa yo pou anpeche bèt itilize yo.
- Koupe raje ki gaye twòp. Asire w ou kenbe bòdi lakou w byen pwòp, paske espas sa yo konn bay yon kote pou koyòt oswa bèt y ap chèche yo kache.
Sante ak sekirite moun
Si gen yon menas imedya ki mete sekirite moun an danje, MassWildlife, Ajan Kontwòl sou Bèt, depatman lapolis la, ak Lapolis Anviwònman an gen otorite pou yo reponn e pou yo jere bèt la jan yo di sa nan Kòd Règleman Massachusetts la (CMR) 2.14 ki gen rapò ak fason pou jere bèt k ap bay pwoblèm. Sa gen ladan l bèt ki klèman montre yo gen raj. Si sa posib, yo dwe kontakte MassWildlife anvan pou yo ka otorize yo touye koyòt la anvan.
Learn about coyote biology and behavior
Video: Coyote Biology, Management, & Coexistence - Dave Wattles, PhD, Black Bear and Furbearer Biologist
Skip this video Coyote Biology, Management, & Coexistence - Dave Wattles, PhD, Black Bear and Furbearer Biologist.Additional Resources
- Learn about coyotes
- Frequently asked questions about coyotes
- How to effectively haze coyotes
-
Open PDF file, 927 KB, Living with coyotes fact sheet (English, PDF 927 KB)
-
Open PDF file, 3.73 MB, Living with the Eastern Coyote (Massachusetts Wildlife Magazine) (English, PDF 3.73 MB)
-
Open PDF file, 237.54 KB, Understanding coyotes: Advice for parents, schools, daycares (English, PDF 237.54 KB)