Kisa Chanjman Nan Klima Ye?
Yon chanjman alontèm nan klima a, ki gen ladan tanperati ak modèl move tan.
Chanjman klimatik ka koze pa chanjman natirèl nan anviwònman an ak/oswa aktivite imen akòz boule konbistib fosil yo.
Kisa Objektif MDAR yo Ye?
Plan ResilientMass la se plan Eta Massachusetts genyen pou Prepare yo pou Katastwòf Natirèl ak Chanjman Klima. Objektif li se asire Eta Endepandan an (Commonwealth) pare pou fè fas ak katatwòf natirèl, rekipere li byen vit, adapte, epi redwi danje sa yo.
Swiv pwogrè ki fèt nan objektif espesyal MDAR yo! (Chèche ''Lead Agency" (Ajans K ap Dirije a) nan lis pwogram nan).
Kisa Mwen Kapab Fè?
Kijan Mwen Kapab Ede Polinizatè yo?
Lè w sipòte polinizatè yo, sa se yon bèl jès pou myèl yo 🐝
Chanjman klima a ka danjere pou myèl yo ak lòt polinizatè yo, ki se yon seri manm ki trè enpòtan pou ekosistèm lokal nou an. Kannbèj, ki se yon rekòt enpòtan nan Massachusetts, li bezwen myèl ak lòt polinizatè yo pou li ka fèt. Ou ka fè yon diferans nan pwòp lakou w, pou fè sa, plante yon jaden flè lokal ki atire polinizatè yo.
Opsyon Bouke Pou Myèl
- 💐 Astè Nouvel Angletè
- 💐 Asklepyad Tiberèz
- 💐 Pwa Pèdriks
- 💐 Tounsòl Je Bèf
- 💐 Sisan Je Nwa
Jwenn plis enfòmasyon sou polinizatè yo ak fason pou plante grasak patenarya nou avèk #GrowingWild.
Kiltivatè Massachusetts yo se Ewo Klima a
Teknoloji klima a ede kenbe klima a pi an sante 🚜
Anpil fèm nan Eta Endepandan an (Commonwealth) deja mete kanpe yon seri pwojè pano solèy ak lòt teknoloji entèlijan. Lè kiltivatè yo sèvi ak teknoloji entèlijan pou klima a, sa ede fèm yo itilize resous yo pi byen, yo itilize mwens dlo, mwens angrè, epi ekonomize plis enèji.
Men kèk fason kiltivatè Massachusetts yo rete #climatesmart (entèlijan pou klima a):
- 👉 Pwojè enèji ki renouvlab
- 👉 Ranmase dlo lapli
- 👉 Pa vire tè a, nan lide pou fè tè a rete pi rich pou plant yo
- 👉 Sistèm pou fè konpòs, nan lide pou diminye gaspiyaj sou fèm nan
Kiltivatè ki sèvi ak teknoloji entèlijan pou klima a, se ewo klima a yo ye! Lè w vizite yon fèm pwochèn fwa, mande kiltivatè lokal ou yo kijan yo itilize teknoloji entèlijan pou klima a.
Achte Manje Lokal pou Ou Ka Sipòte Fèm Lokal yo
Lè ou achte manje lokal, w ap ede kiltivatè Massachusetts yo epi ede klima a 🧺
Poukisa se manje lokal? Yon sistèm manje ki fèt lokalman ede nou toujou gen manje disponib. Lè nou gen yon bon sistèm manje lokal, sa ede nou toujou gen bon manje, gen manje ki toujou disponib, menm lè gen difikilte pou jenerasyon k ap vini yo. Ti chanjman ka fè gwo diferans, lè w ap achte manje, pase vizite fèm lokal yo ak mache kiltivatè ki toupre w pou w ranpli asyèt ou ak bon pwodwi epi rekòt ki soti Massachusetts.
Dechè Alimantè ak Konpòs
Konpòs: 'fatra' nou pa jete 🥕🗑️
Men fason konpòs la ede klima a vin pi bon:
- 👉 Li diminye tout fatra (dechè)
- 👉 Li fè tè a vin pi bon pou plante
- 👉 Li kenbe kabòn nan tè a
- 👉 Li ede tè a kenbe plis dlo pou rekòt yo
- 👉 Li anpeche tè a lave avèk lapli (ewozyon)
Diminye Mak Kabòn Bèt Ou a
Diminye mak kabòn bèt ou a 🐾
An 2024, plis pase 10,000 chen ak 7,000 chat te soti lòt kote nan peyi a pou yo adopte yo, pandan plizyè milye bèt nan abri bèt Massachusetts yo toujou ap tann yon fwaye pou tout lavi yo. Pa sèlman achte manje lokal, adopte bèt kay ki soti Massachusetts tou. Panse pou tout monn lan, adopte bèt lokal yo!
Òganizasyon prive ki adopte bèt yo dwe enskri nan Depatman Resous Agrikòl nan Massachusetts la (Massachusetts Department of Agricultural Resources, MADR), pou asire bèt y ap adopte nan eta endepandan an (Commonwealth), an sante epi an sekirite. Ou ka jwenn tout lis abri bèt lokal ki gen lisans yo epi ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis adopsyon bèt la sou sit entènèt nou an.
Kisa m Ka Fè Ankò Pou m Pran Aksyon Pou Klima a?
Jwenn plis enfòmasyon sou fason moun ki abite nan Eta Endepandan an (Commonwealth) kapab aji pou pwoteje kominote yo, ekonomize lajan, epi ekonomize enèji, pou fè sa, y ap vizite 'Kanpay Aksyon pou Klima EEA' a (EEA's Climate Action Campaign).
Èske Ou se yon Kiltivatè oswa Pwodiktè?
Konsilte Pwogram Sibvansyon Agrikilti Entèlijan pou Klima MDAR la: Pwogram sa a bay kiltivatè yo lajan pou yo prepare yo pou risk yo epi pou ranfòse ekonomi yo ak jan pou yo pwoteje anviwònman an, li bay lajan tou pou pwojè ki ede yo sèvi ak enèji pi byen epi itilize enèji renouvlab.
Oswa gade tout lis pwogram sibvansyon MDAR yo.
Èske w ap chèche plis Pwogram sou Klima a?
Pran yon kopi 'Manyèl Resous pou Klima MDAR la' pou w ka jwenn enfòmasyon sou plizyè pwogram gouvènmantal, ki ka ede w pran kèk mezi pou klima a nan aktivite agrikòl ou yo:
Voye yon imèl nan MDAR.EJ@Mass.Gov pou plis enfòmasyon.