• This page, Pwogram PCA MassHealth - Lè Siplemantè FAQ, is   offered by
  • MassHealth

Pwogram PCA MassHealth - Lè Siplemantè FAQ

Règ sou è siplemantè Kesyon popilè (FAQ)

Kisa ki konsidere kòm è siplemantè?

È siplemantè se tout è travay ki anplis pase 40 è pa semèn. Règleman PCA yo tabli kondisyon pou yon otorizasyon pou è siplemantè pou tout è travay ki anplis pase 50 è pa semèn.

PCA sèlman gendwa travay plis pase 50 è nan yon semèn si li gen yon otorizasyon pou è siplemantè ki apwouve. PCA yo pa gen dwa janm travay plis pase 60 è pa semèn.

Kòman otorizasyon è siplemantè a fonksyone?

Kliyan yo gen pou yo mande pou otorizasyon nan men PCM pa yo a.

Gen de diferan kalite otorizasyon pou è siplemantè:

  • Otorizasyon tanporè (1 - 12 semèn, pou jouk 60 è pa semèn)
  • Otorizasyon pou swen kontinye (dire tan PA a pou sèvis PCA yo, pou jouk 60 è pa semèn)

Kisa ki konte nan è siplemantè yo?

È travay òdinè, è siplemantè, è jou ferye, e è pou sèvis jury duty konte nan è siplemantè. Byenke tan pou deplasman konte nan è siplemantè, è sa yo p ap konte pou vyolasyon è siplemantè yo.

Kisa ki pa konte nan è siplemantè yo?

Konje peye (paid time off, PTO), fòmasyon EVV, NHO, e lòt è fòmasyon pa konte nan è siplemantè yo.

Kisa k ap rive si yon PCA travay pou plis pase 50 è san l pa gen otorizasyon?

Sa se yon vyolasyon. Lèt avètisman ap voye bay PCA a e kliyan an nan lapòs e nan Everbridge apre chak vyolasyon. Apre twazyèm vyolasyon an, l ap refere bay MassHealth pou posiblite yon revokasyon nan pwogram lan.

  1. Premye vyolasyon - yon premye avètisman emèt
  2. Dezyèm vyolasyon - yon dezyèm avètisman emèt
  3. Twazyèm volyasyon - refere bay MassHealth pou petèt yon revokasyon

Èske vyolasyon è pa semèn lan ka efase nan dosye anplwa yon PCA?

Wi. MassHealth gendwa efase vyolasyon poutèt ijans oubyen sitiyasyon ki pa t prevwa. Y ap efase tou apre konfòmite pandan senk peryòd peman konsekitif (10 semèn) apre yon peryòd degras ki dire 6 semèn.

Reyadmisyon nan pwogram lan

  • PCA yo gendwa retounen apre 9 mwa. Si yo fè vyolasyon limit è pa semèn lan oubyen règ è siplemantè a twa fwa anplis apre yo anboche kòm PCA ankò, y ap revoke yon dezyèm fwa e y ap entèdi an pèmanans pou travay kòm PCA nan pwogram PCA a.
  • Kliyan yo gendwa retounen selon diskresyon MassHealth.

Resous siplemantè

Règlemantasyon pwogam PCA a: 130 CMR 422.000

Apèsi sou politik è siplemantè

Tablo pou referans rapid: Règ sou limit è PCA pa semèn parapò ak è siplemantè

KategoriLimit è pa semènRèg sou è siplemantè
È maksimòm ki pèmètPa plis pase 60 è pa semèn (pou tout kliyan ototal)Ant 40 e 50 è pa semèn san otorizasyon
Avèk otorizasyonPa gen otorizasyon ki pèmèt pou plis pase 60 èJouk 60 è pa semèn avèk otorizasyon
Kisa ki konte nan limit sa yoÈ òdinè, siplemantè, jou ferye, e pou sèvis jury dutyÈ òdinè, siplemantè, jou ferye, e pou sèvis jury duty
È ki pa nan limit sa yoDeplasman, PTO, fòmasyon EVV, NHO, e lòt è fòmasyonDeplasman, PTO, fòmasyon EVV, NHO, e lòt è fòmasyon
Deklanchè vyolasyonTravay plis pase 60 è nan yon sèl semènTravay plis pase 50 è san otorizasyon pou è siplemantè
Avi sou konfòmite3 avi 4 revokasyon apre 3zyèm vyolasyon3 avi 4 revokasyon apre 3zyèm vyolasyon
Konsekans nan revokasyon yon PCAPCA entèdi pandan 9 mwa; revokasyon pèmanan apre 3yèm vyolasyon pos‑reyadmisyonPCA entèdi pandan 9 mwa; revokasyon pèmanan apre 3yèm vyolasyon pos‑reyadmisyon
Konsekans nan revokasyon yon kliyanKliyan an gendwa pa readmèt nan pwogram PCA aKliyan an gendwa pa readmèt nan pwogram PCA a
EfasmanVyolasyon reinisyalize apre 10 semèn konfòmite apre yon peryòd degras ki dire 6 semènVyolasyon reinisyalize apre 10 semèn konfòmite apre yon peryòd degras ki dire 6 semèn
Admèt ankòPCA gendwa retounen apre 9 mwa; entèdiksyon pèmanan apre 3yèm vyolasyonPCA gendwa retounen apre 9 mwa; entèdiksyon pèmanan apre 3yèm vyolasyon 

Resous adisyonèl

Date published: January 29, 2026
Last updated: July 22, 2026

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback