Kisa yon doula ye?
Doula founi manm e fanmi soutyen ki pa medikal pandan gwosès, akouchman, e apre akouchman. Doula pa founisè swen medikal. Ou toujou gen pou w konsilte obstetrisyen / jinekològ (OB/GYN), yon fanmsaj sètifye, oubyen lòt founisè swenyaj pou w jwenn swen medikal pandan gwosès, akouchman, epi apre.
Doula ou a ap travay avèk ou e avèk ekip swenyaj ou a. Doula ou a ka ede ni oumenm ni fanmi w an fonksyon bezwen inik ou yo, kèlkeswa jan gwosès la fini. Ou ka chwazi yon founisè doula nan MassHealth ki konvni w.
Kòman doula a ka ede w :
- Reponn kesyon ou poze sou gwosès e akouchman pou asire ou gen enfòmasyon ou bezwen pou w pran pi bon desizyon pou ou e pou fanmi w.
- Mete w an kontak avèk resous nan kominote ou a an fonksyon de sa w bezwen.
- Rankontre avèk ou pandan gwosès ou a pou l ede w epi ede fanmi w pare pou nesans lan, sa gen ladan pale sou kòman tout bagay ap pase nan lopital la e tout mezi pou konfò ki pa medikal pou travay e akouchman an, tèlke masaj, teknik respirasyon, egzèsis debaz, oubyen pozisyon kò a.
- Travay avèk ou, avèk fanmi w, epi avèk ekip swenyaj ou a pandan travay e akouchman pou asire ou santi ou gen soutyen.
- Rankontre avèk ou apre akouchman ou an pou pale sou eksperyans akouchman ou an, kòman ou santi w, ba w enfòmasyon debaz sou alètman oubyen alimantasyon tibebe a e kòman pou pran swen tibebe w la.
Sèvis doula MassHealth kouvri
MassHealth kouvri sèvis doula ki annapre la pou manm MassHealth sèvis doula MassHealth yo founi :
- Soutyen pandan travay e akouchman oubyen nesans.
- Jouk yon total 8 èdtan vizit pandan gwosès e pandan 12 mwa apre fen gwosès la. Ou ka travay avèk doula a pou w deside kilè pou gen vizit sa yo.
- Si w bezwen plis pase yon total 8 èdtan vizit pandan moman sa a, se pou w pale avèk doula ou a. Ou ka ranseye w sou pwosesis otorizasyon davans MassHealth, ki detèmine si w ka jwenn kouvèti pou plis vizit.
Note byen : Manm MassHealth pa janm dwe peye yomenm pou sèvis doulè MassHealth kouvri.
Jwenn yon founisè doula nan MassHealth
MassHealth kouvri sèlman sèvis doula ki founi pa founisè doula MassHealth yo.
Pou jwenn yon founisè doula nan MassHealth, gade nan Repètwa founisè MassHealth. Pou jwenn yon lis founisè doula nan MassHealth ki pre lakay ou, klike sou « spesyalis » (specialists) epi chwazi « doula » nan meni spesyalis ki dewoule a. Ou ka chèche tou non founisè a si w ap chèche yon doula byen presi.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou founisè doula nan MassHealth isit la : Fich enfòmasyon sou founisè doula nan MassHealth PDF | DOCX
Resous
- Enfòmasyon pou manm MassHealth ki ansent | Mass.gov
- Pwogram sèvis doula nan MassHealth : Enfòmasyon pou doula | Mass.gov
Fle
Fèy pou Dola (PDF)
Fèy pou Dola (Word)
Contact for Pwogram sèvis doula nan MassHealth Enfòmasyon pou manm MassHealth
Phone
Online
Phone
Date published: | April 16, 2024 |
---|