• This page, Sèvis sante seksyèl e sèvis repwodiksyon MassHealth pou manm li yo, is   offered by
  • MassHealth

Sèvis sante seksyèl e sèvis repwodiksyon MassHealth pou manm li yo

MassHealth la pou l ede w nan zafè sante seksyèl e sèvis repwodiksyon. MassHealth peye pou anpil sèvis tankou pou planin, konsèy sou planin familyal, epi pou egzamen e tretman pou yon enfeksyon ki transmèt seksyèlman. Nou peye tou pou swen pandan gwosès, akouchman, e pandan 12 mwa apre gwosès ou a fini.

Table of Contents

Moun ki ofri sèvis sante seksyèl e sèvis repwodiksyon oubyen ki founi èd nan zafè planin familyal gen ladan sa ki make annapre la:

  • Founisè premye swen ou an
  • Yon doktè ki rele yon « OB / GYN »
  • Yon enfimyè fanmsaj diplome.

Pou jwenn èd nan zafè sèvis sante seksyèl e sèvis repwodiksyon, ou ka sonnen swa youn nan moun ki site anwo a oswa sonnen plan medikal ou a. W ap jwenn sou kat la, yon founisè swen planin familyal ki nan katye lakay ou a, nan Lokal ki founi sèvis pou sante seksyèl e sèvis repwodiksyon.

Ou gendwa pale avèk founisè sa yo sou tout enkyetman medikal oubyen sentòm ou genyen. Y ap kite w konnen ki tès e ki tretman ki gendwa konvni w.

Sa MassHealth peye (sèvis ki kouvri)

MassHealth kouvri sèvis swenyaj pou manm MassHealth ki admisib pandan 12 mwa apre finisman gwosès la, kèlkeswa estati w nan imigrasyon oubyen kèlkeswa jan gwosès la fini.

Menmsi ou gen lentansyon fè yon avòtman, se pou w fè n konnen ou ansent pou asire ou gen kouvèti asirans sante pou tout tan sa a e pou 12 mwa apre gwosès la fini.

Si w fè yon foskouch oubyen w fè yon avòtman sou dènye twa mwa yo, ou gendwa admisib pou 12 mwa kouvèti kontini depi nan moman gwosès la fini. Tout kouvèti konfòm ak limit kouvèti MassHealth yo. Telefonnen sant sèvis kliyantèl MassHealth la nan nimewo (800) 841-2900, TDD / TTY : 711.

Kontrasepsyon dijans e avòtman

Nou sipòte chwa w fè sou si ou vle fè yon timoun epi ki lè ou ta renmen fè yon timoun. Toude kontrasepsyon dijans (emergency contraception, EC) e avòtman legal nan eta Massachusetts. Avèk kontrasepsyon dijans, ou ka anpeche yon gwosès apre w fè sèks. Yon avòtman kanpe yon gwosès. Pou enfòmasyon siplemantè, monte nan Enfòmasyon sou kontrasepsyon dijans.

Atansyon: Lokal ki rele « crisis pregnancy centers » (sant pou kriz nan gwosès) oubyen « pregnancy resource centers » (sant resous pou gwosès) pa patisipe nan MassHealth, e yo pa ofri sèvis sante repwoditif ki dekri anwo a. Pou enfòmasyon siplemantè, konsilte tanpri Ministè sante piblik nan Massachusetts (DPH).

Sèvis planin familyal

  • Konsèy sou planin pou w wè ki opsyon ou genyen.
  • Preskripsyon pou w jwenn grenn planin, patch, wondèl, oubyen piki. Ou ka mande doktè w la ba w yon apwovizyònman grenn planin pou 12 mwa (jwenn plis enfòmasyon sou lwa Massachusetts ACCESS la). Manm MassHealth ka jwenn kontrasepsyon òmonal oral gratis (yon egzanp se Opill®) sou etajè famasi ou sèvi a san w pa bezwen gen preskripsyon yon founisè.
  • Kontrasepsyon revèsib ki gen aksyon pwolonje (Long-Acting Reversible Contraception, LARC), se yon planin ki bon pou anpil tan e ki gendwa chanje oubyen kanpe lè w vle.
  • Kontrasepsyon dijans tèlke Plan B oubyen grenn planin nan demen. Ou ka jwenn sa yo nan yon famasi san w pa bezwen yon preskripsyon.
  • Avòtman (kanpe yon gwosès) avèk medikaman oubyen operasyon.
  • Pwosedi esterilizasyon pou mouj ki alaj 18 an oubyen ki pi gran. Pwosedi esterilizasyon se operasyon ki an pèmanans anpeche gwosès. Pou pwosedi esterilizasyon pèmanan, se pou w siyen yon fòmilè konsantman epi tann 30 jou apresan anvan w fè operasyon an. Se lalwa ki egzije sa fèt konsa. Wè seksyon resous ki pi devan an pou w konnen ki kote ou gendwa jwenn fòmilè konsantman an.
  • Tès fètilite si w gen difikilte ansent pou w ka konnen alò si w gen enfètilite.

Lòt sèvis sante seksyèl e sante repwodiktif

Sonnen (800) 841-2900, TDD / TTY : 711 si w vle poze kesyon oubyen pou w jwenn plis enfòmasyon sou plan MassHealth ou a. Si w bezwen eksplikasyon pou w konprann kisa MassHealth peye pou (kouvèti ou a), ou gendwa kontakte My Ombudsman. Gen soutyen gratis disponib nan plizyè lang.

Si w bezwen, ou gendwa jwenn transpò gratis pou w ale nan randevou medikal ou yo e pou lòt sèvis MassHealth kouvri. Pale avèk founisè swen medikal ou a oubyen jwenn plis enfòmasyon isit la.

Resous

Date published: May 9, 2024

Help Us Improve Mass.gov  with your feedback

Please do not include personal or contact information.
Feedback